Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-21%
Le deal à ne pas rater :
LEGO® Icons 10329 Les Plantes Miniatures, Collection Botanique
39.59 € 49.99 €
Voir le deal

Solange « Sonia » Pierre te toujou di ke se Dominikenn ke li ye !

5 participants

Aller en bas

Solange « Sonia » Pierre te toujou di ke se Dominikenn ke li ye !  Empty Solange « Sonia » Pierre te toujou di ke se Dominikenn ke li ye !

Message  revelation Lun 5 Déc 2011 - 14:08

Nou ap retire chapô ba devan Solange « Sonia » Pierre. You avoka, aktivist vayan ki toujou la malgre menas de mort sou vie’l e sou fanmi’l li kontinye ap mennen batay pou gouvenman Dominiken respecte dwa moun e konstitisyon peyi yo. Nan Washington DC, an 2006 Madam saa resevwa prix Kennedy paske le mond antye te rekonet travay ke li tap fe la.

Martine di : Gen de iwoni lan la vi sa a, se lè yon moun mouri n'ap tande ke li se yo ewo ou ewoyin.
Ewoni an Martine se ke gen yon seri de moun ki te dwe mouri déjà, men ki kontinye ap viv toujou. Se domaj ke madam sa kite nou a l’age de 48 tan e nou ta swete ke gen anpil lot Sonia nan le mond.
Fok nou di ke travay Sonia Pierre te difisil anpil devan tribinal akos de konstitisyon Dominiken e ayisyen.

Konstitisyon Dominiken an di si yon moun fet sou tè dominiken, se dominiken ke’l ye.

Konstitisyon ayisyen an si'm pa trompe'm di kelkeswa kote yon moun fet, si papa ak manman se ayisyen, moun saa se ayisyen.

Gouvenman Dominiken an pran avantaj de gaff sa yo e di ke se konstitisyon ayiti a ke yo ap respekte yon fason pou yo pa bay pitit ayisyen baptiste kom sitwayen dominiken. Ambassad Ayisyen an te apiye desizyon saa e a koz de sa, an 2007 gouvenman dominiken an te vle mete Sonia anba kod pou yo te expediy’l an Ayiti.

A koz de politik rasist e grengoch sa yo e magouille politisyen gen anpil pitit ayisyen immigran kifet an Dominikani, yo pa gen baptistè, yo pakab ale lekol, ni nan lopital, ni jwen travay, ni lojman e tout lot benefis dwa e privilej ke yo te dwe gennyen.


Sasaye di: Sonya Pyè merite yon moniman sou channMas menjan ak lôt ewo yo.
Rozo di : se pou fanmil transpote kadav li an ayiti se la li merite antere.se nan mosole natyonal la li te dwe antere.
Sasaye ,Rozo ! fok nou pa kite emosyon nou fe deklarasyon ki kontrer a desizyon madam saa. Solange « Sonia » Pierre di ke se Dominikenn ke li ye ! e tout ti moun paran ayisyen kifet an dominikani se dominiken !! Se pou rezon saa ke li tap mennen batay la.

Si nou mande yon group ti Ayisyen ki fet an Dominikani ki "nasyonalite ke yo vle Dominiken ou byen Ayisyen??

Majorite la dan yo si se pa tout ap di ke dapre konstitisyon peyi Dominikani, se Dominiken ke yo ye!!!

Sa pa gen anyen pou we avek koule ou byen mize Ayiti. Bagay sa yo se yon lot ka. pou yon lot deba ki gen rapo ak sosiyete Dominiken nan ki rasist a mort. Aloske majorite Dominiken se desandans Afriken!

Fok se Repiblik Dominiken ki pou respekte konstitisyon yo ou byen chanje'l.

Pou zafe konstitisyon Ayiti a se yon ka pedi!!
Chak gouvenman ki monte, yap roule Diaspora nan farine!
Diaspora pa konnen sou ki piye pou yo kanpe! Sanble passpo Ayisyen an pa sifi, yap pale de yon Carte d'identite Nationale.
Yon fason pou yo sousse lajan nan men Diaspora!
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Solange « Sonia » Pierre te toujou di ke se Dominikenn ke li ye !  Empty Re: Solange « Sonia » Pierre te toujou di ke se Dominikenn ke li ye !

Message  ainsi ne soit-il Lun 5 Déc 2011 - 15:11

Mwen pa't vle ekri sa lan komantè sou lót paj la pou m'pa agonize nèg trop, men m'tap mande'm si Nèg janm konsidere volonte fanm lan. Mwen ta plis pense ke kadav li apateni a kominote pou ki li bay sante'l.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Solange « Sonia » Pierre te toujou di ke se Dominikenn ke li ye !  Empty Re: Solange « Sonia » Pierre te toujou di ke se Dominikenn ke li ye !

Message  Le gros roseau Lun 5 Déc 2011 - 15:17

se jis yon sigjestyon ke mwen fè.se fanmil ki pou deside sa yap fè ak kadav li.Mwen pa nan plas yo mwen pa ka pran desisyon pou yo.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Solange « Sonia » Pierre te toujou di ke se Dominikenn ke li ye !  Empty Re: Solange « Sonia » Pierre te toujou di ke se Dominikenn ke li ye !

Message  Sasaye Lun 5 Déc 2011 - 15:38


Revelasyon,

Se bagay sayo ki fè mwen te konn di ou pa konn li oubyen ou gen movèz fwa.

Ki kote w soti avèk pawôl emosyon epi pran desizyon kontrè ak sa madam nan vle an?

Men sa m ekri. Gade ankô si w kapab konprann:

Si Leta ayisyen pakapab mande pou kadav li janbe ann Ayiti paske
li se dominikèn
. men yo dwe oganize yon dèy nasyonal pou ewoyinn saa.
Epi voye yon gwo delegasyon pou akonpaye l lan fineray li.



Sonya Pyè merite yon moniman sou channMas menjan ak lôt ewo yo.
Eske li bezwen yon paspô ayisyen pou yo ta mete yon moniman pou li?
Siman w te konn wè estati Kristôf Kolon ke pèp lan te lage lan lanmè a.

Ki fè tit pôs w mete laa konfimen sa m te deja di lan lôt pôs lan.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Solange « Sonia » Pierre te toujou di ke se Dominikenn ke li ye !  Empty Re: Solange « Sonia » Pierre te toujou di ke se Dominikenn ke li ye !

Message  revelation Lun 5 Déc 2011 - 17:24

Sasaye di: Sonya Pyè merite yon moniman sou channMas menjan ak lôt ewo yo.
Sasaye ! Sonia Pierre pa memm jan ak lot ewo nou yo ki sou chandmas la.
si'm pa trompe'm Place Chamde Mas la reservè a statue hero indepandans peyi Dayiti!

Si w vle w kap mete stati dam saa sou fontye haitiano-dominiken, Bahayona, Ouyaminthe etc..
Madam saa tap batay pou gouvenman Dominiken respekte dwa timoun ki fe an dominikani.
Li pa memm jan ak tout lot ewo nou yo.

Fok gouvenman DOMINIKEN respekte atik 11 konstitisyon yo a!!!


ARTICLE 11 OF THE DOMINICAN CONSTITUTION grants Dominican nationality to anyone born in the Dominican Republic, with the exception of the children of diplomats or other people who are “in transit.” This provision establishes the jus soli rule of nationality, a legal doctrine under which nationality is determined by place of birth
Despite this constitutionally-established rule, nearly 30 percent
of the Dominican population does not have a birth certificate, which effectively deprives them of a nationality.
This phenomenon is partly explained by the overwhelming poverty of a large sector
of the population. Haitians and Dominicans of Haitian descent often live in agricultural communities called bateyes, with minimal access to basic services, including hospitals.

Consequently, it is common for members of these poorer populations to give birth at home, where they cannot automatically be issued a birth certificate.

The high rate of Dominicans without birth certificates is also explained in part by a discriminatory administrative process for the posterior issuance of birth certificates.

Pliske 30% popilasyon peyizann ayisyenn nan pa gen baptistè tou. Majorite timoun sa yo pa fet l'hopital. Se sak fe ke anpil nan yo rele "Jezila, DiyeDonne, BondyeBon, Semafi, Tisoni, etc..
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Solange « Sonia » Pierre te toujou di ke se Dominikenn ke li ye !  Empty Re: Solange « Sonia » Pierre te toujou di ke se Dominikenn ke li ye !

Message  ainsi ne soit-il Lun 5 Déc 2011 - 20:20

revelation a écrit: Pliske 30% popilasyon peyizann ayisyenn nan pa gen baptistè tou. Majorite timoun sa yo pa fet l'hopital. Se sak fe ke anpil nan yo rele "Jezila, DiyeDonne, BondyeBon, Semafi, Tisoni, etc..

Se sa k'fè mt'ap sonje, lan plan rekonstriksyon yo, pou ta lanse yon resansman nasyonal serye pou gen yon ide de popilasyon a e kouman moun ap viv sou tè d'Ayiti. Nèg ap pale de kat d'idantite pou Ayisyen ki fèt dewó e pi prop sa ki fèt an dedan pa ekziste legalman. Rejis koloni Sen-Domeng te plis a jou ke rejis LETA Ayisyen lan 21è syèkl.

Mwen pa konn si se konsa tout kote, men gen yon konpatryót Aysyen ki t'ap di'm ke te gen 2 pitit peyizan ki te vin lekol lan vil lakay li, youn te rele Econome e lót la te rele Quilsoitpossible. Se pa blag non.

Poukisa an kreyol yo prononse Wober, Woni, Wodrig, Woudi, Woksann, Wozló, e pi m'te konn ap tande Rilfrid.

Trève de blague. M'ap raple ankor ke se gras a ONG k'ap opere an Ayiti ke gen ti moun ki ekziste legalman. An Ayiti, gen yon koutim ki soti lan peyizanri men ki rete kay tout moun menm yo se moun la vil. Se lè moun ap di pale de pitit yo ki te fèt apre siklon Hazel. Tèlman siklon sa a te fè dega e pi li ret enskri kom yon referans lan memwa yo.

Se sa m'toujou ap di ke chak moun fèt ak zétwal yo. Sa k'ta di ke yon ti-fiy ki sot lan batey ta rive kanpe lan mitan 2 premyè dam k'ap aplodi travay li. A vrè di itou, se pa prix Kennedy ki fè li okipe tout plas lan kèy pèp li, men se yon ti bom sou doulè. Si li pa't mouri jèn, petèt ke se pri Nobel ke manmzèl ta resevwa on jou.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Solange « Sonia » Pierre te toujou di ke se Dominikenn ke li ye !  Empty Re: Solange « Sonia » Pierre te toujou di ke se Dominikenn ke li ye !

Message  Sasaye Mar 6 Déc 2011 - 0:28


Adopte non dwôl se koutim peyizan lan tout peyi.
Jwif adopte non ki gen koulè: Green, Gray...
Oubyen metal: Gold, Goldberg, Silver, Stone....

Anglosaxon adopte non papa yo: Peterson, Johnson, Anderson...
Oubyen vil: Shannon, London, Paris, Frankfurt...

Mizilman adopte non sakre: Abdulah, Abdallah...

Abitan lan Lagrandans adopte non zotobre.
Gen ti abitan ki rele: Nono Lavo, Roumer, oubyen Wiener, ki non gwo negosyan espekilatè kafe lan Jeremi ki konn vayaje vin fè tranzaksyon lan tout depatman an.

Yo batize ti bebe yo ak prenon e non mesye sayo.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Solange « Sonia » Pierre te toujou di ke se Dominikenn ke li ye !  Empty Re: Solange « Sonia » Pierre te toujou di ke se Dominikenn ke li ye !

Message  Joel Mar 6 Déc 2011 - 9:32

Mwen sonje mwen te li yon bagay sou sa k te pase lè yo te aboli LESKLAVAY lan MATINIK ak GWADLOUP an 1848.
Moun yo pa t gen SIYATI.Genyen se abitrèman yo te asiyen yo yon siyati e sa pran dè zane pou yo te vin genyen siyati.

Se menm jan ak esklav yo te libere lan SID ETAZINI yo.Anpil siyati yo se jis siyati mèt plantasyon yo te esklav anvan liberasyon yo an 1863,1864.

Menm ann EWÒP lan MWAYEN AJ moun yo pa t gen siyati lè yo te ""serf" .Se apre dezas ""la plaie"" yo ;moun yo te kòmanse vin gen siyati e se te premye fwa tou ,yo te kòmanse peye moun pou travay

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Solange « Sonia » Pierre te toujou di ke se Dominikenn ke li ye !  Empty Re: Solange « Sonia » Pierre te toujou di ke se Dominikenn ke li ye !

Message  revelation Mar 6 Déc 2011 - 12:06

Nap komanse pa remesye Martine, Roseau, Sasaye, Joel e tout lot patisipant yo nan deba saa.

Jan Martine di a, Solange "Sonia" ki fet nan batey dominiken ki a laj de 13 zan ap fe manifestasyon kont gwozotobre uzinn sukwiyer Dominiken kankou Domino's etc..

Madam nan vini avoka aktivist e kontinye defand dwa Ayisyen magre menas de mort ki soti toupatou.
Pitit peyizan ayisyen saa jwen mwayen kanpe nan mitan 2 granfam (H. Clinton e Michelle Obama) pou resevwa prix.
Si Sonia fe'l, nou kap fe'l tou. e anpil nan nou deja fe'l nan fason pa nou san glwar e san honor. Men Bondye la pou we travay nou.

Pou zafe resansman saa jan Joel Ak Sasaye e Roseau di a fok li kontinye nan peyi a pou bay sitwayen identite yo kom sa dwa.
Zafe di ke mwen fet sou Salomon,... mwen gen 60 rekolt cafè sou tet mwen etc.. pa akseptab nan peyi a anko.
Tout moun se moun!!

Fok tou moun gen nom e premon, dat e lieu de nessans, nan peyi a dabo! e Diaspora dispoze peye pou sa. Men pou zafe viye cat pou diaspora bay lajan an se mete charet la avan boeuf.
Se move konpotman dirijan nou yo ki mete klass defavorize peyi a nan move eta saa.
Yo vle fe klass eze a e sekte kommersyal la plezi, nan mete satellite, cellilar, electronik tou patou nan kapital la aloske rest peyi a ap viv nan fe nwa, ap itilize bwapin ak bouji, ap bainyen nan riviere Kolera., ap viv anba tent san identite kankou bet.

Nou gen anpil travay pou nou fe sou koze jistis sosyal nan peyi Dayiti saa e tout chef deta, prezidan premye minist etc.. ki mete peyi saa nan KK tet anba kontinye ap viv ladann san wont, e san santiman.


Kite mele yo!!

An nou kontinye rele ammwee pou fre ak se nou yo, se sa Sonia Pierre mande nou pou nou kontinye fe travay, Bondye a remet nou sa.

Kenbe la!!
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Solange « Sonia » Pierre te toujou di ke se Dominikenn ke li ye !  Empty Re: Solange « Sonia » Pierre te toujou di ke se Dominikenn ke li ye !

Message  Invité Mar 6 Déc 2011 - 14:59

martine la tourmente a écrit:
revelation a écrit: Pliske 30% popilasyon peyizann ayisyenn nan pa gen baptistè tou. Majorite timoun sa yo pa fet l'hopital. Se sak fe ke anpil nan yo rele "Jezila, DiyeDonne, BondyeBon, Semafi, Tisoni, etc..

Se sa k'fè mt'ap sonje, lan plan rekonstriksyon yo, pou ta lanse yon resansman nasyonal serye pou gen yon ide de popilasyon a e kouman moun ap viv sou tè d'Ayiti. Nèg ap pale de kat d'idantite pou Ayisyen ki fèt dewó e pi prop sa ki fèt an dedan pa ekziste legalman. Rejis koloni Sen-Domeng te plis a jou ke rejis LETA Ayisyen lan 21è syèkl.

Mwen pa konn si se konsa tout kote, men gen yon konpatryót Aysyen ki t'ap di'm ke te gen 2 pitit peyizan ki te vin lekol lan vil lakay li, youn te rele Econome e lót la te rele Quilsoitpossible. Se pa blag non.

Poukisa an kreyol yo prononse Wober, Woni, Wodrig, Woudi, Woksann, Wozló, e pi m'te konn ap tande Rilfrid.

Trève de blague. M'ap raple ankor ke se gras a ONG k'ap opere an Ayiti ke gen ti moun ki ekziste legalman. An Ayiti, gen yon koutim ki soti lan peyizanri men ki rete kay tout moun menm yo se moun la vil. Se lè moun ap di pale de pitit yo ki te fèt apre siklon Hazel. Tèlman siklon sa a te fè dega e pi li ret enskri kom yon referans lan memwa yo.

Se sa m'toujou ap di ke chak moun fèt ak zétwal yo. Sa k'ta di ke yon ti-fiy ki sot lan batey ta rive kanpe lan mitan 2 premyè dam k'ap aplodi travay li. A vrè di itou, se pa prix Kennedy ki fè li okipe tout plas lan kèy pèp li, men se yon ti bom sou doulè. Si li pa't mouri jèn, petèt ke se pri Nobel ke manmzèl ta resevwa on jou.

Gen pi red toujou, 2 timoun menm papa menm manman ki gen 2 nom de fanmi diferan, vre siyayi an ka Charles men akoz ke papa neg la rele Antoine eben li tou vin siyati 2zyem timoun lan.

kanta pou prononsyasyon an, si yon mo ka ekri plizyè jan se sa net. Gran papa mwen siyati li ekri yon jan, sel yon lot, youn nan frè li menm se yon lot. Gon moun mwen konnen li siyen "Stiverne" li di nan fanmi li moun yo masakre non fanmi an. Genyen ki siyen "Estriverne, lot Steven, lol Stevens. lot Hestiverne" mezanmi fok sa regle. Se pa yon pwoblem ki pwop a Ayiti menm nan kanada yo fè erè sa yo men o mwen yo chache resoud yo.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Solange « Sonia » Pierre te toujou di ke se Dominikenn ke li ye !  Empty Re: Solange « Sonia » Pierre te toujou di ke se Dominikenn ke li ye !

Message  revelation Mar 6 Déc 2011 - 17:21

T-Neg di:Gen pi red toujou, 2 timoun menm papa menm manman ki gen 2 nom de fanmi diferan, vre siyayi an ka Charles men akoz ke papa neg la rele Antoine eben li tou vin siyati 2zyem timoun lan.

kanta pou prononsyasyon an, si yon mo ka ekri plizyè jan se sa net. Gran papa mwen siyati li ekri yon jan, sel yon lot, youn nan frè li menm se yon lot. Gon moun mwen konnen li siyen "Stiverne" li di nan fanmi li moun yo masakre non fanmi an. Genyen ki siyen "Estriverne, lot Steven, lol Stevens. lot Hestiverne" mezanmi fok sa regle. Se pa yon pwoblem ki pwop a Ayiti menm nan kanada yo fè erè sa yo men o mwen yo chache resoud yo.

Sa yon di la T-Neg se la verite! Si nou pran ka Eric Pierre ke Preval te chwazi kom Premye Minist, a koz de nom li e mon pap'l ak granpapa'l ki ekwi diferamman nan baptiste yo, otomatikman diskalifye Ericque, Heric, Eric, Pierre, Pierre Eric nan domaine saa.
Se pa fot kandida saa. Se fot system administrative e employe achiv national peyi Dayiti.

Martine di ke le pli souvan, Ayisyen ekwi nom yo fason ke li pronomse, ie Wodrig, Wolan, Rmane, Rnest, Jilia etc..

T-Neg w gen rezon employe Leta kap anrejistre baptiste yo mete nom pou prenom, e prenom pou nom.
Si yon timoun rele: Jean Francois Antoine Claude Paul. Ki nom e prenom timoun saa?

Avek solda MINUSTAH ki anvahi ville provins yo pandan 7 tan ki sot pase la, nap jwen timoun ki rele Edouardo, Edwado, Edwano etc.. Le pou yo al lekol, se le saa ke yo pral gen problem.

Se yon kalver ke peyizan kap viv Bahamas, Florida Boston, etc.. ki gen problem ortograf nan baptiste yo. e ki oblije pran notaire ak avoka pou regle baptiste yo ak pitit yo.. herezman jan w di a T-Neg, se pa Ayisyen selman.
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Solange « Sonia » Pierre te toujou di ke se Dominikenn ke li ye !  Empty Re: Solange « Sonia » Pierre te toujou di ke se Dominikenn ke li ye !

Message  Le gros roseau Mar 6 Déc 2011 - 22:02

Bon se pa ayisyen selmann ki rele pitit yo non tankou vladimir(lol)genyen moun ki rele Vladimir an frans tou se pa Cassius clay ak malcom X te pito chanje non yo paske yo pat vle rete ak non ansyen met yo.An ayiti ou jwen yon paket non franse, cambronne, figaro, Lamadieu,Chevalier(lol)poukisa nou pa mande poukisa yon moun pran tit ansyen met yo?ah ah ah ah ah,se pa non moun lan ki enpotan se sal fè nan vil ki enpotan.tout non sa yo se pa non afriken.laferriere , Etienne,magloire.Guerrier mwen pa kwe wap jwen non sa yo an afrik.ou jwen ti moun ki rele Andre marie,jean marie tou ;sa ki mal nan non sa yo?

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Solange « Sonia » Pierre te toujou di ke se Dominikenn ke li ye !  Empty Re: Solange « Sonia » Pierre te toujou di ke se Dominikenn ke li ye !

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum