Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.

Pou Pwofesè MATEMATIK ak FIZIK ann AYITI yo.

3 participants

Aller en bas

Pou Pwofesè MATEMATIK ak FIZIK ann AYITI yo. Empty Pou Pwofesè MATEMATIK ak FIZIK ann AYITI yo.

Message  Joel Mer 7 Déc 2011 - 10:31

Se a pwopo de yon atik ki parèt sou NOUYÒK TIMES ,AVANYÈ 5 DESANM lan.
Se yon pwogram ke BILL GATES,GOOGLE ak lòt konpayi SILICON VALLEY fonde.Yo deja bay 16 milyon dola e y ap bay plis toujou.

N ap jwenn tout pwogram matematik ke yo anseye lan lekòl primè ak segondè.ARITMETIK,JEYOMETRI,ALJÈB rive lan CALCULUS ak EKWASYON DIFERANSYEL.
N ap jwenn FIZIK tou ,ak EKONOMI.Mwen pa kwè yo anseye EKONOMI lan lekòl AYITI .Twòp tan pou FRANSE ,pa gen tan pou EKONOMI (lol).
Gen ekzèsis ,e gen volontè pou korije EKZÈSIS.TOUT SE GRATIS ,TI CHERI.

ADRÈS SIT LAN :

WWW.KHANACADEMY.COM

Atik ki pale de pwogram ekstrawòdinè sa a se:

http://www.nytimes.com/2011/12/05/technology/khan-academy-blends-its-youtube-approach-with-classrooms.html?ref=general&src=me&pagewanted=all

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Pou Pwofesè MATEMATIK ak FIZIK ann AYITI yo. Empty Re: Pou Pwofesè MATEMATIK ak FIZIK ann AYITI yo.

Message  Le gros roseau Mer 7 Déc 2011 - 12:17

Thank you very much.Pretty soon the agro economist can no longer impress people with his equations.(lol)The computer is going to revolutionize education.Pretty soon sitting in a classroom at the university level will be obsolete. The one eye people in haiti will no longer be able to guide the blinds.ah ah ah ah

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Pou Pwofesè MATEMATIK ak FIZIK ann AYITI yo. Empty Re: Pou Pwofesè MATEMATIK ak FIZIK ann AYITI yo.

Message  Joel Mer 7 Déc 2011 - 12:45

Langaj lan tèlman senp ,se ekstrawòdinè.Se tankou ou genyen yon gran frè w ki ap fè ""tuteur"" pou wou.
Ou wè atik lan di ke timoun ki lan klas pwofesè yo montre an ,ki te gen pwoblèm lan MATEMATIK ratrape yo.

Mwen kwè GOOGLE ap travay sou yon pwogram ke enstantaneman y ap kapab tradwi ""speech"".Sa vle di timounann AYITI yo ap kapab tande sa pwofesè an ap di an ,enstantaneman an KREYÒL.
Pou bann nèg ki ap voye monte yo ,ap pran pòz kònèsè yo ;mesye sa yo apatni o pase.

Wa remake tou ,si gen yon leson yon moun ou byen yon timoun pa fin konprann;ou gen dwa poze kesyon e otomatikman de milye moun ,volontè pou yo reponn ou.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Pou Pwofesè MATEMATIK ak FIZIK ann AYITI yo. Empty Re: Pou Pwofesè MATEMATIK ak FIZIK ann AYITI yo.

Message  Le gros roseau Mer 7 Déc 2011 - 14:33

Mon chè mwen sot ap gade yon demonstratyon la se bagay tout moun ka konprann depi w pale angle.se pa blag non.mon chè map konsilte site saa de tan zan tan pou maprann toujou.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Pou Pwofesè MATEMATIK ak FIZIK ann AYITI yo. Empty Re: Pou Pwofesè MATEMATIK ak FIZIK ann AYITI yo.

Message  Le gros roseau Mer 7 Déc 2011 - 15:12

Bon jan bet.zafè sak pa vle aprann .si yon moun te ka mete tout bagay sa yo an kreyol li tap rann jeness la yon gan servis wi.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Pou Pwofesè MATEMATIK ak FIZIK ann AYITI yo. Empty Re: Pou Pwofesè MATEMATIK ak FIZIK ann AYITI yo.

Message  Invité Mer 7 Déc 2011 - 15:30

map mete pos sa an post-it konsa lap byen vizib, nap di joel mèsi. Joel, mwen pa konn poukisa yo wete ekonomi isit nan kebek. Anpil moun ap di ke se yon erè yo fè, mwen se yon konsey ki ta bon pou anpil socyete.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Pou Pwofesè MATEMATIK ak FIZIK ann AYITI yo. Empty Re: Pou Pwofesè MATEMATIK ak FIZIK ann AYITI yo.

Message  Joel Mer 7 Déc 2011 - 16:01

ROZO;

PWOFESÈ MICHEL DE GRAFF pran tout kou MATEMATIK MIT yo,li tradwi yo an KREYÒL li mete yo sou CD e li remèt yo bay INIVÈSITE DETA DAYITI.

Kanta kou pwofesè KHAN yo .Anvan lontan timoun ann AYITI yo ap kapab swiv yo an KREYÒL.GOOGLE ap travay sou yon ""software"" sou sa.
Tankou moun ki fè kòmantè sou atik NOUYÒK TIMES lan di;yo di ke kou pwofesè KHAN yo pi bon ke kou 90% pwofesè MATEMATIK ak FIZIK yo fè.

Fò k ou gen talan wi pou w eksplike de konsèp ou gen dwa di ki pafwa konplike ,pou w anseye yo lan yon langaj fasil konsa.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Pou Pwofesè MATEMATIK ak FIZIK ann AYITI yo. Empty Re: Pou Pwofesè MATEMATIK ak FIZIK ann AYITI yo.

Message  Le gros roseau Mer 7 Déc 2011 - 23:35

Mon chè sa se vre zafè anseye se pa nenpot moun ki ka fè sa non ou ka konnen sijè ya byen men ou ka pa ka anseye li.

Ti neg mwen pa konprann ki jan nan yon gwo peyi tankou kanada pou yo retire kou ekonomi nan lekol.nan 21eme syek saa si yon moun pa genyen yon lide nan ekonomi e nan personal finans ou nan pwoblem wi.ou konn ap gade sa ki ap pase nan fanmi w epi se kriye ou ta kriye.fanm yo tonbe achte yon paket bataklan ak kredit kat epi se minimum payman yap peye chak mwa epi yo pa ka janm fini peye det yo fè yo.lè wap di yo si w kontinye peye minimum payman ou pap janm fini peye det sa yo;yo di w ak kisa pou yo peye plis ,lè w mande yo men poukisa ou te achte tout bataklan sa yo yo di w paske mwen te beswen yo.Ki sa pou yo fè ak paket bijou sa yo ou pa konnen.genyen anpil moun ki sot ki pa konnen si yo sot non.E pafwa ou jwen moun ki swa disan edike ki komet menm sotiz sa yo.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Pou Pwofesè MATEMATIK ak FIZIK ann AYITI yo. Empty Re: Pou Pwofesè MATEMATIK ak FIZIK ann AYITI yo.

Message  Invité Jeu 8 Déc 2011 - 17:25

Le gros roseau a écrit:Mon chè sa se vre zafè anseye se pa nenpot moun ki ka fè sa non ou ka konnen sijè ya byen men ou ka pa ka anseye li.

Ti neg mwen pa konprann ki jan nan yon gwo peyi tankou kanada pou yo retire kou ekonomi nan lekol.nan 21eme syek saa si yon moun pa genyen yon lide nan ekonomi e nan personal finans ou nan pwoblem wi.ou konn ap gade sa ki ap pase nan fanmi w epi se kriye ou ta kriye.fanm yo tonbe achte yon paket bataklan ak kredit kat epi se minimum payman yap peye chak mwa epi yo pa ka janm fini peye det yo fè yo.lè wap di yo si w kontinye peye minimum payman ou pap janm fini peye det sa yo;yo di w ak kisa pou yo peye plis ,lè w mande yo men poukisa ou te achte tout bataklan sa yo yo di w paske mwen te beswen yo.Ki sa pou yo fè ak paket bijou sa yo ou pa konnen.genyen anpil moun ki sot ki pa konnen si yo sot non.E pafwa ou jwen moun ki swa disan edike ki komet menm sotiz sa yo.

Epi yap mande poukisa se jenes gwo konpayi yo sible.. yo pa gen edikasyon.

Joel sit sa son vre "Mine d'or", mwen konsulte'l yier, li ekplike ak yon klarte anpil bagay ke map fè, sak interean, siw pa komprann ou anik replay video a. Ou pa menm bezwen pale angle byen.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Pou Pwofesè MATEMATIK ak FIZIK ann AYITI yo. Empty Re: Pou Pwofesè MATEMATIK ak FIZIK ann AYITI yo.

Message  Joel Ven 9 Déc 2011 - 9:24

T-NÈG;
Si gen yon mo ou yon konsèp ou pa fin konprann ,ou kapab poze kesyon;epi ap gen anpil volontè pou reponn ou.
Si w li atik lan NOUYÒKTIMES wa wè gen anpil lekòl sitou lan kot LWÈS lan ap itilize resous sa a.Yo di pwofesè yo ize l lan klas yo ;se pou di pwofesè yo rekonèt ke SALMAN pi efikas ke yomenm ki ap anseye timoun yo.

Epi gwo milyonè FILANTROPIS yo ap mete plis resous toujou lan pwojè sa a.Yo deja mete 16 milyon dola deja e y ap mete plis ;de nèg tankou BILL GATES,mesye GOOGLE ak lòt FONDASYON.
Li enperatif pou mesyedam sa yo pou ti AMERIKEN yo pi abil lan MATEMATIK ak FIZIK si yo vle fè konpetisyon ak de peyi tankou LA CHINE ak KORE di SID.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Pou Pwofesè MATEMATIK ak FIZIK ann AYITI yo. Empty Re: Pou Pwofesè MATEMATIK ak FIZIK ann AYITI yo.

Message  ainsi ne soit-il Mer 14 Déc 2011 - 23:16

Tout sa se byen men kom d'abitid nèg ap di se fot sesi sela. Men mezanmi, lan lekol profesyonèl an Ayiti yo te konn anseye yon bout ekonomi domestik wi. Se pa tout tan k'te gen kou ekonomi lan high school (lol) bor isit non. Dayè majorite moun mwen konèt se lan inivèsite yo al pran premye nosyon ekonomi. Se transfomasyon sosyete bor isit ki fè ke yo bay kou imèsyon lan ekonomi pou ti-moun bor-isit.

Lang ou literati franse ta dwe pousuiv nou pou difamasyon.

Si n'ap di ke LaFrans te apovri tè Ayiti (Sen Domeng) lan koupe piye akajou, m'ap dakor. Si w di ke franse, piye Ayiti paske pitit li ou pitit pitit li te aksepte peye yo lajan pandan ke li t'ap fèmen lekol, m'va konprand. Men nou pa ka fin travèse 2 syèkl lan mitan kwa nou pran 20 ane okipasyon Yankee ki vin fè rès piyay LaFrans te komanse a ki fè ke jodi a, Ayiti san senk e pi nou ta vle fè moun kwè ke gen yon chwa ki meyè antr 2 dyabl. Tou senpleman paske, se Ozetazini nou te tonbe. Pa blye ke si se pa't pou afinite linguistik, pa ta gen tout Ayisyen sa yo lan Quebec.

Menm si kay frè (F.I.C.) tout liv te an franse, m'sonje trè byen ke gen lot lekol kote yo te konn sèvi ak menm katechis la enprime an kreyol. Se pou sa m'pa ka fin kwè lè nou vle di ke yo pat janm anseye an kreyol an Ayiti. Lekol matèmèl se an kreyol wi sa te konn fèt mezanmi. Lan lekol primè, se kreyol profesè yo te plis konn' pale.

Han! mezanmi, sa vin sanble ak yon fo problèm lè n'ap blame yon lang ki te itil nou tout e ki kontinye itil nou pou kadav Ayiti jodi a. Tout nèg ki fè liv, k'al louvri lekol an kreyol jodi a an Ayiti, se trè byen, men lè n'ap entèprete sa nèg yo ap di kom si se divós y'ap mande ak franse, nou tronpe'n grandman. E si se ta entansyon yo, m'ta di ke se jis rekipere sityasyon a pou yo ka pase a listwa.

Lyen yo enteresan. Men jiska prezan menm si mwen eseye, mwen prefere fè aktivite akademik ak liv lan main'm. Menm lekti long, mwen pa kab fè sa lan Entènèt. Li ka pi pratik e pi fasil pou jèn moun pou aprand konsa. An atandan, nou pwal bezwen ekipe lekol yo ak materyel ak ekipman audiovisuel, nou pwal bezwen anpil odinatè, nou pwal bezwen elektrisite, elatrèy.

Mezanmi, mwen dakor an jeneral ak tout ide sa yo. Sèl sa mwen remake, sè ke nou fin fou pou teknoloji pensan ke sa pwal rezoud problèm edikasyon ak devlopman entèlektyèl ti-moun lan peyi a.

Sèlman, si nou vle Dame Oprah fè yon bagay pou nou, pito nou pale de disiplin ak ankadreman olye ke se kopye tout sa kilti dominant la ap ofri. Oprah te fè remake ke lè ti Black peyi'l jis enterese a gadget, cell phone, ti-moun li te kwaze an Afrik yo se lekol yo t'ap mande. E se sa ki te motive'l pou al ouvri akademi lan peyi Sid-Afriken.

Sa pa vle di mwen kontr ti nèg k'ap flip burgers lan Mac Frè Do pou yo ka achte ti gadget yo. A chacun sa culture. Chak moun gen levasyon yo, kondi yo di an Ayiti.

Atansyon. Sa pa fè lontan m'ap tande ke tout gran inovatè lan domèn teknoloji ak enfómatik, yo pa voye pitit yo lan lekol ki sèvi ak ódinatè. Pawol serye wi.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Pou Pwofesè MATEMATIK ak FIZIK ann AYITI yo. Empty Re: Pou Pwofesè MATEMATIK ak FIZIK ann AYITI yo.

Message  Joel Jeu 15 Déc 2011 - 12:13

Mwen pa fin renmen ton ou pran lan diskisyon sa a.Pa gen moun ki gen AJANDA.P ou mwen a laj mwen rive la a ,mwen pa ta ka gen AJANDA.
Nou gen pwopriyete ann AYITI ,nou kòmanse ap vann yo;sa gen 2 mwa mwen pèdi yon frè m ;li te ""sèlman"" gen 74 zan.

Lè yon moun ap kesyone sistèm edikasyon an ,ann AYITI ,se pa rayi ,yo rayi lang FRANSE pou sa.Ou paka rayi yon lang.
An 1915,lè AMERIKEN yo te debake ,yo te jwenn ke se 6% moun ki te konn li ak ekri;an 1986 se te anviwon 20%.
Se paka fòt dirijan yo sèlman ;gen yon bagay ki pa mache lan sistèm lan.

Epi ,tout moun ap poze kesyon ;AMERIKEN yo ki gradye de milye PHD lan edikasyon chak ane ap poze kesyon.Y ap gade sistèm lan FENLAND lan byen ke sosyete FENLANDÈ an diferan de pa yo an .Se pa noumenm ki pou pa ta poze kesyon ,sitou si nou te pase yon titan lekòl,lan INIVÈSITE:

http://www.nytimes.com/2011/12/13/education/from-finland-an-intriguing-school-reform-model.html?scp=2&sq=FINLAND&st=cse

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Pou Pwofesè MATEMATIK ak FIZIK ann AYITI yo. Empty Re: Pou Pwofesè MATEMATIK ak FIZIK ann AYITI yo.

Message  ainsi ne soit-il Jeu 15 Déc 2011 - 14:21

Joel a écrit:Mwen pa fin renmen ton ou pran lan diskisyon sa a.Pa gen moun ki gen AJANDA.P ou mwen a laj mwen rive la a ,mwen pa ta ka gen AJANDA.
Nou gen pwopriyete ann AYITI ,nou kòmanse ap vann yo;sa gen 2 mwa mwen pèdi yon frè m ;li te ""sèlman"" gen 74 zan.

Mwen pa wè sa ki sa ki pèsonèl lan esansyèl diskisyon a. Kel ke swa ton diskisyon a, amwenske m'ta malad pou m'ta di tonbe kwè ke J... an patikilye gen ajanda. Mwen fini pa dekouvri ke gen moun ki pa serye ou ki gen ajanda yo, dayè yo pa kache di ke m'deranje yo, yo seye pa tout mwayen pou m'ta kite sit yo a, men lè m'ap pale ak J... ou lè m'te lan pale ou goumen ak LGR, mwen pa janm met lan tèt mwen ke yo te gen yon enterè kelkonk apa de divèti'n ou seye wè sa ki ta bon pou ti peyi a. Antoukla sa te toukou klè lan espri'm amwenske gen gran moun ki mache lan jwèt vagabon ak agace-pissette.

J..., I can related to everything that's happened in your life recently, especially your family pain. I went trough the same pain ironically right at the time they prevented me from expressing myself on the site that bares the name Haiti. And the dirty campaign hasn't stopped.

My sib was a lot younger. I'm sorry, I might have sounded inconsiderate. I should have known better but how could I have? Trust me, I'm surrounded by it, but you never get used to it.

Yesterday, I looked in the newspaper and the picture of a deceased black lady caught my attention. She was born the same year as my mother who died relatively young. I said to myself that my mother could have lived that long, and life would be so much different. And the list can go on. (lol)
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Pou Pwofesè MATEMATIK ak FIZIK ann AYITI yo. Empty Re: Pou Pwofesè MATEMATIK ak FIZIK ann AYITI yo.

Message  Le gros roseau Jeu 15 Déc 2011 - 15:13

Si yon moun ap defann edikatyon borlet saa ou se yon iresponsab.se pa ni joel ni mwen ki rekonet ke edkatyon pakotiy saa pa kreye ase fesè.la plipa moun ki di yo edike an ayiti se yon paket wannabe.Li lè pou nou sispann foure tet nou nan sab pou nou pa gade eta peyi ya.Tankou dr Dejean di ya se yon lekol tet an ba nan yon peyi tet an ba.mwen pa kwè genyen moun ki ka di ke dr dejean se yon ajanda li ap defann.mwen pa kwè nan laj li rive la se yon patat lap defann .

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Pou Pwofesè MATEMATIK ak FIZIK ann AYITI yo. Empty Re: Pou Pwofesè MATEMATIK ak FIZIK ann AYITI yo.

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum