Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -45%
WHIRLPOOL OWFC3C26X – Lave-vaisselle pose libre ...
Voir le deal
339 €

Lan OKAZYON MWA KREYÒL lan-Kèk kominikasyon MICHEL DE GRAFF

2 participants

Aller en bas

Lan OKAZYON MWA KREYÒL lan-Kèk kominikasyon MICHEL DE GRAFF  Empty Lan OKAZYON MWA KREYÒL lan-Kèk kominikasyon MICHEL DE GRAFF

Message  Joel Mar 29 Oct 2013 - 8:36

Lan youn lan PAPYE SYANTIFIK li yo ke l te pibliye an 2005;MICHEL DE GRAFF te eksplike pou ki sa elit entelektyèl ak ekonomik lan kont ke KREYÒL lan pran plas li dwe pran.
Misye di se kont enterè de KLAS yo piman e senpman.
Se pa ,pa aza ke MATELI refize pibliye LWA sou AKADEMI KREYÒL lan.
DEGRAFF pase men pran tou yon bann entelektyèl ki gen yon sèten repitasyon.De NÈG tankou ANTENOR FIRMIN,DANTÈS BELLEGARDE,HENOCK TROUILLOT elt..
Sa a se ann ANGLE pou kominote LENGWISTIK lan:

www.web.mit.edu/linguistics/people/faculty/degraff/degraff2005fallacy_of_creole_exceptionalism.pdf

DEGRAFF te reprann menm TÈM lan ,lan yon KONFERANS ann AYITI an MAS 2013.Misye kontinye pou l pran de NÈG tankou LESLY MANIGAT ak GRAP.
Se pa anyen de nouvo sou pwen sa a paske Dr SUZE MATHIEU (FACULTE DES SCIENCES HUMAINES) te atake MANIGAT ke l di se CHÈF FRANKOFOU yo ann AYITI.
De NÈG tankou FIRMIN,BELLEGARDE elt..te gen eskiz ;ki eskiz MANIGAT ak tout avans ki fèt lan LENGWISTIK?

www.web.mit.edu/linguistics/people/faculty/degraff/degraff_20130414_kreyol_ak_teknoloji_nan_edikasyon_ann_Ayiti_rev1023.pdf
Se an KREYÒL

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Lan OKAZYON MWA KREYÒL lan-Kèk kominikasyon MICHEL DE GRAFF  Empty Re: Lan OKAZYON MWA KREYÒL lan-Kèk kominikasyon MICHEL DE GRAFF

Message  Joel Mer 30 Oct 2013 - 3:27

Mwen ta swete MOUN ki rete ann AYITI li e swiv rezònman MICHEL DE GRAFF yo.
Nèg lan se yon SAVAN ;petèt pa gen 20 MOUN sou PLANÈT lan ki konnen sa li konnen sou SIJÈ an ;sou lang KREYÒL yo an jeneral ;sou KREYÒL AYISYEN an patikilye ,petèt mwens ke 5 MOUN.
Jan misye ekri an ;li otomatikman ilistre sa l vle di an.
Li pran konsèp lengwistik KONPLÈKS e li mete yo a la pòte sa nou ka rele ""pwofàn"" yo.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Lan OKAZYON MWA KREYÒL lan-Kèk kominikasyon MICHEL DE GRAFF  Empty Re: Lan OKAZYON MWA KREYÒL lan-Kèk kominikasyon MICHEL DE GRAFF

Message  jafrikayiti Mer 30 Oct 2013 - 7:35

Joel,

Mèsi pou bon zouti sa a...

Men yon sitasyon mwen ranmase ladan li...

"Politisyen  nan  peyi a  sèvi  ak  koze  inegalite sa a  pou  yo  regle  zafè pouvwa yo.   Pa   egzanp,    Jean-­‐Bertrand    Aristide,    ki se   yon   ansyen prezidan,  te ekri yon liv ki rele « Tout moun  se moun»  ki preche  kont inegalite nan sosyete Ayiti a.

Michel Martelly ki se nouvo prezidan peyi a te pale de menm inegalite sa a pandan kanpay prezidansyèl li. Li te pale de goumen ant 2 kan : « entèlektyèl » kont « vagabon » :  

« Se yon bagay istorik k ap fèt. Youn veye sou lòt paske m pa konn si nou  wè sa k ap pase a : se 2 kan  k ap goumen la a wi : kan  entèlektyèl [kont]  vagabon.  Se  2  kan  k ap  goumen  wi. Entèlektyèl la  se li  ki kenbe nou  nan  sa  nou  ye la  a  jodi a,  paske  mwen  menm  mwen  sezi  lè  m  ap tande  radyo  pou  m  wè  se  ti  vagabon an  k ap  mande  lekòl  gratis  pou pèp la.  Se  pa  entèlektyèl  la… Se  pa  ti  sezi  yo  sezi,  non.  Yo  pa  t  janm konnen nou t ap rive la. Yo te panse se betiz mwen t ap vin di. Yo te panse mwen t ap vin chante pou yo kou gwo egare. Podjab, yo pa konn anyen. Yo pa t konnen m te konn pale « franseu » ! Yo panse se yo sèlman ki te entèlektyèl . »
                                           
(Videyo  dokimantè  Sweet Micky  for Prezidan).

Ki fè, Michel Martelly te pale sou inegalite ki genyen ant nèg anwo ak nèg anba lè li t ap mande pèp la vote pou li. Epi li te sèvi ak diferans ant kreyòl  ak  franse pou  li  te  montre inegalite sa a :  pèp la  pale  kreyòl sèlman, epi entèlektyèl yo pale « franseu » tou. Lè li di « franseu » olye de « franse », Martelly ap pase pwononsyasyon franse mawon nan betiz—e sa se yon pwononsyasyon  nou sitou jwenn nan mas pèp la, pami moun ki pa konn pale franse. Men, menm si li menm li konn pale « franseu », se an kreyòl  li  te  fè  kanpay  li.  Kidonk Martelly  byen  konprann  pouvwa kreyòl la  kòm  lang  li  dwe  sèvi  ak  li  pou li  kominike  ak  mas  pèp la.

Kounye a, fòk nou konprann kreyòl la ka sèvi pou edikasyon mas pèp la tou, nan  tout  nivo lekòl  ak  inivèsite  nan  peyi a.  Kreyòl  pale,  kreyòl konprann… "
Dr. Michel Degraff, 2011

www.web.mit.edu/linguistics/people/faculty/degraff/degraff_20130414_kreyol_ak_teknoloji_nan_edikasyon_ann_Ayiti_rev1023.pdf

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Lan OKAZYON MWA KREYÒL lan-Kèk kominikasyon MICHEL DE GRAFF  Empty Re: Lan OKAZYON MWA KREYÒL lan-Kèk kominikasyon MICHEL DE GRAFF

Message  Joel Mer 30 Oct 2013 - 10:12

JAF;
Mwen li papye misye ap ekri depi lanne 1990s yo;misye toujou kenbe menm TÈM lan ,ke zòt ize lang FRANSE an pou yo domine lòt.
Sèl bagay misye ta dwe revize sa l di a pwopo de SWIT MIKI yo ;pa t gen prezidan ki te vle manyen KESYON sa a seryezman vre;men MIKI limenm ap pouse sa a lekstrèm ;lan REFI misye pou l etabli AKADEMI KREYÒL;bagay ke KONSTITISYON an mande ;e ak rekòmandasyon MISYE ke se FRANSE ki pou youn lan lang travay KARIKÒM yo ;malgre ke de peyi tankou SENTLISI,DOMINIK elt..ta renmen pou KREYÒL ta youn ladan yo tou.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Lan OKAZYON MWA KREYÒL lan-Kèk kominikasyon MICHEL DE GRAFF  Empty Re: Lan OKAZYON MWA KREYÒL lan-Kèk kominikasyon MICHEL DE GRAFF

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum