Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-39%
Le deal à ne pas rater :
Pack Home Cinéma Magnat Monitor : Ampli DENON AVR-X2800H, Enceinte ...
1190 € 1950 €
Voir le deal

1, ...2, ...An nou kontinye konte...

3 participants

Aller en bas

1, ...2, ...An nou kontinye konte... Empty 1, ...2, ...An nou kontinye konte...

Message  Thunder Ven 26 Aoû 2011 - 3:17

Mwen se lanmè, m pa p sere kras. E m se kalbas gran dyòl, mwen p ap mamòte dyòl mwen pou m di sa ke m panse. Mwen sòti li enpe reyaksyon sou fòwòm nan, mwen oblije mande tèt mwen, eske moun tankou Roseau, Joel, Sasaye, e latriye..., pa pèsonifye sa nou rele nan langaj Ayisyen an, TANBOU 2 BOUNDA? Pou m pa di plis bounda toujou...

Mwen sonje ke Wifout te fè alizyon ak yon machann fresko pou ilistre demagoji ke li estime ke Marc t ap fè sou fowòm nan. Mezanmi! ...Se pa de nèg ki pa t tonbe malkadi dan sere. Yo defini machann fresko nan tout lang ki ekziste nan mond lan. Epoutan, Wifout te senpleman repete yon tèm ke tout Ayisyen natif natal te dwe abitye tande deja.

Men pa kont, se menm yo menm nan k ap trete lòt patisipan de "bòn" ak de "ti nèg Lafòsèt"? Epoutan, yo reklame tèt yo kòm moun k ap swadizan defann moun ke yo di ki "eskli" nan sosyete peyi an. Menm, si ke tout moun konnen ke se pa vre, e ke yo genyen yon bagay byen presi ke y ap defann. Men, omwen, yo ta dwe fè yon similak pou yo te ka konvenk sa ki kwè nan Tonton Nwèl toujou yo.

Ki dlo ki pou ta lave nenpòt lòt moun anba mesye sa yo, si moun sa yo ta di yon bagay konsa? Ti nèg t ap leve tèt yo frape atè, yo t ap djayi, yo t ap tchimen pase nenpòt chyen anraje, fè figi yo fè tè pwa tè mayi, 2 ran dlo ak 2 ran larim pou yo ka montre jan ke yo pa janm trayi "ras" yo. Tout se demagoji...

Se sa ki fè ke pa genyen moun ki lisid ki ka janm pran mesye sa yo oserye. Sa yo preche, se pa sa ke yo pratike. Yo pa pran l lwen non, tout moun konnen bò kote kiyès ke yo pran l.

Ala yon bagay se tanbou ki genyen plizyè bounda, yo genyen son pou lènmi yo, yo genyen son pou konniflèt tatawèl yo.
]
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

1, ...2, ...An nou kontinye konte... Empty Re: 1, ...2, ...An nou kontinye konte...

Message  Nickie Ven 26 Aoû 2011 - 7:58

hummmmmmmmmmmmmmmmmmmmmmm santa , ala traka, nan konté sa, sou ki chif nap rété menm? mpa ta renmen nou rivé two lwen poum pa pèdi nan wout. Ala traka lol!
Nickie
Nickie
Star plus
Star plus

Féminin
Nombre de messages : 1132
Localisation : Montréal, Canada
Loisirs : La lecture, la musique tendre, le net, le cinema, la plage, les voyages
Date d'inscription : 21/12/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: La rose

Revenir en haut Aller en bas

1, ...2, ...An nou kontinye konte... Empty Re: 1, ...2, ...An nou kontinye konte...

Message  Le gros roseau Ven 26 Aoû 2011 - 9:26

Lem di Kakakok menm si se lafoset li soti genyen mo kel pa dwe itilise sou moun.se pa ke map desann moun lafosette non mwen te genyen 2 zanmi danfans mwen ki te rete lafosette e se 2 ti moun ki te pi byen pasem.se menm jan lè ameriken yan di ou ka fet nan yon ghetto men ou pa oblije pote ghetto a tout kote w pase.nanpren mo ki sal men se jan w anploye li ya ki montre ki kalite moun ou ye.

lè ti neg te di Bonn lan li te vle di zombi ki pa konprann sa chef de bande GNBIST la ap defann.Jodya se soup Nepalez pep la ap bwè a koz de GNBIST yo.Jodya ayiti tounen yon bato san kaptenn ni ekipaj sou yon lan mè epi nou vle pou moun fèmen dyol yo pou yo pa kritike martelly paskel se yon ti wouj ke yo mete pou perpetye menm system esklavaj la.Nou chak ap defann enterè nou.Si wou ou di pep la pa edike ase poul chwasi moun ki pou dirijel ,nou menm nou di se fout manti.se pou tout ayisyen genyen menm dwa ;dwa pou pep la eli moun li vle lè li vle pa negosyab.e zafè depi nou pa bor tab la nou tounen ravet ak mouch pou nou gate festin yan yon jou sa ap fini.paske pep la ap genyen yon exkli ki pap kouri ankor.lap fout kraze nou anba pyel tankou yo touye ravet.flite nou tankou yo flite mouch ak marengwen poul ka manje e bwè dlo pwop.jwen lekol pou pitit li , lopital poul jwen swen.kay poul rete.travay poul ka viv.jistis pou tout moun.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

1, ...2, ...An nou kontinye konte... Empty Re: 1, ...2, ...An nou kontinye konte...

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum