Gade, tande... moun sa yo chofe wi.
3 participants
Page 1 sur 1
ainsi ne soit-il- Super Star
-
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010
Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène
Re: Gade, tande... moun sa yo chofe wi.
Se GWADLOUPEYEN mesyedam sa yo ye?
Antouka ,se pa ZOUK non yo jwe;se KONPA DIRÈK AYISYEN an?

Joel- Super Star
-
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote
Re: Gade, tande... moun sa yo chofe wi.
Swatil,
Mèsi pou klip saa.
Se bèl bagay.
Sa montre ke mizisyen serye kapab fè bèl prezantasyon Konpa.
Mesye yo gen aranjman vokal modèn ki depase voyemonte.
Rit lan otantik konpa, men avèk evolisyon ki depase konsèp Nemou an.
Jowèl, jis lan ane 60 yo mizik antiyè se te Biginn.
Men mizisyen ayisyen komanse kouri pou Divalye e anpil ladan yo ateri Matinik ak Gwadloup.
Nèg yo te popilè epi yo kreye yon raj konpa ki envayi zil franse yo, Ladominik ak Giyann franse.
Yo dechouke mizik tradisyonèl peyi sayo e se konsa tou Zouk vinn kreye lè yo komanse jwe Konpa lan manyè pa yo. Zouk se yon derive de Konpa. Se yon eritaj ke Nemou pa t imajinen.
Se yon bon bagay lè kilti ayisyen ap pran jarèt lan lôt kilti.
Sasaye- Super Star
-
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro
Re: Gade, tande... moun sa yo chofe wi.
Se AINSI ki te mete KLIP lan.
Sanble yo se LA RAJ ,sè jou si.Mwen t ap gade yon lòt KLIP kote yo te a PARI.Moun yo ap di se sa NÈT.
Kanta jan yo jwe an 'gen pwobabilite ke pa gen AMATÈ la a.Se kapab NÈG ki pase lan KONSÈVATWA.Se tankou MIZISYEN mizik POPILÈ KIBA yo ;pi FÒ ladan yo pase lan LEKÒL MIZIK ;menm sa ki ap jwe RAP yo.
Se tankou sa MARSALIS yo konn di ;pou w bon jazzman ,pou w enpwovize se pou w konn règ mizik lan se pou w etidye mizik KLASIK.
Se pou w wè ki MAL OBSKIRANTIS ann AYITI yo ki pa vle bay LANG KREYÒL lan jarèt ki TÒ y ap fè.
Menm jan ak KREYÒL lan ap vin OMOJÈN ann AYITI .Jiunen jodi an ou gen dwa tande NÈG OKAP ou byen NÈG OKAY ap pale ou pa ka di fasilman kote yo sòti.
Y ap pale tanKou LILYÀN PYÈ PÒL ou byen MAVÈL DANDIN.
Sa rive tout kote .Te gen anpil DIFERANS lan jan moun pale ANGLE OZETAZINI men a kòz de televizyon ,diferans yo ap diminye.
Antouka ,se yon lòt koze!
Sanble yo se LA RAJ ,sè jou si.Mwen t ap gade yon lòt KLIP kote yo te a PARI.Moun yo ap di se sa NÈT.
Kanta jan yo jwe an 'gen pwobabilite ke pa gen AMATÈ la a.Se kapab NÈG ki pase lan KONSÈVATWA.Se tankou MIZISYEN mizik POPILÈ KIBA yo ;pi FÒ ladan yo pase lan LEKÒL MIZIK ;menm sa ki ap jwe RAP yo.
Se tankou sa MARSALIS yo konn di ;pou w bon jazzman ,pou w enpwovize se pou w konn règ mizik lan se pou w etidye mizik KLASIK.
Se pou w wè ki MAL OBSKIRANTIS ann AYITI yo ki pa vle bay LANG KREYÒL lan jarèt ki TÒ y ap fè.
Menm jan ak KREYÒL lan ap vin OMOJÈN ann AYITI .Jiunen jodi an ou gen dwa tande NÈG OKAP ou byen NÈG OKAY ap pale ou pa ka di fasilman kote yo sòti.
Y ap pale tanKou LILYÀN PYÈ PÒL ou byen MAVÈL DANDIN.
Sa rive tout kote .Te gen anpil DIFERANS lan jan moun pale ANGLE OZETAZINI men a kòz de televizyon ,diferans yo ap diminye.
Antouka ,se yon lòt koze!
Joel- Super Star
-
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote
Re: Gade, tande... moun sa yo chofe wi.
Mesye, se avèk apresyasyon mwen sot li komantè nou you sou post sa a mwen te mete kèlk jou e ke mwen te komanse blye. Mwen kontan paske nou konprand ofon poukisa mwen mete'l.
Maestro, an efè se konpa y'ap jwe menm. Antiyè yo an jeneral gen anpil respè pou Magnum Band e nou ka santi enfliyans Magnum lan amoni yo a la fen. Oui, J..., lót clip la enteresan toudbon.
Gen yon osmoz ki fèt lan mizik la kote w jwenn yon soufl zouk lan mizik Ayisyen sèjousi itou. Plis ankor, Skah-Shah menm fè yon mizik zouk nèt. Tout Antiy yo se te konpa yo te konn tande menm sa ki vin gran star tankou Kassav, Gordon Anderson (Exile One), elatrèy. Sa ki bèl sè ke stil yo pa parese e ke yo pote yon soufl, yon aksan nouvo lan mizik la. Se sa ki fè mizik antiyè a rich konsa paske chak zile yo, yo te mèt ti zuit, yo se yon antite paske dlo antoure yo. Donk fo ke yo envantif, se yon kestyon de sivivans. (LOL)
Ala fanm yo bèl, mezanmi.
Mwen t'ap li ke se 2 gwoup KWAK ak Taxi Kreyols ki te met ansanm pou fè Kwakxicolor. Yo se Gwadloupeyen e moun Gwadloup te toujou renmen konpa. Moun Matinik, se parèy. Mwen te tou jèn lan Grand'Ans, vè 11 è di swa, mwen te konn kapte yon stasyon Matinikè (Radio Jumbo) ki te gen program mizik Ayisyèn otan sinon plis ke anpil radyo an Ayiti. Mwen te kwaze yon troupe Matinikè lan Jeux de la Francophonie, klavyeris okès la te di'm pale kreyol lè mwen te komanse pale franse ak li e pi lè m'tap pale de zouk, misye te repond mwen ke li prefere konpa.
Eh byen, J..., se pou sa m'ap di ke problèm la se pa yon kestyon de lang, se aksè pou moun genyen a edikasyon e ke pou gen yon televizyon d'Eta ki rejwenn tout moun. Jiska prezan, se gras a radyo ke moun yo chape anba fè nwa e sanble ke gen yon ti vagabon ki ta vle fèmen bouch tout opozan'l alóske nèg sa pa retni anyen ke l'anvi di.

Jowèl, mwen remake tou ke aksan rejyonal gen tandans ap diminye e mwen dakô ke mas medya gen anpil enfliyans.
Petèt sa pran tan, men efè yo vin parèt evantyèlman.
Swatil gen rezon tou lan rezo distribisyon ki pi enpôtan pase langaj.
Mizisyen Kassav yo popilè lan tout kontinan es e Kreyôl ki lang prensipal yo.
Mizik afriken popilè lan tout kontinan e lang pa yo pi etranj e diferan ke Kreyôl.
Gen yon animatè Radyo Kanada, Rhéaume, ki prezante mizik afriken tou lè swa. Si mizik ayisyen te distribye ak yon gwo konpayi entènasyonal, li ta p pi nômal ke misye ta jwe yo lan pwogram Mizik di monn.
Kanta pou remak ala bèl fanm yo bèl lan. Se sa menm.
Men se yon lôt sitiyasyon kote nou manke evolisyon sosyal.
Fanm antiyèz ak ayisyen se menm moun yo ye, ak tout varyete ki gen ann Ayiti.
Men antiyèz lan , sitou Matinikèz, pi alèz avèk tèt li, avèk kô li, avèk lang li pale.
Li pa jennen tankou médam pa nou yo. La p pale kareman, gouye kareman, fè lanmou kareman.
Lanpwen kachepeche.
Mwen dekouvri sa lontan lè m tale Matinik lan ane 80 yo.
Bèl ti boubout yo pa ezite di yon nèg yo renmen l e yo anvi l. Menmjan ak afromerikèn yo.
Tout se yon kestyon evolisyon.
Lakôz reta lan domèn saa soti lan sosyete obskirantis ak gouvènman retwograd.
Anpasan, map viv Hong Kong kounyea, yon nèg sezi wè kijan fanm chinwaz vye e jenn evolye, dirèk e louvè,
aloske pa gen lontan, apeprè 20 an, yo te reglemante, yo te kontwole pa gouvènman ak pati kominis lan.
Kounyea se lekôl lage.
Sasaye- Super Star
-
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro
Re: Gade, tande... moun sa yo chofe wi.
An pasan ,mwen pa dakò ak LILYÀN PYÈ PÒL politikman ;men se pou m rekonèt li se yon POTOMITAN lan LANG KREYÒL lan.
Jan li pale,li pa fouti pa fè rechèch lan jan KREYÒL pale.Mwen konn tande l jis pou m pran MO nèf anba bouch li.
Si y ap fè AKADEMI KREYÒL lan ;se pou LI ou byen MAVÈL DANDIN ke yo te atribye kreyasyon mo ZENGLENDO an ta MANM LI
Mo DECHOUKAJ ,e mwen kwè ke mo ZENGLENDO an lan AMERICAN HERITAGE DICTIONNARY ,ki ajoute omwens 2000 MO lan DIKSYONÈ yo pa an.
Wi MAS MEDYA responsab anpil ,lan evolisyon yon LANG.
OZETAZINI ,yo di ke de MOUN tankou WALTER CRONKITE ak TOM BROKAW ki te konn bay nouvèl lan NETWORK yo anvan ke pi fò MOUN vin gen SATELIT ou byen KAB enfliyanse anpil jan POPILASYON an pale.
Mwen t ap tande mizik KWAXICOLOR e mwen tande CHANTÈ an di ""MEN KI BAGAY"".Se nou ann AYITI sèlman ki ize mo ""BAGAY"" sa a ,ou byen te konn ize l.
Se pou di w!
Jan li pale,li pa fouti pa fè rechèch lan jan KREYÒL pale.Mwen konn tande l jis pou m pran MO nèf anba bouch li.
Si y ap fè AKADEMI KREYÒL lan ;se pou LI ou byen MAVÈL DANDIN ke yo te atribye kreyasyon mo ZENGLENDO an ta MANM LI
Mo DECHOUKAJ ,e mwen kwè ke mo ZENGLENDO an lan AMERICAN HERITAGE DICTIONNARY ,ki ajoute omwens 2000 MO lan DIKSYONÈ yo pa an.
Wi MAS MEDYA responsab anpil ,lan evolisyon yon LANG.
OZETAZINI ,yo di ke de MOUN tankou WALTER CRONKITE ak TOM BROKAW ki te konn bay nouvèl lan NETWORK yo anvan ke pi fò MOUN vin gen SATELIT ou byen KAB enfliyanse anpil jan POPILASYON an pale.
Mwen t ap tande mizik KWAXICOLOR e mwen tande CHANTÈ an di ""MEN KI BAGAY"".Se nou ann AYITI sèlman ki ize mo ""BAGAY"" sa a ,ou byen te konn ize l.
Se pou di w!
Joel- Super Star
-
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote
Sujets similaires
» gade yon wont, gade yon injistis yon moun ki nan paleman an!!!
» Tande ti MOUN lan yon KORAL 2 ETA ki ap enteprete SIDNEY GUILLAUME
» Nou tande sa deja. Men afòs li repete, plis moun ka konprann
» Lachinn apre detronen USA 1e pwisans komèsyal ap dirije 1e pwisans ekonomik 2014
» Poukisa moun kominote entènasyonal ap gade Ayiti.

Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum
|
|