Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Bon plan achat en duo : 2ème robot cuiseur Moulinex Companion ...
600 €
Voir le deal

Ki fom tèt yon kidnapè ann Ayiti?

Aller en bas

Ki fom tèt yon kidnapè ann Ayiti? Empty Ki fom tèt yon kidnapè ann Ayiti?

Message  jafrikayiti Lun 29 Oct 2012 - 23:06

Marvel Dandin ekri anpil franse sou http://radiokiskeya.com/spip.php?article9243 pou li esplike ki jan, zafè Clifford Brandt la lage plis latwoublay nan lespri moun olye li pote limyè...

Mwenmenm mwen di:


Prejije ki fè yon ekip moun t ap plede lonji dwèt sou Site Solèy ak Bèlè pou koze "kidnapping" nan eklate nan figi nou mesyedam. Kidonk, pa gen okenn konfizyon la a. Alèkile nou bezwen "nuancer" tout bagay, paske nou santi nou wont!

Se pa premye fwa endis solid montre enplikasyon mafya tradisyonèl yo rele "boujwazi" a nan koze kidnapping sa a. Plizyè viktim te deja esplike moun ki kidnape yo, gen ladan yo ki pale angle epi ki blan.

Depi alepok pitit Coles ak Reyes te enplike nan ka arestasyon jenn Kanadyen ki rele Maxim Charbonneau an, te gen anpil detay ki te montre laprès te okouran gran blan yo te enplike nan kidnapping. Men, yo te vle itilize li pou avanse koz politik yo, espesyalman kanpay rasis ki te tanmen kont moun Site Solèy ak Bèlè ki te refize aksepte koudeta 2004 la 2 bra kwaze menm jan ak lach nan klas mwayèn nan.

Jenn ti kanadyen blan sa a te reyisi fofile soti nan prizon pandan vizit Premyeminis Stephen Harper. Daprè kominkasyon mwen fè ak misye, sanble se paske li te toujou sipote Lavalas ak Aristide, li te manje tout mwa sa yo nan prizon, tandiske ni leta Ayisyen, ni Leta Kanadyen te konnen li pa te gen anyen arevwa ak kidnapping ti fi Reyes la te monte ak menaj li Coles, pou yo te ka fè lajan pleziyis yo.

Alewè, What do kidnappers look like?: http://www.myspace.com/jafrikayiti/blog/241238598

Kidonk gen anpil leson pou nou aprann nan kesyon kidnapping sa a. Men pi gwo leson an, se pou pitit Lafrik denatire yo sispann aji menm jan ak Afranchi tan lontan yo, nan adopte yon seri prejije anti-yomenm, anti-Afriken ki fè Ayiti plis sanble ak defen sosyete Apartheid Afrikdisid la kote te gen yon seri solda Nwa ki te toujou ap fè eksèdzèl kont sila yo ki te kanpe kont sistèm oligachik rasis akayik la.

Aba tout kidnapè, ni kidnapè lokal, ni kidnapè entènasyonal!

Aba eksplwatasyon politik yo fè ak yon malsite sosyal!

Moun Site Solèy, Moun Bèlè gen dwa gen opsyon politik tou e yo gen dwa defann tèt yo lè zot voye militè ak paramilitè elimine yo - puiske TOUT SE MOUN!

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum