Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -45%
PC Portable LG Gram 17″ Intel Evo Core i7 32 Go ...
Voir le deal
1099.99 €

Se pou volonte Papa Dessalines fèt ane sa a!

4 participants

Aller en bas

Se pou volonte Papa Dessalines fèt ane sa a! Empty Se pou volonte Papa Dessalines fèt ane sa a!

Message  jafrikayiti Dim 1 Jan 2012 - 14:04

1 janvye 2012

Mèsi Papa Dessalines! Se pou volonte ou fèt ane sa a.
Se pou pitit ou yo reyisi kase depi se chenn ou pa te gen tan kase pou yo nan vivan ou.

Se pou ou wè rèv ou an reyalize sou zile ou te kite pou nou an.

Zòt envante yon kreyati mitik yo rele "satan" pou sèvi dra ki kache krim yo fè sou tè sa a; Pou fè moun priye 2 je fèmen pandan yomenm, y ap mache 2 je kale ap vòlè sa ki pa pou yo.

Oumenm, Papa Dessalines, ou aprann nou goumen kont "satan" ki ekziste tout bon vre yo..sa vle di vòlò tè ak kolonizatè. Mèsi pou enspirasyon ou bannou.

Mèsi pou yon nasyon rebèl, je klere, ou te mete kanpe 1 janvye 1804. Mèsi pou lidèchip ou. Mèsi pou sèl ou mete nan bouch moun zòt te vle fè tounen zonbi. Mèsi pou Ayiti.

Kounye a, se noumenm ki pou mete devwa nou opwòp.
Batay kont "satan" ki pote kolera yo, se pa batay pa ou Dessalines!
Ou deja fè sa ou te gen pou ou fè.

Batay kont "satan" ki ap eksplwate malere nan faktori $2 pa jou yo, se pa batay pa ou Papa Dessalines.

Batay kont "satan" ki ap fè kadejak sou tilezanj nou yo - paske nou pa t fè lenesesè pou nou pwoteje yo kont pedofil ki di yo se "pastè" osnon « pè » k ap pote yon ti bondye pòslèn pou yo....se pa batay pa ou Papa Dessalines.

Ojis, depi sou Papa Boukman nou te dwe aprann leson sa a. Men, pitit ou yo gen tèt di, oudimwens se « chenn nan tèt ki pi di pase chenn nan pye »? Keseswa sa li ye a Papa Dessalines, noumenm, nou sèmante nou pap faya nan chimen, n ap goumen jouk dènye chenn yo kase.

Wi, n ap ede frè ak sè nou yo "jete vye pòtre bondye blan yo ki swaf dlo nan je nou". N ap jete vye sipèstisyon pèpè ki vle divize fanmi Ayisyen an.

Papa Dessalines, repoze ou!

Kè kal...travay la ap fèt. Anvan lontan Rochambeau pral kapitile!

Ayibobo!

http://www.lulu.com/items/volume_65/1728000/1728817/2/print/1728817.pdf (VIV BONDYE! ABA RELIJYON!)

(KLIKE PI WO A POU KADO ENDEPANDANS 2012 ou)


Jafrikayiti
"Depi nan Ginen bon Nèg ap ede Nèg!"
(Brotherhood is as Ancient as Motherland Africa)
----------------------------------------------------------
http://www.godisnotwhite.com

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Se pou volonte Papa Dessalines fèt ane sa a! Empty Re: Se pou volonte Papa Dessalines fèt ane sa a!

Message  revelation Dim 1 Jan 2012 - 20:34

Ojis, depi sou Papa Boukman nou te dwe aprann leson sa a. Men, pitit ou yo gen tèt di, oudimwens se « chenn nan tèt ki pi di pase chenn nan pye »? Keseswa sa li ye a Papa Dessalines, noumenm, nou sèmante nou pap faya nan chimen, n ap goumen jouk dènye chenn yo kase.
Wi, n ap ede frè ak sè nou yo "jete vye pòtre bondye blan yo ki swaf dlo nan je nou". N ap jete vye sipèstisyon pèpè ki vle divize fanmi Ayisyen an.
Papa Dessalines, repoze ou!
Kè kal...travay la ap fèt. Anvan lontan Rochambeau pral kapitile!
Ayibobo!
Jaf kom w di " Pitit Dessalines yo gen tet di" eske w kap di nou ou byen rapele nou sa volonte Jean Jacques Dessalines Premier Empereur a vie peyi Dayiti te ba nou.
Tet mwen di ba nou yon ti limye souple.
Tanto w pale de Bondye se blan, sa pa interesse nou ak koule li paske Ayisyen konnen ke Bondye pa gen koule e listwa montre ke Ayisyen bay Bondye nenpot koule ke yo vle.?

Answit W kite relijyon w travesse nan politik, w pale de Rochambeau pral kapitile annee saa.
Sanble ke w gen kostim halloween Dessalines w sou w jodi a e w chita sou tab a bwe yon soup joumou.

W met fe sa chak premye Janvye sou w vle, men nou souwete ke inspirasyon izoterik saa pa vinn yon habitid de tou le jou.
Bonne Annee nom Fre! Ke Bondye(koule ke w vle ba li a) beni e proteje w ak tout fanmi w!


Men messaj Prezidan Martelly a fe jodi a premye Janvye 2012 ki pli sanble ak sa Dessalines ta fe si li ta vivan jodya.
Mais 2012 apportera d'autres changement également, les élections qui viennent vont impliquer chaque section, chaque commune, chaque département c'est ce qui va permettre au peuple, d'avoir de bons représentants qui vont défendre ses intérêts, réaliser la décentralisation, que tout le pays attend, c'est comme ça que la démocratie va être établie et que les institutions vont être renforcées.

C'est la seule façon, il n'y a pas d'autres routes pour que la reconstruction se fasse, pour que le développement du pays arrive, à travers la création d'emplois, de nouvelles entreprises, du développement de l'agriculture.

Ce sont les nouveaux combats et défis, le combat pour l'éducation, pour l'environnement que nous tous haïtiens, pas seulement moi-même, que nous tous haïtiens, nous devons mener aujourd'hui. Je compte sur vous, je compte sur vous tous, mon peuple, pour main dans la main, nous nous levions, pour qu'Haïti soit plus belle.
Ce pays est trop riche pour être pauvre que le bon Dieu vous bénisse. »
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Se pou volonte Papa Dessalines fèt ane sa a! Empty Re: Se pou volonte Papa Dessalines fèt ane sa a!

Message  ainsi ne soit-il Dim 1 Jan 2012 - 22:20

Anfen yon okazyon pou yon ti bout diskisyon filozofik. (lol)

Mwen te kouri retire mesaj mwen te gen pou JAF pou di l'ke Dessalines est bel et bien mort. Men m'te retire'l paske JAF gen dwa konte sou yon fós envizibl e byenfetris, yon memwa konstriktif, rasanblè pou chanje mantalite yo. Men JAF ak anpil lót nèg optimis anpil ansesanske, yo blye ke Dessalines te jis bay 'n yon peyi apre sa, li pa gen anyen pou l'wè ak la suit. Dayè, gen ki jwe tout fason pou ta efase misye lan istwa peyi a byen ke se jis yon foli ak odas.

Men ki sa Rèv la vle di nou lan entèvansyon'l la. Depi kèlk jou, mwen sispèk ke Rèv la ap bay Sweet Mickey bourad. E byen Rèv la, se pa wol a'm, parekzanpl, pou bay Sweet Mickey bourad lè se Konstitusyon a l'ap vin resite bay moun e pi tout al dómi vantr plen. Di'm ki prezidan ki pa janm di menm bagay yo. Koulye a, Sweet Mickey ap vin fè sofism, ap reprand on seri de fómil abrakadabrant, ap voye gwo fraz monte paske li profite de yon vid politik ak lidèchip patron etranje'l yo konspire pou yo kreye lan peyi a.

Rèv la, menm si m'pa vle wè nèg sa a, sa pa vle di ke m'ka anpeche'l vin fè sa l'vin fè a tankou li te di lan diskou inogirasyon'l. Se pa mwen ki mete'l la, pouvwa'm limite e pi m'pa jamè lan vi'm sonje pou m'ta antre lan politik lakay pa pale pou kay moun, donk mwen pa ka anpeche'l fè demagoji a defo de sisbstans ki manke lè y'ap poze'l gwo kestyon.

Koulye a, Rèv la trouve'l ap aplodi, ap kosyone diskou yon bandi legal ki apre ke premye jès li poze se menase dwa palmantè ou sitwayen k'ap kestyone'l. Lan ka Sweet Mickey a, pa gen anyen ki chanje lan agenda bluffer li a; misye jis al dousman paske yo bay'l lód pou li pa anmède bouda'l ap antagonize tout moun.

Tankou yon nèg t'ap di, se jis seye tchenbe ak Konstitisyon menm si li bay vye rezilta ki lan fa'l nou jodi a. Se gras a li ki fè, chèf band madigra a pa pran la ri ak sipótè dezevre li yo lè y'ap kestyone'l sou betiz li kontinye ap remèt sou pouvwa a.

W lan komèt sakrilèj wi pou ap di ke mesaj Sweet Mickey se yon mesaj desalinyen aloske Sweet Mickey se disipl Divalye lè l'ap meprize Ayiysen ak disipl Satan lè l'ap defand enterè'l ak fanmi'l.

Sonje byen ak ki awogans li te parèt, donk tout atitid konsilyan li yo se bluff. Se jis mache y'ap fè'l mache byen tankou moun. Sweet Mickey p'ap deside yon mèd an Ayiti.

Mwen sot li yon endividi bouda'l fin kuit lan fredi Kanada k'ap fè konen ke li pa lan ranse ak oken nèg ki ta vle fè de Ayiti autre chose qu'une société capitaliste. Endividi sa a, se menm ak nèg a ki li t'ap pale a; yon band moun ki chita ap fè ideoloji, ki gen foli bay kour pensée politique.

Mwen seye konprand sa nèg sa a vle di men se brouye lespri. Olye ke sa ta pale de sosyete pezibl ki odesi de tout ideoloji ekplwatasyon, se vin fè gran diskou ke li bezwen al jwe lan gran lakou ak 80% moun ki pa konn li, ak 50% de sa ki konn li e ki pa fonksyonèl, ak yon peyi yo di ki esansyèlman agrikól ki pa menm ka nouri pitit li yo, kote se de pèch atizanal moun k'ap viv sou la kot ap viv, kote pa gen wout, kote pa gen lopital, kote pa gen preske anyen.

Ala kote moun yo mal, pou w gen yon popilasyon k'ap dómi anba tant lan mitan kapital jodi a e pi pou foli grandè ap vin fè ideoloji. Yo malad wi.

Kilè band move nèg sa yo ap ret trankil? Pouki sa babwen yo pa apiye dwa ouvrye ak travayè, pou ki sa li pa pale de konbat enpinite ak koripsyon lEta, pou ki sa li pa di ke koze LAME sa a se yon fitilite.

Nèg sa yo p'ap suiv sa k'ap pase lan mond la. Moun k'ap proteste yo se jistis, redistribisyon la richès par le travail, par le partage des tâches. Nou an Ayiti nou panko menm lan stad sila. Kote moun ap proteste pou yo pa pèdi sa ki te deja aki, moun Ayiti pa't janm genyen. Donk se pa vye kopyè lekol, vye kopyè ideoloji kapitalis ki pwal chanje anyen an Ayiti. Pódyabl moun Ayiti lè n'ap tande soufrisken k'ap pale de pov ki pou ta vin lonje bol devan yo. Ala nèg yo sou moun papa.

Moun pa men gen 2 dola pa jou pou viv, ouvrye ap travay lan move kondisyon, patron pa vle tande reklamasyon, de bra lEta bese, gouvènman lan kann kale, e pi nèg gen foli ap vin pale de gran devlopman ke jis kapitalis ka fè an Ayiti.

Antouka, tout bout repons m'te tande Sweet Mickey bay lan entèvyou, se ta plante kafe pou vand ak etranje. Se li ki konn de ki pil richès l'ap pale yo aloske nou pa menm gen repitasyon yon peyi ki envesti lan moun pase sa.

Se menm bagay la ki pwal repete. Pandan ke moun serye ap seye kreye yon baz etatik revolisyonè ki pou mete tout moun a kontribisyon, mèsenè yo kontinye ap konspire. Nèg yo kontinye ap rele kontr komilis an Ayiti menm jan diktatè mizilamn yo ap rele kontr teroris. Ayisyen sa yo gen foli CIA. No wonder y'ap mande LAME. Lè LAME divalyeris e avan pa a la mod ankor, koulye a pi gwo lach ki sou Entènèt ap pale de NAN, Nouvelle Armée Nationale. N'importe quoi pour se faire des amis. kapon! Sa a menm, se jan de nèg Divalye ta'p fè fiziye lè li fin bay zanmi'l ak prop fanmi'l. Ki mele bouda'l, anyway.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Se pou volonte Papa Dessalines fèt ane sa a! Empty Re: Se pou volonte Papa Dessalines fèt ane sa a!

Message  Le gros roseau Dim 1 Jan 2012 - 22:49

Men pou volonte papa dessalines la fet fok se pa moun ki ap di :"Vini vit" pou nou mete a la tet peyi ya.fok se yon moun ki pret poul fè genyen rel ka makorel yo tou.si yo pa vle pep la manje e jwen edikatyon, sante, dlo pwop ;jistis, travay'lojman.e viv ak diyite.Fok se yon moun ki konprann nanpren omlet ki fet san kase ze. Zafe di nou pat vle ben de san nan peyi ya se radot nan maché se radot eske san pep la pat koule.

Dessalines li menm li te di :d'après ce que viens de faire dans le Sud si les citoyens ne se soulèvent pas c'est qu'ils ne sont pas des hommes"Li te asime lidership revolutyon an e li pat pè mouri pou defann dwa esklav yo a la libeerte , a l'egalite et a la fraternité.pou yon moun lidè se pa selman konn pale pou konn pale.fok ou genyen grenn tou pou prepare ranpa pou tou sa ki ap vini deyè.Fok ou pa nan tete lang ak fos fè nwa yo epi apre sa pou di yo te kidnape w.Ki jan ou fè lakay w pou yo rantre vinn kidnape san yo pa touye w?Kote zam w te ye?Ou te konnen byen yo te fè restavek yo arete w yon premye fwa.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Se pou volonte Papa Dessalines fèt ane sa a! Empty Re: Se pou volonte Papa Dessalines fèt ane sa a!

Message  revelation Lun 2 Jan 2012 - 10:34

Rozo sonje ke: Dessalines li menm li te di :d'après ce que viens de faire dans le Sud si les citoyens ne se soulèvent pas c'est qu'ils ne sont pas des hommes"

Li te asime lidership revolutyon an e li pat pè mouri pou defann dwa esklav yo a la libeerte , a l'egalite et a la fraternité.
Pou yon moun lidè se pa selman konn pale pou konn pale.
Fok ou genyen grenn tou pou prepare ranpa pou tou sa ki ap vini deyè.
Fok ou pa nan tete lang ak fos fè nwa yo epi apre sa pou di yo te kidnape w.
Ki jan ou fè lakay w pou yo rantre vinn kidnape san yo pa touye w?
Kote zam w te ye?

Ou te konnen byen yo te fè restavek yo arete w yon premye fwa.

Rozo! Bonne Annee Boss Papa!!
Nou gen je kle pou nou we gwo mwa Janvye sa pou ki yes ke w voye poin piman bouk saa!
Prezidan Aristide pat jamb di ke se Dessalines ke li ye!
Apre sa'l finn fe nan prezidan li an, li finn pa we ke Lelite la e fos fe nwa internasyonal la kanpe an kwa!
Si Dessalines te la jodi a, li tap mouri memm jan Lelite la te touye'l nan pont rouj.
Aristide pa Dessalines e li pa vle mouri memm jan ak Dessalines. Se yon politik têt pozè ke lap mennnen laa!

Idol Prezidan Aristide se Toussaint Louverture! Bagay yo pa regle ak zamm anko.

Ansyen prezidan Aristide tounnen lakay li pou vinn ede nan rekonstriksyon peyi'l.
Pa vinn choffe dife laa pou esseye fe'l tounnen nan politik revolisyon kannkale anko.

Apre preske 7 tan nan peyi Afrik di Sid, li bezwen tan pou'l reflechi e we bagay yo yon lot jan.
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Se pou volonte Papa Dessalines fèt ane sa a! Empty Re: Se pou volonte Papa Dessalines fèt ane sa a!

Message  jafrikayiti Lun 2 Jan 2012 - 10:39

Nou jete dlo pou salye Zansèt yo, nan gwo jou 2 janvye sa a!

Wozo, si nou suiv lojik ou a, nou pral tonbe nan blame Papa Dessalines tou pou zak sanginè ki te fèt 17 oktob 1806 la. Vye frè, nan lavi a, yon moun se selon nati ou, selon fomasyon ou, selon filozofi lavi ou, ou kapab aji.

Martine, mèsi pou bèl rale ou fè a. Mwen pa gen anyen pou ni wete, ni mete!

Rèv, mwen pa etone ou reyaji konsa paske depi lontan mwen konnen ou se yon reyaksyonè ki pa ka trayi nati li men ki vle parèt otreman detanzantan. An reyalite se nan ekip ou panse ki gen pi gwo zàm nan ou toujou pozisyone ou. Men, ou toujou ap veye pou ou wè si bato a riske chavire dekwa pou ou gen tan chape poul ou. Gen yon zanmi m ki gen yon ekspresyon pou sa: "ke kOk".....van an vire, li vire tou.

Li klè, chak fwa nou soulve non Papa Dessalines, se pa konte nou konte sou okenn pouvwa esoterik. Okontrè, nou di Papa Dessalines fè tout sa li te gen pou li fè. Alèkile se noumenm ki vivan yo ki dwe mete devwa nou opwop. Youn nan devwa sa yo se detere verite osijè zansèt nou yo. Se ekspoze manti ki antotye nn sèvèl nou. Se pran zàm ki efikas pou goumen kont tout lenmi nasyon nou an. Mwenmenm mwen kwè gen tout kalite zàm lenmi a itilize kont nou. Kidonk, noumenm tou, nou dwe divèsifye asenal nou.

Ou ka kwè mak nou pote yo se AK47 ak boulèt kanno ki mete yo sou po nou. Poutan, gen yon seri de mak n ap pote, se pa sou po nou yo ye non? E pou nou geri nètalkole, efase sikatris sa yo.....se bon jan antidOt ki adapte a reyalite nou pou nou itilize. Mwenmenm mwen pa konn manipile AK47. Kidonk ou tou konnen se nan yon lot kalite lame mwen anwole. Gen anpil bon sOlda nan lame sa a. E mwen kontan wè gen rezilta ki koumanse vizib. Se poutèt sa, mwen deja prevwa Rochambeau ap kapitile.

Bon 2 janvye, jou pou nou onore zansèt yo!

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Se pou volonte Papa Dessalines fèt ane sa a! Empty Re: Se pou volonte Papa Dessalines fèt ane sa a!

Message  Le gros roseau Lun 2 Jan 2012 - 11:28

Rev

Mwen pa konn si Aristide se Toussaint louverture ki idol li.Men mwen,mwen pito mouri tankou Dessalines ke m mouri tankou Toussaint.O mwen dessalines li se li ki libere esklav zanset nou yo.Si yon moun twompem yon fwa se li ki malandren sil twompem yon lot fwa ankor se mwen ki yon idyo.nan benyen pa genyen kache lombrit tout fo revolutyonè ki konprann yo ka chanje peyi dayiti ak dyol yo san ke yo pa bati ranpa ki pou pwoteje deyè yo ap fini tankou Toussaint.Revolutyon pa fet ak dyol selman.nanpren anyen ki ap chanje an ayiti pou 98%moun ki ap viv ak mwens ke 2 dola pa jou tou otan se pa yon revolutyon ki fet an ayiti.Alor si yon moun konnen ou pa ka pran chalè kwisinn lan se rete lakay w ou pa ka chef.Point.Ba moun ki genyen grenn lè pou yo goumen ak avadra yo.Vive la revolution.Se sak fè mwen di se yon lot Dessalines nou beswen.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Se pou volonte Papa Dessalines fèt ane sa a! Empty Re: Se pou volonte Papa Dessalines fèt ane sa a!

Message  Le gros roseau Lun 2 Jan 2012 - 11:37

Jaf

Nou pa ka blame desslaines pou sak te fet 17 Octobre 1806 lan paske se menm fos fè nwa ki pat lite pou Liberte. egalite ,fraternite,pou tout moun ki te fè sa ki te fet Pont Rouge la te rive. Nou ka di Dessalines te two fouge e li pat pran prekotyon li te dwe pran yo.Men nou menm ki eritye li nou dwe pran leson de sak te Pase Pont Rouge la.pou nou boule ak senkyem kolonn lan.kom mwen toujou di se regretab ke Duvalier se pouvwa personel li selman li tap defann men li te montre nou ki jan pou nou boule ak senkyem kolonn lan pou yo sispann avili e destablise peyi ya.Zafè sa ki pa aprann de listwa peyi ya .yap toujou repete menm erè yo.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Se pou volonte Papa Dessalines fèt ane sa a! Empty Re: Se pou volonte Papa Dessalines fèt ane sa a!

Message  revelation Lun 2 Jan 2012 - 12:13


Jaf! w ak mwen, nou nan memm kan.
Nan kan pep la! Sepandan jan w vle mennnen batay la se pa konsa nou memm fe'l.
Se sa ke tout moun reproje w.
W toujou vle motive e exsite pep la le ke w ap itilize horoes indepandans nou yo! Si yo te ba w $1.00 dolla chak fwa ke w itilize mô Dessalines saa, w tap millione deja!
An nou mennen batay la nan kontex aktyel ke nou ye laa.

Rev
Mwen pa konn si Aristide se Toussaint louverture ki idol li.Men mwen,mwen pito mouri tankou Dessalines ke m mouri tankou Toussaint.
Si yon moun twompem yon fwa se li ki malandren sil twompem yon lot fwa ankor se mwen ki yon idyo.
.Alor si yon moun konnen ou pa ka pran chalè kwisinn lan se rete lakay w ou pa ka chef.Point.
Ba moun ki genyen grenn lè pou yo goumen ak avadra yo.
Vive la revolution.
Se sak fè mwen di se yon lot Dessalines nou beswen.
Sanble ke w kanpe devan mirror w ak kostim halloween Dessalines w sou w!!

W fe sanblan ke w pat konnen ke Toussaint se idol Aristide e anpil lot Ayisyen!

W pito mouri kankou Dessalines!
W pa gen tramp Dessalines pou mouri kankou'l, kote ke w chita nan Florida, se mesi Bondye ke w ap viv nan peyi ameriken ke w ap di chak jou.
Sanble ke se nan yon nursing home ke w pral mouri, pa sou cham batay ak pep la.

W pe kolera, w pe tranbleman de terre, w pe nelanje w ak pep la pou pa pran maladi e w ta renmen mouri kankou Dessalines? Banou van mon fre Rozo!

W di ke Aristide se dyol ke'l gennyen! Pawol mete la tire kont mervey la science a selil nan sevo pou fe timoun domi!
Li echouye yon fwa, trompe w fwa se malandrin ke'l ye?

Mwen pap antre nan koze konsa.
Sanble ke w leve nan ko prezidan Aristide gwo mwa janvye 2012 saa.
Sanble se KKKOK ki nom w annee saa?


revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Se pou volonte Papa Dessalines fèt ane sa a! Empty Re: Se pou volonte Papa Dessalines fèt ane sa a!

Message  Le gros roseau Lun 2 Jan 2012 - 12:33

se pa Jaf ki ekri saa se mwen Rozo.Mwen toujou di tout moun Aristide ke mwen te admire an 1990 se pa li ki tap dirije ayiti.Moun ki te di se yon skandal pou yo presidan ayisyen ap touche tout lajan saa yo te met peyel 2 goud pa mwa se li ke mwen te admire.se pa moun mwen tande yo di ki te genyen yon paket drug dilè nan sen l yo e ki pat retire yo nan kosaj li.se pa moun mwen tande nonl nan koryptyon menm si se pa vre yo di la fimen pa janm soti san di fe.paske tout moun konnen ayisyen toujou pre pou avili Presidan menm pou 2 gouden ki donk yon moun ki pa ka pwouve pa A+b sa yo di kont w yo pa la verite e byen ou kite moun ki te kwè nan wou yo nan dout.Kom mwen di mwen pap janm moun yon moun mwen se prensip demokratik e jistis pou tout moun map defann.Nou poeye konsekans lachte fo revolutyonè sa yo two chè pou nou kwè nan "neron nan tet ti moun pemet yo aprann plisyè lang jodya."(lol)

zafè di ke mwen pè pran maladi ,mwen pa vle kole ak pep la se manti ,apre mwen kite lame kote mwen tap travay?se pa nan kapital la mwen te rete ap viv de sineki ou byen mandisite non se nan SNEM mwen tap travay domi ka moun ki genyen tiberkiloz,malarya, kansè kouche nan kabann plen pinez ki ap manje m.bwè dlo kk jus mwen kite peyi ya.Jodya a laj mwen rive la sim di yon moun mwen pral tounen an ayiti al fè gnbist parey w yo manjem pou gremesi se manti map bay.dayè mwen pa genyen fos pou m goumen nan yon geriya ankor.men sa pa vle di kem pa dwe pale pou jenes la konprann rezon ki fè goch la echwe.se a koz de enkonpetans, lachte sa nou rele leader yo.fok mwen averti yo pou yo pa peye po kase lè ti neg finn fè malet yo pou yo kouri epi apre yo di se kidnape yo te kidnape yo.fok mwen averti yo pou yo pa swiv neg ki ap preche doktrinn ki pa aplikab epi se nan anbasad meriken yo al kache pafwa. fok mwen averti yo pou yo pa koute neg ki pran poz gochis yo e ki tap touche nan men Duvalier pou yo espyone pou li.mwen aprann anpil leson de politik de 54 dernye ane ki sot pase ya.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Se pou volonte Papa Dessalines fèt ane sa a! Empty Re: Se pou volonte Papa Dessalines fèt ane sa a!

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum