Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-39%
Le deal à ne pas rater :
Ordinateur portable ASUS Chromebook Vibe CX34 Flip
399 € 649 €
Voir le deal

Poukisa Maryse pran desizyon kont 2 palmantè lavalas yo

Aller en bas

Poukisa Maryse pran desizyon kont 2 palmantè lavalas yo Empty Poukisa Maryse pran desizyon kont 2 palmantè lavalas yo

Message  Marc-Henry Jeu 5 Déc 2013 - 23:25

Yvener millien a écrit:
Tout-Haiti

Poukisa Maryse pran desizyon kont 2 palmantè lavalas yo? Yon lidè ki pa gen lidèchip, se tankou yon chen ki pa gen okenn dan li ye. Tout moun konnen Jean Bertrand Aristide gen yon lidèchip ekstrawòdinè sou majorite pèp ayisyen an. Malgre, Aristide pase mayèt Fanmi Lavalas la bay Maryse Narcisse, depi kèk tan, tout moun konstate li, senatè Moïse Jean Charles vin gen yon popilarite tèrib nan peyi a. Popilarite senatè Moïse la vin efase otomatikman Maryse Narcisse nan Fanmi Lavalas, menmsi se manzè ki kowòdonatè nasyonal pati a. Kidonk, Moïse Jean Charles vin dezyèm pèsonaj politik nan Fanmi Lavalas aprè Aristide. Bagay sa a bay anpil tèt fè mal! Fòk yo jwenn yon fason, pou frennen kwasans popilarite sila a. Se anpeche li pale sou non pati a! Nòmalman, kowòdonatè Fanmi Lavalas ta dwe gen plis lidèchip pase senatè Moïse ak depite Arnel Belizaire. Malerèzman, majorite baz Fanmi Lavalas la pa vle Maryse Narcyse nan tèt pati a. Se sa ki esplike, manzè ap danse laloz pou retade tout kongrè nasyonal, pou ta chwazi yon lòt reprezantan nasyonal avan eleksyon yo. Sa ki pirèd la, menm Arnel rive bat Maryse Narcisse nan popilarite, andedan Fanmi Lavalas. Ou konprann katon an? Kidonk, mwen panse, yon vrè lidè dwe suiv liy revandikasyon pèp li ap defanm nan. Si pèp la vle ale Jeremi, ou pa kapab deside ale Okap-ayisyen. Mwen dakò, yon lidè se yon eklerè li ye pou pèp la. Sepandan, yon lidè pa kapab ap pyetine revandisyon pèp li a, pou li satisfè enterè miltinasyonal yo. Epitou, yon vrè lidè pa kapab ap mache sou kapris ak dikte anbasad. Antouka, si Aristide limenm pa ankouraje prese-prese kongrè sa a, lòbèy fimilyal sa yo ap afebli pati a chak jou pi plis. Paske, yon pati politik dwe gen yon lidè majorite militan yo fè li konfyans. HAÏTI CHÉRIE, Groupe ouvert a écrit:
Marc-Henry
Marc-Henry
Administrateur

Masculin
Nombre de messages : 6350
Localisation : Canada
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Lobbyiste

https://www.forumhaiti.com

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum