Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.

SE ABE GREGOIRE KI METE NOU LAN PENITANS LANG FRANSE SA A

4 participants

Aller en bas

SE ABE GREGOIRE KI METE NOU LAN PENITANS LANG FRANSE SA A Empty SE ABE GREGOIRE KI METE NOU LAN PENITANS LANG FRANSE SA A

Message  Joel Sam 26 Nov 2011 - 10:45

M ap mete yon pasaj ke ALYSA GOLDSTEIN SEPINWALL sou ki jan LANG FRANSE an antre lan gòj nou .ALYSA GOLDSTEIN se yon ADMIRATÈ ABE GREGWA ;li di se yon moun anvan lè l ,se yon INIVÈSALIS .ALYSA GOLDSTEIN di ke ABE GREGWA fè anpil bagay byen ;se limenm ki te fè ekspansyon lang FRANSE an ,an FRANS .An FRANS se te yon bagay endispansab ,paske yo te pale plis ke 35 lang diferan an FRANS ;yo te bezwen yon lang pou inifye la FRANS byen ke se ak EPE yo te enpoze lang FRANSE lan BRETAGNE,ak GASCOGNE paske se lang yo yo te vle PALE ;Yo pa t vle pale FRANSE.
ALYSON GOLDSTEIN DI ke se youn lan pi gwo mal ke ABE GREGWA te fè AYITI ke li te pwofese ke l te renmen ;misye byen ke l te gen BON ENTANSYON se divizyon li t ap vin mete ann AYITI ki te bezwen lang KREYÒL lan pou inifye popilasyon an ,menm jan la FRANS te bezwen lang FRANSE an pou inifye la FRANS
ABE GREGWA te KONSEYE GOUVÈNMAN AYISYEN an jis li mouri an 1831

N ap jwenn pasaj liv lan GOOGLE BOOKS ;sitou pasaj sou lang kreyòl lan:

THE ABBE GREGOIRE AND HIS WORLD -ALYSON GOLDSTEIN SPINEWALL

GREGOIRE'S desire for Haitians to imitate the FRENCH also carried into language;he wanted them to communicate only in FRENCH Building on his Revolutionnary efforts to wipe out patois in FRANCE;Gregoire encouraged the Haitian General INGINAC to eradicate CREOLE and urged that HAITI remain within the Francophone orbit.
It is not surprising that Gregoire saw CREOLE as an ignorant corruption rather than a real language since few men of Gregoire's time viewed CREOLE as anything other than broken FRENCH .
What is more surprising in that ,in his drive to extend FRENCH in HAITI ,Gregoire somehow forgot the link between national autonomy and language which was central to his earlier linguistic campaign.
GREGOIRE had wanted FRENCH spoken in BRITTANY and GASCONY not simply to reintegrate patois speakers into the universal human family,but also as part of creating a unified FRANCE with a single national identity.
HAITI however ,was trying precisely to remove itself from FRANCE'S domination and to cement its political autonomy .
GREGOIRE'S transplanting of a French paradigm for viewing ""patois"' ,blinded him to CREOLE's role as a LANGUAGE OF RESISTANCE AND NATIONAL IDENTITY and led him to insist that HAITIANS speak only the language of the slaveholders and former colonizers


N a li rès lan lan lòt pasaj yo ;tankou kote ABE GREGWA ki te gen bon entansyon eksepte mal li fè peyi an sou zafè lang lan.
ALYSA GOLDSTEIN ki te gen aksè ak tout korespondans ABE GREGWA yo ,di ke misye te konn ekri prezidan BWAYE pou l mande l si l te konn kreye lekòl pou moun yo aprann FRANSE.Prezidan BWAYE di wi ;ann atandan BWAYE se kraze ,se fèmen li t ap fèmen lekòl.
Tankou m te di l ankò ;ALYSA GOLDSTEIN se yon gran admiratè ABE GREGWA men li fè AYITI yon gwo mal;lè li fè peyi an adopte FRANSE olye de lang peyi an te deja genyen ,ki se KREYÒL ;lang ke tout moun lan peyi an te pale.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

SE ABE GREGOIRE KI METE NOU LAN PENITANS LANG FRANSE SA A Empty Re: SE ABE GREGOIRE KI METE NOU LAN PENITANS LANG FRANSE SA A

Message  Le gros roseau Sam 26 Nov 2011 - 15:49

Lè yon gwoup moun ap enpose kilti yo, lang yo relijyon yo sou yon lot gwoup moun sou preteks pou yo vinn sivilise. se yon enperyalism kiltirel pou yo ka domine w tou tan.Malerezman anpil nan nou pa ka konprann saa.Nou pito ap mamote tou tan pou nou pale franseuu.lotrejou map gade martelly ki ap reponn kestyon pep la pose li an kreyol ,nonm a lez poul pale men fout kan chenn nan kroke nan koul fok li di 2 mo franseuu poul montre ke li save.Li pito ap monte yon kalvè ak yon lang ki pa pal o lye li itilise sa ki pal la tou tan.Nou tout soufri ak chen saa ke yo mete nan tet nou.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

SE ABE GREGOIRE KI METE NOU LAN PENITANS LANG FRANSE SA A Empty Re: SE ABE GREGOIRE KI METE NOU LAN PENITANS LANG FRANSE SA A

Message  ainsi ne soit-il Sam 26 Nov 2011 - 21:12

M'tap gade yon video Shoubou chantè Tabou Combo ap fè diskou lan funeray chantè Kassav' la. Mezanmi wo, Shoubou pale franse, li pale latin men pitou li pat pale. Nómalman li pa t'ap janm pale kreyol paske li al asiste lan gwo antèman. M'pa ka konprand pou yon nèg ki gen 40 ane ap monte sou sèn pa ase atikile pou l'di an 2-3 mo kreyol apresyasyon'l pou Patrick St Eloi. Non, tip lan soti ak yon fèy papye ki gen sa l'te vin di, men on dirè ke sa fè'l pi mele. Mwen te di se swa Shoubou se yon iletre ou byen li te fimen yon pake zèb avan li te vin fè diskou a. Pou Shoubou moun Martinique se franse yo pale wi.(lol)

Sou sijè a presizeman, jiska prezan lan espri Franse yo, Ayiti dwe LaFrans. Anfen, tout tan n'ap tande pawol sa a lan bouch Ayisyen itou. Sa sa vle di ojos?

Lè m'te vin sou sit la, gen yon makomè ki te di m'se blan, li ak monkonpèl te ti m'se nèg tèg grenn paske mwen t'ap felisite jen mizisyen Ayisyen, li te pense ke m'se bivè de byè, anfen gen lè se sèl defo'l la li pa't ka wè lan mwen e se sa k'fè li te rayi'm konsa. (lol) Où est-ce que je veux en venir au juste?... Voilà, mezanmi. Lè'm te tou jèn an Ayiti gen moun lan fanmi'm ki te trouve'm toujou apa; lè se lan Kanada yo vin ap viv, yo te trouve yon lót kalifikatif pou mwen: misye se blan. Kom mwen-menm, se chita gade moun k'ap fè tenten, m'te telefone kay yon fanmi Kebèk, e se pa de ri m'pat ri non. Imajine ke menm moun sa a ki t'ap di m'se blan, enbesil la te blye ak ki moun li t'ap pale paske se te franse sèlman mwen t'ap tande. Poutan se jis kreyol mwen t'ap pale ak li wi. Il ne fallait surtout pas écorcher les oreilles de ses visiteurs québécois avec notre langue bâtarde. Pardon my French.

Se pou m'di'n, mezanmi, ke Ayiti se yon peyi m'pap janm ka konprand. M'al lan otèl Ayiti, jenn fanm la refize pale kreyol ak mwen. Lan Intercom, se: "Monsieur le manager est demandé au front desk."

Mwen gen difilte pou wè kouman Ayiti pwal chanje, paske nou pran an ba yon pyèy enperyalis. Yon kote w gen la Frans, yon lót w gen Etazini, yon ló ankor w pran anba Dominiken k'ap mache pyon pangnol. Nómalman, mwen pa janm gen okenn problèm ak lang mwen e m'ap toujou defand li kom sa dwa. Men m'ap mande'm si problèm la pa pi konplèks, menm si gen chanjman ki fèt lan lekol.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

SE ABE GREGOIRE KI METE NOU LAN PENITANS LANG FRANSE SA A Empty Re: SE ABE GREGOIRE KI METE NOU LAN PENITANS LANG FRANSE SA A

Message  Joel Dim 27 Nov 2011 - 12:36

Gen yon lòt pasaj lan liv ALYSA GOLDSTEIN lan ki FASINAN.Se sou pozisyon ABE HENRI GREGOIRE te pran lan kriz ki opoze HENRI CRISTOPHE ak PETION e pita BOYER.
GOLDSTEIN di ke HENRI GREGOIRE te gen anpil enfliyans sou ti kras moun ki te PLIM e ANK apre lendepandans.Lan kriz lan li te mete l kote moun lan SID ;men GOLDSTEIN di ke pa gen jan pou ABE GREGWA ta konnen se manti BOYER t ap bali .

GOLDSTEIN di sa ta ka fè diferans si se CRISTOPHE ke HENRI GREGOIRE te apiye .Menm si teyorikman CRISTOPHE te gen pouvwa absoli men li te pi PWOGRESIS anpil ke BOYER .CRISTOPHE te kwè lan EDIKASYON kontrèman a BOYER e HENRI GREGOIRE lan teyori l lan ki vin pwouve ;ki kontinye ap pwouve jis jounen jodi an ;se ak EDIKASYON yo REJENERE yon peyi.
Men yon ti moso:

Another contradiction of GREGOIRE's Haitian involvement -WHICH WE CAN SEE NOW,BUT HE COULD NOT-was that his well-intentioned efforts to help the weakest members of Haitian society may have done just the opposite.Because his advice was based on second-hand information ,he may have sided with the Haitian government least suited to his goals of civilizing the Haitian masses.
Many modern historians see HENRY's black oriented monarchy as MORE EDUCATION-ORIENTED than the mixed race ""republican""oligarchs of the South.
VAVAL claimed that BOYER lied to GREGOIRE ,kept his books from the public and FALSIFIED REPORTS OF INCREASING EDUCATION..
Yet when GREGOIRE's republicanism came into conflict with his love of education,his Revolutionnary experience seemed to have eliminated the possibility that he could support a ""benevolent"" despot.

At a time when the ""anciens libres"" (primarily mixed-race and upper class Haitians who had been free before the Revolution) were vastly outnumbered by ""nouveaux libres"" (primarily blacks),GREGOIRE'S idea of REGENERATION and his support for BOYER may have served to deepen the POLITICAL AND CULTURAL DISENFRANCHISEMENT of the latter






Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

SE ABE GREGOIRE KI METE NOU LAN PENITANS LANG FRANSE SA A Empty Re: SE ABE GREGOIRE KI METE NOU LAN PENITANS LANG FRANSE SA A

Message  ainsi ne soit-il Dim 27 Nov 2011 - 13:29

Sa se yon trè bon paj ki ta dwe pouse analiz tout sa ki anvizaje Ayiti on meyè fason. M'kwè ke e sa ki konn Istwa d'Ayiti e sa ki pa konen'l, tout sa ki Ayiti ou aletranje, tout moun ta gen enterè konen sou ki baz sosyete Ayiti kanpe, ki sa ki eksplike reta nou. Moun bouke di ke se fomasyon ak edikasyon ki solisyon problèm peyi a men se toujou menm mantalite, boyeris obskirantis la k'ap kontinye.

W konn ki sa ki toujou mete'm an kolè? Se debarase Ayisyen refize debarase yo de prejije, de egoyism. Antouka, mwen viv sityasyon an Ayiti kote ti-moun ak kreyon ak papye ap vin montre'm sa yo ekri ak desen ke yo fè.

Gen nèg ki pa bezwen lekol pou yo vin prezidan se vre, men gen 10.000.000 moun ki bezwen konn li, kon ekri pou yo ka kontribye a avansman peyi yo. Tout bagay an Ayiti se monopol pou yon kategori de moun. Sepandan m'ap siyale ke tan byen ke mal Ayiti fè anpil jefor si byen ke gen anpil anpil lan nou k'ap menen ase byen aletranje ou lakay. Nou gen dwa fin regle problèm kreyol la men edikasyon an Ayiti dwe oryante, planifye. W pa ga gen bonn ide ak bonn entansyon san ke w pa met an plas enstitusyon ki pou bay'l bourad, eteye'l, konsolide'l. Donk, lan takle lakin sa yo, si Ayisyen pa gen oken kontrol sou ekonomi'l, menm sou komès entèn, si lEta pa ka reglemante on seri de operasyon komèsyal, endistriyèl an Ayiti, se ap toujou lave main siye a tè. Se konsa nou ka vin gran moun lakay nou.

Se pa palyatif, se pa patch pou pantalon bouda chire, si pa propagand demagoji, se yon vrè revolisyon ki pou fèt lan peyi sa a. Li lè pou Ayiti debarase'l de devèn sa a. An angle yo di to get the monkey off one's back.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

SE ABE GREGOIRE KI METE NOU LAN PENITANS LANG FRANSE SA A Empty Re: SE ABE GREGOIRE KI METE NOU LAN PENITANS LANG FRANSE SA A

Message  Joel Dim 27 Nov 2011 - 14:08

Pa gen yon EWOPEYEN ki te gen plis enfliyans ke ABBE HENRI GREGOIRE sou kijan peyi an pral vini.
Li fè erè tankou ALYSSA GOLDSTEIN di l sou zafè lang lan .Gen moun ki di lang franse an lan eritaj nou ;se pa t vre ditou;paske FRANSE se pa t yon lang yo pale lan KOLONI SENDOMENG ;gen prèv ke keseswa blan ou nwa ;se KREYÒL yo te ize ;pou grann majorite moun lan koloni an ;yo pa t menm konnen si te gen yon lang ki rele FRANSE.

Tankou yo di ""le chemin de l'enfer est pavé de bonnes intentions"".GREGOIRE te konprann pou AYISYEN te gen aksè ak lide REVOLISYON FRANSE an ,se pou yo te konn FRANSE .An retrospèk tankou ALISSA GOLDSTEIN di l ;se te yon erè KOLOSAL.

Men sa pou w bay GREGOIRE se lide pou yo edike MAS yo .Misye te gen korespondans ak INGINAC ak BOYER tou ;li t ap matele lan kò mesye yo ke se pou yo ouvri lekòl.Se yon bagay mesye lan NÒ yo te respekte men ke mesye lan SID yo te refize obsève ;yo sabote menm sa mesye lan NÒ yo te fè anvan lan mò CRISTOPHE.
Se yon bagay ke nou pa janm sispann peye tou ;JAPON pwouve pouvwa EDIKASYON .JAPON lan yon peryòd de 30 an pase de yon peyi feyodal a yon peyi endistriyalize gras a EDIKASYON.
VAVAL lan yon atik ""SOCIÉTÉ D'HISTOIRE ET DE GÉOGRAPHIE "" (1952) montre kijan BOYER te fèmen lekòl lan NÒ yo.

Se pa t fòt GREGOIRE ,paske li pa t konnen ;men si li te ize enfliyans e li te mete kò l ak CRISTOPHE ;jis petèt ke nou ta ka gen yon peyi diferan de sa nou genyen jounen jodi an.
Apre administrasyon BOYER an ki te long anpil ;mal lan te deja fèt!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

SE ABE GREGOIRE KI METE NOU LAN PENITANS LANG FRANSE SA A Empty Re: SE ABE GREGOIRE KI METE NOU LAN PENITANS LANG FRANSE SA A

Message  ainsi ne soit-il Dim 27 Nov 2011 - 15:16

21 ane obskirantism tout suit apre yon ti peyi fin pran endepandans li lan sang. W pa mansyone ke Boyer pafouten te fèmen lekól Dominikani yo e se youn lan pretèks ke jiska prezen Dominiken pa respekte Ayisyen.

Mwen konprand men tout Nèg lib ki te gen mwayen se te an Frans yo te voye pitit yo al etidye. Toussaint pa fè eksepsyon. Vin jwenn Nèg koulè ki pi mal ankor te reklame Sen Domeng kom eritaj papa yo te kite pou yo. Nèg sa yo pa't goumen nesesèman pou chanje on seri de prejije. Dakor ke se kreyol tout moun te pale, men blan yo pa't kontr franse a. Pou mwen J..., avèk ou san Gregwa, kreyol pa ta'p an premye plan paske gen yon diferans antr indépendance de corps et indépendance d'esprit. Sen Domeng ki te pwal redevni Ayiti te deja pran lan koze nasyonalizasyon lan franse a.

M'ap mande si valorizasyon kreyol la pwal fè tout diferans sa ke nou vle espere. Yon sèl bagay, mwen renmen lang kreyol mwen, se vre, men pou mwen se toujou lang blan a m'ap pale. (lol)

E pi, pa blye ke se tout peyi ki ti kote Versailles yo. Te gen yon epok, tout Cours Royales ou Impériales, se te an fransè yo te konn komèse. Jiska jodi, anperè ak enperatris Japon dwe aprand franse, anpil misyon diplomatik se lan kolèj franse yo voye pitit yo, anpil imigran voye pitit yo lan kolèj franse menm si souvan se lajan gaspiye. Sa ki rive an Ayiti, sè ke preferans franse pa rapote anyen paske li pa yon faktè dinamik lan peyi a.

M'ap mande'm si se pa yon sikl ou yon sèkl visyeu. Mwen pa vle pou neo-kreyolis yo tonbe ap entèlektyalize promosyon kreyol la san ke yo pa menm wè ke se kote pratik ke n'ap defand, rand lang la pi dinamik.

J..., lè m'gade Ayiti jodi a, li pa fasil pou n'debarase'n de eritaj kolonyal paske tout enperyalis prezan e y'ap defand enterè yo tèt kale lan peyi a.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

SE ABE GREGOIRE KI METE NOU LAN PENITANS LANG FRANSE SA A Empty Re: SE ABE GREGOIRE KI METE NOU LAN PENITANS LANG FRANSE SA A

Message  Joel Dim 27 Nov 2011 - 16:01

Se pa yon zafè KREYÒL kont FRANSE,ANGLE ou PANYÒL non.Se anomali timoun ki pral lekòl dwe aprann FRANSE pou yo pouswiv etid yo.
Nou ka se sèl peyi sou planèt lan aktyèlman ki fè sa.LAN AFRIK DI SID MWEN KWÈ LEKÒL FÈT AN 12 lang diferan.Mwen pa kwè sa gen anyen pou l wè ak enperyalism non.
Gen anpil peyi ki te pase pa la ;men yo korije l.An RISI mwen kwè se ALMAN elit lan te pale ,an WOUMANI se te franse.An NÒVÈJ kan l te pran endepandans li lan men la SWÈD lan kòmansman 20yèm syèk lan ,li vin pale varyasyon lang nòdik li an.

Gen ti peyi ki rele ICELAND lan;se 500 mil moun sèlman li genyen wi ,ak yon lang ki difisil anpil lan zòrèy lòt moun ;se youn lan ti peyi ki gen revni pa tèt pi wo sou planèt lan.
Alòs si n ap pale de KREYÒL ou byen si pou yon nèg tankou MICHEL DE GRAFF ,bagay sa a vin yon pasyon pou li ;se pa WOMANTISM lan ;sanble ke se yon kesyon krisyal si nou vle peyi an avanse.


Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

SE ABE GREGOIRE KI METE NOU LAN PENITANS LANG FRANSE SA A Empty Re: SE ABE GREGOIRE KI METE NOU LAN PENITANS LANG FRANSE SA A

Message  T-Kout Sam 6 Mai 2017 - 12:53

Problem mwen vin genyen se, mwen pa kopran poukisa yon peyi "Ayiti" ki pataje yon Il ak Repiblik Dominiken ki pale panyol. E poutan nan lekol nou nou fe timoun apran Franse. Nou ta suppoze fe yo apran panyol pito.
T-Kout
T-Kout
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 249
Localisation : N.Y.
Opinion politique : N/A
Loisirs : Musique, Lire
Date d'inscription : 04/10/2014

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

SE ABE GREGOIRE KI METE NOU LAN PENITANS LANG FRANSE SA A Empty Re: SE ABE GREGOIRE KI METE NOU LAN PENITANS LANG FRANSE SA A

Message  Joel Dim 7 Mai 2017 - 7:37

Ti KOUT;

Bagay ERITAJ FRANSE sa a ,se yon BLOF ke ti GWOUP ki vle separe yo de POPILASYON yo pou yo ka EKSPLWATE l.

Tankou m deja di l deja ,anvan MILTIPLIKASYON RADYO ann AYITI ,grann majorite popilasyon AYISYEN an pa t janm tande FRANSE pale lan ZOREY yo.
Se te yon LANG konpletman ETRANJE pou yo.Se te menm konsa pou BLAN FRANSE ki te FET lan KOLONI an.
Se te lan LEKOL pou yo te aprann FRANSE e preske pa t gen LEKOL lan KOLONI an.BALAN FRANSE sa yo pou la plipa te ANALFABET tou.
Anplis TIKOUT,OU GRANDI OZETAZINI ,eske ou konn tande ou byen konn li ke MOUN de ETA tankou WISCONSIN,NORTH DAKOTA,SOUTH DAKOTA ,ALABAMA ,MISSISSIPI ,ILLINOIS ak kek PATI lot ETA ap pale de ERITAJ FRANSE.

Jiskan fen 1803 ,apre ke NAPOLEON te vann THOMAS JEFFERSON TERITWA sa yo pou l te finanse LA GE kont ANGLETE ak ALYE L yo ,tout TERITWA sa yo se te KOLONI FRANSE.Mwen pa p bliye aktyel ETA LWIZYAN men se tout TERITWA LWES MISISIPI an ,de AKTYEL FRONTYE KANADA a ,a GOLF MEKSIK lan.
Res TERITWA ,lan LWES "LWIZYAN" lan ,ETAZINI te sezi yo lan yon GE kont MEKSIK AN 1848.TERITWA tankou KALIFONI.ARIZONA,NEVADA,NEW MEXICO elt..

TI KOUT.
Men NON de SANTEN E DE SANTEN VIL KI DORIJIN FRANSEZ e pou la plipa ke KOLON FRANSE te fonde:

http://en.wikipedia.org/wiki/List_of_place_names_of_French_origin_in_the_United_States

Plusieurs milliers de noms de lieux aux États-Unis ont des noms d'origine française, un héritage de l'exploration française passée et la règle sur une grande partie de la terre et certains en l'honneur de l'aide française pendant la Révolution américaine et la fondation du pays (voir aussi: Nouveau France et français aux États-Unis). D'autres ont été nommés d'après les premiers Américains du français, en particulier les Huguenot, l'ascendance (Marion, Revere, Fremont, Lanier, Sevier, Macon, Decatur, etc.). Certains endroits ont reçu leur nom en conséquence de la colonisation coloniale française (par exemple Baton Rouge, Detroit, New Orleans, Saint Louis). Neuf capiteaux d'état sont des mots français ou d'origine française (Baton Rouge, Boise, Des Moines, Juneau, Montgomery, Montpelier, Pierre, Richmond, Saint Paul) - sans compter même Little Rock (à l'origine "La Petite Roche") ou Cheyenne (a Rendu français d'un mot Lakota) par rapport à seulement deux qui sont espagnols (Sacramento et Santa Fe). Quinze noms d'états sont soit des mots français ou d'origine (Delaware, New Jersey, Louisiane, Maine, Oregon, Vermont) ou des mots amérindiens rendus par des francophones (Arkansas, Illinois, Iowa, Kansas, Michigan, Mississippi, Mississippi, Ohio, Wisconsin) , Contre neuf noms d'états espagnols ou espagnols rendus (Montana, Californie, Colorado, Floride, Montana, Nevada, Nouveau-Mexique, Texas, Utah).

Le suffixe "-ville", du mot français pour "ville", est courant pour les noms de villes aux États-Unis. Beaucoup de noms de lieux à l'origine français, peut-être des centaines, dans le Midwest et l'Upper West ont été remplacés par des noms d'anglais directement traduits une fois que les colons américains sont devenus dominants localement (par exemple, "La Petite Roche" est devenu Little Rock; "Baie Verte" est devenue Green Bay; "Est devenu Grand Forks). En revanche, les noms de lieux espagnols dans le Sud-Ouest n'étaient généralement pas remplacés par des noms anglais

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

SE ABE GREGOIRE KI METE NOU LAN PENITANS LANG FRANSE SA A Empty Re: SE ABE GREGOIRE KI METE NOU LAN PENITANS LANG FRANSE SA A

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum