Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Jeux, jouets et Lego : le deuxième à ...
Voir le deal

La date est fixée pour le Carnaval de 2012

5 participants

Aller en bas

La date est fixée pour le Carnaval de 2012 Empty La date est fixée pour le Carnaval de 2012

Message  Invité Mer 4 Jan 2012 - 11:36

Kanaval 2012 la lanse!!! 19, 20, 21 Fevrier nan vil Okay..CEC la qualité!!!
https://twitter.com/#!/VICE2K/status/154554209302351872
---

Merci anpil! Bòn ane ou menm tou. Kanaval la ap fet nan dat li te prevwa pou fet la. 2012: 18-21 Fevrier - 2013: 9-12 fevrier - 2014: 28 fevrier - 4 mars
http://carelpedre.com/day/2012/01/1/

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

La date est fixée pour le Carnaval de 2012 Empty Re: La date est fixée pour le Carnaval de 2012

Message  jafrikayiti Mer 4 Jan 2012 - 11:47

Kanta sa, yo bay nèg kont latitid yo pou yo gwouye. Gen ase lajan pou gwouyad. Se lajan pou bati kanal irigasyon, mete angrè nan plantasyon lamanjay, pibliye dokiman ofisyèl nasyon an nan sèl lang TOUT Ayisyen konprann lan, pou bati yon rezo wout ak otowout nasyonal.....se lajan sa yo ki pa disponib.

Gwouye mesyedam! Gwouye. Bill Clinton ap aplodi nou! Tout ti chèf "touskilfo" yo, se pouvwa gwouyad yo bannou nan koloni an. Se sa! Mache cha a!

I don't care, ki te mele dada m..... bèl anbyans !

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

La date est fixée pour le Carnaval de 2012 Empty Re: La date est fixée pour le Carnaval de 2012

Message  Le gros roseau Mer 4 Jan 2012 - 15:01

Yap lage opium saa kan menm nan kosaj pep la menmsi se sou fatra yap danse.menmsi kolera pral touye anpil nan yo apre kanaval.Ala kote genyen moun inkonsyan .

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

La date est fixée pour le Carnaval de 2012 Empty Re: La date est fixée pour le Carnaval de 2012

Message  revelation Mer 4 Jan 2012 - 17:43

Rozo di: Yap lage opium saa kan menm nan kosaj pep la
menmsi se sou fatra yap danse.
menmsi kolera pral touye anpil nan yo apre kanaval.Ala kote genyen moun inkonsyan .

Jaf mande anraje! Li vle pou gouvenman: pibliye dokiman ofisyèl nasyon an nan sèl lang TOUT Ayisyen konprann lan,

La date est fixée pour le Carnaval de 2012 Haiti-women_1296972i

Se pa paske yon pep ap viv nan la mize, nan fatra, nan kolera pou yo pran konsey nan men Diaspora malparlan dekonekte pou yo pa kenbe avek tradisyon kiltirel e mystik yo.

Carnaval se yon tradition kife pati de patrimoine national pep Ayisyen.
Se pa Ayiti selmen, koutim folklorik saa existe nan anpil peyi, Trinidad, Jamaique, Brezil, Nice,France, Italie, Paraguay, Prague etc Se pa gouvenman selman ki depanse lajan, sekte komersyal la depanse anpil lajan nan fe cha, fe stand, fe piblisite, distribye echantillon, mayo, prodwi lokal e etranje etc .. etc... …

A l’echelle touristik e ekonomik, se le saa ke volacite/roulman lajan, sitou nan milye klass mwayen’n e defavorize aa fet ak yon vitess pli rapid ke tout lot period. Lajan cash ap sikile de men an men san rete.

Chapantye, elektrisyen, artist paint komanse travay depi mwa Octob nan preparasyon lojistik kanaval e memm apre kanaval fok yo demantibile cha ak stand. Atelye kodonye ak tayer ap fe lajan tou, plis Machand fritay komanse achte prodwi alimanter e angresse kochhon ak kabrit mete la depi mwa juillet.
Donk evenman kanaval la bay travay pandan plis ke 6 mwa nan annee a.

Komante ke nou fe la pirman bias e apolitik ki pa gen anyen pou we ak intere pep la e intere peyi a.

Vive le Karnaval!

Rozo! pou kisa ke w pa ouvri yon bizniss ranmasse fatra??
Nou fe w offre la paske demand lan anpil nom fre!

Jaf memm ta renmen ke tout dokiman nan peyi Dayiti fet an kreyol!
E byen mon fre ouvri yon maison de piblikasyon e tradiksyon kreyol 100%.

Tout bagay an kreyol, panneau sikilasyon, trafik, materyel edikasyon e sante an kreyol, guid touristik an kreyol!

Kreyol la tout Ayisyen pale e konprand li deja!
Pou kisa ke nou pa ankouraje pep la aprand 2 e 3 lot lang siplemante?
Dimwens, si nou travese lot bo dlo ou byen etranje vinn lakay nou, nou pa pedi nan konversasyon yo.

Jaf finn pa konprand ke lang kreyol la se yon lang esoterik e mystik ki pli fasil pou afrikanize e endoktrine pep la e fe yo bwe kool-aid pli fasil.

Ala de traka papa! Tout moun vle guerri bosko e fe experimantasyon sou do pep saa.
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

La date est fixée pour le Carnaval de 2012 Empty Re: La date est fixée pour le Carnaval de 2012

Message  Le gros roseau Mer 4 Jan 2012 - 20:37

Rev

Mwen pap okipe w paske wou se moun ka val pran kout ponya pou fete Noel lakay w pandan ke kay la sal.Mwen ak w nou pa genyen menm priyorite mwen di w sa deja.Bon mwen te kwè se lè moun kontan ou danse e gouye.se bagay sa yo wi ki fè ayisyen ap leve a 4:00 di maten pou yo al danse madigra. pafwa se nan madigra saa yon pran yon ti moun .Wi se vre mwen dekonekte paske menm lè mwen te an ayiti depim te vin konprann mwen te toujou konnen se yon opyum pou pep la bagay saa ye.Lèm te vinn pran konsyans kondityonm mwen pat janm al gade kanaval.

ki bor ou vlem ouvri bizniss ranmase fatra a ?An ayiti?Nou fèm pè peyi ya.Kitem achte twa kamyon epi rantre an ayiti ak yo epi mete 2 jen gason ak yon chofè sou chak kamyon talè konsa nou banm gwo pye ou byen nou voye yo kidnapem si nou pa fem tounen zonbi(lol)Minis travo piblik la ka pa vle peyem sim pa bal lajan anba tab paske mwen pa moun gouvenman an.Menm si se nan bizniss selman mwen ta al pran fatra yo ka vle peyem pase yo pral relem dyapopo.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

La date est fixée pour le Carnaval de 2012 Empty Re: La date est fixée pour le Carnaval de 2012

Message  ainsi ne soit-il Mer 4 Jan 2012 - 20:47

W konen Rèv la gen lan kor'l. Mwen dakor ak w pou retonbe ekonomik kanaval lan Potoprens men gen moun k'ap gade e pi yo pa'p janm pran'n oserye tankou Congolais ki pase 2 semèn ap danse soukous lan manifestasyon lan Kanada kontr rezilta eleksyon. Mwen pa't manke di yon ti dam ki plen raje lan tèt li la prochèn fwa, kite tanbou a dèyè. Mwen pa kontr ke moun Ayiti reprand gou à la vie non, men lan liv pa'm, yo te dwe tand omwen 5 ane avan yo retounen ak kanaval apre boss papa goudougoudou sa a.

Pou yon nèg ki di l'se levanjil, m'pa't janm atand mwen ke Rèv la ta lan defand paganisme. (lol) Kan mèm mon chè, se sou kadav moun yo pwal danse.

Carnaval se yon tradition kife pati de patrimoine national pep Ayisyen.

Mwen ta renmen konen depi ki ane yo komanse selebre kanaval an Ayiti, ki sa ki fè le l'se yon tradisyon komsi moun pa ka viv san li. Sèl sa mwen sonje ki te anrichisan lan Kanaval an Ayiti, presizeman lakay a'm, se lè manman'm t'ap eksplike ki sa tèl mask ou tèl degizman te vle di. Gen mask ki te pèsonifye peche kapital, gen mask ki te pèsonifye travay, anfin, kanaval ka yon bèl fèt lè yo óganize'l lan bon kondisyon. Men etan done ke P-A-P kote venal anpil, se nómal pou anpil moun ap reklame kanaval yo.

Antouka, se pa moun ki manke sou Chan d'Mas.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

La date est fixée pour le Carnaval de 2012 Empty Re: La date est fixée pour le Carnaval de 2012

Message  revelation Mer 4 Jan 2012 - 21:28

Martine di: W konen Rèv la gen lan kor'l.

Mwen dakor ak w pou retonbe ekonomik kanaval lan Potoprens!!

Mwen pa kontr ke moun Ayiti reprand gou à la vie !!
Bravo Martine!! Se sa memm, la vie saa se 2 jou a vivre!
Nou pa konnen sa demen ap pote!!

Rozo! W tro tikoulout! W sanble yon moun kap serrèe e kompte lajan tout jounnen!!
Relax mon fre! Relaxasyon pote guerrizon!
Kite pep la pran yon detante pou yo sa avanse pou pi devan!
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

La date est fixée pour le Carnaval de 2012 Empty Re: La date est fixée pour le Carnaval de 2012

Message  Le gros roseau Mer 4 Jan 2012 - 21:46

se pa wou selman ki di mwen two tikoulout lè map di fok yon moun kroke chapo w kote men w ka rive.e fok ou ba sa ki enpotan priyorite.si tet w byen eske si yon pitit w ap mouri ak kolera epi ou genyen yon ti lajan pou ka mennenl ka doktè se nan bal ou pral ak lajan saa? reponn mwen san baliverne wi.si w ta gade pandan ke pitit la malad epi frè ak sè li yo ap danse nan yon kay sal ki jan w ta konsidere yo?Mwen pa kon pou wou si kay mwen sal mwen pa ka netoyel mwen pap fè bal ladann pou m envite moun vinn gadem kom inkonsyan ki ap danse nan yon kay sal.Nou pa menm moun vre.Yon 1/2 milyon ayisyen ap domi nan la bou bwè dlo kk epi gouvneman bann inkonsyan yo pa wè nan ki sa pou yo gaspiye lajan peyi ya se nan kanaval.eske sa agronom belge la te dim la Gonave la :"Votre pays est un pays a l'envers."eske se pa li ki te genyen rezon.Talè na di se kapitalism ki fè nap fè stupidite sa yo tou.pep saa antrave anba drug dilè sa yo.tout vagabon ak soutane ak ves ap chache vann li drug.Ki jan yon pep konsa ka panse byen.si moun ki ap dirijel yo se yon bann inkonsyan ki pa wont se Leonel fernandez ki vinn mete yon iniversite modern nan peyi ya.se Albert schwatzer ki te vnn mete yon lopital gwo morn.Konbyen lajan Duvalier te konn depanse poul fè ayisyen chante;Duvalier papa, peyi ya se pou wou vire dada w jan w vle nan kanaval.Men li pat wè beswen jeness la pou yo te genyen yon bon iniversite lakay yo.li pat menm wè beswen poul te byen ekipe lopital jeneral.Se pa Arisitide ak Preval selman ki sall up tankou kakakok konn ap di ya.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

La date est fixée pour le Carnaval de 2012 Empty Re: La date est fixée pour le Carnaval de 2012

Message  Invité Jeu 5 Jan 2012 - 1:14

Le carnaval aura lieu aux cayes et non a p-a-p

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

La date est fixée pour le Carnaval de 2012 Empty Re: La date est fixée pour le Carnaval de 2012

Message  jafrikayiti Jeu 5 Jan 2012 - 11:00

Martine ekri: "tankou Congolais ki pase 2 semèn ap danse soukous lan manifestasyon lan Kanada kontr rezilta eleksyon" -


Mwenmenm se pa ak enstriman mizik yo, ni menm lide danse a ki ta deranje m. Gen mizik ak mizik. gen danse ak danse. Parekzanp mwen deja patisipe nan manifestasyon Montreal ak tanbou, nan mitan Ivè - men se pa gwouyad konpa ki t ap ede nou batay kont fredite a. Menm jan ak frè nou yo nan peyi Azania ki t ap goumen kont Apartheid, nou ka mache alinison, nou ka frape pye n atè sou menm kadans pou fè zot konnen nou detèmine pou chanjman ki nesesè a fèt. Men, se vre gen anpil moun ki pa itilize bon sans yo pou yo wè ki sitiyasyon ki mache ak ki konpotman. Gen moun se nan manifestasyon yo vin pratike gwouyad kanaval yo.

Ayisyen bezwen itilize kilti li pou lavi kontinye. Nou bezwen zouti relaksasyon, nou bezwen evazyon detanzantan....men tout bagay mande yon fom, yon mannyè pou li fèt. Pandan salopri yo kite 2 zan rive sou moun ki ap soufri anba tant yo, se yon endesans pou lajan ap gaspiye nou tout fitilite sa yo, WSE MOUN FOKTOP ki aji konsa. Se egzakteman imaj nèg dan griyen tout lasentjounen sa a ki fè bonè kolon yo. Yo bannou yon prezidan pleziyis pou amize lagalri. Pandanstan yomenm y ap fouye nan tè Nodès peyi a, y ap dige lO!

Gwouye mesyedam, gwouye.... blan franse yo ap di : ya bon banana!

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

La date est fixée pour le Carnaval de 2012 Empty Re: La date est fixée pour le Carnaval de 2012

Message  Joel Jeu 5 Jan 2012 - 15:57

revelation a écrit: .

[b
Jaf memm ta renmen ke tout dokiman nan peyi Dayiti fet an kreyol!
E byen mon fre ouvri yon maison de piblikasyon e tradiksyon kreyol 100%.

Tout bagay an kreyol, panneau sikilasyon, trafik, materyel edikasyon e sante an kreyol, guid touristik an kreyol!

Kreyol la tout Ayisyen pale e konprand li deja!
Pou kisa ke nou pa ankouraje pep la aprand 2 e 3 lot lang siplemante?
Dimwens, si nou travese lot bo dlo ou byen etranje vinn lakay nou, nou pa pedi nan konversasyon yo.

Jaf finn pa konprand ke lang kreyol la se yon lang esoterik e mystik ki pli fasil pou afrikanize e endoktrine pep la e fe yo bwe kool-aid pli fasil.

Ala de traka papa! Tout moun vle guerri bosko e fe experimantasyon sou do pep saa.[/size]


Mwen pa konprann REV.Ou tèlman a dwat ;tout chanjman menm lè se pa chanjman ,fè w voye pye.
Peyi an rekonèt 2 lang ,se pa sa?
Sa vle di ak KONSTITISYON sa a ,tout DOKIMAN ALAWONNBADÈ dwe an FRANSE e an KREYÒL tou.Se pa eksperimantasyon non ;se la lwa.
Si gouvènman an pibliye yon dokiman se an FRANSE sèlman ;GOUVÈNMAN AN VYOLE LA LWA;yo te dwe fouke anplwaye LETA ki fè sa ou di mwens ASIYEN YO.
KONSTITISYON AN DI TOU KE KREYÒL SE SÈL LANG KI INI TOUT AYISYEN ;KONSTITISYON 1987 LAN BAY LANG KREYÒL YON STATI KI PI WO KE LANG FRANSE AN.
Poze yon ti tan ak lide EKSTRÈM DWAT OU YO,e fè yon ti reflechi.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

La date est fixée pour le Carnaval de 2012 Empty Re: La date est fixée pour le Carnaval de 2012

Message  ainsi ne soit-il Jeu 5 Jan 2012 - 21:22

Menm si m'dakor a 100% m'ap toujou raple ke problèm la se analbetism lan peyi sa. Les textes de lois, les documents publics, se pa bagay ki gade majorite popilasyion a. An Ayiti, kontra sosyal la se: viv lan inyorans ak mizè nou e pi gouvènman ap okipe'l de rès koze politik yo. Pou mentni yon aparans lEta, yo bezwen 2-3 nèg la pou vin fè figiran lan film la.

La ankor, se yon gaspiyay lajan lè n'konen ke nèg yo p'ap pran plis tan li dokiman an kreyol la ke an franse a. Men sa pa dwe yon anpèchman, chak moun ta gen dwa li lan lang ofisyèl ki lan gou yo. Men kestyon lang sa a bay tèt fè mal paske nou sanble n'ap defand yon seri de patrimwan alóske pa gen okinn enstitisyon an Ayiti pou konsolide yo.

An efè, chan ak dans moun Afrik di Sid yo toujou gen yon siyifikasyon. Moun sa yo gen tradisyon ki rete frèch, tankou dans gèryè ki byen koregrafye ke yo toujou ap pratike lan vi ak aktivite rekreyativ ou kiltirèl yo. Chak dans, chak jan gen plas yo tankou yon batay byen ranje. Mwen t'ap li yon kote, jan lapolis Afrikanè yo te gen presyon, kè yo t'ap kase malgre ke yo te toujou chaje ak zam sou yo paske yo p'at ka konprand sa Sidafriken yo t'ap di ou t'ap chante.

Nou menm, blan a fin kon' tout nanan peyi a.

Fo ke m'di ke m'pa janm al lan manifestasyon fizik Ayisyen bor isit pou lót rezon. Paske tankou lan lEgliz, moun ki a jenou sou kote'w la p'ap la pryè menm bon dye ke w. Se pa mwen k'ap janm al kanpe devan Washington, Ottawa ou Paris pou al reklame asistans moral koudetatis yo. Moun sa yo fè Ayiti trop.

(M'ap gade malgre tout manifestasyon Ayisyen te fè kontr estigmatizasyon SIDA yo te fin lage lan fal nou, jiska prezan lè doktè Kanadyen ap pale lan radyo, yo toujou di ke se pa Ayiti ke SIDA pase pou antre an Amerik.)

Mwen remake ke manifestasyon sèjousi se yon zouti li ye lan main opresè ak gran manjè pou garanti ke tout bagay sou kontról. E gade byen ke depi gen yon ti friksyon lapolis pa ezite vite kokomakak ak pwav sou moun bor isit. E tout bagay kalma vit. (lol)

Pa ka pa gen kanaval an Ayiti paske lè yo fin met mizo lan bouch moun konsa, se nómal pou yo lage yo lan lari pou al defoule yo.

Mwen pa met anyen lan lan kanaval non, men m'trouve sa etonan ke se yon priyorite lan espri kèlk nèg. A vrè di se pwal yon fèt pou prezidan konpa bandi legal yo paske m'pa wè kontr ki opresè yo pwal voye pwent fwa sa a. Band madigra fin gen prezidan yo t'ap tand la.

Yo pwal fè kanaval la Aux Cayes komsi vil sa a pa't gen kanavla pa'l. Ki sa ki pwal retonbe yo? Kote Aux Cayes ka pran tout moun, tout touris, tout band madigra, tout group, tout machin sa yo? Yo jis pwal fin kraze vil sa a wi si sa ta vre.

Ayiti, un pays à l'envers. M'ale.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

La date est fixée pour le Carnaval de 2012 Empty Re: La date est fixée pour le Carnaval de 2012

Message  revelation Jeu 5 Jan 2012 - 21:26

Martine exkize'm! mwen pat gen tan we text w a. men sanble ke opinion nou marasa!

Jaf admet ke: Ayisyen bezwen itilize kilti li pou lavi kontinye.
Nou bezwen zouti relaksasyon,
nou bezwen evazyon detanzantan....men tout bagay mande yon fom, yon mannyè pou li fèt.
Pandan salopri yo kite 2 zan rive sou moun ki ap soufri anba tant yo, se yon endesans pou lajan ap gaspiye nou tout fitilite sa yo.
Se pa yon fitilite non ni yon gaspiyaj lajan. W admet ke apre yon evenman konsa, pep la bezwen relaxasyon! Martine ak lot mon komper yo admet ke gen yon roulman cash kap fet nan sekter informel la.

Donk gen benefis nan tradisyon kanaval saa. Jaf w ta vle ke 3 jou kanaval saa yo se pou 3 jou deuil ak recueillement,

W te met fe sa si w vle, men w pakab deprive 7 million moun de ti plezi annual yo poutet 600 mille moun kap viv anba tant.
Yo memm tou nou si ke anpil ladan yo si se pa tout pral gouyade nan madigra.
Pa vinn fe rest pep la la morale mon fre. Si yo vivan jodya se gras a Bondye!

Joel di: Peyi an rekonèt 2 lang ,se pa sa?
Sa vle di ak KONSTITISYON sa a ,tout DOKIMAN ALAWONNBADÈ dwe an FRANSE e an KREYÒL tou.Se pa eksperimantasyon non ;se la lwa.
Si gouvènman an pibliye yon dokiman se an FRANSE sèlman ;GOUVÈNMAN AN VYOLE LA LWA;yo te dwe fouke anplwaye LETA ki fè sa ou di mwens ASIYEN YO.
KONSTITISYON AN DI TOU KE KREYÒL SE SÈL LANG KI INI TOUT AYISYEN ;KONSTITISYON 1987 LAN BAY LANG KREYÒL YON STATI KI PI WO KE LANG FRANSE AN.
Poze yon ti tan ak lide EKSTRÈM DWAT OU YO,e fè yon ti reflechi.
tout DOKIMAN ALAWONNBADÈ dwe an FRANSE e an KREYÒL tou.Se pa eksperimantasyon non ;se la lwa. Wi se la lwa Joel, men moun yo pa defranchize si yo pa fe demand pou lwa yo aplike nan yon sikonstans atenuant.

Se moun ki nan bezwen an ki pou fe demand nan! Si yon peyizan al devan tribinal si li mande jij la pou seyans jidisyer la fet an kreyol, si jij la di non se an franse pou'l fet, le saaa lwa konstitisyon peyizan violè paske li fe demand nan.

Men jij la gen dwa exjije lang franse prezide nan tribinal li tou piske tou 2 lang sa yo franse e kreyol konstitisyonel!

Zafe di ke konstitision bay lang kreyol la peferans sou franse a, wi nan de ka patikilye e a la diskresyon jij la.

Jij la si li vle kap fe yon exempsyon pou akomode kominikasyon peyizan pandan seyans jidisyer la.

Nou memm Jaf, Joel, Rozo etc. e lot aktivist kap defand dwa malere, fok nou konnen ke lot moun yo(memm si yo reprezante 1% popilasyon) yo gen dwa tou!
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

La date est fixée pour le Carnaval de 2012 Empty Re: La date est fixée pour le Carnaval de 2012

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum