Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -40%
-40% sur le Pack Gaming Mario PDP Manette filaire + ...
Voir le deal
29.99 €

Beyonce se pitit Ayisyen li ye.

4 participants

Aller en bas

Beyonce se pitit Ayisyen li ye. Empty Beyonce se pitit Ayisyen li ye.

Message  Sasaye Lun 21 Nov 2011 - 14:45

Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Beyonce se pitit Ayisyen li ye. Empty Re: Beyonce se pitit Ayisyen li ye.

Message  Invité Lun 21 Nov 2011 - 14:52

Beyonce se pitit yon " Louisiana Créole", video sa se yon montaj, te gen on lot bout kote li te explike sa. Men tou eske nou ta dwe konsidere moun la lwizyan tankou menm fanmi ak nou? Yo pale yon kreyol ki te pwoch avè n e kiltirelman, nou trè proch pwisk anpil nan yo soti nan peyi nou.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Beyonce se pitit Ayisyen li ye. Empty Re: Beyonce se pitit Ayisyen li ye.

Message  Joel Lun 21 Nov 2011 - 16:20

T-NEG a écrit:Beyonce se pitit yon " Louisiana Créole", video sa se yon montaj, te gen on lot bout kote li te explike sa. Men tou eske nou ta dwe konsidere moun la lwizyan tankou menm fanmi ak nou? Yo pale yon kreyol ki te pwoch avè n e kiltirelman, nou trè proch pwisk anpil nan yo soti nan peyi nou.

T-NÈG

Anpil nèg ki lan boujwazi nwa NEW ORLEANS yo gen orijin yo lan SENDOMENG.Tankou fanmi MORIAL lan ki bay 2 MAJISTRA vil sa a.Anpil ladan yo se apre GÈ DI SID lan yo te imigre.

Mesye sa yo te jwe yon gran wòl lan gè 1812 lan .Si se pa t pou yon nèg ki te rele LOUIS D'AQUIN ,Angle yo ta ka reprann ETAZINI .Yo te deja boule WASHINGTON DC ,ra pye tè e si yo te pran NEW ORLEANS ,AMERIKEN yo pa t ap kapab rezist bounce e.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Beyonce se pitit Ayisyen li ye. Empty Re: Beyonce se pitit Ayisyen li ye.

Message  Sasaye Lun 21 Nov 2011 - 19:31

Istwa Ayiti avèk Lwizyan konekte e gen anpil Lwizyanè ki gen ADN ayisyen.
Sitiyasyon saa menm konekte ayisyen lan istwa jazz. Gen plizyè lwizyanè kui te al tabli ann Ayiti.

Si ki pi enpôtan lan pos saa se relasyon ke moun sayo genyen avèk Ayiti ki bay lang Kreyol lan yon pousad.

Menmsi se pa kreyol ayisyen. menmsi se montaj se kreyol ki ap vale teren.

Mwen rantre vandredi soti lan Florid apre yon semèn.
Se yon sous de fyète pou nou wè kijan ayisyen natifnatal, tizôrey,
ansyen botpipô ap travay lan pozisyon vizib e responsab.
Yo ap pwogrese pi vit pase klasmwayèn ki ap viv lan Monreyal, Nouyôk, Boston, elatriye.

Lan lopital, lan ayewopo, lan lari, mwen tande kreyôl ap pâle san konplèks.
Ayiti se yon ti peyi ki gen gwo enfliyans.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Beyonce se pitit Ayisyen li ye. Empty Re: Beyonce se pitit Ayisyen li ye.

Message  ainsi ne soit-il Lun 21 Nov 2011 - 20:24

Nou panko tande Neville Brothers k'ap chante "kan bon diyou vle ou li prend"?

Apre Napoleon te fin vand Louisiane, moun ki te debake la yo pa't Ayisyen. Sete sitou move blan Franse ki te met dewó lè yo te konstate ke LaFrans pa ka fè anyen pou yo ankor Sen Domeng. Yo pa't gen pi bon repitasyon pase sa paske yo pa't kite prejije yo dèyè. Menm si la Louisiane se peyi ki rich kiltirèlman, gen yon seri de bagay ki pa chanje. La itou, blan kreyol te meprize Nwa e pi rèd ankor moun koulè te reprodui menm pattern la. Louisiane pa yon paradi pou Nwa pase sa.

Se pa pou an-yen les Neville Brothers te al bay Ayiti bourad lan epók apre-diktati a; yo te kolabore ak gwoup tankou Boukman Eksperyans ou Boukan Ginen, nou wè yo lan video ak mizisyen sa yo ki t'ap chante libète. Louizyanè yo renmen Ayiti anpil, se tankou m'ta di yon motherland paske yo konen ke nou te pran dèyè blan yo kom il fo, yo respekte'n jisteman paske eksperyans yo te ede konprand ki jan de demon Ayisyen te chase. Etan done ke Sen Domeng te koloni fransèz ki te pi rich, on dirè ke sa te rand kolon yo te pi kupid, ki mechan, pi egoyis ankor.

Se vre ke Ayiti gen anpil enpakt, dizon Revolisyon nou a. Sanble ke se sa n'ap peye...
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Beyonce se pitit Ayisyen li ye. Empty Re: Beyonce se pitit Ayisyen li ye.

Message  Invité Lun 21 Nov 2011 - 21:32

Mwen espere yon jou ap gen yon inisiativ ki fèt, menm Senbolikman,pou nou ta ofri Ayiti tankou tè yo tou, yon senp fason pou nou ta prezante fraternite ant 2 pep sa yo, ki an realite, presk yon sel. Sa tap kap gen bel retonbe ekonomik, si gen nan yo ki ta renmen retrase lyen ki te mete yo an Amerik la.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Beyonce se pitit Ayisyen li ye. Empty Re: Beyonce se pitit Ayisyen li ye.

Message  Le gros roseau Lun 21 Nov 2011 - 23:46

Mwen pa wè poukisa nou blije tou tan ap chache ba moun ki reyisi yo yon lyen ak ayiti aloske yo menm yo ba ayiti fè anyen pou yo.Se konsa nou di lot ti bonnonm lan mwen bliye ki janl rele li se ayisyen aloske li di se manti.se mirak nou pat di ke Michael Jackson se te ayisyen tou.Nou toujou renmen achte figi lot moun epi moun lakay nou ki genyen talan nou meprise yo.mwen sonje lem te genyen 15 ou 16 lane konsa mwen te wè ki jan Lumanne Casimir tap mouri sou yon nat nan Fort Saint Claire.nanpren yon otorite ki te janm al wel kote li te ye nan ti chanb kay la.si nap konpare vwa Limann casimir se te yon fanm ki te genyen yon bel vwa tout bon.gade ki jan ti manno mouri.gade ki jan Roger Colas mouri.gade ki jan cheche mouri ;gade ki jan Nemours jean baptiste mouri , gade ki jan Webert Sicot mouri.Mwen pa wè pou ki rezon nou blije ap achte moun ki ap meprise nou.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Beyonce se pitit Ayisyen li ye. Empty Re: Beyonce se pitit Ayisyen li ye.

Message  Joel Mar 22 Nov 2011 - 9:42

Wi ;gen nèg lè yo rive LWIZYÀN ,YO REPWODWI sa yo te kite lan SENDOMENG lan .Lan rès ETA yo si w te gen san ""AFRIKEN"" ou te nwa ;men pa an LWAZYÀN.
An LWIZYAN ou te gen klib ,se pou w te pase tès ""brown paper bag"" lan pou yo te admèt ou lan klib lan.
Se youn lan rezon LOUIS ARMSTRONG pa t janm vle kite yo rele LWI ,li te toujou ensiste pou yo rele LOUWIS ,prononsyayyon ANGLE an ,menm lè li te NEWORLEANS ,paske misye te pran anpil BRIMAD lan men nwa parèy li ;lè li t ap grandi akòz de koulè li.
Tankou M... di l ;anpil vye mès sa yo rete lan NEWORLEANS.
Gen eta ki chaje ak sa nou rele ""milat"" yo ;se KAWOLIN DI SID.Mèt plantasyon yo te konn parye sou kilès ki ap ansent plis esklav sou BITASYON.Tankou yon otè ki rele MARY CHESTNUT rapòte ;lè w ale sou bitasyon sa yo ou te konn wè yon pakèt timoun esklav ki sanble tèt koupe ak mèt bitasyon yo .
Gen nèg sa yo ki konprann yo te pre mèt sa yo ,apre abolisyon lesklavay.MARY BERRT di gen ladan yo ki te vle alye ak mèt blan yo ,lan detriman rès moun nwa yo ,lan peryòd REKONSTRIKSYON an.Kou peryòd sa a fini ,BLAN yo di ,se nwa yo ye ;yo di yo SEGREGASYON lan dengonn yo menm jan ak rès moun nwa yo.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Beyonce se pitit Ayisyen li ye. Empty Re: Beyonce se pitit Ayisyen li ye.

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum