Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Funko POP! Jumbo One Piece Kaido Dragon Form : ...
Voir le deal

Denis O'Brian ak Digicel

+4
Sasaye
Le gros roseau
ainsi ne soit-il
revelation
8 participants

Aller en bas

Denis O'Brian ak Digicel Empty Re: Denis O'Brian ak Digicel

Message  revelation Dim 8 Jan 2012 - 15:48

Se tankou O'BRIEN nèg DIGICEL lan ,ap bati 50 lekòl .Misye di pwoblèm lan se jwenn pwofesè kalifye pou stafe lekòl.
Se yon deklarasyon fantezist!!
O'Brien, neg Digicel la pa jamb di konbyen lajan saler ke li vle peye professe lekol li yo?
Si saler la ekitab, sistenab e jist, map antre al fe professe lekol?

O'Brien fi'l milti-millione sou do pep ayisyen!!

Li konronpi tout gouvenman offisyel Ayisyen an pou'l sa gen monopol celliler mobile nan peyi Dayiti.
Li fe plis profit an Ayiti ke nan tout lot peyi nan Karayb la reuni!

Tout sak brye pa l'or. Joel fe recher w sou work ethik neg saa!!!
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Denis O'Brian ak Digicel Empty Re: Denis O'Brian ak Digicel

Message  ainsi ne soit-il Dim 8 Jan 2012 - 17:00

Je dirais meme plus! comme dit kapiten adok!!

Moi, je dirais même plus si j'étais Dupont ou Dupond... (LOL) Se jis takinri, pa fache, Rèv la.

Men tandenon, lan kestion O'Brien ki fin rich sou do Ayisyen a, se kapitalism ki fonksyone konsa. Si se pa't li se ta'p yon lót. Men li aranje'l pou yo padone'l paske li finanse aktivite o nivo nasyonal tankou spor ak lekol tandis ke gen ki se jis plen poch. Sa pa ta etone'm ke O'brien se yon Irlandais pou misye ka montre imaj philanthrope konsa. Mwen pa konen non, si gen nèg ki gen mal pou yo di de misye, se pa jis di li finn rich so do Ayisyen. Ale wè, ka se sa ki te toujou aloufa an Ayiti yo, sa ki t'ap gad moun an ba yo, se yo ki tèlman jalou paske yo se yon band kreten. Yo pa konn anyen lan biznis e pi yo vle kontrole yon sosyete. Alor, y'ap plenyen paske O'Brien gen lè ap fè sa yo pa't janm konprand, sa yo pa vle wè pou rès moun peyi a, si se te yon Ayisyen yo ta touye'l lontan.

Kote sa lèd ankor, se lè popilasyon a reprand vye diskou konsa, klas posedant jalou a ap refile bay yo. Nou wè danje a, mezanmi.

Gen de sityasyon ki ta fè'm proteste de enplikasyon sosyete prive etranje lan zafè peyi a men la m'bije di yon pawól. Si plizyè envestisè te parèt ak yon propozisyon ki plis ou osi avantaje, nou pa ta ap pale de monopól. Lan sèvis telefón, Bell Canada te toujou gen monopol bor isitt e jiska prezan menm si gen konpayi k'ap seye vand sèvis telefón rezidansyèl, Bell Canada toujou pran prèske tout mache a.

Sepandan, lan yon mache tankou Canada, CRTC pa't pèmèt ke Bell Canada monopolize telefoni mobil. E li pa ta jis pou ta prive lót konpayi yo posibilite pou yo fè kób.

M'ap sonje lè yo t'ap pale de gran progrè an Ayiti sou JCD lè te vin genyen antèn parabolik, se te gwo nouvèl k'ap fè propagand ke Jean-Claude Duvalier se te yon chef d'Eta, progresis, vizyonè. Poutan popilasyion a pa't benedisye de anyen, se te jis moun ki gen mwayen ki te ka pran kabl. Sa vle di, yon ti kras. Lan provens, menm televizyon nasyonal moun pa't ka gade. Se pita, moun vin ap konprand ke zafè antèn parabolik sa a, se youn lan biznis kote Jean-Claude Duvalier te jwenn pa'l e ki ka kontinye ap sipóte misye jiska prezan.

Anpil koze. Anpil dezód. Tout peyi gen problèm enveloppes brunes, men se au fur et à mesure pou fè pratik sispans, ou du moins pou sa pa rete [u]la façon de faire en général./u]

An nou seye fè la part des choses pou yo pa di nou se anachis ou komilis. Nou pa dwe kite advèsè kambis yo pran'n pou aryere.

Mwen pa konn si sa m'di la fè kaputalis yo plèzi.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Denis O'Brian ak Digicel Empty Re: Denis O'Brian ak Digicel

Message  Le gros roseau Lun 9 Jan 2012 - 10:35

Si nou te genyen 10 Dennis Obrien jodya kolera pa tap touye ayisyen paske yap bwè move dlo sal.Se pou Dennis O'Brien vinn nan dyaspora poul pale ak nou fok li fome yon konpayi ki pou distribiye dlo nan tout peyi ya.Nou ka achte aktyon nan konpayi l la tou.Li ka fome yon konpayi tou ki ppou bati lopital nan tout peyi ya.Li ka fome konpayi tnakou Mosanto, Tyson food, Kraft,DeLmonte etc.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Denis O'Brian ak Digicel Empty Re: Denis O'Brian ak Digicel

Message  Sasaye Lun 9 Jan 2012 - 12:46



Mezanmi, se pou nou bat bravo pou sa O'Brien reyalize deja lan peyi dAyiti.

Toudabô, misye bay komêsan bôdmè yo, Siryen, Ayisyen, Alman, Jwif yon leson antiikoulout. Misye trase yon ekzanp pou mèsenè sayo swiv, si yo konpran penpenp lan.

Lan kelke zane, 3zan ou plis, li fè sa lôt moun yo pa t menm imajinen pandan syèk yap souse peyi an ak tout pèp li.

Men nou pakapab ap mande pou l fè plis anko, paske O'Brien pa ayisyen, Se ann Ilann li soti e se laa ki peyi l kote l rete. Anplis, Digicel ap fonksyonen lan tout peyi lan Karayib lan.

Sa na p mande laa se travay ayisyen ki dwe peyi yo yon dèt ki soti lan san.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Denis O'Brian ak Digicel Empty Re: Denis O'Brian ak Digicel

Message  Joel Lun 9 Jan 2012 - 15:47

Se biznis O BRIEN yo ki peye plis TAKS ann AYITI.Lanne pase misye peye gouvènman SANTRAL lan preske 70 milyon dola ameriken taks;san nou pa bezwen mansyone sa li peye vil PÒTOPRENS lan.
Ou wè majistra JASON di apre tranbleman de tè an ,misye te peye taks li a lavans ,tandis ke se lan goumen l ye pou biznis telefòn AYISYEN yo peye taks yo dwe vil lan.
Biznismann AYISYEN pa kwè lan peye taks;si pou yo peye ,se lan goumen.

Men tou ,si yo pa veye zo yo ,si yo pa kondwi yo an sitwayen responsab;menm biznis revandèz yo ,O BRIEN ap prann lan men yo.Ou wè misye deja ap envesti lan biznis otèl.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Denis O'Brian ak Digicel Empty Re: Denis O'Brian ak Digicel

Message  Invité Lun 9 Jan 2012 - 15:57

Mwen mande'm si yon jou digicel pap gen biro santral li Ayiti on jou

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Denis O'Brian ak Digicel Empty Denis O'Brian ak Digicel

Message  Sasaye Lun 9 Jan 2012 - 16:32


T-Nèg,

Se pwobab paske lan de twa zan Ayiiti vin pi gwo biznis Digicel, malgre ke yo te lan lot zile yo anvan.

Se modèl ke Ayiti kapab vini lan lôt biznis tou, akoz de popilasyon nou an ki plis pase tout lôt zile yuo mete ansanm.

Mwen byen kontan diskite O'Brien ak sa li ap fè ann Ayiti, men nou chanje sijè pôs saa ki gen yon sijè ki trè zenpôtan: se chanjman ki sanble pral fèt an Dominikani ki kapab diminye abi ak move tretman ayisyen ap pran lan peyi saa.

Eske w ta kapan separe sijè yo pou w mete yon dezyèm ki konsènen Digicel ak O'Brien?

Mèsi anpil.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Denis O'Brian ak Digicel Empty Re: Denis O'Brian ak Digicel

Message  Invité Lun 9 Jan 2012 - 18:44

Sak fè mdi sa, Goud la gen fòs sou pa egzanp, Dollars jamayiken an, li ta petet pi stratejik pou Denis O'Brian deplace headquater a Haiti

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Denis O'Brian ak Digicel Empty Re: Denis O'Brian ak Digicel

Message  Le gros roseau Lun 9 Jan 2012 - 22:22

Joel

se pa regadem sil ta pran biznis revandè ya nan men lot tilolit yo.o mwen li montre ke li genyen konpasyon pou malere. e li pa selman vinn souse bef la tankou yon sansi.Epi li pa bet tankou machann twel yo.li konnen tou tan peyi ya pi develope lap pi bon pou biznisss pal .Map gade sa li ap fè nan twa zan li an ayiti jodya li ap bati yon otel modern an ayiti genyen yon lot arab ki tap souse peyi ya se pa an ayiti li te bati yon otel se nan peyil li tal bati otel.Mwen renmen tande sa Obrien du ya ou pa ka ap eksplwate yon peyi pov epi pou pran lajan l voyel sere lakay w.ou byen pou leve kite peyi ya san w pa fè anyen pou li.

mwen sonje lèm te ti moun mwen te konn ap gade fanm ki ap triye kafe ka Novella ak la penn.figi moun makè misè.jenn fanm ki nan trantenn san dan nan bouch yo, moun yo sal.mwen te konn ap mande poukisa yap travay .Gerard latorue te di ayiti beswen yon lot gwoup komersan se pa manti.


Dernière édition par Le gros roseau le Lun 9 Jan 2012 - 22:31, édité 1 fois

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Denis O'Brian ak Digicel Empty Re: Denis O'Brian ak Digicel

Message  jafrikayiti Lun 9 Jan 2012 - 22:29

O'Brien se yon bon biznisman. Se pa yon kesyon konpasyon pou malere. E, non plis, se pa sa nou ta dwe atann de li. Se la a pou ou wè enbesil ki gen gwo kapital nan men yo nan peyi a, pa ka fè konpetisyon nan yon mache lib vre. Se sèl ak privilèj BEKE osnon "letrres de blancs" yo ka kenbe kontwol espas ekonomik ki nan men yo a.

Se yon katastwof pou nou, si pa gen genyen kèk envestisè Ayisyen ki devlope yon apwoch nouvo nan peyi saa.

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Denis O'Brian ak Digicel Empty Re: Denis O'Brian ak Digicel

Message  Le gros roseau Lun 9 Jan 2012 - 22:37

jaf

konpasyon an konte tou wi.si yon moun pa genyen konpasyon e byen ou pap janm genyen charite.ou pap janm konprann ke yon moun ki ap travay pou wou fok li ka o mwen manje menm 2 fwa pa jou ak fanmi li, peye loyer li, voye pitit yo lekol, e mennen yo ka doktè si yo malad.Ti lolit nou yo pito ranverse gouvenman ki ap mande pou ogmante salè minimum,ki jan pou yon moun fè ap peye yon ouvriye 3 dola pa jou an ayiti pou 10 zè travay ?Ke yon kout loray touyem kote mwen chita la sim ta genyen yon biznis epi pou map fè moun travay pou mwen san ke yo pa ka manje mwen tap fout femenl kareman.sa se esklavaj li ye.Sim pap janm esklav mwen pa ka vle genyen esklav.saa se pa kapitalis ki mande saa.Isit o Zeta zuni menm lè yon ouvriye retrete li jwen ogmantatyon chak ane nan sosyal sekirite e pansyon ke li ap touche paske yo konnen ak enflatyon fok yo ogmante salè yo pou yo ka genyen menm standa di ve ke yo te genyen.Ane saa moun ki ap resevwa sosyal sekirity o Zeta zuni ap genyen yon ogmantatyon de 3%.menm bagay pou sak genyen pansyon nan konpayi ke yo tap travay.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Denis O'Brian ak Digicel Empty Re: Denis O'Brian ak Digicel

Message  jafrikayiti Mar 10 Jan 2012 - 0:30

Wozo, se wol leta a pou li fose tout moun respekte règ jwèt la. Kapitalis pa nan zafè "konpasyon" ak moun. Si ou wè y ap pale de sa, ou mèt konnen se yon kanpay piblisitè...sa fè pati maketin' pou reyalize "bottom line' nan. Se sa ki fè li pa sifizan pou yon peyi atire kapital etranje....fok ou mete enfrastrikti legal ak administratif an plas pou min lO k ap eksplwate a pa senpman voye richès ale - san moun ki abitan peyi a pa jwenn anyen (ekzanp Nijerya - Brezil, sa pa gen lontan-d-sa! elatriye...).

Se pa paske gen anpil brasaj lajan nan yon peyi ki vle di ap gen alemye nan lavi popilasyon an.

Jounen jodi a, ak kalite jenn ti eskOpyon ki vare sou Leta Ayisyen an, nou ka sezi wè apre tout brase, se gwouyad kanaval sèlman yo kite pou pèp la.

Se pa sa mwen swete....men jiskaprezan se nan direksyon sa a n ap pwente a tout boulin.... 500 mil moun ap domi anba tant, lavèy 12 janvye 2012.....epi politisyen jwenn mwayen ap fè diskou!?

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Denis O'Brian ak Digicel Empty Re: Denis O'Brian ak Digicel

Message  Le gros roseau Mar 10 Jan 2012 - 7:04

Mon chè mwen pa ka dakor ak w kapitalis pa nan zafè konpasyon ki jan w eksplike 20 bilyon dola ke warren buiffet ba fondatyon Gates la pou eradike malarya an afrik.Mesye fok nou pa kite ti dogme komilis la rann nou aveg non.Poukisa moun tnakou canergie, Rockefeller, melon , Vanderbildt kite tout gwo iniversite sa yo nan peyi yo?se pou piblisite selman ke O'Brien ap bati tout lekol sa yo?se pou piblisite li rebati mache an ba?Ou konnen m sezi mwen pat konnen ke ayisyen te engra non.Alor pou nou se sa Castro ak Chavez fè selman ki genyen valè an ayiti?Mesye banm vanm pou mal la Gonave tande.

lè pyan tap touye ayisynen nan ane 40 yo se pou piblisite ke meriken te finanse kanpay eradikatyon pyan an ?se pou piblisite ke yo te prete paul magloire kob poul te bati peligre ak yon ton de 3% ak yon peryod de sursis de 5 ans?ak ki lajan Estime te bati bisantnè.belladère ak tout lot bagay li te fè yo?ki moun ki te finanse kanpay kont malarya an ayiti?se petet KFC ak mac donlad vre ki fè map ekri konsa men an verite bagay anti meriken saa mwen pa ka aplodi ladann vre. ki donk lè Tsunami yan te pase Presidan bush ak Bill Clinotn te ale al pote ed pou moun se pat konpasyon se piblisite yo tap fè. mwen pat wè Putin ale la non.Ki russ ki chinwa ki ap depanse bilyon dola chak ane pou eradike malaria ak sida an afrik?

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Denis O'Brian ak Digicel Empty Re: Denis O'Brian ak Digicel

Message  revelation Mar 10 Jan 2012 - 13:58

Denis O'Brian ak Digicel 4114334
Les grandes familles haïtiennes sont milliardaires en gourdes, la monnaie nationale, nous sommes milliardaires en dollars, vante Marteen Boute.
Maintenant, Mr. Boute se foute de la tête des hommes d’affaire haïtiens. A la de traka papa!!

En tout cas, ce qui est certain, selon plus d’un, c’est que le chef de l’Etat ne sera pas de tout repos cette année.
Sanble ke mesye sa yo vle pran peyi a pou yo.
Bizisman Ayisyen yo se mafia le zafe ayo menase, yo mete tet ansamb.

et surtout les nouvelles révélations du propriétaire directeur général de la Digicel à propos du Fonds National de l’Education. En effet des rumeurs font état d’un trou de 26 millions de dollars, indique Denis O’brien exigeant un audit.

Rozo a dit: Quelle honte pour les haitiens.Ce vol montre clairement la raison de la presence des ONG en haiti ; tous les politiciens haitiens sont corrompus sans exception.
Il n'y a pas un seul haitien qui postule la presidence pour servir le peuple.
M'fe ti fouyapot pa'm!

Apre 2 e3 kout fil telefonn yo di'm ke se pa lajan tax ke Digicel peye gouvenman an ke lap mande regleman.
Si se ta saa, sa tap injerans nan zafe Leta.

Non! Se yon lot koze.
O'Brien ak prop lajan pa'l e ak lajan gouvenman Martelly e lot moun e organizasyon monte yon fon pou bay edikasyon jarret nan peyi a.
Yo l' ouvri kont an bank pou fund saa mache kom sa dwa e chak mwa bank la bay rapo banker ki montre aktivite antre e soti lajan nan fon saa.
Gen yon denye lajan ki fe yon kouri soti sou kont saa e OBrien ap mande ki wout ke lajan sa pran ki fe'l li disparet konsa.

Se yon kestyon lejitim e etan kontribiter O'Brien gen dwa poze kestion sa e atand li a yon repons satisfezan.
Irishman sa yo se neg ki bagarreu e fe kole anpil!! Yo pap lache yon ka si yo pa jwen solisyon ak repons.
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Denis O'Brian ak Digicel Empty Re: Denis O'Brian ak Digicel

Message  grandzo di Dim 29 Jan 2012 - 20:30

Le succès appelle le succès, je crois. Si l'esprit de l'homme s'arrêtait au réel, ce serait une défaite pour l'esprit. L'imaginaire est un bien nécessaire. J'aimerais tant que l'imaginaire haitien déborde les frontières de l'échec et du morbide pour envisager un monde plus merveilleux. Notre esprit est sclérosé dans un lointain passé et n'arrive pas à se frayer un chemin vers le merveilleux.

Notre merveilleux à nous haïtiens est la fantasmagorie du vaudou que je ne critique point mais reste cette passerelle vers une Afrique mythique fantasmée qui n'est plus et qui nous dépasse chaque jour. Alors que les Africains marchent chaque jour vers de nouveaux cieux, nous nous contentons d'être la petite Afrique. Nous sommes la risée des grands singes.

Nous vivons pas le temps moderne. Nous nous sommes enfermées dans un temps que seuls les babouins des forets équatoriales se souviennent encore.. Oui nous sommes résignés à accepter notre sort, c'est ainsi, nous pleurons notre sous-humanité en recherchant continuellement la faute d'un bourreau.

Je crois dans la force de l'esprit de certains haïtiens nés ailleurs nourris au lait des cultures multiples. Ceux là ne se demandent pas si les loup-garoups existent ou si Baron samedi viendra leur chercher à minuit battant soleil couchant. Non, leur univers mental est vierge de toutes ses saloperies qui minent l'esprit empêchant l'ouverture sur ce monde nouveau et global.

grandzo di
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2244
Localisation : VIhja
Opinion politique : centre
Loisirs : full contact
Date d'inscription : 22/10/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le crapaud sans pattes

Revenir en haut Aller en bas

Denis O'Brian ak Digicel Empty Re: Denis O'Brian ak Digicel

Message  jafrikayiti Dim 29 Jan 2012 - 23:56

Neo a écrit:
"Je crois dans la force de l'esprit de certains haïtiens nés ailleurs nourris au lait des cultures multiples. Ceux là ne se demandent pas si les loup-garoups existent ou si Baron samedi viendra leur chercher à minuit battant soleil couchant. Non, leur univers mental est vierge de toutes ses saloperies qui minent l'esprit empêchant l'ouverture sur ce monde nouveau et global".
Lobèy! Boundanini!

Croire aux loup-garoups, suivre un gourou oriental, ou marcher sur les pas d'un Raêl fou à lié, attendant sa soucoupe vollante, en plein Montréal - tout se menm tenyen an!

Le monde nouveau et global passe aussi par Haiti, ses coutumes, son histoire, sa langue, sa réalité, son peuple....NOUS!

Cette manie d'utiliser les stéréotypes les plus racistes de l'eurocentrisme pour dénigrer les nôtres doit justement faire partie de ce passé à dépasser. Cessons de crâcher sur la collectivité haitienne qui nous englobe.

Ayisyen yo - se oumenm tou!

Nèg yo - se oumenm tou!

Vous n'êtes pas allemand et vous n'avez point (plus ;0) besoin de l'être pour entrer au "Paradis". Il viennent tout juste de changer le dieu. Desormais, c'est OSIRIS qui dirige là haut - et lui, il fait de la place pour tout le monde - y compris les verts! m pa bezwen di ou pou Nèg parèy li.

Jaf

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Denis O'Brian ak Digicel Empty Re: Denis O'Brian ak Digicel

Message  Goya Lun 30 Jan 2012 - 8:41




Un retour aux sources, vers l’Afrique, par l'idée de fermeture qui le caractérise, et l'utilisation politique le plus souvent malsaine qui en est faite, peut-être problématique, parce-que porteur de virtualité dangereuse. Car n'oublions pas que Duvalier, pour asseoir son régime autoritaire, allait utiliser, du moins, pervertir l'idéologie politique (le "noiriste") qui, à la base, définissait ce grand courant littéraire et ethnographique que fut la négritude. Pour nous tirer du marasme actuel, pouvoir intégrer le monde "global" qui se dessine, ce n'est plus un retour aux sources qu'il faut opérer mais plutôt un recours aux sources.

En ce sens je suis d'accord avec Jaf quand il dit que : Le monde nouveau et global passe aussi par Haiti, ses coutumes, son histoire, sa langue, sa réalité, son peuple....NOUS!

Nous n'en sommes plus aujourd'hui à la magnificence de notre héritage africain, car beaucoup d'eau a coulé les ponts depuis 46. Nous sommes à la quête de quelque chose d'autre. À savoir comment faire usage de cette somme de connaissances pratiques, de savoirs-faire, de luttes issue de deux siècles d'histoire pour enter dans la modernité, la concevoir, la définir à note manière. Par exemple le commerce des "madames sara" par son mode d'organisation, de fonctionnement opérationnel, a dévié toutes analyses, toutes les pronostiques sur sa pérennité, issues d'un système financier formel aujourd'hui en voie de blocage.

C'est de cela, ce recours aux sources, à mon sens, que nous avons besoin pour avancer.

Goya
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 490
Localisation : Montreal
Loisirs : lecture
Date d'inscription : 20/11/2010

Revenir en haut Aller en bas

Denis O'Brian ak Digicel Empty Re: Denis O'Brian ak Digicel

Message  jafrikayiti Lun 30 Jan 2012 - 11:01

En effet Goya "ce n'est plus un retour aux sources qu'il faut opérer mais plutôt un recours aux sources". 100% d'accord!

"Nous n'en sommes plus aujourd'hui à la magnificence de notre héritage africain, car beaucoup d'eau a coulé les ponts depuis 46"

Oui et non! Oui, beaucoup d'eau a coulé sous les ponts depuis Firmin, Price Mars, Cheick Anta Diop etc.... mais non, nous ne sommes pas sortis du "twou manti". Pour preuve, un mois de l'histoire des Noirs, depuis quelque années, s'avère encore nécessaire et nous ne saurions croire que quelques mois de partage de vérté suffiraient à effacer un millénaire de propagande anti Africain. Surtout lorsque cette propagande fut conduite par des INSTITUTIONS puissantes and millénaires. Il ne s,agit point de "magnifier" notre héritage africain mais tout simplement de le onnaitre, de l'embrasser et de lhonorer à sa juste valeur.

Gen anpil travay ki rete pou fèt pou detere verite anba kouch manti !

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Denis O'Brian ak Digicel Empty Re: Denis O'Brian ak Digicel

Message  revelation Lun 30 Jan 2012 - 14:09

Nous vivons pas le temps moderne. Nous nous sommes enfermées dans un temps que seuls les babouins des forets équatoriales se souviennent encore..
An se ki konsern modernite, avansman etc.. nou deye kamyonet la ap rele Leogane! Fok nou di ke se a koz de rasist ak maltretman ke nou resevwa nan men blan e ayisyen parey nou ki akoz de gwo frotman ke yo gennyen e milye ke yo ap evolye konprand ke neg mediok e paresse.

Se pa yon rezon pou trete nou de babouins, de makak, caca diable etc..
Li fe pi led le se yon neg kap trete yon neg parey li de babouin!
Nou konprand fristrasyon w Neo, men kite tet w poze pou pa di sak fe mal.
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Denis O'Brian ak Digicel Empty Re: Denis O'Brian ak Digicel

Message  Joel Mar 31 Jan 2012 - 12:15


Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Denis O'Brian ak Digicel Empty Re: Denis O'Brian ak Digicel

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum