Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -20%
-20% Récupérateur à eau mural 300 ...
Voir le deal
79 €

Farrakhan Radio Caraibe

3 participants

Aller en bas

Farrakhan Radio Caraibe Empty Farrakhan Radio Caraibe

Message  Invité Sam 17 Déc 2011 - 19:14


Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Farrakhan Radio Caraibe Empty Re: Farrakhan Radio Caraibe

Message  Le gros roseau Sam 17 Déc 2011 - 20:57

Se ak anpil plezi mwen sot tande Minister farakhan ap mete verite a tè.Genyen yon kestyon li mande: kote lajan yo pase?.Li lonje dwet sou yon nonm wi mwen pa konn si tout moun konprann sal di ya e se pa minister farakhan selman ki pose kestyon saa ,President Carter tou pose menm kestyon :Where is the money?eske se loup ki degise en berger ki ap jere lajan sa ke yo ranmase nan non pep ayisyen.Mwen tou mwen ta swete ke rey bon dye rive le pli vit possible pou 3/4 moun sou la tè ki ap soufri bouke soufri.

Minister Farhakan di nou ke franse yo te rele mackendal, Boukman ,Toussaint louverture et dessalines teworis tou ;alor lè nou tande opresè yo ap rele yon moun tankou li teroris fok nou mande pouki sa yo pè moun saa konsa.ki sa li fè yo?Sam renmen tande tou Farakhan pa janm pa mantyone non Malcom X ak Elijah kom 2 profesè li.Li di si Martelly te pale ak pep la poul te di yo ke si yo vle kotise pou edike tout ti moun nan peyi ya li kwè ke tout moun ta dakor.

Mwen kwè nan tout repons ke Ministè Farakhan bay yo se sel kose FADH la ke mwen pa dakor ak li. petet se paske li pa konnen listwa fos dopresyon saa ke meriken te kite nan peyi ya.Wi nou beswen yon fos ki pou pwoteje frontyè nou nou beswen bay jeness la travay men pwiske moyen nou piti koulyè ya pou mwen li ta fè plis sans ke nou mete fos polis a 20000 polisye byen nouri byen ekipe anvan nou al fè machan zam rich sou do pep la ak yon ti lame rachitik ki pa ka ranpli misyon li byen .kom mwen toujou di lè w pa ka fè tou ta a la fwa ou fè sa ki esantyel yo dabor.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Farrakhan Radio Caraibe Empty Re: Farrakhan Radio Caraibe

Message  Sasaye Dim 18 Déc 2011 - 5:14

Wozo, Farakan montre ke li konnen istwa Dayiti byen.
Kidonk, misye konnen kisa FADH te kon fè, menmjan ak tout moun.

Dapre mwen li pap pale de retounan avèk ansyen lame saa ankô.

Jan mwen kwè li di ke gen anpil jenn ayisyen ki pa gen anyen pou yo fè, san travay, san kay, san revni. Jenn sayo se ayisyen ki renmen peyi yo, yo ta renmen defann li,
pwoteje l epi fè travay ke Minista di ya p fè lan peyi an.

Se konsa yo ta kapab ranplase Minista.
Dayè Minista se yon minimom ya p fè.
Se kapab yon fôs reyèlman nasyonalis ki pa gen anyen pou wè ak ansyen jandam kraze zo yo.

Polis lan bezwen ogmante pou li kapab sèvi tout popilasyon an. Yon polizye byen fôme avèk yon nivo edikasyon ki plis pase rekri lame.
Sa vle di gen mwens ekzijans pou aksepte tout jenn ki wazif depi yo pa malad kokobe.

Konsa ya p bayo antrenman fizyk, enstriksyon sivik, bon mès ak bôn manyè poun sèvi peyi an.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Farrakhan Radio Caraibe Empty Re: Farrakhan Radio Caraibe

Message  Le gros roseau Dim 18 Déc 2011 - 13:52

Sassaye

Mwen ta renmen w fè you ti lekti teks ki rele :Si les policiers se mettaient a parler"pou dim si ayiti ka genyen lame sa ke anpil nan nou ap mande ya.Genyen moun ki ap pale de lame men ki pa konnen reyelman ki sa yon lame beswen e ki wol li.menm gilet pou polisye se fanmi yo ki ap achtel pou yo ,menm bal pou yon colt 38 polisye yo di se nan redi pou yo jwen sa.menm gasoline pou mete nan machine patrouy komisè yo konn ap plenyen yo pa genyen.tout ekspè nan criminal justice di pa genyen ase polisye nan peyi ya.poukisa nou pa ka tann nou finn mete police la nan yon nivo anvan nou pale de lame saa?ak ki moun nou pral fè la gè nan eta nou ye la?ki natyon ki beswen anvayi ayiti?

rezon ke Farakhan bay la li pa kanpe sou oken lojik.tout bagay ki genyen pou fè nan peyi saa se yon ti lame rachitik de 3000 moun ki pral ba jeness la travay.mwen ka site menm 10 servis ke peyi ya pi beswen pase lame jodya.e Martelly konnen yo.pa genyen yon servis dijyenn nan peyi ,pa genyen ase profesè nan peyi ya, pa genyen ase ponpye nan peyi ya.pa genyen ase infimyè, agronom, enjenyè ki pou enspekte kontwole ki jan moun ap bati kay nan peyi ya.pa genyen ase doktè nan peyi ya.pa genyen ase teknisyen laboratwa, ase teknisyen X-Ray.ak MRI.pa genyen ase moun ki ap travay pou pwoteje environman.pa genyen ase sekouris ,pa genyen ase mason. elektrisyen, chapantye, mekanisyen, teknbisyen air-kondityione ' pechè, agrikiltè ki pou pwodwi manje nan peyi ya.poukisa reset peyi ya se pa nan bagay konsa nou envesti yo o lye de yon ti lame kokomakak?se zafè imite sa lot moun genyen lakay yo san nou pa panse a moyen nou ki mete nou nan trou saa ke nou ye jodya.

Farakhan pale anpil e pafwa byen se vre Men se depi plis 50 lane ke li ap preche menm bagay yo.mwen kwè si Farakhan ak moun tankou jessie jackson te mete konpetans ak enerji yo nan kreye lekol pwofesyonel a travè Eta zuni pou jeness la aprann yon metye,si yo te mete tet yo ansanb pou yo te kreye savings bank e kess dantred tankou ansyen kongressman new York la ap fè nan Queens e byen nou ta genyen plis bizniss ki rele nou chè met chè metress ki ta ka anploye jenness la.Mwen pa di esklavaj la pa genyen responsabilite nan eta nwa ye nan amerik la .men lè nap gade sa ki ap pase an afrik jodya kote pat genyen esklavaj ,byen ke plenyador di ke se kapitalism ki la koz yo nan eta saa. fok nou rann nou kont ke pwoblem nou pi konplike e solutyon yo se pa plenyen tout la sent jounen blan fè se si blan fè se la ;pwoblem ki pi nepotan pou nou chache resoud se retire chenn ki nan tet nou yo.konbat iyorans , koruptyon ,egoyism, snobism.etc.Yon moun met di mwen se yon WASP se pa bagay ki gadem ,mwen bouke kriye tankou ti moun tout la sent jounen.Poukisa Farakhan pa fè tankou Marcus Garvey.mande pou nou tounen an afirk pase li konnen ke nou pap pi byen an Afrik.li ale an Uganda, au congo au nigerya ,an somalie an ethipopie au Boukina fasso,menm an afirk di sid li wè nan ki eta nwa ap viv.Li pito rete Chicago nan bel chato li ;genyen jet prive li.e anpil moun ki ap travay pou li anpil servante lakay li.li entelijan tout bon vre wi.li ap toujou vann menm opium yo;la haine et la religion.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Farrakhan Radio Caraibe Empty Re: Farrakhan Radio Caraibe

Message  Sasaye Lun 19 Déc 2011 - 8:48

Wozo, mwen pa bezwen di w ke mwen kont rekontitisyon Fadh. Mwen sèlman bay entèpretasyon mwen fè sou kômantè Farakann sou sijè saa.

Sepandan lan plizyè bagay ke w enimere ki bezwen fèt, yon ôganizasyon paramilitè menmjan ak rezèv Ozetazini kapab ranpli fonksyon ki bezwen fèt pou anvironman, asenisman, reforestasyon, asistans teknik ak edikasyon de baz pou moun ki bezwen alfabetizasyon.

Kô saa pa bezwen gwo zam, ni tank, noi gaz lakrimojèn.
Li kapab rezèv ki soti lan tout klas sosyal peyi an ki ap fè lôt travay , men ke leta antrene e ki pase yon mwa pa ane lan entrenman pou nenpôt ijans natirèl.

Nanpwen konparezon avèk militè ke meriken te lage lan peyi an tankou yon kansè.

Ameliorasyon e ranfôsman Lapolis obligsatwa pou sekirite sosyete an epi se pou l kontinye jiskaske kantite polisye yo ase pou kouvri e pwoteje tout popilasyon sivil peyi an.
Anmenmtan milyon jenn fanm ak gasonb ki lan lwazivte lan peyi a kapab sèvi pou rekonstwi pandan yo jwenn yon okipasyon ki kapab peye yo yon ti salè.
Konsa asyèt fiskal Ayiti a ogmante, plis mou pral viv pi byen, manje pi byen, devlop
pi byen.

Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Farrakhan Radio Caraibe Empty Re: Farrakhan Radio Caraibe

Message  Le gros roseau Lun 19 Déc 2011 - 12:47

Saw di ya ta fè sans wi men fok nou konsidere moyen nou tou.Genyen anpil moun ki kwè ke mwen kont tout fom lame se pa sa mwen pa vle gaspiye ti resous peyi ya pou fè makak ak yon ti lame kokomakak san ekipman ni antrenman.Mwen pa vle ke nou retounen ak menm strikti e wol FADH la te genyen lontan.paske li te fè plis mal ke byen.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Farrakhan Radio Caraibe Empty Re: Farrakhan Radio Caraibe

Message  revelation Lun 19 Déc 2011 - 22:17

Farrakhan Radio Caraibe ML_7

Se byen malere ke'm pat we Ezili Danto nan delegasyon Farrakhan nan.
She should have been there. May be I overlooked.
Jan mamzel travay ak muslim yo pou mete "proje dlo prop" nan peyi Dayiti.

Se Ezili ki bay Farrakhan you cram study about the History of Haiti, and he acknowledged that.

Nap mande nou sa Farrakhan te vinn chache lakay nou?
Ezili just learned her lesson. When politics take over humanities!
Gason sa yo se kouto 2 bô!

Kenbe la my sister!
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Farrakhan Radio Caraibe Empty Re: Farrakhan Radio Caraibe

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum