Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Funko POP! Jumbo One Piece Kaido Dragon Form : ...
Voir le deal

Ki sa ki anpeche yo fabrike SALAMI an ,ann AYITI?

3 participants

Aller en bas

Ki sa ki anpeche yo fabrike SALAMI an ,ann AYITI? Empty Ki sa ki anpeche yo fabrike SALAMI an ,ann AYITI?

Message  Joel Mar 30 Avr 2013 - 8:52

Mwen pa konprann;men se yon bagay pou nou reflechi sou sa.
Gouvènman DOMINIKEN an ap fè yon KANPAY pou fè AYISYEN konsome SALAMI yo fè an DOMINIKANI an.Anpil djòb ak ""foreign exchange"" depann de sa.N ap pale de dizèn de MILYON DOLA ,paske sanble AYISYEN yo renmen ti SALAMI yo.

Kesyon pou nou poze se kisa ki anpeche yo fabrike SALAMI an ,ann AYITI ,paske se yon bagay ki gen lajan ladan l.Eske gen konpleksite ki pa fasil pou konprann?
Djòb ke DOMINIKEN yo ap voye pye ,ke yo pa ta renmen pèdi ;eske yo pa ta ka devlope ,kite yo ann AYITI?

E si gouvènman DOMINIKEN an ,konsyan de retonbe ekonomik lan ZAFÈ SALAMI sa a ,e gouvènman AYISYEN an limenm?

http://www.dominicantoday.com/dr/economy/2013/4/29/47451/New-campaign-to-promote-Dominican-salami-in-Haiti

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ki sa ki anpeche yo fabrike SALAMI an ,ann AYITI? Empty Re: Ki sa ki anpeche yo fabrike SALAMI an ,ann AYITI?

Message  Sasaye Mar 30 Avr 2013 - 13:22


Kesyon pou nou poze se kisa ki anpeche yo fabrike SALAMI an ,ann AYITI ,paske se yon bagay ki gen lajan ladan l.Eske gen konpleksite ki pa fasil pou konprann?

Nou genyen yon lelit komèsyal sankoutya. Yo pa lan konpetitivite ni kreyativite.
Yo enterese lan fè biznis fasyl ak konplis lan gouvènman ki bayo preferans baze sou mounpa.
Oubyen yo fè soutretans pou konpayi etranje.
Se de twa eksepsyon ki genyen: Prestij, Babankou, .....

Yon kestyon konsa, se pa gouvènman ki pou regle sa. Nou pa ta kapab genyen yon antrepriz leta pou fè salami.

Ayisyen toujou renmen sosis ak bouden ak sosison. Se yon biznis ki te dwe la depi digdantan.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Ki sa ki anpeche yo fabrike SALAMI an ,ann AYITI? Empty Re: Ki sa ki anpeche yo fabrike SALAMI an ,ann AYITI?

Message  Joel Mar 30 Avr 2013 - 15:15

Mwen pa di se gouvènman an ki pou ta fè biznis lan non.Kesyon an si gouuvènman DOMINIKEN an trete bagay sa a tankou yon IJANS.Ou wè yo di ke PREZIDAN DOMINIKEN an ap pale BOUCH a ZÒPRÈY ak prezidan AYISYEN an sou bagay sa a.
Pou ki sa lan chache kreye ANPLWA jan mesye yo ap pale an ;gouvènman AYISYEN an pa ta pale ak BANK yo pou yo ta prete BIZNISMAN SERYE lajan pou antre lan BIZNIS lan?
Gen lòt jan pou bagay sa a ta ka fèt.Gen yon MACHE pou bagay sa a ;se pa petèt non ;alòs se pou mesye yo sispann voye monte e kreye djòb ke yo di yo vle kreye yo.
Se pou sa yo la !
ALÒS?

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ki sa ki anpeche yo fabrike SALAMI an ,ann AYITI? Empty Re: Ki sa ki anpeche yo fabrike SALAMI an ,ann AYITI?

Message  Sasaye Mar 30 Avr 2013 - 15:49


Jowèl, mwen konprann sa w wa p di an.
Men mwen twouve se biznisman yo ki pou antrepran demach pou yo ta eksplwate yon biznis ki plis ke pwofitab.
Se yo ki pou apwoche bank yo. Si se gouvènman an ki pale ak bank yo, yo ka chwazi zanmi yo pou louvri yon biznis salami ki ta gen ristoun pou ofisyèl, Mateli ou zôt.

Mwen leve lan kô biznisman ayisyen (ayisyanoArab) ki tikoulout, yo pa agrandi ni fè efô pou louvri sikisal ni lan Pôtoprens, ni lan Pwovens. Menm vye ti boutik yo la depi 50an.
Sèl sa yo mete lan peyi an se gwo kay kwoke sou môn lopital.
Yo pa lan modènize.

Al louvri yon faktori salami oubyen lôt pwoduy twô difisil pou yo.
Yo pito enpôte salami pou yo revann ak yon pri ekzôbitan apre yo grese pat dwanye pou yo fè bagay rantre san peye leta.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Ki sa ki anpeche yo fabrike SALAMI an ,ann AYITI? Empty Re: Ki sa ki anpeche yo fabrike SALAMI an ,ann AYITI?

Message  Joel Mar 30 Avr 2013 - 17:34

Se sa wi!

Menm ZE se enpòte mesye yo enpòte l.Se menm ZILE an .Kouman RD fè pwodwi ase ZE pou yo konsome ,jis tan pou yo gen di plis pou yo enpote ann AYITI?
BAGAY SA A GRAV.
Palan de SALAMI an ;sa k fè yo te entèwòp enpòtasyon an se paske yo te jwenn tras matyè fekal lan SALAMI yo.
Mache AYISYEN an vin tèlman enpòtan pou DOMINIKEN yo ke si yo ta fèmen fwontyè an sa ta kreye gwo pwoblèm ekonomik lan RD.

MARC BAZIN te gen rezon vre pou l di ke yon ELIT EKONOMIK ki pa preske gen ENFLIYANS lan EKONOMI PEYI an gen tout ENFLIYANS sa a jan peyi an ap dirije.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ki sa ki anpeche yo fabrike SALAMI an ,ann AYITI? Empty Re: Ki sa ki anpeche yo fabrike SALAMI an ,ann AYITI?

Message  Doub-Sossis Mar 30 Avr 2013 - 18:24

Joel a écrit:Mwen pa konprann;men se yon bagay pou nou reflechi sou sa.
Gouvènman DOMINIKEN an ap fè yon KANPAY pou fè AYISYEN konsome SALAMI yo fè an DOMINIKANI an.Anpil djòb ak ""foreign exchange"" depann de sa.N ap pale de dizèn de MILYON DOLA ,paske sanble AYISYEN yo renmen ti SALAMI yo.

Kesyon pou nou poze se kisa ki anpeche yo fabrike SALAMI an ,ann AYITI ,paske se yon bagay ki gen lajan ladan l.Eske gen konpleksite ki pa fasil pou konprann?
Djòb ke DOMINIKEN yo ap voye pye ,ke yo pa ta renmen pèdi ;eske yo pa ta ka devlope ,kite yo ann AYITI?

E si gouvènman DOMINIKEN an ,konsyan de retonbe ekonomik lan ZAFÈ SALAMI sa a ,e gouvènman AYISYEN an limenm?

http://www.dominicantoday.com/dr/economy/2013/4/29/47451/New-campaign-to-promote-Dominican-salami-in-Haiti


Jowel, sossis ak salami si apepre menm procede, se epices yo met ladan ak procede sechage la ki differan.

Te gen yo izinne leta ki te konn prodwi sossis haiti,sou janklod mwen kwe sa fe lontan yo demantle sa. Te gen indistri pate tomate Famosa, ak yon lot nan plaine des cayes kontreband sou frontiere la kraze bizniss sa yo ak konplicite leta ak kalte politik neo-liberalis Delatour yo. Si Leta pa protege pwop investiosse lakay li ak taxes ak controle frontiere la, pa gen nom kap pran chans investi nan yon prodiktion agro indistriel wou pwal mete yon kapital plizie millions pou amorti sou 10-20 ans ou pa kon ki le dominicains yo pwal fe dumping ak kontreband sou frontiere la kraze bizniss wou.


Pa gen aryen la haiti panka fe, se assure yon capacite prodiktion ke marche a ka absorbe, controle qualite, approvisionement, operations etc.

Nou gen konpetans yo, si beswen yo kap voye chache yo nan diaspora, ni menm st-domingue..yon sel bagay kestion electricite a ki koute che haiti ak blakawout ka fe cout prodiktion a monte tet neg


.


Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

Ki sa ki anpeche yo fabrike SALAMI an ,ann AYITI? Empty Re: Ki sa ki anpeche yo fabrike SALAMI an ,ann AYITI?

Message  Doub-Sossis Mar 30 Avr 2013 - 18:32

Tcheke protection tariff douaniers nan atik sila, pa blie agrikilti dominicain an assez subventione indirectement.

http://www.lenouvelliste.com/article4.php?newsid=116223#.UYBAr-7c6wo.facebook
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

Ki sa ki anpeche yo fabrike SALAMI an ,ann AYITI? Empty Re: Ki sa ki anpeche yo fabrike SALAMI an ,ann AYITI?

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum