Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-21%
Le deal à ne pas rater :
LEGO® Icons 10329 Les Plantes Miniatures, Collection Botanique
39.59 € 49.99 €
Voir le deal

Chavez KOTE lajan Petro Caribe'w la passe Haiti?

5 participants

Aller en bas

Chavez KOTE lajan Petro Caribe'w la passe Haiti? Empty Chavez KOTE lajan Petro Caribe'w la passe Haiti?

Message  Doub-Sossis Mer 6 Mar 2013 - 19:08

Chavez KOTE lajan Petro Caribe'w la passe Haiti? Culture-of-corruption
Mwen sot alle sou sit ministere des Finances Haiti. Yo piblie yon tableau ki bay ki projets 744 Millions US Petro Caribe passe

71.5% nan 744 million US gentan debourse, se lajan contribuables "Tax payer" nou dwe ki gen pou remet Venezuela.


Kote rezilta yo, mwen ta renmen we kek photos 50 et plis projets sila yo, anpil ladan yo pa indique si te gen appel d'offres ni tou ki konpayi ki exekite projets sila yo. Eske lajan sayo pa passe nan Gagottes kom dabitid?

Dokiman map pale a se 4e dokiman nan liste la sou forme pdf. Eske pa gin kek Watchdog en Haiti ki ka fe enquete sou projet sila yo pou konen si yo te bien gere et ke yo delivre machandise pou vale lajan ki depense.

Se la nou pwal konen poukisa Haiti pami les pays yo konsidere les plis korronpi sou planete la. Jounalis d'enquete est-ce que gen sa Haiti?

http://www.mefhaiti.gouv.ht/


"MINISTERE DE L'ECONOMIE ET DES FINANCES
DIRECTION GENERALE DU BUDGET
ETAT DES DECAISSEMENTS POUR LES PROJETS FINANCES PAR LE FONDS PETROCARIBE
(PERIODE DU 1er FEVRIER 2010 AU 31 DECEMBRE 2012)
(en dollars américains)"
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

Chavez KOTE lajan Petro Caribe'w la passe Haiti? Empty Re: Chavez KOTE lajan Petro Caribe'w la passe Haiti?

Message  Doub-Sossis Jeu 7 Mar 2013 - 18:05

Dapre atik Rico poste l'Etat Haitien deja dwe Venezuela $1.3 Milliards US nan programme PetroCaribe.

Position pam seke lajan sila yo te dwe investi nan augmentation capacite productive peyi a pou augmente performance economie a poul kap repeye tet li. Sinon, se yon transfert generationel de cout consommation adultes jodia sou jeness nan prochain 3 decades yo jiska 2040.

Gen plizie investissement ki fet nan infrastrikti tankou route ak courant ki ka contribbiye nan sens sa-a si yo accompaye ak yon serie de politiques ki vize prodiktivite. Men se pa evidan gouvelman aktiel la konpran sa, ni implemente politik sila yo en accompagnement.

A partir de 2em sementre 2013 dapre kalkil mwen fe chak 6 mois gouvelman fet pou remet Venezuela yon minimum 30 Millions US chak 6 mois, si Programme nan ap kontinue montant an ap augmente proportionellement.

Kote L'etat pwal jwenn lajan sila si ekonomi an pa gen croissance significative, pas gen augmentation recettes fiscales ak yon bidget ki deja deficitaire?



Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

Chavez KOTE lajan Petro Caribe'w la passe Haiti? Empty Re: Chavez KOTE lajan Petro Caribe'w la passe Haiti?

Message  Doub-Sossis Sam 9 Mar 2013 - 7:15

Comme dabitid Haitiens plis interesse nan voye jilbret politik bagay ki passe depi 27 ans tandis ke avenir yo ak avenir pitit yo en jeu nan koze plis pragmatik.

http://www.lenouvelliste.com/article4.php?newsid=114266#.UTnTlZaL4Ch.facebook
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

Chavez KOTE lajan Petro Caribe'w la passe Haiti? Empty Re: Chavez KOTE lajan Petro Caribe'w la passe Haiti?

Message  Doub-Sossis Sam 9 Mar 2013 - 7:52

Le Venezuela ne fera plus de cadeau, selon le sénateur François Anick Joseph
Vendredi, 08 Mars 2013 19:15
Les responsables haïtiens doivent s’attendre à ce que le Venezuela d’après Chavez redéfinit sa coopération avec l’étranger, dont avec Haïti, dans la mesure où ce pays a connu un déficit budgétaire de l’ordre de 35% lors du dernier exercice fiscale, déclare le sénateur François Anick Joseph.

L’élu de l’Artibonite qui critique la mauvaise gestion du fonds Petro-caribe prédit que le prochain gouvernement vénézuélien exigera plus de discipline.

François Anick Joseph regrette que les autorités haïtiennes n’aient pas mis en œuvre de projets de grandes envergures grâce à l’aide du Venezuela qui dépasse, selon lui, celle de n’importe quel pays.

La ministre de l’économie et des finances, Marie Carmelle Jean-Marie n’est pas inquiète par rapport à un éventuel changement de politique du Venezuela en Haïti. Elle rappelle que le fonds Petro-caribe qui est au centre de la coopération entre les deux pays est une dette, qui se situe actuellement autour de 900 millions de dollars.

Le député Patrick Joseph croit que le pouvoir en place a pris une bonne initiative lorsqu’il décrète trois jours de deuil en signe de solidarité au peuple vénézuélien à l’occasion de la disparition son leader.

Patrick Joseph invite toutefois les autorités haïtiennes à faire preuve de prudence dans leurs prises de position, question d’éviter des susceptibilités de la part d’autres pays amis.
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

Chavez KOTE lajan Petro Caribe'w la passe Haiti? Empty Re: Chavez KOTE lajan Petro Caribe'w la passe Haiti?

Message  Joel Sam 9 Mar 2013 - 10:04

Doub-Sossis a écrit:

Le député Patrick Joseph croit que le pouvoir en place a pris une bonne initiative lorsqu’il décrète trois jours de deuil en signe de solidarité au peuple vénézuélien à l’occasion de la disparition son leader.

Patrick Joseph invite toutefois les autorités haïtiennes à faire preuve de prudence dans leurs prises de position, question d’éviter des susceptibilités de la part d’autres pays amis.[/size]


Mwen pa konprann ;de ki siseptibilite kilès y ap pale la a?
Annou fè yon ti diskite ;se bagay peyi ZANMI sa yo ki paralize NÈG?
Bagay JEYOPOLITIK sa a pèdi fòs li.Se pou NÈG manyè gade ENTERÈ EKONOMIK peyi an tou.
LA CHINE gen omwens 2 milya DOLA envesti lan REPIBLIK DOMINIKÈN sitou lan SEKTÈ TOURISTIK lan ;ann AYITI menm NÈG ap tranble ,yo paka envite LA CHINE ki gen lajan pou envesti .
Mesye ,annou sensè si se pa t pou ARISTIDE pa gen okenn lan gouvènman yo ki t ap etabli RELASYON DIPLOMATIK ak KIBA.
Se pa ta MANIGAT si l te prezidan ;achi-konsèvatè ki toujou lan JEYOPOLITIK e se pa ta PREVAL ki toujou lan PRIDANS.

Ase lan JEYOPOLITIK ;ki peyi lan AMERIK lan ki toujou lan RANS sa a toujou?

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Chavez KOTE lajan Petro Caribe'w la passe Haiti? Empty Re: Chavez KOTE lajan Petro Caribe'w la passe Haiti?

Message  Doub-Sossis Sam 9 Mar 2013 - 11:19

Joel,

wou toujou ap pran des positions emotionels base sou ideoloji.

Wou gendwa gen konviktion paw, men "Les Etats n'ont pas d'amis , ils n'ont que des interets"

Nan bagay sa-a Haiti gen poul fe tres attention. Bagay Martelly ak Lamothe mete chemiz rouge kom partisan parti Chavez
la se pa yon kompotman pridan 2 chefs d'Etat.

Venezuela se yon allie Haiti kelke swa gouvelman ki ta vin an place justement pour raisons geopolitique nan zone nan.

Alos pran yon souf pou soufle avant wou pran pozition trop ideologik.

Gen yon ekonomis ki sot di la si Petrocaribe coupe, ekonomie Haitienne nan ap asphyxie.

Kenbe la
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

Chavez KOTE lajan Petro Caribe'w la passe Haiti? Empty Re: Chavez KOTE lajan Petro Caribe'w la passe Haiti?

Message  Joel Sam 9 Mar 2013 - 18:57

DOUB;
Se ou ki pou sispann pran pozisyon emosyonèl.Se diskite n ap diskite.Pa gen moun ki gen tout verite an.
Pafwa gen de NÈG si yo kritike yo ;mwen ap pale de politisyen ,ou di se pou yo pa kritike yo.De moun tankou MANIGAT yo pa egzanp.
NON:
Mwen di se pou nou sispann ak BAGAY JEYOPOLITIK sa a.
Tankou mwen di gade kijan REPIBLIK DOMINIKÈN ap jere RELASYON l ak LA CHINE pa egzanp.
Relasyon l ak BREZIL tou.BREZIL AK BATI FAKTORI ,tout kalite IZIN ELEKTRIK lan RD.Se pa ti kras lajan BREZIL genyen envesti lan RD.

Noumenm menm tikrik ti krak se yon JEYOPOLITIK ;nou bay menm de peyi tankou LA FRANS ki PWA PLIM jounen jodi an JWEN pou li enfliyanse politik lakay nou.
Zafè ke MATELI ak LAMOTHE te mete KOSTIM WOUJ sou yo an ;mwen pa wè sa gen anpil ENPÒTANS .Ki lès ki pran MATELI ak LAMOTHE o serye?
Ou konnen ti zile ki rele DOMINIK lan ;ti zile ke LANGLETÈ responsab DEFANS EKSTERYÈ li an ;ke li se MANM ALBA?
ALÒS?

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Chavez KOTE lajan Petro Caribe'w la passe Haiti? Empty Re: Chavez KOTE lajan Petro Caribe'w la passe Haiti?

Message  jafrikayiti Sam 9 Mar 2013 - 22:23

Gagotaj lajan Petro Caribe la se pi gwo krim ni Préval, ni Martelly ap fè kont pèp Ayisyen an.

Se tankou yon chomè alkowolik ki pa ka jwenn lajan prete ni nan labank, ni nan pran ponya nan men boujwa bodmè ki reyesi konvenk yon bon fanmi pou bali mwayen peye ennan fèm kay ak yon lajan prete kash - zewo enterè - pandan l ap fè efo mete lod nan lavi li epi rebati kredi li.

Vwalatilpa, semenn, mwa ap pase, se plis l ap remake non sèlman li po ko janm jwenn osnon kreye travay pwodiktif pou li okipe tèt li, dèt li te deja genyen ak bodmè a ak labank yo ap akimile, 4, 5 mwa gen tan pase nan bwè tafya, ale danse 2 bal Sweet Miki epi pran chans nan tiraj bolèt ki pa bay rezilta.

Ekzanp: Apre siklon 2008 yo, Venezuela ede nou bati yon bèl mache nan Kwabosal....Mwen te gen chans ale filme epi chita pale ak machann ki t ap enstale depi epok inogirasyon an...2 ane apre, mwen pase Kwabosal, se tankou se te lave men siye atè. Kwabosal retounen lèd, santi tankou pak bèt.

Ekzanp enkapasite responsab Leta Ayisyen pou li jere piyay sa a li jwenn nan men yon bon zanmi, se youn nan pi gwo dega k ap fèt aktyèlman nan lespri pèp la, nan kapasite pou nou remobilize lespwa ak kreyativite.

Se pa chemiz wouj pou Miki ak Lamothe mete sou yo, se yon modèl jesyon efikas elektrifikasyon vil ak vilaj yo pou yo aplike. Se pwodiksyon nansyonal la pou yo ogmante konsiderableman ak lajan Petro Caribe la....si non, apre 5 ane, tout sa n ap genyen kom rezilta se kèk "wine & cheese", kèk "photo op" epi van. E se pa ti kontan zangi yo pap kontan griyen dan sou sa.

Se pa jewopolitik mesye yo ap jere jiskaprezan, se grimas tafyatè y ap fè. Li lè pou yo sispann jwe bolèt ak lavni yon nasyon epi koumanse bati kanal irigasyon nan tout Latibonit.
Jaf

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Chavez KOTE lajan Petro Caribe'w la passe Haiti? Empty Re: Chavez KOTE lajan Petro Caribe'w la passe Haiti?

Message  ainsi ne soit-il Sam 9 Mar 2013 - 22:49

Gen on separasyon lajan k'ap fet an Ayiti. Se anpil dezod m'ap tande Arnel Belizaire k'ap jwe watchdog ki pwal kraze pot pou al mande yon fanm chef projet kont-randi. Sa red net.

Mwen pa kwe ke Ayiti kapab demake de jeopolitik la paske peyi a pa gen yon machine administrative striktire. Nou t'ap plenyen pou trop ONG men mwen remake ke se menm jan a ke neg yo ap fonksyone sof ke proje pa yo ps kanpe sou anyen. E pi ak ki kouraj, ak ki fos ti neg sa a ka pa koute direktiv yo bay'l.

Pa minimize ke LaChine ak Etazini lan gwo goumen ke nou p'ap li tout jounen. Menm si LaChine ta ofri pou l'bay rout gratis, mazet yo pa t'ap aksepte. Sa te rive deja ke nou te refize ed ki t'al jwenn Dominiken yo.

Koze gwo zanmi sa a se labouyi pou chat. Defen Chavez te di'l: Ayiti sitiye lan pot lanfer. Ki lot peyi nou tande dirijan ap fe politik jis pou fe politik lan Amerik la. M'ap tande yo lan stasyon radyo on dire yon band neg ki al chita devan yon boutey tafia tankou yo konn fe an prive. Yon band politisyen amateurs k'ap voye monte ak animateurs jeran estrad.

Yo pa jwenn lajan blan a ankor, recette lEta yo anba baton.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Chavez KOTE lajan Petro Caribe'w la passe Haiti? Empty Re: Chavez KOTE lajan Petro Caribe'w la passe Haiti?

Message  jafrikayiti Dim 10 Mar 2013 - 8:09

"Menm si LaChine ta ofri pou l'bay rout gratis, mazet yo pa t'ap aksepte"... ou gen rezon....malgre se pa t ap janm "gratis" vre. Epi, sa enbesil yo pa konsidere a, nan menm moman blan Meriken, Ewopeyen, Kanadyen ap pran poz kritike Lachin, se gwo komès yomenm y ap fè ak jeyan an.

N ap pale koze lang....si gen yon twazyèm lang (apre Kreyol ak Angle) Ayisyen ta dwe koumanse aprann ki t ap itil nou kichoy se Mandaren. Sa se ta va lè nou "open for business" vre. Annatandan, blan yo ap asire Miki yo ak yon Ayiti ki fenk kare "closed for Kanaval".

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Chavez KOTE lajan Petro Caribe'w la passe Haiti? Empty Re: Chavez KOTE lajan Petro Caribe'w la passe Haiti?

Message  Joel Dim 10 Mar 2013 - 8:52

jafrikayiti a écrit:"Menm si LaChine ta ofri pou l'bay rout gratis, mazet yo pa t'ap aksepte"... ou gen rezon....malgre se pa t ap janm "gratis" vre. Epi, sa enbesil yo pa konsidere a, nan menm moman blan Meriken, Ewopeyen, Kanadyen ap pran poz kritike Lachin, se gwo komès yomenm y ap fè ak jeyan an.

N ap pale koze lang....si gen yon twazyèm lang (apre Kreyol ak Angle) Ayisyen ta dwe koumanse aprann ki t ap itil nou kichoy se Mandaren. Sa se ta va lè nou "open for business" vre. Annatandan, blan yo ap asire Miki yo ak yon Ayiti ki fenk kare "closed for Kanaval".


Wi JAF;
Si w ale sou sit JOUNAL DOMINIKEN yo se bagay y ap diskite tout tan.
Noumenm menm se yon zafè de JEYOPOLITIK.Si nou etabli relasyon kòmèsyal ak LA CHINE ;kisa gran patwon an ap di?
LA CHINE ap bati KONPLÈKS TOURISTIK an DOMINIKANI ;yo fèt depanse 1,5 milya pou yo bati youn lan BAHAMAS e pou DWA sa a ,yo bati yon ESTADYÒM fèt e founi pou tout ESPÒ fè BAHAMAS KADO.

Wi se pa pou gratis LA CHINE ap fè bagay sa yo.Yo chita sou 2000 MILYA ECHANJ ke yo paka depanse lan EKONOMI yo an TOUDENKOU ,paske sa ap pwodwi ENFLASYON.
Si w genyen plis ke 2000 MILYA pou w depanse ;yon 2 zou 3 MILYA se pa lajan ;sitou si se envèstisman.

Lòt mesye yo ;sila yo ke nou toujou ap pè reyaksyon yo an ;yo jis pa gen lajan pou yo depanse ;se yon FÈ.

JAF;
Palan de MANDAREN an ;lan KOT WÈS ETAZINI se pa youn a 2 lekòl ki ap itilize MANDAREN tankou lang IMÈSYON.Se OZETAZINI wi.

sE BAGAY sa a ki fè m ap pèdi PASYANS ak NÈG ki sou pouvwa yo ann AYITI ;nou bezwen lòt MOUN ki panse lòt jan

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Chavez KOTE lajan Petro Caribe'w la passe Haiti? Empty Re: Chavez KOTE lajan Petro Caribe'w la passe Haiti?

Message  Joel Dim 10 Mar 2013 - 10:09

DOUB;
Ou di ke m ap pale de IDEYOLOJI?
Sa m ap di an pa gen anyen pou l wè ak IDEYOLOJI.Se jis PRAGMATISM.Tankou DENG XIAOU PING te di l ;ou pa bezwen konnen ki koulè CHAT lan ye ;eske li kapab kenbe RAT?
Ki ideyoloji gouvènman DOMINIKEN an genyen ;tankou m te di l yo akòde yon gran enpòtans ak envèstiman CHINWA yo ki sitou lan DOMÈN TOURISTIK .
Lè CHINWA yo envèsti lan yon KONPLÈKS TOURISTIK ;yo garanti ke TOURIS ap vini paske ak KLAS MWAYÈN yo an ki ap ogmante yo bezwen kote pou yo ale.
Kote yo bati otèl yo ;yo bati wout tou ;yo konn bati yon VILAJ ANTYE pou sipòte tourism.
DOMINIKEN yo pa p dòmi yomenm:

http://www.dominicantoday.com/dr/local/2013/2/19/46753/Seminar-to-focus-on-expanding-trade-and-business-with-China

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Chavez KOTE lajan Petro Caribe'w la passe Haiti? Empty Re: Chavez KOTE lajan Petro Caribe'w la passe Haiti?

Message  Joel Dim 10 Mar 2013 - 12:45

JAF;

Ou t ap pale de MANDAREN ,lang CHINWA a.
NÈG ap pale de JEYOPOLITIK ;ki sa PATWON an ap panse si yo etabli relasyon kòmèsyal ak LA CHINE.
ENBESIL yo ap ranse ;tandis ke ETAZINI ap gade lan MAKOUT li ,lè y ap gade ak bouch yo ki ap kouri dlo ,babako lajan CHINWA yo gen pou yo depanse:

http://www.nytimes.com/2010/01/21/education/21chinese.html

W ap gade lan ATIK lan ke CHINWA yo ap voye pwofesè pou anseye ti AMERIKEN lang CHINWA a.

Noumenm menm pouki sa nou pa mande KARIKÒM volontè pou aprann timoun nou yo ANGLE;kòmanse lan klas matènèl?

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Chavez KOTE lajan Petro Caribe'w la passe Haiti? Empty Re: Chavez KOTE lajan Petro Caribe'w la passe Haiti?

Message  Doub-Sossis Dim 10 Mar 2013 - 13:29

Joel.

bagay la pa simple jan wou konpran na tande, geopolitic la important ladan. Wou ka konpran wou rantre se jis pou bizniss
epi wou trouve wou pris tankou yon otage nan jwett grand nation yo ki itilizew tankou yon "proxy" pou yo fe guerre commerciale yo.

Bagay yo pa sans danger jan wou kwel la, de plus Politique etrangere Haitienne depli dik dantan toujou fonde sou princip "liberte autodetermination des peuples et des opprimes" contre imperialisme. Se nan sans sila ke support pou Taiwan fe sans. Si Haiti ta lague Taiwan pou jis interet ekonomik li tap marque yon tournant nan 2 siek politique etrangeres.

D'autre part, gade bien balance commerciale Caraibes ak la Chine yo pa exporte ayen en Chine 0.001%, ki fe a long terme ou choute tet wou lan pied en affaiblissant economie partenaires ki achete nan menw yo. Americains ank Europeens pa imbecil tou, si yo we wap bay Chinois avantaj sou yo yo gen tout zouti nan men yo pou redui kantite bagay yo te kon achete nan menw...Alos bagay yo pa simp janw vle fe kwe.

Check this:

1. Objective

The objective is to establish and analyze the nature, extent and pattern of China’s economic presence in the Caribbean.

China has been expanding its economic relations with developing countries, including those in Caribbean.

Economic interaction with China cannot be fully understood without factoring in the geopolitics.

Diplomatic recognition of Taiwan:
Belize
Dominica
Dominican Republic
Haiti
St. Kitts & Nevis
St. Vincent & the Grenadines

Diplomatic recognition of China

Antigua & Barbuda
Bahamas
Barbados
Dominica
Guyana
Jamaica
St. Lucia
Suriname
Trinidad & Tobago



THE GROWING ECONOMIC PRESENCE OF CHINA IN THE CARIBBEAN
Paper presented at the IMF/UWI Conference on “The Caribbean Challenges after the Global Crisis” Barbados, 27-28 January, 2011.
By RICHARD L. BERNAL

http://www.imf.org/external/np/seminars/eng/2010/carib/pdf/bernal2.pdf
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

Chavez KOTE lajan Petro Caribe'w la passe Haiti? Empty Re: Chavez KOTE lajan Petro Caribe'w la passe Haiti?

Message  Joel Dim 10 Mar 2013 - 15:29

Mwen pa konprann de ki sa w ap pale.
Ki bagay ki pa osi senp lan? .
Kounye an TAIWAN oprime?
Ou konn ki lès ki te fonde CHINE TAIWAN lan?
Se te CHANG KAI TSCHEK.
Ale wè ki jan li te fòme l apre defèt TWOUP li yo lan CHINE KONTINANTAL an 1949.
Lan lis ou mete an ou pa wè DOMINIKANI se youn ladan yo ;pouki sa DOMINIKEN yo se youn lan peyi ki pi CHO devan bann k ap chache LAJAN CHINWA yo.
Sa vle di ke bagay yo pa kontradiktwa.
Anpi tou RELASYON KÒMÈSYAL ant TAIWAN ak CHINE KONTINANTAL tèlman ETWAT sèjousi ke la CHINE ap absòbe TAIWAN menm jan ak HONG KONG ak MACAO ,san l pa fè la gè.
Kounye an CHINWA yo ale vini TAIWAN,BIZNISMANN CHINWA ak TAYIWANÈ gen GWO KAPITAL ENVESTI youn lan peyi lòt.
Nou pi WAYALIS ke le wa?

Gen de NÈG ki bezwen toujou tande pale de JEYOPOLITIK paske san sa yo FOUTI.Yo t ap blije fè POLITIK yon lòt jan.
Antouka menm si ta gen zafè JEYOPOLITIK sa a ;li pa gen ENPÒTANS ke l te genyen anvan

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Chavez KOTE lajan Petro Caribe'w la passe Haiti? Empty Re: Chavez KOTE lajan Petro Caribe'w la passe Haiti?

Message  Doub-Sossis Lun 11 Mar 2013 - 21:01

Joel a écrit:Mwen pa konprann de ki sa w ap pale.
Ki bagay ki pa osi senp lan? .
Kounye an TAIWAN oprime?
Ou konn ki lès ki te fonde CHINE TAIWAN lan?
Se te CHANG KAI TSCHEK.
Ale wè ki jan li te fòme l apre defèt TWOUP li yo lan CHINE KONTINANTAL an 1949.
Lan lis ou mete an ou pa wè DOMINIKANI se youn ladan yo ;pouki sa DOMINIKEN yo se youn lan peyi ki pi CHO devan bann k ap chache LAJAN CHINWA yo.
Sa vle di ke bagay yo pa kontradiktwa.
Anpi tou RELASYON KÒMÈSYAL ant TAIWAN ak CHINE KONTINANTAL tèlman ETWAT sèjousi ke la CHINE ap absòbe TAIWAN menm jan ak HONG KONG ak MACAO ,san l pa fè la gè.
Kounye an CHINWA yo ale vini TAIWAN,BIZNISMANN CHINWA ak TAYIWANÈ gen GWO KAPITAL ENVESTI youn lan peyi lòt.
Nou pi WAYALIS ke le wa?

Gen de NÈG ki bezwen toujou tande pale de JEYOPOLITIK paske san sa yo FOUTI.Yo t ap blije fè POLITIK yon lòt jan.
Antouka menm si ta gen zafè JEYOPOLITIK sa a ;li pa gen ENPÒTANS ke l te genyen anvan
\

JOWEL WOU DI ZAFE "CHEMIZ ROUJ" LA PA IMPORTANT MEN REPORTAJ KI FE KONPRAN SE YON INSULTE A LOT VENEZUELIEN KI PA "CHAVISTE YO" SAN PRAN KONPTE ASPECT GEOPOLITIK LA


http://www.mixcloud.com/radiokiskeya/dim-ma-diw-08-03-13/
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

Chavez KOTE lajan Petro Caribe'w la passe Haiti? Empty Re: Chavez KOTE lajan Petro Caribe'w la passe Haiti?

Message  Joel Mar 12 Mar 2013 - 6:44

DOUB;

Mwen kwè ke w reyalize ke se OPINYON moun lan RADYO KISKEYA yo ;menm jan mwen gen opinyon pa m e ou ta ka gen opinyon pa w?

Sou ZAFÈ JEYOPOLITIK lan ;se t ap diferan si DIRIJAN yon gouvènman LAVALAS ta mete CHEMIZ ROUJ pou lantèman CHAVEZ.
Se tankou lan fame epizòd lè DIVALYE te al JAKMÈL pou l di ke si AMERIKEN yo ap mete presyon sou li ;l ap chache lòt opsyon.
Gen moun ki rele l ""KRI DE JAKMEL""
Ameriken yo te byen konnen ke DIVALYE sou BLÒF.
Si KENNEDY pa t mouri e sitou si BOSH pa t vin prezidan an DOMINIKANI ;AMERIKEN yo te ka fè DIVALYE menm bagay yo te fè TRUJILLO an.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Chavez KOTE lajan Petro Caribe'w la passe Haiti? Empty Re: Chavez KOTE lajan Petro Caribe'w la passe Haiti?

Message  Marc H Mar 12 Mar 2013 - 12:08

Ameriken yo te byen konnen ke DIVALYE sou BLÒF

Oui Joel , Duvalier te sou blof. Mouche se te yun mantè .Bi li se te Fè moun kwè ke li se lougarou , li sesi sela . Il tuait pour faire peur à la population. Bref, Duvalier n'était qu'un vulgaire dictateur, lâche ,sanguinaire , paresseux et neg sot
Marc H
Marc H
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 10031
Localisation : Quebec
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : soccer
Date d'inscription : 28/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur

Revenir en haut Aller en bas

Chavez KOTE lajan Petro Caribe'w la passe Haiti? Empty Re: Chavez KOTE lajan Petro Caribe'w la passe Haiti?

Message  Joel Mar 12 Mar 2013 - 14:05

Pou DIVALYE limenm ;mwen pa vle tande pale de sa menm.
FRANSWA ak JANKLOD detwi peyi an e DIVALYERIS yo kontinye ap detwi l menm apre yon DIVALYE pa t sou pouvwa a.
Apre 1986 ;si se pa t DIVALYERIS yo ki te sou pouvwa a ;yo pa kite peyi an fonksyone.

Yo gen yon mòd di ke 26 zan apre JANKLOD peyi an pa t janm ka demare.Se yomenm ankò ki anba chal e ouvètman deside ke si se pa yo ki ap manje manje an ,y ap gate l.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Chavez KOTE lajan Petro Caribe'w la passe Haiti? Empty Re: Chavez KOTE lajan Petro Caribe'w la passe Haiti?

Message  Doub-Sossis Sam 16 Mar 2013 - 17:34

La ministre des finances assure de la bonne gestion des fonds Pétrocaribe

La ministre de l'économie et des finances, Marie Carmelle Jean Marie, rejette les critiques relatives à une mauvaise gestion des fonds de Pétrocaribe. Elle assure que les fonds sont gérés dans la plus grande transparence et aident au développement du pays.

Déplorant les critiques du président de la commission sénatoriale des finances, Mme Jean Marie a rappelé que les fonds de Pétrocaribe sont votés par les parlementaires dans le budget. Outre le vote des programmes de Pétrocaribe par le Parlement, les projets sont également approuvés par le conseil d'administration du Bureau de Monétisation et le Conseil des Ministres.

Le grand argentier de la république signale également que le montant disponible est publié sur le site du ministère des finances. A ce jour plus de 314 millions de dollars sont disponibles sur le compte de Pétrocaribe.

En ce qui a trait aux critiques sur le financement de programme de certains programmes de consommation par le fonds, Mme Jean Marie a révèle que seulement 33 millions de dollars ont été alloués aux programme d'assistance sociale Aba Grangou et Ti Manman chéri.


La ministre des finances fait remarquer que Pétrocaribe est le mécanisme de financement le plus important du gouvernement haïtien. Haïti a bénéficié de plus d'un milliard et 300 millions de dollars grâce à ce programme. 75 % des montants décaissés ont été investis dans le secteur des infrastructures routières par les administrations Préval et Martelly.

Interrogé sur les conséquences du décès d'Hugo Chavez sur le programme Pétrocaribe, Mme Jean Marie s'est dit confiant dans la poursuite du programme par le prochain chef d'Etat vénézuélien. Toutefois elle considère que le président Chavez avait accordé l'aide avec " amour" au peuple haïtien.

LLM / radio Métropole Haïti

Puisque 2 programme sila yo se moun ki gen cellulaire ki jwenn yo , map mandem si se p ayon forme de subvention a DIGICEL. Koulia mwen tande bizniss roz sayo tellement interessant CEO Western Union rantre en Haiti poul vin diskite kijan western Union avek system tranfert liya kapap distribuye lajan programmes sila yo pou gouvennemen Haitien.

Kife Fonktione Haitien, system bank, system micro bank, ak transfe ki Haitiens yo pa vo aryen.


Sa se youn. De 2 koulia madan Jean Marie vle fe kwe se selman 33 milions ki reprezante depans konsomation nan lajan Petrocaribe a. Se pou li di ki kote yo te pran 192 millions fonds IJANS yo tap gagotte, ni PM nan ni presidan an fe 1 mwa yap voyage san pran souf wou pa kon sa yo tap regle, jika prezan Lamothe ap marron pou li pa paret nan senat pou bay dekiprevien ki passe ak lajan sila.

De 3, Fok nou fe differans kisa ki yon depans "konsommation" jan ekonomis defeni li pa rapport ak yon yon depans "investissement" jan wou ka konpran li pou yon bisniss...

Pa examp si wou konstwi yon rout menm si route la pa vreman rapporte yon dividende (dizon memn jan ak yon route a PEAGE), li konsidere yon depans d'ainvestissement. Li sippoze ke route la sipporte yon ekonomie ki rapporte letat yon lajan nan taxes pou permett li rekipere lajan li te mete a plis yon interet sou li.. Mwen pa certain pou kalite rout kap konstwi Haiti yo 2 jou ki kraze premisses sila yo kinbe. Sa se lo pa gen kout koription ki fet depi anle nan lajan, tankou sou kob rout ray Taiwan nan.

Anfin mwen invite tout moun al gade nan lisminis finans la la pou we, kiles nan investissman sila yo ki vreman STRUCTURANT yon facon yo pwal permett pou remett Venezuela lajan sila ak interet.



Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

Chavez KOTE lajan Petro Caribe'w la passe Haiti? Empty Re: Chavez KOTE lajan Petro Caribe'w la passe Haiti?

Message  Doub-Sossis Sam 16 Mar 2013 - 18:05

July 2000 Large potential benefits of infrastructure may elude identification and measurement by conventional cost-benefit analysis. Canning and Bennathan estimate social rates of return to paved roads and electricity-generating capacity, relative to the return on general capital, by examining the effect on aggregate output and comparing that effect with the costs of construction.Canning and Bennathan estimate social rates of return to electricity-generating capacity and paved roads, relative to the return on general capital, by examining the effect on aggregate output and comparing that effect with the costs of construction. They find that both types of infrastructure capital are highly complementary with other physical capital and human capital, but have rapidly diminishing returns if increased in isolation. The complementarities on the one hand, and diminishing returns on the other, point to the existence of an optimal mix of capital inputs, making it very easy for a country to have too much - or too little - infrastructure. For policy purposes, Canning and Bennathan compare the rate of return for investing in infrastructure with the estimated rate of return to capital.The strong complementarity between physical and human capital, and the lower prices of investment goods in industrial economies, means that the rate of return to capital as a whole is just as high in rich countries as in the poorest countries but is highest in the middle-income (per capita) countries. In most countries the rates of return to both electricity-generating capacity and paved roads are on a par with, or lower than, rates of return on other forms of capital. But in a few countries there is evidence of acute shortages of electricity-generating capacity and paved roads and, therefore, excess returns to infrastructure investment.Excess returns are evidence of suboptimal investment that, in the case of paved roads, appears to follow a period of sustained economic growth during which road-building stocks have lagged behind investments in other types of capital. This effect is accentuated by the fact that the relative costs of road construction are lower in middle-income countries than in poorer and richer countries.As a rule, a tendency to infrastructure shortages - signaled by higher social rates of return to paved roads or electricity-generating capacity than to other forms of capital - is symptomatic of certain income classes of developing countries: electricity capacity in the poorest, paved roads in the middle-income group. To the extent that such high rates of return are not detected by microeconomic cost-benefit analysis, they suggest macroeconomic externalities associated with infrastructure.This paper-a product of Public Economics, Development Research Group, and the Infrastructu re Group, Private Sector Development and Infrastructure-is part of a larger effort in the Bank to study the impact of public expenditures and the growth effects of physical infrastructure. The study was funded by the Bank's Research Support Budget under the research project "Infrastructure and Growth: A Multi-Country Panel Study" (RPO 680-89). The authors may be contacted at d.canning@qub.ac.uk or ebennathan@worldbank.org.

http://elibrary.worldbank.org/content/workingpaper/10.1596/1813-9450-2390
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

Chavez KOTE lajan Petro Caribe'w la passe Haiti? Empty Re: Chavez KOTE lajan Petro Caribe'w la passe Haiti?

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum