Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Jeux, jouets et Lego : le deuxième à -50% (large sélection)
Voir le deal

Réflexion sur Haïti

3 participants

Aller en bas

Réflexion sur Haïti Empty Réflexion sur Haïti

Message  Invité Jeu 6 Sep 2012 - 13:05



un petit hors-sujet: Je trouve toujours frappante la similitude entre le créole martiniquais et le créole haïtien qui est à mon opinion plus frappante qu'avec la Guadeloupe


Dernière édition par T-NEG le Ven 7 Sep 2012 - 15:46, édité 1 fois

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Réflexion sur Haïti Empty Re: Réflexion sur Haïti

Message  Joel Jeu 6 Sep 2012 - 13:20

Se KREYÒL PRESKE idantik ak KREYÒL moun zòn OKAY pale .Kreyòl la gen yon tandans pou l vin inifòmize ann AYITI ,akòz de kominikasyon ant DEPATMAN yo ki vin pi FASIL e se KREYÒL PÒTOPRENS lan ki ap genyen lan bagay sa a.
Matinikè yo ize Pe ou byen M pe ANPIL menm jan ak moun lan sid yo ize ,ou byen te konn ize,moun zòn OKAY ak GRANDANS yo.
Si se pou KREYÒL yomenm ;pa SENTLISI an preske idantik ak sa yo pale lan zòn PÒTOPRENS lan ;mwen pa konn poukisa

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Réflexion sur Haïti Empty Re: Réflexion sur Haïti

Message  travers Jeu 6 Sep 2012 - 13:51

non TI NEG ce n est pas hors sujet je me fiche de son creole j ais tout compris
mais ce qu il dit ,l avez vous ecouter
vous avez tous compris ce qu il a dit ,et vous vous dites (ho!!!!)il a le memme creole que nous
oui mais pas un mot sur ce qu il a dit sur votre evolution
par ou il faut commencer ,car c est la le vrais sujet
on dirait que vous fuyez la verite,et cela fait un moment que je le vois

il ne vous a pas dit comment il vit a la martinique,surement pas comme un haitien de son age en haiti
qui doit se demerder pour manger tous les jours(pour survivre)
lui ca va bien ,ses revenus ne sont pas les memmes
mais il a raison sur votre education a revoir study
travers
travers
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2130
Age : 72
Localisation : dans le petrin
Opinion politique : boulanger
Loisirs : hehehe!!les filles
Date d'inscription : 25/08/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: le cathare

Revenir en haut Aller en bas

Réflexion sur Haïti Empty Re: Réflexion sur Haïti

Message  Invité Jeu 6 Sep 2012 - 13:56

Joel a écrit:Se KREYÒL PRESKE idantik ak KREYÒL moun zòn OKAY pale .Kreyòl la gen yon tandans pou l vin inifòmize ann AYITI ,akòz de kominikasyon ant DEPATMAN yo ki vin pi FASIL e se KREYÒL PÒTOPRENS lan ki ap genyen lan bagay sa a.
Matinikè yo ize Pe ou byen M pe ANPIL menm jan ak moun lan sid yo ize ,ou byen te konn ize,moun zòn OKAY ak GRANDANS yo.
Si se pou KREYÒL yomenm ;pa SENTLISI an preske idantik ak sa yo pale lan zòn PÒTOPRENS lan ;mwen pa konn poukisa

Se on bagay ki ekstraordinè pou wè malgre ke Ayiti gen on bon distans avek zile sayo, lang yo presk idantik.

Gwadloupeyen an nou komprann li men li sonnen on ti jan malouk fò w pi atantif ou wè se sak ki biza. Ou ta di li tap pi pwoch ak martinik yo ta gen plis resenblans ebyen non.




Yon ti Ipotèz: Eske se demografi populasyon an ki sanble ak ayiti ki koz yo pale menm jan ak ou?

St lucie gen presk mwen pwoposyon nwa ak milat ak nou kote + 90% yo se nwa epi milay yo reprezante 5% populasyon an

Se menm bagay la an Ayiti !


Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Réflexion sur Haïti Empty Re: Réflexion sur Haïti

Message  Joel Jeu 6 Sep 2012 - 15:16

T-NEG;
Se bagay sa a wi .Ou wè ki jan SENTLISI ap fè jèfò ekstrawòdiné pou yo kenbe KREYÒL lan.Yo se ansyen KOLONI ANGLE.Yo ta gen dwa di ale KREYÒL lan LAVOUM epi yo ize ANGLE.
Epi malpwopte AYISYEN yo ale lan yon REYINYON KARIKÒM epi yo mande pou FRANSE vin lang travay KARIKÒM.
DOMINIK,SENTLISI ,kote lan TRINIDAD,GRENAD elt..ap goumen pou yo konsève KREYÒL lan ,alòs ke ou tande nèg ap monte sou RADYO pou yo voye FRANSEUUU monte ,tankou ROZO konn di.
TONNÈ!!!!!
Gen yon AVOKA DORIJIN AYISYEN ki ap ekzèse lan JAMAYIK ki depi AYITI te vin manm KARIKÒM ki ap mande pou KREYÒL vin LANG TRAVAY ak ANGLE .
MATELI limenm ale lan reyinyon KARIKÒM ,li mande pou FRANSE vin lang travay òganizasyon sa a!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Réflexion sur Haïti Empty Re: Réflexion sur Haïti

Message  Invité Ven 7 Sep 2012 - 2:26

Joel a écrit:T-NEG;
Se bagay sa a wi .Ou wè ki jan SENTLISI ap fè jèfò ekstrawòdiné pou yo kenbe KREYÒL lan.Yo se ansyen KOLONI ANGLE.Yo ta gen dwa di ale KREYÒL lan LAVOUM epi yo ize ANGLE.
Epi malpwopte AYISYEN yo ale lan yon REYINYON KARIKÒM epi yo mande pou FRANSE vin lang travay KARIKÒM.
DOMINIK,SENTLISI ,kote lan TRINIDAD,GRENAD elt..ap goumen pou yo konsève KREYÒL lan ,alòs ke ou tande nèg ap monte sou RADYO pou yo voye FRANSEUUU monte ,tankou ROZO konn di.
TONNÈ!!!!!
Gen yon AVOKA DORIJIN AYISYEN ki ap ekzèse lan JAMAYIK ki depi AYITI te vin manm KARIKÒM ki ap mande pou KREYÒL vin LANG TRAVAY ak ANGLE .
MATELI limenm ale lan reyinyon KARIKÒM ,li mande pou FRANSE vin lang travay òganizasyon sa a!

An menm tan, yo stil gen travay pou yo fè paske mwen wè se Sel angle ki Ofisyel lakay yo.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Réflexion sur Haïti Empty Re: Réflexion sur Haïti

Message  Joel Ven 7 Sep 2012 - 5:41

Non T-NÈG se pou w konprann ;se noumenm ki lan rans ak LANG OFISYÈL sa yo ;tankou mwen renmen repete l ,ETAZINI pa gen LANG OFISYÈL.Plis moun pale ANGLE ,ANGLE vin defakto lang ETAZINI.
Epitou ,FRANSE yo kite SENTLISI apre yo kite AYITI.Yo kite AYITI an 1804;yo kite SENTLISI an 1815 apre defèt NAPOLEYON.
Depi 1815 ,yo se koloni ANGLE.
Yo pa bezwen fè KREYÒL vin lang OFISYÈL .Sa pa nesesè.
Ann AYITI ;lan KONSTITISYON an, KREYÒL se lang OFISYÈL men se kòm si se yon sèl lang OFISYÈL ki genyen ,se FRANSE.
Preske tout DOKIMAN LETA yo,LWA yo,DEKRÈ yo se an FRANSE yo fèt e yo kontinye fèt.
DONK ,se noumenm ki gen anpil travay pou nou fè ;SENTLISYEN yo deja fè yon travay EWOYIK sou zafè KREYÒL lan!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Réflexion sur Haïti Empty Re: Réflexion sur Haïti

Message  Invité Ven 7 Sep 2012 - 13:44

Joel a écrit:Non T-NÈG se pou w konprann ;se noumenm ki lan rans ak LANG OFISYÈL sa yo ;tankou mwen renmen repete l ,ETAZINI pa gen LANG OFISYÈL.Plis moun pale ANGLE ,ANGLE vin defakto lang ETAZINI.
Epitou ,FRANSE yo kite SENTLISI apre yo kite AYITI.Yo kite AYITI an 1804;yo kite SENTLISI an 1815 apre defèt NAPOLEYON.
Depi 1815 ,yo se koloni ANGLE.
Yo pa bezwen fè KREYÒL vin lang OFISYÈL .Sa pa nesesè.
Ann AYITI ;lan KONSTITISYON an, KREYÒL se lang OFISYÈL men se kòm si se yon sèl lang OFISYÈL ki genyen ,se FRANSE.
Preske tout DOKIMAN LETA yo,LWA yo,DEKRÈ yo se an FRANSE yo fèt e yo kontinye fèt.
DONK ,se noumenm ki gen anpil travay pou nou fè ;SENTLISYEN yo deja fè yon travay EWOYIK sou zafè KREYÒL lan!

Mwen trouve se menm sitiasyon wap dekriye a se menm bagay ki Sent Lisy si majorite populasyon an se kreyol yo pale men lekol se an angle, tv se angle e yo menm ankouraje timou yo pale kreyol.

http://www.tlfq.ulaval.ca/axl/amsudant/ste-lucie.htm

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Réflexion sur Haïti Empty Re: Réflexion sur Haïti

Message  Sasaye Ven 7 Sep 2012 - 14:18


Istorikman sitiyasyon kiltirèl Sentlisi idantik ak pa Ayiti.

Menm zafè fanmi pa apwouve timoun pale kreyol lakay lan ekziste tou, men se angle ki gen preferans tankou ayisyen bay Franse preferans.

Men, diferans lan chita lan reyaksyon moun pa rapô ak lang angle ak lang franse.
Sètadi, moun ki gen edikasyon angle pi pratik petèt akôz enfliyans anglosakson pwotestan, moun sayo gen mwens pretansyon ke moun ki sou enfliyans edikasyon franse.

Pa gen tout kantamwa, granchire, pretansyon, shèlbè, pa kanmarad, moun lavil moun andeyo ki gen ann Ayiti.

Gen diferans de klas menjan ak Ayiti, men yo gen plis respè pou travayè ak domestik.

Kidonk, pa gen tout baryè ke ayisyen envante pou bloke kreyôl.
Depi timoun ap grandi, yo aprann kreyôl lan men bônn ki lan kay la.
Bônn nan pa pale angle e li pap eseye pale angle mawon.

Li vinn alamôd pou tout boujwa Sentlisi mete kreyôl lan konvèsasyon prive yo lan salon oubyen lan biznis.

Epi la sosyete Sentlisi gen anpil contak ak asosyasyon ak Matinik ki a 20 minit de peyi yo.
Anpil pale franse trè byen tou.

Demografi an menmjan ak Ayiti, lan tout seksyon riral, se kreyôl sèlman ki pale. Kèk moun degaje yo ann angle.

Referans:
Mwen fè plizyè vwayaj Sentlisi paske madanm mwen se moun Sentlisi. Tout fanmi l se fanmi m. Yo vinn vizite m souvan lan Vankouvè.
Monseyè Antoni se moun mwen konnen pèsonèlman e malgre mwen pa renmen Pè, misye se yo gwo aktivis sosyal ki ôganize anpil aktivite an kreyôl lan toutb peyi an. Li konn danse dans folklorik e chante mizik popilè tou.
Misye se yon nèg tankou Aristid ak Jera Janjis ki pa lan politik patizan.

Achevèk Il sou le van, Monsegnè Felix, se bofrè madanm mwen.

Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Réflexion sur Haïti Empty Re: Réflexion sur Haïti

Message  Invité Ven 7 Sep 2012 - 15:45

M renmen intervansyon w la sasaye! Mwen imajine ou pale kreyol ak yo san pwoblrm?

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Réflexion sur Haïti Empty Re: Réflexion sur Haïti

Message  Sasaye Ven 7 Sep 2012 - 17:10

Mèsi T-Neg,
Se te yon bèl eksperyans premye fwa mwen ale SL.
Nou te sou abitasyon familyal epi mwen komanse pale an kreyôl avèk abitan yo.

Tout moun sezi paske nou te konprann youn lôt san pwoblèm. Fanmi madanm mwen yo pat janm tande kreyôl ayisyen.

Madanm mwen aprann pale kreyôl ayisyen avèk granmè m e nou konnen tout diferans ant de lang sayo ki pa anpil.

Lè ma gen tan na pale de kilti moun sayo ki gen menm kwayans, menm sipèstisyon ke ayisyen.

Lè m lan peyi saa se komsi mwen lakay mwen, men pi dekontrakte.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Réflexion sur Haïti Empty Re: Réflexion sur Haïti

Message  Invité Dim 9 Sep 2012 - 0:27

Se domaj nou menm ayisyen nou pajanm panse fè yon Sommet ak tout moun ki pale kreyol nan Karayib la an Ayiti. Etan done ke nou an kelke sorte an majorite, se domaj mwen kwè nou ta gen anpil poun apran nan men yo, tankou yo menm yo ta apran anpil sou nou.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Réflexion sur Haïti Empty Re: Réflexion sur Haïti

Message  Joel Dim 9 Sep 2012 - 8:09

T-NEG a écrit:Se domaj nou menm ayisyen nou pajanm panse fè yon Sommet ak tout moun ki pale kreyol nan Karayib la an Ayiti. Etan done ke nou an kelke sorte an majorite, se domaj mwen kwè nou ta gen anpil poun apran nan men yo, tankou yo menm yo ta apran anpil sou nou.
[b]

Mwen kontan w T-NEG ,kòm natif-natal KANADYEN ki ta ka pa gen atach emosyonèl ke mwen ak SASAYE ki fèt ann AYITI gen ak lang KREYÒL lan.
Se AYISYEN an AYITI yo ki ap bay lang KREYÒL lan BARYÈ.
Konsèy lang KREYÒL lan gen ENTELEKTYÈL lòt zile yo ki pwopoze sa deja.Mwen te wè yon pwopozisyon konsa ke yon gwoup ENTELEKTYÈL lan MATINIK ak GWADLOUP te fè sou sa.Men ou pa tande NÈG ann AYITI yo di KRIK ,KRAK sou bagay sa a.
Si gen yon bagay konsa ,kilès ou kwè ki ap domine l ;si se pa AYITI?
Se konsa mwen te wè yon MATINIKÈ ki te al vizite KIBA ;misye ekri yon atik sou sa l te wè.Misye di li sezi ,lè l rive KIBA pou l wè tout moun sa yo pale KREYÒL.Misye di se KREYÒL AYISYEN KIBEN sa yo pale e misye di yo t ap mande l materyèl didaktik.
Natirèlman se AYISYEN pou yo ta mande materyèl konsa;byen ke yo anseye KREYÒL LAN ANPIL DEPAPTMAN lan KIBA ,tankou ORIENTE (kote CASTRO sòti an) ,GUANTANAMO,MATANZAS.
Pi gwo lènmi KREYÒL yo se AYISYEN ann AYITI yo;lòt peyi lan KARAYIB lan ap fè lang lan avanse san nou.

Epi T-NEG ,pa bliye ke SENTLISI se te yon KOLONI ANGLE wi;se remakab jan yo deside kenbe KREYÒL lan jan yo ap fè l,lan.
TRINIDADYEN yo ak moun GRENAD yo pa fè l menm jan ;byen ke lang KREYÒL lan siviv lan kanpay peyi sa yo!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Réflexion sur Haïti Empty Re: Réflexion sur Haïti

Message  Sasaye Dim 9 Sep 2012 - 12:25


Se pou nou sonje ke kreyôl se yon lang ki pale jis ann Afrik.
Se Ayiti ki dwe pran lidèchip , paske se kreyôl ayisyen an ki a la tèt nenpôt mouvman sou lang saa.
Malgre tout baryè sosyoekonomik ki bare l, se lang pa nou an ki pi devlope pou rezon istorik e demografik.
Pa gen lontan de sa, te genyen yon somè sou lang kreyôl, lan Il Moris. Peyi kreyolofôn karibeyen yo te patisipe anplis Sechèl ak La reyinyon.
Prezans Ayiti an oubyen li pa t la oubyen yo pa t patisipe anpil. Antouka se yo ki te dwe devan bann lan ap pote labanyè.
Men tout moun rekonèt enpôtans kreyôl ayisyen an eksepte ayisyen.

Mwen te deja rapôte sitiyasyon lan kreyôl lan Il Moris (Morisyus):
Popilasyon peyi saa ki yon gwo peyi ase devlope divize ant 4 gwoup etnik.
Desandan franse ki pale franse.
Desandan endyen ki pale angle.
Desandan chinwa ak afriken ki plis pale franse ak lôt dyalek.

Sepandan kôm yon gwo fenomèn, tout moun sayo pale kreyôl e se kreyol ki sèvi kôm lang tout moun konprann keseswa lan salon, lan komès e menm lan palman.

Mwen deja wè yon sesyon lan palman kote moun tout etni sayo se an kreyôl yo fè entèvansyon.
Epi ayisyen kapab konprann kisa yo ap diskite avèk diferans rejyonal, men ki ta kapab estandadize avèk somè epi konvansyon kreyôl.

Pou mwen, se pi bèl ilistrasyon kijan kreyôl lan enpôtan, apre sa nou ka wè l lan Masachousèt ak lan Florid.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Réflexion sur Haïti Empty Re: Réflexion sur Haïti

Message  Invité Dim 9 Sep 2012 - 13:10

Mwen te di karayib paske fok nou gen yon debi epi li te ka plis fasil paske diferans nou mwens men poukwa pa yon elajisman yon jou

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Réflexion sur Haïti Empty Re: Réflexion sur Haïti

Message  Joel Dim 9 Sep 2012 - 18:34

Se paske se tankou yon malediksyon lakay nou.Tout bagay ki lan enterè peyi an ;gen yon gwoup nèg ki kanpe tennfas pou bare yo.
MICHEL DEGRAFF lan youn lan papye l yo bay yon eksplikasyon .Misye rele lang FRANSE an ""lang achte""(misye ize ekspresyon kreyòl lan e li eksplike sa l vle di);nèg yo depanse tan ak lajan yo pou yo aprann franse e si KREYÒL lan vin gen valè ;valè FRANSE an ap diminye.
Selebrasyon lang KREYÒL lan fèt ak plis EKLA ,lan KANADA e menm lan KIBA ke ann AYITI!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Réflexion sur Haïti Empty Re: Réflexion sur Haïti

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum