Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Cartes Pokémon 151 : où trouver le coffret Collection Alakazam-ex ?
Voir le deal

Klè kon dlo Kòk osnon Clair-obscur?

4 participants

Aller en bas

Klè kon dlo Kòk osnon Clair-obscur? Empty Klè kon dlo Kòk osnon Clair-obscur?

Message  jafrikayiti Ven 30 Sep 2011 - 12:52

Klè kon dlo kòk !, Jafrikayiti, 30 septanm 2011

Tankou jounalis Le Matin, Daly Valet, ekri nan dènye editoryal li a, gen kèk moun ki ap alimante konfizyon sou dosye lame toudenkou Prezidan Martelly di li vle remanbre a. Mèzalò, sa pa vle di dosye rezirèksyon FAdH la konplike vre.

Eleman fondamantal yo klè kon dlo kòk!

1) Konstitisyon peyi a prevwa ekzistans FAdH
2) Aktyèlman FAdH se yon zouti ki kite move sikatris ak michan souvni nan tèt laplipa Ayisyen
3) Blan ki ap pran tout gwo desizyon pou Ayiti depi kèk ane yo, vle mete yon fòs krazezo "endijèn" nan peyi a anvan MINUSTAH ale. Men, yo ta pito se Martelly ki monte sou cha ap klewonnen sa – ilizyon optik!

Siman gen moun k ap kesyone dènye pwen sa a. Sa pa etonan, paske moun ki ap alimante konfizyon nan dosye a, fè kòmsi yo bliye:

1) defen FAdH te toujou sou lobidyans blan an malgre sou papye se pa sa ki te prevwa. Men yon dokiman ki rele "An inside look at Haiti's business elite" ki disponib sou entènèt la ki esplike pou kisa – menm lè li pa di sa aklè – blan an toujou bezwen yon fòs krazezo nan peyi a http://multinationalmonitor.org/hyper/issues/1995/01/mm0195_10.html

Se pa Ayiti sèlman fòmil sa a aplike. Parekzanp, aktyèlman, peyizan nan peyi Gwatemala ap monte lesyèl pa do, paske konpayi etranje k ap ponpe lò nan peyi yo konnen fen e byen swadizan « lame peyi sa a » se yon zouti represyon ki la pou ede yo kwape travayè ki pa vle mache èsès. Prezidan Martelly te di nan diskou inogirasyon li « Haiti is open for business ». Èske sa fè pati yon ajannda chanjman oudimwens se “business as usual”? Gen plis endikasyon lame y ap pale a, se “le même chose” nou abitye sibi a. Nan moman n ap ekri tèks sa a, nou aprann represyon tanmen sou travayè faktori k ap tante òganize sendika pou defann dwa yo. "Haiti is open for business - as usual" ta vle di: gen bon jan kòmand``e ki drese ekspre pou krazezo travayè temerè ki ta refize bourike pou Beke, kolonizatè ak vòlò tè, tankou alepòk lesklavaj rasyal.

2) depi nan preparasyon koudeta 29 fevriye 2004 la, blan yo te defini aklè, chanjman yo te vle opere yo. Defen Michel Vastel, te ekri nan atik li a ki pibliye nan l’Actualité 15 mas 2003, anplis desizyon pou kapote Prezidan lejitim peyi a epi mete Ayiti sou lobidyans Nasyonzini, blan yo te deside mete kanpe yon fòs polis ak yon lame tounèf nan peyi a.

les parlementaires d'anciennes puissances coloniales invités au lac Meech par le ministre Denis Paradis ont décidé que le président démocratiquement élu d'Haïti, Jean-Bertrand Aristide, devait être renversé, que le pays devait être mis en tutelle comme le Kosovo avant le 1er janvier 2004 et que les Forces armées d'Haïti (FAdH) contrôlées par les États-Unis devaient être rétablies, de pair avec une nouvelle force policière
http://www.mondialisation.ca/index.php?context=va&aid=17652

Pou nou fini, ann site Daly Valet: “Les chancelleries étrangères sont informées de ce projet d’armée haïtienne dans le détail. Pourtant, le pays comme son Parlement sont, jusqu’ici, maintenus dans le noir. Du clair-obscur. Confusion ».

Non Daly Valet, pa gen okenn konfizyon la a. Sa je ou ba ou a, se sa menm li ye !

Dokiman an ale jwenn moun ki konsène yo. Talè konsa ou pral tande yo deklare : « nou pa te menm sou sa menm, mais "puisque vous insistez"… ». Daprè oumenm, ki izin ki pral fabrike zam fannfwa pou militè sa yo ? Ki lès ki pral drese yo byen drese pou touye Ayisyen parèy yo eksklizivman ? Ki twal ki pral fè inifòm yo?

Daprè Daly Valet, sa k ap pale la a se koze: “force nationale pour garder nos frontières. Un corps de professionnels de la sécurité pour maintenir l’ordre interne quand les forces de police sont dépassées ...». Adyewidan! Garder nos frontières wi ou di !? Si se founi je gade – san fè ni di anyen, pandan etranje ap monte desann ak sa yo pi pito sou fwontyè a, pandan « sòlda » Ayisyen ap jwe domino…ou mèt sèten zòt pral fòme yo pou yo "gade" fwontyè a vre. Men zafè pwofesyonèl sekirite nasyonal la, se po ko sa mwen wè k ap pale la a.

Daly Valet mande kouman yo pral finanse lame tounèf sa a epi, prese prese, li reponn : « Par des taxes » Jisteman! Se la a ne koze a ye. Si se vre moun yo te panse kreye yon lame nasyonal, se ak pèp Ayisyen tout koze yo ta diskite, ikonpri rezondèt epi sous finansman lame sa a. èske se sa ou wè k ap fèt?

Malgre tout bravo lakontantman li fin bat pou pwojè a, Daly sètoblije admèt, depi an lagan, koze a ap bwete tankou kokobe: « …un mauvais départ pour cette grande affaire nationale que devrait, nécessairement, être tout plan de reconstitution d’une armée haïtienne ».

E poutan, gen yon epòk Ayisyen te konn reflechi sou priyorite yo epi devlope plan pou rezoud pwoblèm yo – ikonpri pwoblèm sekirite.

Mwen fenk aprann Prezidan Martelly deklare nan lakou Tele Ginen, li pral koumanse rankontre depi se ansyen Prezidan peyi a ki vivan toujou. O ! Kilès ki bay misye konsèy sa a? Poudi sa a se pa yon jès ki pi ale nan sans priyorite nasyon an ? Pou di jès sa a pap gen plis efè pozitif pou lapè-san-lapèrèz pèp Ayisyen an ap bouske a ? Pou di jès sa a pa pi sanble aksyon chèfdeta yon pèp ki vle asime libète li ak endepandans li ?

Si sete ak zàm fannfwa moun te jwenn sekirite sou tè sa a, pa ta gen tout kadav sa yo chak jou nan peyi Kongo, Soudan ak Afganistan.

Mwenmenm mwen se patizan lapè-san-lapèrèz !

Jafrikayiti
30 setanm 2011
(Respè pou Lovinsky Pierre-Antoine, kreyatè Fondasyon 30 septanm ki disparèt depi 12 out 2007)

Clair-obscur !

DalyValet Le Matin : du 30 sept au 6 oct 2011




Les arguments sont soporifiques. Genre opium du peuple. Comme si les Haïtiens constituaient une peuplade d’enfants retardés, plutôt indociles, qu’on pouvait aisément subjuguer avec des berceuses. Oyez ! Oyez, patriotes ! Haïti est un État en faillite. Elle ne peut gérer une armée. Elle n’a pas d’ennemis extérieurs. Elle n’a pas besoin d’armée. Elle a des forces étrangères sur son sol qui maintiennent la stabilité intérieure. Une armée devient, dès lors, inutile. Elle survit grâce à la charité internationale. Elle ne saurait, par conséquent, entretenir et nourrir une armée budgétivore. Elle a une police faible qui mérite d’être renforcée en effectif et en professionnalisme. Une armée constituerait une charge de trop. Elle a besoin d’attirer des investissements étrangers. Les forces militaires onusiennes inspirent confiance. Il faut les garder sur le terrain. Vitam aeternam ? Ce n’est pas expressément dit. Mais c’est tout comme. Le climat global du pays est stable mais la situation demeure fragile. Les risques sont grands d’une rechute d’Haïti dans l’ère des gangs armés tout-puissants. Une armée est loin d’être la solution pour prévenir la résurgence des gangs, des tumultes de rue et des convulsions politiques déstabilisatrices. L’armée haïtienne, traditionnellement, perturbait le processus démocratique politique par ses irruptions brutales et partisanes dans l’arène politique. L’antienne : police, police et police ! Les Casques bleus onusiens, de leur côté, sont des acteurs neutres qui agissent en gardiens de la stabilité politique interne. Ainsi va le discours autolégitimant d’une tutelle internationale insidieuse.




Contre-argumentation citoyenne. Un pays ne se stabilise pas à partir de diktats étrangers. De même que la démocratie ne saurait advenir du bout des canons de chars d’assaut. Ce sont là des processus résultant de dynamiques politiques et sociales endogènes. L’accompagnement international est toujours souhaitable dans le cas d’un État affaibli et appauvri comme Haïti. Cet accompagnement ne devrait point, cependant, s’inscrire dans un schéma d’imposition. Si les Haïtiens refusent d’embrasser la modernité résolument et dans la paix civile, ce ne sont pas des chars onusiens ou américains qui vont les y contraindre. Ce refus ne devrait point fournir de prétexte à une présence militaire indéfinie sur le sol national. Car ces forces étrangères qui se veulent dissuasives n’apportent que des solutions de façade à des problèmes de fond.




En fait, des acteurs politiques haïtiens déloyaux prennent souvent ombrage, une fois au pouvoir, sous le parapluie militaire onusien pour pervertir, à leur profit, le jeu politique et électoral. Sous ses faux airs de démocrate tolérant, l’ex-président René Préval fut un chef autoritaire qui voulait se pérenniser au pouvoir au travers d’élections truquées et par comparses interposés. Il se croyait intouchable dans ses dérives, fort du double soutien américain et onusien. Il avait la Minustah comme garante de son mandat, de même que le président Martelly semble vouloir faire, aussi, de cette mission militaire internationale la sienne. Sa chose. Son chouchou. Sa chose pour se protéger et protéger son mandat. Fuites en avant. Ruses. Marronnage. C’est l’effet pervers d’une présence étrangère qui empoisonne, malgré elle, ce qu’elle était censée maintenir sain, tout en fragilisant, durablement, un processus démocratique qu’elle devait consolider.




C’est par la promotion du dialogue social, le renforcement institutionnel, l’adoption des règles de la gouvernance démocratique et éthique, l’accès libre et égal de tous à une éducation de qualité, la lutte contre la pauvreté par la création d’emplois et de richesses qu’Haïti se sortira du trou noir actuel qui justifie toutes les entorses à sa souveraineté. Est fallacieux et irrecevable l’argument selon lequel les forces militaires étrangères sont une garantie à l’investissement étranger. Au contraire, ces forces sont des indices parlants qui disent aux investisseurs potentiels que les choses tournent mal sur la terre d’Haïti et qu’il vaudrait mieux, pour eux, d’attendre, avant d’y engager leur argent, que de solides forces de sécurité haïtiennes émergent pour rendre ce pays sûr, stable et propice à l’investissement à grande échelle. De l’investissement soutenable et durable qui va au-delà de l’action instantanée et spectaculaire des entrepreneurs et affairistes de l’humanitaire.




Michel Martelly a pris la bonne décision de doter le pays d’une armée. Une force nationale pour garder nos frontières. Un corps de professionnels de la sécurité pour maintenir l’ordre interne quand les forces de police sont dépassées par l’action déstabilisatrice des professionnels du désordre permanent. Comment financera-t-on cette nouvelle armée ? Par des taxes. Les Haïtiens doivent enfin comprendre que la démocratie coûte. Qu’une armée coûte. S’ils veulent de la sécurité dans une démocratie stable, souveraine et non dépendante des miettes venues d’ailleurs, il leur faut, d’abord, devenir de bons citoyens payeurs de taxes. Les fonctions régaliennes de l’État haïtien ne sauraient être assumées correctement tant qu’il végète dans l’indigence et la mendicité. Il nous faut commencer par dire merci à l’autre, en signe de reconnaissance, pour nous assumer enfin et dignement en tant que peuple.




Le projet de Martelly est, en vérité, le bienvenu. Clarté. Embellies à l’horizon dans le sens d’une reconquête de notre souveraineté. Malgré tout, nous sommes loin d’être quiets. Les chancelleries étrangères sont informées de ce projet d’armée haïtienne dans le détail. Pourtant, le pays comme son Parlement sont, jusqu’ici, maintenus dans le noir. Du clair-obscur. Confusion. Donc, un mauvais départ pour cette grande affaire nationale que devrait, nécessairement, être tout plan de reconstitution d’une armée haïtienne.

D.V.

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Klè kon dlo Kòk osnon Clair-obscur? Empty Re: Klè kon dlo Kòk osnon Clair-obscur?

Message  Joel Ven 30 Sep 2011 - 17:19

JAF;

Sa pa etone m sa DALY VALET ekri.Misye ,on ne peut plus extrème droite,si m ka di l konsa.

Mwen sonje mwen te konn tande misye sou nèt lan ;petèt 2001 konsa ,sou youn lan radyo yo ;misye te konn ba moun la pawòl lan yon liy ouvè ;mwen te tande yon moun ki rele ki di ke li pral pran ARISTIDE lan palè an ;misye pa di anyen ;gen yon lòt ki te rele ki kesyone seksyalite ARISTIDE,misye te ba l chenn.
De nèg tankou DALY VALET ,li mèt ap vire bouch li ,ap voye bon franse monte ,se yon LAME DAYITI jan l te ye an ,yo bezwen ;se pa dòt bagay.
Pèsonn pa janm kesyone stati LAME an e pa bliye KONSTITISYON an se sou yon DIKTATI MILITÈ li te fèt.
CHEF DETA MAJÒ an nonmen pou 3 zan e gouvènman pa ka touche l e non sèlman sa ETA MAJÒ an pa sou kontwòl pouvwa sivil lan.
OZETAZINI ,menm lakay vwazen DOMINIKEN nou an ;prezidan yo kapab revoke nenpòt ofisye LAME ,lè yo vle,paske se yomenm vre ki kòmandan an chèf LAME an.
Ann AYITI ,dapre konstitisyon an ,de DIKTATÈ MILITÈ yo .LAME se yon LETA dan LETA.

Se rezon sa a nèg pa vle tande pale de yon polis ak KÒ ESPESYALIZE ,ki ka fè menm travay ak sa yo di LAME an ka fè;tou senpman LA POLIS sou kontwòl pouvwa sivil lan.
W al mete LAME sa a sou pye ;premye bagay w ap tande de poutchis pèmanan tankou GEORGES MICHEL ap di :KONSTITISYON AN DI.
Se sa mesye yo bezwen ,se pa dòt bagay

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Klè kon dlo Kòk osnon Clair-obscur? Empty Re: Klè kon dlo Kòk osnon Clair-obscur?

Message  Goya Ven 30 Sep 2011 - 20:55


Jaf,

Ou fè yon bèl rale sou teks Daly'a. Bat bravo Daly Valet ap bat pou pwojè sa'a vle di anpil bagay : pa bliye Daly se anploye Boulos, e lame se tyoul bojwazi kote boulos souche'a.

Alòs li pa ta ks lot jan!

Goya
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 490
Localisation : Montreal
Loisirs : lecture
Date d'inscription : 20/11/2010

Revenir en haut Aller en bas

Klè kon dlo Kòk osnon Clair-obscur? Empty Re: Klè kon dlo Kòk osnon Clair-obscur?

Message  Le gros roseau Ven 30 Sep 2011 - 22:39

Mesye se tan nou nap pèdi,boujwasi ayisyen vle yon kor ki pou pwoteje statu quo;kom martelly se yo ak blan ki metel yap fome yon maskarad kan menm ki pou kraze zo pep la tankou lame dayiti te toujou fè menm si pep la ap mouri anba grangou ak kolera li pa genyen kay poul rete.se nou ki pou organise nou pou lè nou a reprann pouvwa pou nou ka mete ranpa pou yon lot Cedras ou byen yon lot Guy pa fè nou pran rak.depi komanse sou mwen se inkonsekans nou nap peye jodya.se tret ak delenkan nou te tolere nan ran nou ki fè jodya se martelly ki presidan dayiti.

Nou pat vle san yo koule nou pral konn Georges kondi yo konn di ;nou pral wè si yo menm yo genyen konsideratyon konsa pou nou.Nou pat sonje genyen yon moun ki te di cedras pa Pinochet. se yon Pinochet ayisyen yo beswen. ki jou genyen yon lot Aristide ankor pou li touye li tankou Pinochet te touye Allende ya.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Klè kon dlo Kòk osnon Clair-obscur? Empty Re: Klè kon dlo Kòk osnon Clair-obscur?

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum