Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Funko POP! Jumbo One Piece Kaido Dragon Form : où l’acheter ?
Voir le deal

Prezidan,Minis,Senatè ak Depite-per diem yo;pran MESAJ sa a!

3 participants

Aller en bas

Prezidan,Minis,Senatè ak Depite-per diem yo;pran MESAJ sa a!   Empty Prezidan,Minis,Senatè ak Depite-per diem yo;pran MESAJ sa a!

Message  Joel Sam 8 Mar 2014 - 10:28

Prezidan KENYA a UHURU KENYATTA pran yon KOUP 20% sou SALÈ li e yo mande KOUP 10 % salè MINIS yo.
Misye di ke se pa POSIB ke plis ke mwatye BIDJÈ an ,se lan peye MOUN ,tandis RÈS lan se lan envèstisman.
KENYATTA di kòb peyi an dwe se lan envèstisman li dwe ye ,se pa lan peye SALÈ li dwe ye.
Misye di tou fò k VWAYAJ dirijan yo ;se pou yo kenbe yo a yon MINIMÒM ABSOLI.

Pran MESAJ sa a DIRIJAN ""PER DIEM"" nou yo!

www.bbc.com/news/world-africa-26492396


Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Prezidan,Minis,Senatè ak Depite-per diem yo;pran MESAJ sa a!   Empty Re: Prezidan,Minis,Senatè ak Depite-per diem yo;pran MESAJ sa a!

Message  ainsi ne soit-il Sam 8 Mar 2014 - 22:32

Sa fè kèlk jou ke m'te rive a konklizyon ke Ayiti tounen jis yon bout tè inculte ke yo bay nèg jere. Kouman nou trouve'n ke nou pa menm produi ase pou nouri 1/4 popilasyon a? Kouman w eksplike ke se lEta ki pi gwo anplwayè lan peyi ak yon bidjè e èd etranje ap apiye. Se pa yon sityasyon ki nouvo non an Ayiti. Sa ki fè skandal se zafè politisyen mal leche sa yo ki ap vwayaje tout jounen, mande'n ki sa li bezwen ap mache konsa.

Lan peyi ki byen óganize e ki gen mwayen, m'ap tande kandida lan eleksyon provensyal k'ap di ke yo pwal koupe lan fonksyon piblik. Lan nivo federal menm, sendika fonksyon piblik bije ap lige yo pou fè echek a gouvènman konsèvatè ki ap fè koupi pami anplwaye yo. Moun yo pa plis ap proteste paske pou moun ki ap pran retrèt e ke yo pa pwal ranplase yo non, sè ke gouvènman Harper la ap opere mise à pied lan tout Ministè.

Se pa toujou yon bon nouvèl, men olye ke y'ap peye on seri de anplwaye ki p'ap fè anyen lan biwo lEta, li ta pi bon si yo ta envesti lan moun parekzanpl. Men se pense bagay yo fasilman pou yon peyi tankou Ayiti kote menm moun sa yo ki anplwaye lEta pa ka achte anyen ak salè y'ap touche.

Nou pa ka gen yon gouvènan piyè gaspiyè k'ap dilapide lajan peyi a jis pou fè pale de li. Pandanstan n'ap tande prezidan yon lót peyi ki admèt yon malèz e ki aksepte koupi lan salè li. An Ayiti, se bagay pou ti nèg sou pouvwa sa a ta rele anmwey ou byen li ta di tout moun kologyètman yo. Kote w ta wè sa ak yon endividi ekstravagan, mégalomane, yon paveni konsa ke yo aksepte mete tèt li odesi la loi?

Bor isit, yo sispand san pèy senatè ki depase per diem yo, ki chaje lEta pou depense ki pa gen rapó ak fonksyon yo. Jounal fè minis gouvènman parèt mal paske sa peye yon vè ji zoranj 16 dola an Frans ak lajan kontribiyabl Kanadyen. Menm lè w se Gouvènè Jeneral ki dispoze yon bidjè gra, gen moun k'ap administre'l. Malgre sa, jounalis amèdan gen dwa trouve w tró bródè. (lol)

Kouman w eksplike ke prezidan yon peyi si póv ap monte desand san ke nou pa janm tande ki sa li rapóte lan sak li apre tout vwayaj sa yo. Se egare ki pou ta kwè ke divalyeris ap travay tou d'bon pou peyi. Sa kontrè a nati divalyeris yo ki deja konen ke lè yo mete yo lan yon póst se pou yon plen póch yo. Pa bliye ke se konsa itou rejim Divalye detrui peyi a.

Jan de jès konsa ki s☺ot lan tèt peyi Kenya montre ke gen yon sètèn volonte pou amelyore peyi a, pou edike moun yo, pou devlope yon meyè mantalite alóske an Ayiti, nèg sa a pa vin fè demokrasi avanse. Sèl egare ki kwè ke yo ka drese yo bwa krochi konsa. Yon pye bwa ki pouri avan sa mouri. Se nou ki konn ki sa nou ka jwenn lakay nèg konsa pou avni demokratik Ayiti.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Prezidan,Minis,Senatè ak Depite-per diem yo;pran MESAJ sa a!   Empty Re: Prezidan,Minis,Senatè ak Depite-per diem yo;pran MESAJ sa a!

Message  Amoph Dim 9 Mar 2014 - 7:46

La FRANS, se gro peyi rich :

François HOLLANDE osito li monte o pouvwar, li diminue apwentman li e apwentman tout ministr yo de 30%.

Outr Jean-Marc AYRAULT, Premye ministr  depwi 2012, gouvèrnman fransè a konpoze de 37 ministr.


Otr konsta : Tenez-vous bien !

17 milyon deuro se te le "coût" anuèl yon ministr avan larive de François HOLLANDE o pouvwar an FRANS.

Chak ministèr te gen 20 konseye, dè sèrvis de sekurite, an plus : peti pèrsonèl pour chakun dè 20 konseye e pour chakun dè servis de sekurite.

Faites le compte !!!


Avan François HOLLANDE :

François FILLON ansyen Premye ministr de Nicolas SARKOZY de 2007 a 2012 te dejà pran de sevèr mezur dekonomi an redwizan pèrsonèl ministr yo a 20 konseye.

FILLON te lisansye des santèn de konseye nan tout ministèr yo.


Avan Nicolas SARKOZY :

"L'hôtel Matignon", rezidans ofisyèl e lyeu travay chèf gouvèrnman fransè a, avan François FILLON ( avan 2007) te konpOrte 600 moun, kondi Revelation :<< Se 600 moun ki tap touche gro kOb. >>


Amoph

Amoph
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 601
Date d'inscription : 24/08/2006

Revenir en haut Aller en bas

Prezidan,Minis,Senatè ak Depite-per diem yo;pran MESAJ sa a!   Empty Re: Prezidan,Minis,Senatè ak Depite-per diem yo;pran MESAJ sa a!

Message  Joel Dim 9 Mar 2014 - 8:24

Ann AYITI trajedi an se pa lan konbyen ANPLWAYE LETA ki genyen;yo ap kalbende se vre men pa tèlman gen anpil.
Dayè pou youn ,mwen te tande yon ANPLWAYE LETA sou yon RADYO ki di ke l gen 13 MWA depi l pa TOUCHE!
Se GASPIYAY ki ap fèt lan TÈT LETA a.
Ou pa ka deniche KÒB yo ap vòlò ;lan fame pwogram PSUGO an yo di ke gen yon pakèt lekòl BIDON.Lekòl ke ki ap sipozeman resevwa lajan LETA e ki sèlman ekziste sou PAPYE.
An pasan bagay PSUGO sa a ,se bagay ki pi estipid ki ka genyen e mwen pa konnen kote mesye yo pran lide sa yo.
Pouki sa mesye yo pa t kontinye PWOGRAM mesye LAVALAS yo e kontinye bati LEKÒL .
Se lè MATELI pa la ankò ou byen si mesye KOU DÈ KONT yo fè yon bon ""audit"" n a konnen ki gagotaj,gaspiyaj ki fèt lan bagay sa a.
Kanta VWAYAJ GASPIYAJ ki kontinye ap fèt ou pa tande SENATÈ AK DEPITE pwoteste paske yo pwofite lan GASPIYAJ sa a tou.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Prezidan,Minis,Senatè ak Depite-per diem yo;pran MESAJ sa a!   Empty Re: Prezidan,Minis,Senatè ak Depite-per diem yo;pran MESAJ sa a!

Message  ainsi ne soit-il Mar 11 Mar 2014 - 3:15

Se la problem la mal pou rezoud wi. Avek yon gouvenman ilejitim pou pa di ilisit se pa jodi a koripsyon ap disparet. M'ap profite siyale w ke korespondan etranje an Ayiti gen le pa mache lan bluff Mateli ya. Dapre sa m'ap tande yo pa konprand ki sa neg sa ap regle an Ayiti apa ke detounen jenes la. Dimanch maten, m'ap tande korespondan Radio Canada an direk d'Ayiti k'ap rapote ke Ayiti devni le pays des carnavals. Misye. Misye eksplike ke depi janvye se yon atmosfe fet tar ak lan nuit lan diferan pwen lan kapital la ak lan lot lokalite. Li byen eksplike ke sa atire jis jenn moun yo tout ak yon sak lan do yo pou pote bros a dan. Kan maten leve, se brose dan e pi pran direksyon kote prochen aktivite a ye. Jounalis la eksplike ke majorite lan jenn yo pa menm gen kote pou y'al domi.

Li fe yo lot obsevasyon sou kantite motosiklet k'ap sikile lan peyi a. Ankor la se jen moun ki sou yo. Li di w pa fe yon pa san ke senk ou sis motosiklet pa antoure w. Jounalis la byen eksplike ke kontreman a bor isit kote moto se pou lwazi, jenn Ayisyen sa yo se pou yo ka al fe lajan. Jounalis la mal alez pou di ke se yon envestisman. Sa telman paret etranj pou li ke se jan de ankourajman konsa gouvenman ak fanmi ka bay jenes dezevre yo.

Donk se pa lekol y'ap voye jenn sa yo. Paran yo-menm bese bra net. Pou sa yo ki gen kelk fanmi aletranje se yon fason pou debarase yo de ti fanmi sa yo, retire yo sou respibsabilite yo. Nou we, mezanmi? Nou kwe?

Jounalis la pa manke siyale ke Ayiti pa menm gen yon izin asanblaj moto. Tout se enpotasyon... Hum!


ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Prezidan,Minis,Senatè ak Depite-per diem yo;pran MESAJ sa a!   Empty Re: Prezidan,Minis,Senatè ak Depite-per diem yo;pran MESAJ sa a!

Message  Joel Mar 11 Mar 2014 - 7:49

Li lè pou PAJ MATELI ak NEYO-DIVALYERIS li yo tounen.
PEYI etranje yo ,kòmanse wè MATELI kòm PREZIDAN KANAVAL .Se pa p etonan pou l fè yon GAGOTAJ GASPIYAJ an JIYÈ ANKÒ e OGANIZE yon lòt KANAVAL.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Prezidan,Minis,Senatè ak Depite-per diem yo;pran MESAJ sa a!   Empty Re: Prezidan,Minis,Senatè ak Depite-per diem yo;pran MESAJ sa a!

Message  ainsi ne soit-il Mar 11 Mar 2014 - 10:49

Kanaval an juiye sa a, se bagay pou yo te bat charivari depi premye jou li te manifeste entansyon pou retounen sou moun ak gagot konsa. Se omaj ti neg sousou a pou rand omaj a JCD. Daye se JCD ki te vini ak vye koze sa a pou selebre anivese'l ki se 3 juiye.

Divalye te fe peyi a rekile 50 ane, e sa rekomanse pi red. Neg sa yo san le anba kod san ke yo pa t'prevwa sa.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Prezidan,Minis,Senatè ak Depite-per diem yo;pran MESAJ sa a!   Empty Re: Prezidan,Minis,Senatè ak Depite-per diem yo;pran MESAJ sa a!

Message  Joel Mar 11 Mar 2014 - 15:12

Se sa ki LÒBÈY;konpare ak sa MEDINA ap fè an DOMINIKANI ,konpare ak sa PREZIDAN-KANAVAL lan ap fè.
Medina fèt inogire 9 LEKÒL an plis,semèn sa a ,konpare ak 13 lòt li te inogire youn ou 2 semèn de sa.
9 LEKÒL yo ,primè ak segondè koute 232 Milyon Dola Dominiken ;sa vle di anviwon 5 Milyon DOLA MERIKEN.

Se sa PREZIDAN KONPA a te depanse pou l òganize KANAVAL lan GONAYIV lan:

www.dominicantoday.com/dr/local/2014/3/10/50800/Medina-cuts-ribbons-on-9-schools-cost-RD2320M-in-the-South

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Prezidan,Minis,Senatè ak Depite-per diem yo;pran MESAJ sa a!   Empty Re: Prezidan,Minis,Senatè ak Depite-per diem yo;pran MESAJ sa a!

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum