Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -45%
WHIRLPOOL OWFC3C26X – Lave-vaisselle pose libre ...
Voir le deal
339 €

29 Fevriye 2012 - FOK ARISTIDE JIJE!

5 participants

Page 2 sur 2 Précédent  1, 2

Aller en bas

29 Fevriye 2012 - FOK ARISTIDE JIJE! - Page 2 Empty 29 Fevriye 2012 - FOK ARISTIDE JIJE!

Message  Thunder Mer 29 Fév 2012 - 7:58

Rappel du premier message :


29 Fevriye 2012 - FOK ARISTIDE JIJE! - Page 2 Aristi11


Nou menm, viktim ansyen diktatè sanginè Aristide lan, nou indiye anpil pou nou wè ke jiska prezan papa lyon an ap mache sou moun toujou. Menm yon manda arestasyon poko genyen sou non asasen an. Se yon sabotay pou Eta de dwa ak demokrasi yo di yo vle tabli nan peyi Dayiti a. Se yon souflèt pou viktim yo ak tout moun k ap batay kont enpinitè nan peyi Dayiti, an menm tan se yon siy klè ki montre otorite yo ap ankouraje enpinite nan peyi a.

Lè n konsidere te genyen yon pakèt krim kont limanite tankou: Tòti, disparisyon, asasina, amprizonman, egzil fòse, elatriye ki pa gen preskripsyon.

Lè n konsidere rejim Aristide yo ak Operasyon Bagdad yo te touye plizyè milye moun, san konte sa l te voye ann ekzil ak kidnaping.

Lè n konsidere rejim Aristide yo te detounen plizyè santèn milyon dola ki te la pou fè wout, bati lèkol, lopital ak kay pou moun rete.

Nou pa ka konprann aprè tout krim sa yo, pou Preval te deside blanchi Aristide, paske li te voye yon mesaj klè lè li te anile pouswit jidisyè ki te deja antame nan lenn diktatè an.

Li klè pou tout moun ni pouvwa ekzekitif la ni pouvwa jidisyè a nan peyi Dayiti se dwa viktim Aristide yo ke yo vyole, se enpinite a y ap bay jarèt.

Se pou tèt sa, nou menm nan sektè viktim yo, nou deside antame yon mobilizasyon manch long pou fòse ke nouvo gouvènman an jije ansyen diktatè Jean Bertrand Aristide. Se nan sans saa, nan okazyon 29 Fevriye 2012 lan, dat ki fè 8 lane depi ke pèp Ayisyen an te mete GNB l pou l te kouri ak Aristide. Nou menm viktim yo, ap genyen pou nou fè kou nou konnen pou nou jwenn jistis. Fòk enpinite fini nan peyi an, se pa chak jou ke farin nan vini nan menm sak.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas


29 Fevriye 2012 - FOK ARISTIDE JIJE! - Page 2 Empty Re: 29 Fevriye 2012 - FOK ARISTIDE JIJE!

Message  Thunder Mer 29 Fév 2012 - 22:00

Se pou w reponn si w kapab. Eske se kado ke l te fe kado chato ke yo te evalye a 4.5 milyon dola an.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

29 Fevriye 2012 - FOK ARISTIDE JIJE! - Page 2 Empty Re: 29 Fevriye 2012 - FOK ARISTIDE JIJE!

Message  Le gros roseau Mer 29 Fév 2012 - 22:22

eske se menm kay sa ke li rete ladann jodya?se wou ki konprann mwen nan tolere koruptyon an ayiti ,mwen toujou di si aristide volè lajan leta se poul jije mnem jan ak moun ki te fè bank natyonal ak reji ya tounen byen prive yo , mwen pap tolere oken delenkan men mwen pa moun depim pa bor tab la mwen tounen sa presidan magloire te rele :les eternels mecontents, paske mwen se pa yon ti job map defann.Map defann stabilite politik pou yo sispann di se nou ki pi pov nan amerik la ,map defann dwa pep la poul eli moun li vle e pou machann peyi yo respekte manda moun ke pep la eli.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

29 Fevriye 2012 - FOK ARISTIDE JIJE! - Page 2 Empty Re: 29 Fevriye 2012 - FOK ARISTIDE JIJE!

Message  Thunder Jeu 1 Mar 2012 - 7:46

Bon! Si w pa menm konnen kote ke kaj papa lyon an ye, kòman w fè pran lavangad konsa a?

Se menm kay saa ki vini agrandi sou 11 kawo tè nan Tabarre lan.

Si se vre ke se pèp w ap defann, fòk wou defann yo ni se lè makout ak militè ap souse san, ni lè se Aristide. Wou pa ka vle pou w ap kalonnen tout moun eksepte youn nan pi gran kriminèl ke peyi saa genyen.

Manda prezidansyèl se pa lisans pou prezidan fè sa ke yo vle. Se pa sèl koudeta ame ki mete Ayiti kote li ye an, koudeta elektoral, vòl ak diktati se 3 nan kòz majè yo tou. Nan non estabilite politik, Ayiti pa p aksepte okenn ti diktatè ki konprann ke se yo ki mèt lavi tout Ayisyen.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

29 Fevriye 2012 - FOK ARISTIDE JIJE! - Page 2 Empty Re: 29 Fevriye 2012 - FOK ARISTIDE JIJE!

Message  Le gros roseau Jeu 1 Mar 2012 - 11:42

Men saw pa vle admet mwen di deja e map repetel pou wou ankor mwen pap tolere oken delenkan ke li te genyen blouz doktè ou soutann pè sou li depi yo jwen li te volè lajan leta ou byen touye moun pou pouvwa se metel sou plas piblik tankou chinwa yo fè e yoyel al rankontre ak Saint Pierre.mwen toujou di mwen pa yon adilatè inkondityionel de oken politisyen. Si se vre Aristide te vann kay li ya pou 4.5 milyon dola ak leta epi apre sa li toujou rete nan kay la e byen se pou Martelly mandel de ki prevyen.la lwa dwe yon pou tout moun. nanpren presidan ki odesi lwa nan peyi ya.mwen pa ka konprann kli jan fè latortue pat mete scelle sou kay sa .ni leta pa janm rekipere byen li.Ou vle dim lartortue ki te mete solda etranje nan universite tabarre la e nan lyse martissant pa ta sezi kay Aristide la poul te ba jeneral MINUSTAH rete ladann?allons donc loray kale.twou manti pa fon ,Se paul denis ki te minis de la jistis tou lotrejou la wi?gen lè w ou bliye ki moun ki paul denis ya?se lenmni jire Aristide wi.Se Michel Martelly gwo frapist devan leternel ki presidan dayiti jodya wi thunder.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

29 Fevriye 2012 - FOK ARISTIDE JIJE! - Page 2 Empty Re: 29 Fevriye 2012 - FOK ARISTIDE JIJE!

Message  Thunder Ven 2 Mar 2012 - 0:58

Wou toujou di ke w p ap tolere malendren, men wou pa montre sa. Wou toujou prè pou w sakrifye tout moun, men kou se Aristide wou woule lang wou 7 fwa avèk yon gwo "SI". Se sèl pou misye ke w montre dout. Pran ti chèz ba w. An lane 2000, te gen yon jounalis Ameriken ki te vizite chato Aristide lan nan Tabarre. Jounalis saa te evalye kay lan a 4.5 milyon dola. An 2001, Aristide te vann Leta Ayisyen kay lan pou yon montan 7 milyon dola Ameriken.

Si w poko konprann rezon an, ebyen li byen. Se pa toya ke m ap voye, wou ka fè rechèch nan achiv jounal. Depi an 1995, Lavalas te vini ak yon nouvo metòd kote ke leta dwe achte kay pou tout ansyen gwo fonksyonè leta ki pran pansyon yo. Se nan konsa ke lavalas te achte yon kay pou ansyen premye minis Jean-Marie Cherestal pou 37 milyon goud, Rene preval te benefisye yon kay nan Musseau ki te vo 10 milyon goud, madanm Preval menm te jwenn yon kay nan Washington pou 200 mil dola Ameriken, elatriye... Aristide li menm, jis fè leta peye l kay lan epi li rete ladann. Se pa t premye fwa ke lavalas fè leta achte kay pou bawon yo.

Anplis, fòk mwen raple w ke Latortue te poze sele sou kay lan. Wou bliye? Menm isit lan nou tout lavalasyen yo te tonbe malkadi dan sere. Se sou prezidans Preval ke yo te remèt Aristide kay lan ankò, paske Preval te pè pou yo pa t mande l li menm de ki prevyen ak kay pa li an nan Musseau. Ni nou pa janm di Preval mèsi, li fè anpil bagay pou nou.

Wou pa bezwen mete Martelly nan bagay konsa, paske si li ta fè sa vre, se nou ankò ki t ap mande anraje e di se pèsekisyon. Aristide vòlò 7 milyon an li vòlò l nèt.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

29 Fevriye 2012 - FOK ARISTIDE JIJE! - Page 2 Empty Re: 29 Fevriye 2012 - FOK ARISTIDE JIJE!

Message  Le gros roseau Ven 2 Mar 2012 - 12:34

"An 2001, Aristide te vann Leta Ayisyen kay lan pou yon montan 7 milyon dola ameriken."Loray kale ou byen poupoupoul.(lol)

depi la ou bay manti anvan ou te di se pou 4.5 milyon dola li te vann li. jodya ou di se pou 7 milyon dola ameriken..mwen te tande zafè achte kay pou Cherestal la depi lè sa mwen te kritike zak saa.Fok mwen toujou ekri yon gwo "SI"paske mwen pa genyen dosye yo nan menm e mwen konnen depi se moun ki pa mete nou bor tab la nou ka taye nenpot palto mete sou li.se menm jan nou di ke Aristide te fè Sor anne pile yon ti moun nan pilon tou vivan.Mwen pankor janm wè ni papa ni manman ti moun saa al depose plent kont Aristide la jistis.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

29 Fevriye 2012 - FOK ARISTIDE JIJE! - Page 2 Empty Re: 29 Fevriye 2012 - FOK ARISTIDE JIJE!

Message  Joel Ven 2 Mar 2012 - 13:03

Si ARISTIDE te vannn LETA AYISYEN kay sa a;mesye yo pa t ap repran kay lan apre koudeta 2004 lan?
Mesye sa yo san desans;pi fò sa yo te di a pwopo ARISTIDE yo;yo jwenn se manti yo t ap bay.

Menm lisans ke LETA AYISYEN te bay RADYOTELE TIMOUN lan;mesye yo te pran l back e pou yo si ke RADYO TIMOUN pa t ap tounen ;yo te ale ak tout ekipman e sa yo pa t ka pran ,yo te kraze yo.
Yo di zafè RADYO TIMOUN lan,ap fè reyinyon lan mitan gouvènman MATELI an.Yon bagay ke e MATELI e lòt GNBis yo pa ta renmen wè

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

29 Fevriye 2012 - FOK ARISTIDE JIJE! - Page 2 Empty Re: 29 Fevriye 2012 - FOK ARISTIDE JIJE!

Message  Thunder Sam 3 Mar 2012 - 0:08

Le gros roseau a écrit: "An 2001, Aristide te vann Leta Ayisyen kay lan pou yon montan 7 milyon dola ameriken."Loray kale ou byen poupoupoul.(lol)

depi la ou bay manti anvan ou te di se pou 4.5 milyon dola li te vann li. jodya ou di se pou 7 milyon dola ameriken..mwen te tande zafè achte kay pou Cherestal la depi lè sa mwen te kritike zak saa.Fok mwen toujou ekri yon gwo "SI"paske mwen pa genyen dosye yo nan menm e mwen konnen depi se moun ki pa mete nou bor tab la nou ka taye nenpot palto mete sou li.se menm jan nou di ke Aristide te fè Sor anne pile yon ti moun nan pilon tou vivan.Mwen pankor janm wè ni papa ni manman ti moun saa al depose plent kont Aristide la jistis.

Kounyea, w ap chache la petite bete bò kote pa m. Mwen di ke yon jounalis Ameriken te avalye kay lan a 4.5 milyon dola. Men, Aristide, an bon jan dwèt long siperyè, te vann bay leta Ayisyen pou 7 milyon dola. Mwen konnen ke depi se pou Aristide, nou soud e nou avèg.

Si w pa genyen dosye Aristide yo devan w, e se sa ki fè ke w mete yon gwo "SI" pou li. Dosye ki moun ke w genyen devan w ki fè ke w pa mete yon gwo "SI" pou yo tou?

Reponn kesyon saa dirèk.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

29 Fevriye 2012 - FOK ARISTIDE JIJE! - Page 2 Empty Re: 29 Fevriye 2012 - FOK ARISTIDE JIJE!

Message  Thunder Sam 3 Mar 2012 - 0:15

Si ARISTIDE te vannn LETA AYISYEN kay sa a;mesye yo pa t ap repran kay lan apre koudeta 2004 lan?
Mesye sa yo san desans;pi fò sa yo te di a pwopo ARISTIDE yo;yo jwenn se manti yo t ap bay.

M ap repete w ankò, se pa t nou menm ankò ki t ap fè rèskiyè pou Aristide lè ke gouvènman Latortue an te poze sele sou kay lan? Se pa solda MINISTA ki te rete nan kay saa? Wou bliye ke se Preval ki te remèt kontwòl kay lan bay Aristide? Depi se lè ke Aristide ap vòlò, wou p ap fouti sonje, si se te Cedras ak Michel Francois, wou t ap kapab menm resite mo pou mo sa ke w di wou te tande y ap di sou yon kasèt. Tout lavalasyen soufri yon amnezi selective. Yo sonje sa ke yo vle, sa ke ki fè yo plezi.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

29 Fevriye 2012 - FOK ARISTIDE JIJE! - Page 2 Empty Re: 29 Fevriye 2012 - FOK ARISTIDE JIJE!

Message  Le gros roseau Sam 3 Mar 2012 - 14:44

Mwen pat la sou Aristide men mwen te la lè Siklè te kon ap pote lajan regie ya nan palè ,mwen te kon francois Duvalier anvan li te presidan e ak tout gwo volè ki te vinn multi milyonè sou rejim li yan mwen te konnen yo anvan 1957 mwen te la lè depi debi 1958 Duvlaier tap fè boule jounal,fè neg ki te nan DKW yo tpa kidnape oposan lan nwit pou fèmen yo Fort Dimanch ,mwen te la lè yo te touye frè Jumell yo ; mwen te nan kasern hinche la jou swa ke 2 bus akademi militè te mennen yon paket gwo ayisyen menote nan prison epi demen maten pèsonn pat wè yo nan prison alor ke bus yo te retounen Port-au-prince depi menm swa .mwen ka site w anpil lot ka ankor.ki donk kom ou di mwen te la sou duvalier men mwen pat la sou Aristide fok mwen mete si paske nou bay telman manti.

Ou pa ka di martelly se yon patizan ou admiratè Aristide poukisa li pa repran kay la nan men Aristide pwiske se byen leta.fok ou blije admet se swa martelly pa ka fèl ou byen li se yon koronpu.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

29 Fevriye 2012 - FOK ARISTIDE JIJE! - Page 2 Empty Re: 29 Fevriye 2012 - FOK ARISTIDE JIJE!

Message  Thunder Sam 3 Mar 2012 - 17:51

Kote Joel?

Apa li pa vini demanti w? Anmwe! Anmwe! Joel se pou w vini mande Roseau kòman li fè te konn la tou menm jan ke w toujou ap mande m nan. Se pa Aristide ki t ap vòlò lè saa, wou p ap janm mete Roseau an dout.

Ebyen Roseau, se menm bagay lan pou mwen. Mwen pot ko fèt sou Francois Duvalier, mwen pa t la. Men, mwen te la lè Jacquelin te konn al chache lajan nan Fondasyon Aristide pou vini distribiye bay chimè, mwen te konn la tou lè kout zo TPTC-DDO yo te konn fèt chak mwa. Mwen te la tou, lè Ronald Kadav ak Balmy te ap vante tèt yo nan kòman yo te touye Christine Jeune pou chèf yo Aristide. Mwen te la tou, lè reyinyon sekrè pou simen latwoublay nan peyi an te konn fèt nan Lafanmi se Lavi. Mwen te konn la tou lè Hermionne Leonard te konn ap pase chimè lòd nan non Aristide. Mwen te wè ak 2 zye m yon kat atache ke Jocerlme Privert te siyen bay youn nan chimè ki te pi sadik ke Pòtoprens te konnen ki te "Ameriken" pou lapolis te ka pa ka arete l....

Kay lan se byen ke leta "achte" pou Aristide. Si m sonje byen, mwen kwè ke se yon bagay ki te "apwouve" pa lachanm.

Men, genyen yon bagay ke mwen pa renmen sou fowòm saa. Menm si ke kòkòday nou yo wè ke nou nan erè, pa genyen youn k ap di nou verite an menm an prive. Mwen si e sèten ke moun tankou Mak ak Ja-Frik-Aristide yo konnen ke Aristide te vann kay lan vre pou 7 milyon dola bay leta, men yo kenbe silans yo, epi yo kite ni wou ni Joel ap badijonnen nan inyorans. Eske se pa ògèy ke yo fè sa? M pa konnen repons lan, men mwen twouve ke yo malonèt si yo kenbe silans yo, pandan ke yo konnen.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

29 Fevriye 2012 - FOK ARISTIDE JIJE! - Page 2 Empty Re: 29 Fevriye 2012 - FOK ARISTIDE JIJE!

Message  Le gros roseau Sam 3 Mar 2012 - 18:00

Si se vre kay la sete kay leta te achte pou Aristide epi li revann leta li ankor pou 7 milyon dola epi jodya li ap viv ladann e byen malpwoprete konsa menm si se frèm yo ta di ki ta fè sa map mande pou yo menotel.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

29 Fevriye 2012 - FOK ARISTIDE JIJE! - Page 2 Empty Re: 29 Fevriye 2012 - FOK ARISTIDE JIJE!

Message  Joel Sam 3 Mar 2012 - 19:50

THUNDER;
Zafè ou te la a kote tout bagay t ap pase yo ;kenbe yo pou wou.Depi yon bagay negatif sou pwendvi pa w ;ou te gen tan la.
Se ou byen ou te la ;oubyen ou konnen yon moun ki te la.
Bagay sa yo bay moun maltèt ;ou toujou te la.Menm lè w fin kite AYITI ,depi gen yon bagay ki konsène LAVALAS ,ou konnen paske ou genyen yon zanmi w ki te la.
ROZO;

Zafè kay lan ,se pa kounye an nèg yo ap pale de bagay sa a.Eske PAUL DENIS te pwodwi ""BILL OF SALE"" kay sa a ou eske se lan imajinasyon THUNDER ak lòt yo ke l ekziste?

METE LI!METE LI !
Ou byen sispann pale de sa ;mwen absoliman si ,si se te vre PAUL DENIS t ap pwodwi l!
Map mande ankò ;kòman fè ,mesye gouvènman enterimè yo pa t reposede kay sa a ;apre koudeta 2004 lan?
KI SA KI T AP ANPECHE yo fè sa ?
E gen nèg ki ap vin mansyone PREVAL.Konbyen tan GNBis yo te fè sou pouvwa a;PLIS KE 2 ZAN?
ADYE!
VWALYE SA A SE PA VAN SÈLMAN LI BEZWEN POU L AL LAGONAV NON;SE YON TANPÈT 140 KM/H



Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

29 Fevriye 2012 - FOK ARISTIDE JIJE! - Page 2 Empty Re: 29 Fevriye 2012 - FOK ARISTIDE JIJE!

Message  Le gros roseau Sam 3 Mar 2012 - 20:06

eske yo pa di Aristide mande pou Lydie Parent remet li tè li genyen Petion ville ki jan fè menm press oligarchie ya pa mande Aristide poul remet kay la ki se byen leta.?Twou manti pa fon.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

29 Fevriye 2012 - FOK ARISTIDE JIJE! - Page 2 Empty Re: 29 Fevriye 2012 - FOK ARISTIDE JIJE!

Message  Thunder Dim 4 Mar 2012 - 14:24

Joel,

Mwen konnen sa deja. Depi se bagay ki konsene ti vòlò ak asasen w yo, w ap kanpe sou 4 pikèt e menm mete men w nan dife. Wou wè ke w janm kesyone Roseau? Non! ....SE DE DUVALIER KE L AP PALE. Fòk mwen raple w ke sa mwen ekri la yo, se pa konvenk ke m ap eseye konvenk ni wou ni kòkòday wou yo non, li twò ta pou sa, nou brainwashed deja. Mwen jis vle montre lòt moun ke se pa tout Ayisyen ke Aristide genyen nanm yo nan boutèy.


Zafè kay lan ,se pa kounye an nèg yo ap pale de bagay sa a.Eske PAUL DENIS te pwodwi ""BILL OF SALE"" kay sa a ou eske se lan imajinasyon THUNDER ak lòt yo ke l ekziste?

METE LI!METE LI !
Ou byen sispann pale de sa ;mwen absoliman si ,si se te vre PAUL DENIS t ap pwodwi l!
Map mande ankò ;kòman fè ,mesye gouvènman enterimè yo pa t reposede kay sa a ;apre koudeta 2004 lan?
KI SA KI T AP ANPECHE yo fè sa ?
E gen nèg ki ap vin mansyone PREVAL.Konbyen tan GNBis yo te fè sou pouvwa a;PLIS KE 2 ZAN?
ADYE!
VWALYE SA A SE PA VAN SÈLMAN LI BEZWEN POU L AL LAGONAV NON;SE YON TANPÈT 140 KM/H

Men kounyea ti nèg ap vini mande m "bill of sale"? Mwen ta jwenn dokiman saa, yo t ap mande pou m pwouve ke se Aristide ki te siyen l vre. Mwen ta pwouve sa tou, yo t ap mande pou bay videyo kote li t ap siyen l. Mwen ta pwouve sa tou, yo t ap mande m DNA. Mwen ta pwouve sa tou, yo t ap mande enpwent dantal. mwen ta pwouve sa tou, yo t ap mande m pou m pwouve ke se pa zam yo te rale sou Aristide ki fè ke l te siyen... patati patata.

Kite tèt nou nan sab, pwòp konniflèt nou pa ka ede nou, paske tèta w yo nan sab tou ak tche yo anlè.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

29 Fevriye 2012 - FOK ARISTIDE JIJE! - Page 2 Empty Re: 29 Fevriye 2012 - FOK ARISTIDE JIJE!

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 2 sur 2 Précédent  1, 2

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum