Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-21%
Le deal à ne pas rater :
LEGO® Icons 10329 Les Plantes Miniatures, Collection Botanique
39.59 € 49.99 €
Voir le deal

Se pa DIKTATÈ sèlman ki gen ann AFRIK

2 participants

Aller en bas

Se pa DIKTATÈ sèlman ki gen ann AFRIK Empty Se pa DIKTATÈ sèlman ki gen ann AFRIK

Message  Joel Lun 2 Sep 2013 - 14:27

EWOSANTRIS yo pran NÒT.Yo di mirak ekonomik lan ,apre AZI se ann AFRIK l ap fèt,Yo di lan 20 an NIJERYA ka devan LANGLETÈ ak la FRANS e se NÈG tankou DANGOTE ki ap fè sa rive.
Misye se deja NÈG pi RICH ann AFRIK e se pa lan vòlò se lan ENDISTRI.
Mwen t ap tande lan NOUVÈL ke misye ap bati yon RAFINRI PETWÒL ki ap koute 9 BILYON DOLA .L ap bati lòt RAFINRI ki ap ka ap ka transfòme tout PETWÒL lan AFRIK de LWÈS.Yo pa p bezwen voye PETWÒL BRIT lan ann EWÒP ou byen OZETAZINI pou yo fè l ankò!

SE PA JWÈT!



Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Se pa DIKTATÈ sèlman ki gen ann AFRIK Empty Re: Se pa DIKTATÈ sèlman ki gen ann AFRIK

Message  jafrikayiti Mar 3 Sep 2013 - 21:05

Monchè Joel, mèsi pou bon zouti sa a ou pataje ak nou. Mwen ka di ou vwayaj mwen te fè sou kontinan zansèt yo nan ane 2010 kite mwen ak enpresyon Nijerya se yon peyi ki chaje ak potansyèl ekstraodinè. Pa sèlman akoz richès ki genyen nan tè a. Men, tou paske peyi a chaje ak biznismann.

Alapapot fok mwen avwe sa te deranje m anpil lè mwen te obsève repitasyon volè frè Nijerya yo genyen an, se pa yon senp lejann, ni pawol movèz lang. Pandan ti bout tan mwen pase nan peyi a, lapolis visye rete mwen ak kanmarad ki t ap ede m vire nan peyi a, yo pran yon ti kob nan men nou. Maladi titalbè a vrèman grav nan peyi sa a. Menm nan avyon moun yo volè bous, kamera moun elatriye. Kidonk, se pa mwenmenm ki pou ta vin fè lwanj nayif pou Nijerya. Mwen te desi anpil ak polisye visye yo epi volè nan avyon yo. MEN! MEN! fok nou di tout moso verite nou te gen opotinite obsève a. Se pa negatif sèlman nou te wè nan Nijerya.

Premyèman, onivo enfrastrikti, mesyedam yo pa kanmarad noumenm Ayisyen ditou. Yo gen wout ki gen twou tou men, nan mitan Lagos ou jwenn bèl otowout modèn, katye rezidansyèl ki byen trase epi sikilisyon motosiklèt fèt nan lod ak disiplin. Antouka, pandan tout peryod mwen te la a, mwen te sikile pi fasil pase lè mwen Ayiti, kit se nan transpo prive, kit se nan transpo piblik. Kontrèman ak noumenm ki refize depanse dis kob nan mete pankat ki pou bay moun direksyon kote zon enpotan nan yon vil ye, Nijeryen yo fè gwo travay lakay yo.

Lot bagay ki pi enpresyone m lakay Nijeryen yo se lespri entreprenè a. Yo di se Ibo yo ki mèt koze a. Malgre pandan vwayaj la mwen te pase nan plizyè vil Afrikdisid, Benen ak Ejip, se sèl Nijerya mwen kapab di ou mwen te wè Nèg Lafrik natif natal ap dirije komès lakay yo.  Nan lot peyi yo se menm jan ak Ayiti. Nèg ap pote bwat osnon ap vann tyanpan sou galeri a, epi se arab ak lot moun vini k ap konte lajan dèyè kontwa. Nan Nijerya se pa sa mwen te obsève. Mesyedam Ibo yo gen lè jere komès lakay yo tout bon vre.

Pou m fini, m ap di move pwopagann yo fè kont kontinan Lafrik la ki dekouraje anpil moun pou yo pa ale vizite peyi yo, swadizan akoz ensekirite, se yon bagay ki merite kwape. Paske, mwen pa te janm santi okenn menas ni pou mwenmenm, ni pou madam mwen, ni pou 2 tilezanj nou yo - menm ensidan ak polis yo te jerab puiske se te gwo lajounen epi se plis vekse nèg yo te vekse m ak atitid visye yo a, yo pa te fè menas fizik sou mwen. Nan chapit jesyon touris la sepandan misye Nijeryen yo fè yon gwo zewo bare paske yo ekzije twop lajan pou viza touris. Yon peyi tankou Ejip adopte yon apwoch ki pi entèlijan daprè mwenmenm.

Mèsi anko pou bèl videyo sa a. Mwen pataje li ak zanmi sou facebook yo. Se pa ni 2 ni 3 reyaksyon pozitif li rale.

M teke fren m kanmarad!

Jaf

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Se pa DIKTATÈ sèlman ki gen ann AFRIK Empty Re: Se pa DIKTATÈ sèlman ki gen ann AFRIK

Message  Joel Mer 4 Sep 2013 - 9:31

JAF;
Se sou televizyon CHINWA a CCTV-ENGLISH mwen te fè konesans DANGOTE.Yo t ap pale de dènye ANTREPRIZ misye an ki se KONSTRIKSYON RAFINRI an.
Se yon RAFINRI  ki ap koute 9 MILYA DOLA.Mwen te mansyone sa deja.Yo te montre l ;li preske fin konstwi.
DANGOTE se yon NÈG ki pa lan pale gwo gagann.Yo di se yon NÈG ki ap travay 16 a 18 Ed tan pa jou.Misye lan tout kalite BIZNIS ki ap kreye DJÒB.
Se yon NÈG ki ta REMAKAB ;kelkelanswa kote li t ap viv.

Kanta koripsyon an se pa yon bagay ki enkirab.Gen yon lòt JENERASYON LIDÈ ann AFRIK ki ak montre SIKSÈ sou bagay sa a.

Lan RWANDA ;pa gen kale wès ankò pou NÈG ki ap travay pou LETA yo.Lan RWANDA gen de BIRO kote yo mete BARYÈ.
Gen yon SLOGAN ;se 7è edmi.Si w rive lan BIRO LETA apre 7è edmi ;w ap jwenn BARYÈ fèmen e ou pa p touche.

Yo di se menm SIKSÈ an mesye yo ap jwenn ETYOPI.Nou sonje se te GRANGOU ak timoun ki ap mouri KACHYÒKÒ ou te konn wè lan ETYOPI.Pa gen sa ANKÒ.



Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Se pa DIKTATÈ sèlman ki gen ann AFRIK Empty Re: Se pa DIKTATÈ sèlman ki gen ann AFRIK

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum