Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-39%
Le deal à ne pas rater :
Ordinateur portable ASUS Chromebook Vibe CX34 Flip
399 € 649 €
Voir le deal

Tout Moun Se Moun - Konba Pèp Ayisyen an Depi 5 syèk

4 participants

Aller en bas

Tout Moun Se Moun - Konba Pèp Ayisyen an Depi 5 syèk Empty Tout Moun Se Moun - Konba Pèp Ayisyen an Depi 5 syèk

Message  jafrikayiti Mar 18 Fév 2014 - 9:37

Fanmi m yo onè,

Jodi a mwen ta renmen pataje a nou kèk refleksyon osijè relasyon noumenm Ayisyen nou genyen ak listwa epi lavni peyi nou. Inisyativ ekri lèt sa a ( http://www.apologytohaiti.ca/kreyol/  ) pou sitwayen kanadyen aprann ki jan gouvènman peyi yo te patisipe nan koudeta 2004 la epi eksprime dezako yo ak sa, se kichoy mwen tanmen sa gen apenn 3 semèn.

Odepa, kèk kanmarad kanadyen te eksprime dout sou efikasite demach la, paske yo te kwè anpil sitwayen kanadyen t ap pè siyen lèt la. Tankou nou ka remake sa, kare-bare, lèt la montre aklè se sispann pou Kanada sispann fè sa ki mal ann Ayiti. Se pa yon kesyon mande "plis solidarite". Kidonk, ak dokiman referans solid nou ede sitwayen yo konprann ki jan, ki lè, nan ki sikonstans, entèvansyon politisyen kanadyen yo deranje byennèt pèp Ayisyen an ki gen dikdantan depi l ap chèche mwayen tabli yon sistem demokrasi nan peyi li.

Jounen Jodi 17 fevriye 2014 la, 10 jou sèlman apre nou te mete lèt la nan lari, deja gen plis pase 650 moun ki siyen li. Moun sa yo, se pa zanmi ak fanmi m. Se pa moun ki pataje nesesèman menm lide politik ak mwen, alevwa pou kwayans sou zafè relijyon. Yo nan tout vil kanadyen. Menm gen dezoutwa ki nan peyi etranje. Omwens 97% ladan yo se sitwayen kanadyen. Prèske tout alawonnbadè se moun ki te viv epi peye taks nan Kanada pandan plizyè ane. Kidonk, yo sansib pou sa leta peyi sa a fè ak lajan taks yo.

Reyaksyon pozitif sa a pwouve Kanada se yon peyi ki gen moundebyen ladan li. Moun ki pa danse kole ak maladi sikolojik ki te kontamine sèvo ki te konsevwa epi reyalize "Inisyativ Ottawa sou Ayiti" an. Reyinyon konplotay koudeta, ki te fèt nan peyi sa a, kote yon ekip blan te deside - pou kont yo:

1) fok yo dechouke prezidan nwa ki t ap dirije Ayiti alepok la
2) Fok yo mete Ayiti anba titèl Nasyonzini, anvan 1 janvye 2004 epi
3) fok yo resisite defen FAdH la.

E, li te klè nan atik defen jounalis Michel Vastel la, pou kisa yo vle pou tout bagay sa yo fèt prese-prese.

Et le temps presse, car on estime que le nombre d’habitants en Haïti pourrait atteindre 20 millions en 2019. Vingt millions de francophones, dans un état de misère abjecte, aux portes des Amériques. « C’est une bombe à retardement, qu’il faut désamorcer tout de suite » - Denis Paradis
http://www.lactualite.com/actualites/monde/haiti-mise-en-tutelle-par-lonu/

Kidonk, nan lespri moun malad sa yo, popilasyon nèg ki abite zile Ayiti a, se yon menas, yon "bonm ki sanlè eklate". Nan peyi Amerikdino, se konsa tou anpil moun malad konsevwa moun nwa, espesyalman jenn gason nou yo. Se poutèt sa, yo depanse anpil lajan nan bati prizon.

Fanmi m yo, si nou ka konprann pou kisa gen kèk blan malad nan tèt ki santi yo menase chak fwa yo wè anpil nèg yon kote, espesyalman nèg ki ap mache ak tèt drèt....ki sanble yo konnen sa yo vle e yo pa mande latè padon anvan yo pile li....fok nou ka konprann tou pou kisa genyen kèk nèg ki pataje menm maladi ak blan malad sa yo. Sa vle di: moun ki santi yo malalèz ak menm reyalite sa a. Moun ki konsidere pèp Site Solèy, Bèlè, Kafoufèy, peyizan oganize ki vle defann dwa yo sou tè Dessalines nan....kom yon "MENAS".

Pou kisa olye nou wè moun sa yo kom yon fos pou byennèt limanite, nou wè yo kom yon menas!?

Kit sete sou koloni esklavajis Sendomeng, lè yo te konn monte sou tèt mon yo ale oganize rebelyon kont esklavajis yo....fanm ak gason bounda pantalon chire sa yo te reprezante - yon menas. Kit sete alepok okipasyon 1915 lan, lè kolon "Yankee" yo te espantan devan rezistans oganize yo te fè anba drapo kako - solda peyizan an ranyon sa yo te reprezante - yon menas.

Se yon eleman konstan nan listwa Ayiti. Gen de (2) vizyon depaman ki ap twoke kon yo depi dikdantan sou zile a. 1) Tout moun se moun Vs 2) Moun anwo dwe toujou veye epi toupizi moun anba pou yo pa dechouke nou

Relasyon sikofrenik sa a ap lakoz nou tout pèdi chimen bon lavi nou tout di nou ta renmen pou tèt nou ak pou pitit nou yo.

Apre koudeta 29 fevriye 2004 la, se nou TOUT Ayisyen ki te pèdi. Kit ou pataje vizyon tout moun se moun nan, ou pa, ou te ka viktim kidnaping. E se yon eleman ki parèt aklè nan zèv otè Edwidge Danticat. Parekzanp, nan seri Haiti Noir 2, nou jwenn yon tèks Roxane Gay ki pote tit "Things I know about Fairy Tales". Se yon temwanaj ekstraodinè sou jan fenomèn kidnaping nan afekte yon fanmi Ayisyen ki gen lajan.

Si pou nou fè terapi nou ansanm, fok nou ranmase kouraj nou, pou nou aprann koute listwa, pèsepsyon, eksperyans frè ak sè nou yo ki ap viv diferan reyalite anndan kolektivite nou ap viv ladan l lan.

Tankou jenn doktè sa a, mwen te rankontre avantyè nan konferans syantifik AAAS 2014 la ki t ap eksplike jan Goudougoudou chanje relasyon estaf pwofesyonèl sant Gheskio a genyen ak abitan "Kosovo" yo....kote, finalman, youn oblije aprann dekouvri epi apresye imanite lot - malgre gwo baryè sosyal ak ekonomik ki separe yo....

konsa tou, mwen espere anpil pitit zantray peyizanri Ayisyen an, ki vin devlope alèji ak rès fanmi yo ki rete nan fon kè peyi a, va kontinye fè travay terapi kolektif sa a, pou yon jou ka jou kote okenn gwoup Ayisyen pa reprezante "yon menas" pou okenn lot gwoup Ayisyen.

An pasan, gen youn ou de enbesil majinal ki te eseye deraye pwosesis siyati Lèt sitwayen kanadyen k ap mande Ayiti padon an. Li te anmize li voye yon fo siyati tankou: Dansanti Yopeyew. Nan moman an pot ko gen anpil siyati, e siman li te panse li te ka deraye inisyativ la si li bonbade li ak fo siyati konsa. Podyab enbesil la, li pa te konprann kijan se yon bagay serye nou tanmen la s epi se moun ki gen konviksyon, pasyon ak yon minimum konesan teknik ki  ap fè ti jefo sa a pou bay vizyon "Tout moun se moun" nan jarèt.

Fanmi m yo, menas la se dezoutwa eleman negatif sa yo. Se yomenm ki merite rete nan majinalite yo foure tèt yo a, parapo a batay pèp Ayisyen an ap mennen depi plizyè syèk pou li jwenn mwayen viv ak diyite sou tè defen Tayino yo.

Mwen di mèsi pou chak Ayisyen ki te siyen lèt la annegad koneksyon yo genyen ak Kanada osnon ak sitiyasyon ki dekri nan lèt la. Gen anpil chans, n ap rive kolekte 1000 siyati anvan 10èm anivèsè koudeta rasis 29 fevriye 2004 la. Men, ojis, se pa kantite siyati nou kolekte a ki pi enpotan. Sa ki deja klè nan je nou tout, se divèsite sitwayen moundebyen ki toupatou sou planèt la ki vle nou soti nan relasyon sikofrenik "moun andeyo" kont moun "de bonnes familles" sa a. Li lè li tan pou pèp Ayisyen ekzèse privilèj chwa demokratik li lib-e-libè, san okenn ti klik blan frekan, rasis, pa chita konplote chavire chwa demokratik yo fè a, jis paske yo gen mwayen vyolans nan men yo pou yo fè sa. Osnon paske chwa demokratik sa a destabilize sèvo malad yo an.

Tout Moun Se Moun - se sa n ap defann jouk sa kaba!

Jafrikayiti
"Depi nan Ginen bon Nèg ap ede Nèg!"


Dernière édition par jafrikayiti le Mar 18 Fév 2014 - 21:32, édité 1 fois

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Tout Moun Se Moun - Konba Pèp Ayisyen an Depi 5 syèk Empty Re: Tout Moun Se Moun - Konba Pèp Ayisyen an Depi 5 syèk

Message  Joel Mar 18 Fév 2014 - 10:40

JAF;

Demach ou an ak ZANMI w yo lejitim.Se apre preske 50 an apre ke CLINTON te al mande GUATEMALA eskiz pou KOUDETA 1954 lan ki te devaste GUATEMALA e ke peyi sa a pa janm reprann li jis jounen jodi an.

Jounen jodi an ,ARBENZ se yon SEN LAYIK pou tout AMERIK LATIN lan ;men se pou wè ki kanpay ki te fèt pou te sal non misye lan epòk lan.
Si oumenm ak ZANMI w yo mande pou gouvènman KANADA fè ESKIZ apre 10 zan ,pa gen anyen MAL ;yo pa p bezwen tann preske 50 an.

Se pou nou NOTE tou ;menm NÈG ki te pistonnen KOUDETA kont ARBENZ lan ;se yo ki te pistonnen KOUDETA kont FIGNOLE an ,3 zan apre ;ki san DOUT te chanje LISTWA nou tou:

www.nytimes.com/1999/03/11/world/clinton-offers-his-apologies-to-guatemala.html

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Tout Moun Se Moun - Konba Pèp Ayisyen an Depi 5 syèk Empty Re: Tout Moun Se Moun - Konba Pèp Ayisyen an Depi 5 syèk

Message  Alves Mar 18 Fév 2014 - 17:52

1492-2014 = 5 sièk

Mwen fè remak sa pou demontre ke kelkeswa sa on lavalasyen di li pa janm korèk. Yo toujou mete diplis ladan.

Alves
Super Senior

Masculin
Nombre de messages : 111
Localisation : Port-au-Prince
Opinion politique : Neutre
Loisirs : football
Date d'inscription : 04/01/2014

Revenir en haut Aller en bas

Tout Moun Se Moun - Konba Pèp Ayisyen an Depi 5 syèk Empty Re: Tout Moun Se Moun - Konba Pèp Ayisyen an Depi 5 syèk

Message  ainsi ne soit-il Mar 18 Fév 2014 - 19:12

wi sa fe senk syekl.

Mwen retire pati ki fe w plezi a. Par respect pour la reflexion d'un membre et pour les lecteurs.

Je vous serai gre,Admin la, d'effacer mon commentaire et encore une fois, je m'en veux d'avoir contribue a polluer cette page.





Dernière édition par ainsi ne soit-il le Mar 18 Fév 2014 - 21:06, édité 2 fois
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Tout Moun Se Moun - Konba Pèp Ayisyen an Depi 5 syèk Empty Re: Tout Moun Se Moun - Konba Pèp Ayisyen an Depi 5 syèk

Message  Alves Mar 18 Fév 2014 - 20:11

Eske ou we mwen pale de femen djol pèson, tout moun gen dwa di sa yo panse. Ou menm se sa'w di ya selman ou vle tande. Nap pale de gnbis, de makout tout jounen pèson pa janm di nou fèmen djol nou, men depi yo di on bagay sou lavalas se femen djol nou konen di selman, bann de magouyè kap bay manti sèlman. Sel jan pou djol mwen fèmen se bloke pou yo ta bloke selman. Depi nou bay vye manti nou yo map la pou'm demanti'l. Ou menm mwen pa janm okipe'm paske se pawol tafya selman wap lage sou forum lan. Depi ou fini injigite tafya se sou forum lan ou vini rann li, mwen pa ko we ou janm di anyen serye.

Alves
Super Senior

Masculin
Nombre de messages : 111
Localisation : Port-au-Prince
Opinion politique : Neutre
Loisirs : football
Date d'inscription : 04/01/2014

Revenir en haut Aller en bas

Tout Moun Se Moun - Konba Pèp Ayisyen an Depi 5 syèk Empty Re: Tout Moun Se Moun - Konba Pèp Ayisyen an Depi 5 syèk

Message  jafrikayiti Mar 18 Fév 2014 - 21:35

Anmwey! Mwen rate yon chirepit ki gen lè te pete sou sijè a. Antouka, mwen korije erè a. Mèsi Alves. Chif ak ekzatitid enpotan. M pa gen okenn rezon neglije sa.

Jaf

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Tout Moun Se Moun - Konba Pèp Ayisyen an Depi 5 syèk Empty Re: Tout Moun Se Moun - Konba Pèp Ayisyen an Depi 5 syèk

Message  ainsi ne soit-il Mar 18 Fév 2014 - 23:02

Nou va eskizem si mwen antre la koze chire pantalet nou ti mesye yo.

M'ap marye tout, ke yo te Gnbis, Lavalas, neodemokrat, matelis-divalyeris.

Mwen pa janm bay mati sou forum la. Mwen pa konn tronpe'm sou vre motif neg. Mwen pa apiye sou akselerate'm paske mwen di ke se pa fot neg le yo fin konpromet tet yo. Alor mwenka fe abstraksyon de tout pou tande pawol Bondye a...

Sof ke sa ensipote'm le tout rans gen a voir avek Lavalas...

1492-2014 fe senk syekl. Na eskize'm. Ala neg yo bon demokrat. Se sel en Grece ki gen konsa. LOL.

Mwen-menm mwen konn fe rektifikasyon le neg vin ak kouze envante sou baz ke Afriken te gen kontak ak Islam avan lot relijyon. E pi sa k konen? Mwen pa bay neg etiket pati politik le mwen di Bwa-Kayiman pa gen anyen pou we ak Kay Iman, chez l'imam...

Mwen pa gny pwoblem si yo di mwen se senpatizan Lavalas. Sa ki pa enteresan se le neg ap femme de joie nom Lavalas la ke se accusateurs e ke se infiltrateurs.

An pasan Sweet Mickey t'ap fe eloj Lamothe kom dauphin probable li. Si mwen byen konprand, li devan evidans ke pi lwen li ka ale se fen manda'l. Se tout sa ki bon lan nouvel la, Lamothe la pa yon devegonde. Pemet mwen voye yon ti fleur pou AINSI: que ne disais-je? Mwen te byen di ke se kane'l Mateli te al pran Washington.

Qui seront les prochains candidats? Ayiti pa bezwen polotisyen pakotiy ankor. Peyi a pa bezwen Gorgone ak tet cho. Nou pa'p pran lan ti jup, ti kilot ankor.

Neg ki te konn al sou oplpeople.com yo, eske se te sit pati politik la ou byen se te yon inisyativ kelk lot gouvenman etranje?

Oups! telefon nomad la jwe'm yon tour. Demen m'a mete post sa a revi e korije sou paj a pa.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Tout Moun Se Moun - Konba Pèp Ayisyen an Depi 5 syèk Empty Re: Tout Moun Se Moun - Konba Pèp Ayisyen an Depi 5 syèk

Message  Joel Mer 19 Fév 2014 - 0:08

Mwen pa konn ki lès w ap reponn sou zafè ISLAM lan,men se yon fè ISTORIK sou zafè ISLAM lan.

Lan AFRIK de LÈS ,KRISYANISM ,lan ETYOPI pa egzanp te la depi 4yèm SYÈK;men lan AFRIK de LWÈS ,kote ZANSÈT yo sòti ,pou grann majorite ISLAM te la depi 8yèm SYÈK.

Gran ANPI tankou GHANA ,SONGHAI elt...se te ANPI MIZILMAN.
Gen ZÒN tankou BENIN ,ki se BAZ relijyon VODOU an ou pitou RELIJYON YOROUBA yo ;ISLAM te kòt a kòt ak relijyon sa yo.

Se ann ASOSYASYON ak MIZILMAN zòn SENEGAL yo ke ARAB yo te konkeri SID EWÒP lan ,n ap pale de 9yèm ,10zyem SYÈK.

BIBLIYOTÈK TIMBOUKTOU,GAO,JENNA ki date de 15yèm SYÈK ,ki la toujou ;se ann ARABIK ke yo ye.

Yo di se pi gwo KOU ke FRANSE yo te pote MALI pa egzanp ,lè yo t ap fè lekòl ann ARABIK woutinman e ke FRANSE yo vin fè yo ANALFABÈT an FRANSE ,lè yo KOLONIZE yo.
Se bagay serye wi mesye ;se pou pa nou plezante ak sa.
PA GEN DOUT KE ANPIL LAN ESKLAV YO TE MIZILMAN.

Se pa lejann ,se FÈ ISTORIK!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Tout Moun Se Moun - Konba Pèp Ayisyen an Depi 5 syèk Empty Re: Tout Moun Se Moun - Konba Pèp Ayisyen an Depi 5 syèk

Message  Alves Mer 19 Fév 2014 - 6:35

Relijyon islamist lan paret 600 an apre relijyon kretyen yan et se nan zonn moyen oryen et Afrik du No ke relijion kretyen yan te pwan nesans li. Donk afè ke islam te pwan kontak ak Lafrik avan pa chita sou anyen. Relijyon islamist la se an 600 ke li te kreye donk avan 600 islam pat ekziste e pat ka pwan kontak ak Lafrik. E pou sa ki pa konen se on Jwif ki vre papa relijyon sa e ki te chita ak Mahomed pou te anseye'l, paske si se li ki te fe sa kom jwif relijyon an pa tap pwan.

Alves
Super Senior

Masculin
Nombre de messages : 111
Localisation : Port-au-Prince
Opinion politique : Neutre
Loisirs : football
Date d'inscription : 04/01/2014

Revenir en haut Aller en bas

Tout Moun Se Moun - Konba Pèp Ayisyen an Depi 5 syèk Empty Re: Tout Moun Se Moun - Konba Pèp Ayisyen an Depi 5 syèk

Message  ainsi ne soit-il Mer 19 Fév 2014 - 7:11

Mwen pa nye ke te gen mizilman pami neg transplante yo. Se yon fait ke mwen konstate lontan avan menm ke m'te tonbe sou yon ti livr etnoloji tre rar sou Ayiti. Men menm kwe ke gen yon fom de relijyon an Ayiti ki ni lan krisyanism ni lan vodou kom tel. Kom mwen pa seten ke w ka idantifye moun ki soti lan pratik relijyon sa ankor, mwen pa lan prese afime ke se Islam li te ye. Kontreman ak tet mouka elatrey k'ap envante istwa pou tet yo. Sa ki di ke yo gen asandans enperyal, sa ki kwe yo se kalif...

Ala yon Farrakan! It's business as usual.


Dernière édition par ainsi ne soit-il le Mer 19 Fév 2014 - 7:16, édité 1 fois
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Tout Moun Se Moun - Konba Pèp Ayisyen an Depi 5 syèk Empty Re: Tout Moun Se Moun - Konba Pèp Ayisyen an Depi 5 syèk

Message  Joel Mer 19 Fév 2014 - 7:19

Mwen konnen ke NÈG tankou w yo ;tikrik tikrak se lan JOURE pou nou tonbe ;se lan ""MODUS OPERANDI"" nou.
Mwen kwè se oumenm ki te di ke LANG KREYÒL lan se yon pèt de TAN pa sa.

Avèk VAST ENFÒMASYON ki genyen MOUN paka di ke si yon MOUN di yon BAGAY li pa chita sou anyen.
Sou CHÈN TELEVIZYON m;sou KAB yo ,YO SE tout tan y ap bay DOKIMANTÈ sou ORIJIN ISLAM.

Mwen gen LIV BASIL DAVIDSON lan tou sou GRAN ANPI MIZILMAN AFRIKEN.Sou de nèg tankou ABOU MOUSSA;sou ANPI GHANA,GAO.JENNA.
An pasan ,BASIL DAVIDSON se te yon ISTORYEN ,BLAN ANGLE!
Wi ,ISLAM te pran NESANS lan kotwaye MOHAMMED t ap kotwoye jwif yo;se rezon sa a ki fè PWOFÈT,tankou ABRAHAM,JAKÒB,MOYIZ ,se pwofèt lan RELIJYON ISLAM lan tou .
yo rekonèt JEZI tou ,pa kòm yon DYE ,men kòm yon PWOFÈT.
Lè MOHAMÈD te antre lan GÈ kont MOUN ki t ap pèsikite l yo ;misye te konn ale ann AFRIK.Youn lan MADANM li yo se te yon ETYOPYÈN.Se sa k fè gen yon BRANCH ISLAM ki rele BILAL ,ki se NON youn lan KONPAYON AFRIKEN MOHAMÈD yo.

Pa gen DOUT ke MOUN lan AFRIK de LWÈS yo te MIZILMAN ;byen avan ke yo te tande pale de KRISYANITE ,vèsyon EWÒP lan.

Pou MOUN ki konnen en pe lan ISTWA a ;te gen 2 GWOUP MIZIILMAN rive lan 12yèm syèk;te gen yon GWOUP yo rele ALMOHAD ,te gen yon lòt gwoup yo rele ALMOHAVID.
ALMOHAD yo se te MIZILMAN ,lan NÒ SAHARA a ;ALMOHAVID se GWOUP MIZILMAN lan SID SAHARA a.
Mouvman ALMOHAVID yo te pran NESANS lan zòn yo rele basen NIJÈ an ,se kote NÒ NIJERYA ,NIJÈ ,MALI ye jounen jodi an .
Yo te domine NÒ LAFRIK,LESPAY,PÒTIGAL,SISIL pou preske 200 zan.

Gen anpil lan ALMOHAVID yo ,se te an 1492 ,lanne ke KOLON t ap antreprann VWAYAJ li yo ke PANYÒL yo te reyisi kwape yo!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Tout Moun Se Moun - Konba Pèp Ayisyen an Depi 5 syèk Empty Re: Tout Moun Se Moun - Konba Pèp Ayisyen an Depi 5 syèk

Message  Joel Mer 19 Fév 2014 - 7:33

ainsi ne soit-il a écrit:Mwen pa nye ke te gen mizilman pami neg transplante yo. Se yon fait ke mwen konstate lontan avan menm ke m'te tonbe sou yon ti livr etnoloji tre rar sou Ayiti. Men menm kwe ke gen yon fom de relijyon an Ayiti ki ni lan krisyanism ni lan vodou kom tel. Kom mwen pa seten ke w ka idantifye moun ki soti lan pratik relijyon sa ankor, mwen pa lan prese afime ke se Islam li te ye. Kontreman ak tet mouka elatrey k'ap envante istwa pou tet yo. Sa ki di ke yo gen asandans enperyal, sa ki kwe yo se kalif...

Ala yon Farrakan! It's business as usual.


Se pa istwa envante .Se istwa ke kolonyalis yo pa t vle moun kite konnen.
Se pa AYISYEN sèlman ;AFRIKEN yo pa konnen ISTWA sa a.
Mwen te wè ak tande yon KORESPONDAN BBC ki t ap pale de wòyòm RÈN YOROUBA [b]TSANGO
lan SID NIJERYA.
Se RÈN ke MOUN lan relijyon YOROUBA yo ,tankou VODOU,SANTERIA,CANDOMBLE ,deyifye.

Misye te di gen AKEYOLÒG ANGLE ki ap fè ""DIG"" sou wòyòm sa a ;ki te lan SID NIJERYA lan 9yèm syèk.

Repòtè an te di yon bagay ki FRAPE M ;misye te di ke pi gwo pwoblèm AFRIKEN sè ke yo pa konn ISTWA yo.
Noumenm ann AYITI ,pou nou menm te gen ISTWA byen avan yo te debake nou sou zile an ,e mwen pa p pale de EJIP sèlman.

Kanta ORIJIN MIZILMAN anpil AYISYEN ou pa t bezwen konsilte LIV ANTROPOLOJI RA .Yo estime ke ant 20 a 25% NWA ki te travèse ATLANTIK lan se te MIZILMAN!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Tout Moun Se Moun - Konba Pèp Ayisyen an Depi 5 syèk Empty Re: Tout Moun Se Moun - Konba Pèp Ayisyen an Depi 5 syèk

Message  ainsi ne soit-il Mer 19 Fév 2014 - 7:51

Mwen pa si ke se ak mwen w'ap pale. Mwen pa janm di ke kreyol se perte de temps non, mwen. W ka byen tronpe men fok neg konprand ke yo lan endispoze moun itou.

Gade, mwen konn de ki sa m'ap pale tre byen. Se pa lan lekol poulaye e se pa lan piyay mwen ap vin di mwen konen.

Mwen antidivalyeris, mwen pa renmen neg ki lan tet peyi a men mwen pa Lavalasyen. Daye mwen pa janm renmen tit pati politik an Ayiti. Yo chaje trop ak emosyon.

Si mwen froisse espri yo, se pa biznis pa'm.

Ainsi ne soit-il!
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Tout Moun Se Moun - Konba Pèp Ayisyen an Depi 5 syèk Empty Re: Tout Moun Se Moun - Konba Pèp Ayisyen an Depi 5 syèk

Message  ainsi ne soit-il Mer 19 Fév 2014 - 8:17

M'ap di neg itou ke depi Kla setifika mwen te aprand sou relijyon ansyen Ejipyen. E pi lan tande nouvel sou Mwayen-Oryan, mwen te gen yo profese ki te anseye'm sou Islam. Pami premye kontak mwen ankor adolesan aletranjete gen Libano-Palestinyen e sa te etone tout e mizilman e kretyen yo ke mwen t'ap poze yo kestyon sur les cinq piliers de l'islam.

Lan peyi pa'm nou pa bezwen trete kreyol tankou yon lang ki an peril. Se jis la mwen problem ak neg. Se lan sans sa mwen plis kwe ke yon gran bibliyotek ta itil lang kreyol la plis ke nou pa pense. A kondisyon ke nou ka mentni'l paske nou gen abitid lese an dekrepitid enstitisyon nou yo.

Menm si Lafrans ta fe yon tel don se responsabilite Ayisyen pou ta asire perenite'l, fon ak kanpay finansman, elatrey. Mwen pratik lan sens sa olye ke se riminen m'ap riminen istwa led ki plis endispoze moun. Sa pa vle di pesonn blye.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Tout Moun Se Moun - Konba Pèp Ayisyen an Depi 5 syèk Empty Re: Tout Moun Se Moun - Konba Pèp Ayisyen an Depi 5 syèk

Message  Joel Mer 19 Fév 2014 - 8:42

AINSI;
Se pa ak ou mwen t ap pale.Nou pa kominike konsa.Mwen t ap fè yon pwen pou yon MOUN ki ap di sa yon lòt ap di ,pa chita sou anyen.
Se pa t ou.
Si yon moun di yon bagay ;yon moun gen dwa siyale kote l twonpe l.

Zafè ISTWA AFRIKEN an se yon bagay ENPÒTAN.EWOPEYEN yo konn ISTWA yo ;noumenm AFRIKEN ak desandan AFRIKEN yo ,nou pa konnen  pa nou an.
Se REZON sa a ke y ap depanse preske 500 MILYON DOLA pou yo konstwi yon MIZE ISTWA AFRIK ak DESANDAN l yo lan WASHINGTON!
Sa sa k fè tou yon MOUN tankou LULA DA SILVA di ke se lan ENTERÈ NASYONAL BREZIL ke BREZILYEN yo aprann LISTWA LAFRIK

Epi sou zafè MIZILMAN an.
AINSI;
Sa a se SIT SMITHSONIAN MUSEUM OF AFRICAN HISTORY lan WASHINGTON .Se youn lan pi GRAN MIZE sou planèt lan.
Ironikman se sou sit jounal franse LEMONDE mwen te wè adrès SIT lan.Yo te etone ke SMITHSONIAN te genyen yon SIT konsa.

Lè w klike adrès lan,klike ,HISTORY epi AFRICANS in SPAIN epi wa sezi.
Se yon TABLO ki lan yon MIZE aktyèlman ann ESPAY ;w ap wè ki lès ki ap sèvi NÈG NWA kou lank yo lan 12yèm SYÈK ann ESPAY ,se moun KLÈ:

www.mnh.si.edu/africanvoices

Nèg sa yo se NÈG ki te sòti anba SAHARA a ;m ap pale de ALMOHAVID yo.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Tout Moun Se Moun - Konba Pèp Ayisyen an Depi 5 syèk Empty Re: Tout Moun Se Moun - Konba Pèp Ayisyen an Depi 5 syèk

Message  ainsi ne soit-il Mer 19 Fév 2014 - 11:59

Si mwen t’ap byen suiv, endividi a pa fè anyen ke baleye ak do main’l tout sa k’ap di sou forum la lan chak entèvansyon’l. That kind of pissed me off men se pa koze politisyen k’ap taye imaj yo ke mwen t’ap defand. Mwen pa janm bezwen pase pou bon nèg, mwen jis aji ak dezenteresman.
Franchman mwen pa t’ menm t’ap sonje ki ès ki te vini ak post. Mwen konn nèg ki ka ap fè sa, se swa tikololo ou byen youn nèg ponyèt long ki te sou oplpeople.com, ansyen sit zót ak zótèy t’ap finanse ki t’ap opere sou kouvè nom yon pati politik.
Mesi pou lyen yo.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Tout Moun Se Moun - Konba Pèp Ayisyen an Depi 5 syèk Empty Re: Tout Moun Se Moun - Konba Pèp Ayisyen an Depi 5 syèk

Message  Joel Mer 19 Fév 2014 - 12:24

AINSI;
Nou pa bezwen lan kont ;menm si nou pa wè kesyon LANG lan menm jan.
Lòt NÈG yo se yon bann FASIS.Yo antre sou TAB lan ,se tankou ravèt,se pou yo gate manje an!

Se pa janm sa w ap di an y ap konteste ;se MOUN ki ap di l lan e bagay lan se yon SIT DISKISYON.
Yon NÈG ap di ke yo pa kite l pale ;ki lès ki te janm konteste sa THUNDER ap di pa egzanp.
THUNDER te gen yon mòd li te konn louvri ENTÈVANSYON l yo ak ""DIKTATÈ SANGINÈ"" yo rele ARISTID.
Nèg di yo pa dakò ;yo jis reponn sa l ap di an!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Tout Moun Se Moun - Konba Pèp Ayisyen an Depi 5 syèk Empty Re: Tout Moun Se Moun - Konba Pèp Ayisyen an Depi 5 syèk

Message  jafrikayiti Mer 19 Fév 2014 - 12:51

Konpatriyot,

Pandan n ap pale sou ki jan Ewopeyen pa konnen listwa yo, Afriken pa konnen listwa yo, elatriye... m ap di se yon konsta nou ka fè chak jou ki jou e li enpotan anpil pou moun ki konprann sa a, aji pou sitiyasyon an chanje.

Nan seri Lafimen an nou va remake mwen pale osijè orijin Mizilman Boukman ak Cecile Fatiman okondisyonèl. Nan lespri pa mwen pa gen anyen mal nan peze ipotèz yo youn kont lot, sou baz fè istorik ki aksesib epi verifyab.

Ayèwoswa madanm mwen ak mwen te ale wè "12 years a slave" pou premye fwa. Se yon bagay efreyan pou nou wè kijan gen moun ki leve pandan fim nan yo ale. Poukisa? li difisil pou nou sèten sou kisa k ap pase nan tèt yon lot moun. Men, nou tande kèk lot komantè tou pandan fim nan epi apre fim nan ki fè nou sispèk sous jènman yon seri moun genyen ak fim sa a.

Imajine ou, istwa pèsonaj prensipal la Mr. Solomon Northurp http://en.wikipedia.org/wiki/Solomon_Northup
se kichoy laplipa moun (mwenmenm ikonpri) ap konnen pou premye fwa nan ane 2014. Kidonk, se yon demonstrasyon ekstraodinè sou kijan pwopagann ofisyèl la reyisi kofre laverite anba anpil kouch manti. E se menm fenomèn sa a ki kontinye ak listwa tan modèn nan.

Ou te mèt ranmase depi se prèv, depi se fè istorik enkontestab ou mete devan je limonite, nan tou zorèy yo....pa konprann sa pral anpeche odas sipremasi blan an mobilize tout kalite resous pou li fèmen je, fèmen zorèy, demanti, fè divèsyon....denigre....pou manti ofisyèl la kapab kontinye boloze.

Pou nou retounen sou rezondèt Lèt eskiz plis pase 680 Kanadyen gen tan siyen an, se pa nan lespri "ou pile pye ou pa di m padon" nou te pran inisyativ sa a. Se jis yon ti kontribisyon modès nan devwa temwanyaj nou kwè ki nesesè osijè krim sipremasi blan an KONTINYE ap komèt kont pèp nwa a toupatou sou latè.

Genyen ki ap denigre, genyen ki ap minimize, genyen ki eseye sabote li. Men, vle pa vle, laverite se tankou lafimen...anmezi w ap eseye toufe l, anmezi l ap fofile fè pasaj....

Solomon Northup[Note 1] (July 1808 – 1863?)[1][2] was a free-born African American from New York, the son of a freed slave. A farmer and violinist, he owned a property in Hebron. In 1841 he was kidnapped by slave-traders, having been enticed with a job offer as a violinist. When he accompanied his supposed employers to Washington, DC, they drugged him and sold him as a slave. He was shipped to New Orleans where he was sold to a plantation owner in Louisiana. He was held in the Red River region of Louisiana by several different owners for 12 years, during which time his friends and family had no word of him
.
http://en.wikipedia.org/wiki/Solomon_Northup

They cannot forever burry the truth!

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Tout Moun Se Moun - Konba Pèp Ayisyen an Depi 5 syèk Empty Re: Tout Moun Se Moun - Konba Pèp Ayisyen an Depi 5 syèk

Message  Joel Mer 19 Fév 2014 - 13:32

JAF;

Fim sa a ,ap fè menm bagay lan tèt MOUN OZETAZINI tou.Gen AMERIKEN ki pa t konnen sa LESKLAVAY te ye vre ;direktè STEVE MC QUEEN montre yo sa l te ye.
Se FIM sa a ki FAVORI pou OSCAR a.
Se tankou ou konn wè yon bann ENBESIL ki ap di w ke AYITI pran ENDEPANDANS li tw`p bonè.
Pwoblèm vini de jan yo anseye LISTWA ann AYITI.

Temwayaj NORTHRUP lan enpòtan ,se paske misye te viv tankou yon moun LIB OZETAZINI e tankou ESKLAV tou.Li te LIB anvan l te ESKLAV

Kanta MOUN ki ap vin di ke AYITI pran ENDEPANDANS li twò bonè !
ADYE!
Yon MOUN yo t al pran ann AFRIK ,anvan 1789 te gen yon esperans de vi ant 5 a 7 an lan KOLONI an.
Sa te koute MÈT yo mwen chè pou yo travay MOUN yo jis LANMÒ ;an tan ke yo t ap bayo manje e pran swen de yo.

Sa ka vin tankou yon kliche ;men MÈT sa yo te vrèman akòde plis enpòtans a yon MILÈT ke a yon ESKLAV.

Wi JAF ,fim STEVE MC QUEEN lan se yon SANSASYON tou OZETAZINI ,paske FIM frape imajinè MOUN.
Misye montre sa ESKLAVAY te ye vre!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Tout Moun Se Moun - Konba Pèp Ayisyen an Depi 5 syèk Empty Re: Tout Moun Se Moun - Konba Pèp Ayisyen an Depi 5 syèk

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum