Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.

Jodya, Ayiti gen 208 an depi l endepandan. Vive Ayiti. Bôn Fèt, peyi pa m.

Aller en bas

Jodya, Ayiti gen 208 an depi l endepandan. Vive Ayiti. Bôn Fèt, peyi pa m. Empty Jodya, Ayiti gen 208 an depi l endepandan. Vive Ayiti. Bôn Fèt, peyi pa m.

Message  Sasaye Dim 1 Jan 2012 - 14:30

Date saa se pa joudlan sèlman li ye.
Se 208èm anivèsè Gwo peyi nou, Ayiti Cheri.


Nou finn swete kont Bôn Ane nou.

Annou pran yon ti tan pou selebre gwo evenmann mondyal ki te pase
Premye Janvye 1804.

Annou reflechi pou nou nonprann kisa k pase pandan 208 an sa yo.

Kisa ki te bon, kisa ki pa t bon ki fè nou lan yon movè zeta.
Epoutan nou te komanse byen.
Nou te sèl zetwal nwa lan fimaman imanite.

Nou montre lemond ke nwa gen plas anba solèy lan. egalego ak tout lôt moun.

Pa kite moun plen tèt nou ak lide fatra.
Ayiti ap pase yon gwo kriz, men la p soti ladann poul bay yon ekzanp pou tout nèg
soti anba dominasyon.
Kriz Ayiti an ap regle paske menmjan ak 1804, ayisyen ap mete jalon pou limanite.

Lè nou finn regle pwoblèm nou, na kapab ede lôt peyi ki poko komanse kriz idantite pa yo.

Pa kite moun fè nou kwè ke peyi nou an pi mal pase tout lôt peyi.
Pou gwosè li, li pwoduy plis powèt, plis ekriven, plis atis, plis atizan ke nenpôt lôt peyi
ki pipiti oubyen pigro.

Nou kapab mete tèt ansanm si nou vle, pou chanje Ayiti.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum