Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Pokémon EV06 : où acheter le Bundle Lot ...
Voir le deal

Asosyatyon boujwasi patripoch la ak ti kouto.

4 participants

Aller en bas

Asosyatyon boujwasi patripoch la ak ti kouto. Empty Asosyatyon boujwasi patripoch la ak ti kouto.

Message  Rodlam Sans Malice Jeu 22 Mar 2007 - 13:14

Mwen te toujou panse ke bagay kidnaping saa genyen gwo palto dèyè l;mwen sot li se pa de moun yon gwo biznisman ke yo te tire sou li te fè ti kouto touye.Men ti malisye yo ,ti souflantyou yo toujou vle fè konprann se lavalasyen ki ap fè sa pou diskredite mouvman popilè ya jodya mwen tande anpil kaka chat pral blayi sou anpil moun sa ti boujwa yo rele "moun de byen"Moun ki ap eksplwate ouvriye ayisyen jis yo rann yo tiberkile tan yo travay di epi yo pa genyen moyen pou yo manje byen. moun ki pa vle peye taks ak salè minimum an ayiti ki pito lage peuyi ya nan tyouboum.Men se yo ti flatè ti sousou ap voye monte;fè konnen yo se moun de byen ti zanj devan leternel.

Mwen te di depi yon moun genyen yon ti lajan nan men w an ayiti ou ka fè anpil dega .Ou ka sabote yon gouvenman ki pa genyen moun solid ladann.Nap gade ki jan la jistis ap pral jije ti kouto eske se li sel ki pral kondane ;moun ki konn peye l pou l kidnape moun pou yo mete sa sou do pep la pou fè jandam etranje yo rantre nan katye pov touye malere ak tout pitit yo fok moun sa yo peye pou nan sa yon mete peyi ya.Ki jan yon moun ta konprann yon pep inofansif konsa ,yon pep non vyolan tankou ayisyen ta ka rive nanpren kote yap touye ti moun ki pral lekol wi genyen kek malandren ki sotit kote yo pa respekte la vi moun pou kreye la troublay nan peyi ya ,men se pa deporte yo selman ki responsab de tout kidnaping sa yo.

Alo fok gouvenman mete lod se vre men fok li pa avegle pa pwopagann malveyan ki vle fè konprann se yon sektè politik ki responsab de tout krim ki ap fet yo.Alos ke se yo ki ap fè fisi gwo kalib rantre nan peyi nan gwo kontenè.Fok Mario Andresol konnen kote li soti e konnen ke se pitit pep la li ye. Li pa dwe tolere oken delenkan kelkeswa koulè, orijinn sosyal ou apatenans politik.Se mete menot nan ponyet tout delenkan ki li ak kravat ou byen ak sapat.Genyen moun sa yo rele moun de byen ki fè peyi ya plis mal ke ti dlenkan pov ki blije foure ko yo nan gang pou grangou pa touye yo.

Fok genyen yon bon servis entelijans nan PNH pou infiltre tout gang ki ap opere nan peyi pou konnen de ki prevyen ke kidnaping lan pa ka fini nan peyi ya ,pou moun ki vle rantre al patisipe nan devlopman peyi ya pa pè ni ale visite ni envesti lajan yo nan peyi ya.Wi genyen moun ki brav ki pran shans yo ,men tou fok genyen la pè e sekirite nan peyi anvan ke anpil ayisyen a rantre an ayiti vinn ede;ke yon moun =dim se kapon mwen pa ayisyen anko ,se bagay ki gade w ,men mwen pap nan repo trankilite mwen pou mwen al chache traka pou pitit mwen yo. mwen finn viv men e yo eske se byen pou m ale an ayiti poum al fè malandren kidnape m epi pou yo blije al an ayiti yon peyi ke yo pa menm konnen pou al nan negosye ak fatra.?

Mwen tap mouri anvan lè mwen pou m ta wè ke mwen an ayiti epi pou vagabon ap lage lwil sho sou mwen.pou pitit mwen ta ba yo lajan ke mwen redi nan fredi pou m te fè.fok yo ta touye m anvan lè.Pase mwen pa tap manke krache nan figi yo pou yo te touye m tou swit.Fok gouvenman Preval mete yon ti dlo nan kleren l pou li pa mande minustah san manman rantre ak zam fann fwa touye fanm ak ti moun ,bagay la genyen yon lot gwoup moun ki ap pwofite de li. alos ke se chache kote otè vagabondaj saa rete pou mete men nan pat kasav yo.Se bati gwo prison an deyo Port-au-Prince pou lè yo kondane a vi pou se a vi tout bon nanpren kamyon ki ap vinn kraze prizon pou libere yo.Voye yo nan prizon la torti ,la gonav ,ak lil a vach.kote genyen gwo reken ki ka manje yo si yo vle sove.Yon moun ki kite atoufè peye w pou touye pitit pep la ou pa merite viv anko.Se twop sitirez ki genyen an ayit ak delinkan tout kote nan peyi ya ki fè vagabon abiye pa respekte lwa peyi ya.Nan benyen pa genyen kache lombrit ,se "To be or not to be."Se swa ou chef ou byen ou pa chef ; si w pa ka pran chalè pa rantre nan kwisinn lan; rete lakay ou.Fok bagay yo shanje tout bon pou malere rale yon souf anba esklavajis neg yo.Pou moun pap mouri ak grangou aveg nan morn nan peyi ya paske yo pa genyen dlo pwop pou yo bwè ni pou yo benyen.Fok manb gouvenman an manye ale nan tout morn pou yo wè ak de grenn je yo ki jan ayisyen ap viv nan 21 eme syek la.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Asosyatyon boujwasi patripoch la ak ti kouto. Empty Re: Asosyatyon boujwasi patripoch la ak ti kouto.

Message  gwotoro Jeu 22 Mar 2007 - 13:34

Rodlam Sans Malice a dit et je cite:
[...]mwen sot li se pa de moun yon gwo biznisman ke yo te tire sou li te fè ti kouto touye[...]

S'il vous plait Sans Malice, pouvez-vous nous donner des references claires sur l'endroit ou vous avez lu cette nouvelle? Un simple lien suffira comme on le fait generalement.

gwotoro
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3974
Localisation : Canada
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: le balancier

Revenir en haut Aller en bas

Asosyatyon boujwasi patripoch la ak ti kouto. Empty Re: Asosyatyon boujwasi patripoch la ak ti kouto.

Message  Rodlam Sans Malice Jeu 22 Mar 2007 - 16:03

Vous pouvez lire le texte sur moun.com
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Asosyatyon boujwasi patripoch la ak ti kouto. Empty Re: Asosyatyon boujwasi patripoch la ak ti kouto.

Message  jackoti01 Jeu 22 Mar 2007 - 17:06

Contrairement a ce qu’a affirmé à notre micro, M. Ernst Erilus, ancien magistrat en second à la Mairie de Delmas, et candidat malheureux aux dernières municipales à Tabarre, la fabrique, transformée en cimetière à ciel ouvert, selon lui, par Evens « Ti Kouto » et sa bande il y a sept mois, n’appartenait pas à M. Charles Henry Baker mais plutôt à sa sœur, Mme Marie Louise Baker.

En fait, il s’agissait d’un complexe représenté par deux entreprises oeuvrant dans le domaine du textile : Conception et Emballage S.A. et Vetex S.A.. Les deux entreprises occupaient un total de cinq immeubles qui ont été vandalisés et presque rasés par des groupes d’hommes armés en furie, juste avant le 29 février 2004, date du second départ en exil du président Jean Bertrand Aristide.

Alors que Marie Louise Baker qui avoue avoir perdu un capital d’au moins 4 millions de dollars américains et pris congé de plusieurs centaines d’ouvriers et d’ouvrières, soit deux mille au total, s’interroge toujours sur les raisons qui ont motivé un pareil acte de destruction, l’ancien magistrat a affirmé, dans le cadre de l’émission « Pale poun Vanse » du 18 mars 2007 de Radio KiISKEYA que, Evens « Ti Kouto », en réaction à une tentative d’assassinat sur la personne d’un puissant homme d’affaires , propriétaire d’un wharf à la capitale et aussi industriel auquel il était lié, avait tué 94 personnes et jeté leurs dépouilles dans les ruines du complexe érigé à Cité Soleil.

En effet, des bandits cantonnés dans la zone de Simon Pelé à Cité Militaire avaient tiré sur le véhicule de cet industriel qui s’apprêtait à franchir le portail de l’une de ses entreprises installées dans la zone. Vexé, mais fort de ses liens avec le chef de gangs Evens « Ti Kouto » qu’il a l’habitude d’arroser chaque fin de semaine pour les besoins de son payroll, il lui a demandé des explications, selon M. Ernst Erilus.

L’ancien magistrat a précisé à notre micro, qu’Evens « Ti Kouto », pour donner satisfaction à son patron a eu recours à un stratagème. Il va demander à ses associés de Simon Pelé de venir se cacher dans sa propre base à Boston à cause de l’imminence d’une action policière. Et c’est dans ces conditions qu’Evens Jeune alias « Ti Kouto » et sa bande vont abattre la plupart de ces hommes.

Le nommé « Ti Blanc », le chef du gang de Simon Pelé, devenu par la suite informateur de la police, est l’un des rares gangsters à avoir échappé à cette tuerie. Selon Ernst Erilus, les dépouilles de 94 personnes au moins ont été jetées dans les décombres des anciennes fabriques Baker.

Il reste à établir la véracité des faits. Si les corps sont encore sur place, des tests sophistiqués pourraient établir les causes des décès et permettre que le jour soit fait sur cette triste affaire. Dans le cadre du procès qui s’annonce, l’accumulation de telles charges contre M. « Ti Kouto » peut difficilement lui être favorable. [Bastien Sonny/RK]


http://www.radiokiskeya.com/spip.php?article3400

jackoti01
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 270
Localisation : USA
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le jacmelien

Revenir en haut Aller en bas

Asosyatyon boujwasi patripoch la ak ti kouto. Empty Re: Asosyatyon boujwasi patripoch la ak ti kouto.

Message  Joel Jeu 22 Mar 2007 - 17:51

San m pa bezwen mande si Ti Kouto koupab ou pa;sa m ap mande se kouman Ernst Erilus fè konnen ke Ti Kouto touye 94 moun?

se Ti Kouto ki di l sa,sitou ke misye di ke yo pa konnen kote kadav sa yo antere?
Ala Traka.

Mwen t ap tande yon moun,menm Radyo Kiskeya sa a t ap entèviouve;misye di ke Ti Kouto touye de (2) pitit li.
Menmjan ak bagay ke RNDDH mete alamòd lan,misye di ke kadav yo disparèt,swa yo boule yo,swa chen manje yo.

Si se boule kadav sa yo te boule,yo te ka fè tès ADN sou yo.

Sam sispèk ki ap rive la a,Radyo Kiskeya bezwen yo kondane Ti Kouto,donk akizasyon an lè sa yo,se yon jan pou yo kondisyone moun ki koute radyo an.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Asosyatyon boujwasi patripoch la ak ti kouto. Empty Re: Asosyatyon boujwasi patripoch la ak ti kouto.

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum