Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Cartes Pokémon 151 : où trouver le ...
Voir le deal

Kote BANKYE AYISYEN yo?

2 participants

Aller en bas

Kote BANKYE AYISYEN yo? Empty Kote BANKYE AYISYEN yo?

Message  Joel Ven 13 Juin 2014 - 11:00

Sè lè w ap li de ATIK konsa , w ap mande w men rezon peyi sa a pa ka mache.
Men yon antreprenè ,ki devlope yon modèl biznis ke li pa gen mwayen pou l reponn a demand yo e misye pa gen ED pou l devlope biznis lan.
Misye di ke l paka jwenn ase MANYÒK,Manyòk se youn lan pwodwi ki pi fasil pou kiltive.Se pa yon bagay ki bezwen la pli.Se yon RASIN li ye.
BREZILYEN yo pwodwi anpil MANYÒK Yo konsome MANYÒK pou menm rezon nou konsome l.Se KASAV KOLON FRANSE yo te itilize pou bay ESKLAV yo manje ,paske se lan tè ki mwen pwodiktif lan MANYÒK te kiltive ,si w ka rele l konsa.
Se te menm jan o BREZIL ,sou yon pi gran ECHÈL.
Si yo bay ANTREPRENÈ sa a yon kout men ,anvan w ba t je w ,l ap kapab anplwaye 100.200.300 MOUN ,si se pa plis.
Se pa sèlman ap bati OTÈL ,ki se pa yon move bagay,men se epole ti ANTREPRENÈ sa yo ki ka vini GWO ANTREPRENÈ:

www.lenouvelliste.com/lenouvelliste/article/132086/Pas-assez-de-manioc-pour-plus-de-cassave.html

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Kote BANKYE AYISYEN yo? Empty Re: Kote BANKYE AYISYEN yo?

Message  Joel Ven 13 Juin 2014 - 13:39

Kasav se ""big business"" lan BREZIL.Se yon plant ki preske pa bezwen dlo.
BREZILYEN yo gen anpil ekspètiz ladan l ,paske yo konsome l anpil.
BREZILYEN yo ta twò kontan ede sou pwen sa a ;san nou pa ta bezwen ap enpòte MANYÒK de DOMINIKANI:

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Kote BANKYE AYISYEN yo? Empty Re: Kote BANKYE AYISYEN yo?

Message  Sasaye Mar 17 Juin 2014 - 2:11

Jowèl,
Se yon bon lide pou envestisman ak devlopman pou peyi dAyiti.
Men avan sa ta fèt, se lan tèt ayisyen pou travay.

Dapremwen, menmsi ta genyen yon piyay kassav l peyi an, wa p jwenn yon majorite ki pa p achte l,
paske yo gen prejije kont manje malere saa.
Menmjan gen ayisyen jiskouyea ki di yo pap manje Mayimoulen, ni aransò.
Menm bagay pou Pitimi.

Lan lòt zil Karayib yo, moun lan tout klass manje labveritab.
Ann Ayiti, apa de Tomtom Lagrandans, se boul timoun jwe ak bagay saa oubyen misye manje l.
Aloske gen grangou ann Ayiti.

Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Kote BANKYE AYISYEN yo? Empty Re: Kote BANKYE AYISYEN yo?

Message  Joel Mar 17 Juin 2014 - 6:52

SASAYE;

Mwen sonje lè mwen te anvi manje yon KASAV lan NOUYÒK se lan ""bodega"" DOMINIKEN yo mwen te konn ale.
Ou te ka jwenn KASAV lan anvlope lan PLASTIK ak yon drapo DOMINIKEN sou li.
Gen de ""episri"" ayisyen se menm KASAV fabrike lan DR ,ou te konn jwenn tou.

Sa vle di ke nou AYISYEN,DOMINIKEN ap achte KASAV lan.Ou deja wè konbyen DOMINIKEN ki ap viv lan fè KASAV.

BREZILYEN menm fou pou KASAV ;yo manje l tout jan,yo manje l e kwit li ak tout kalite engredyen.
Se menm rezon ak nou ki fè BREZILYEN gen yon ""gou"" pou KASAV lan.
Se lan tanperati TROPIKAL ,manyòk lan grandi ,li pa bezwen anpil DLO .
Se sa k fè se te lan avantaj KOLON yo pou ESKLAV te konsome KASAV.Sa te ase pou kenbe yo 7 a 8 an ke KOLON yo te espere yo t ap VIV.

Lè w ap di tou ,moun ,sitou lan VIL yo pa renmen konsome KASAV lan ,se de la sa sòti,sa kite yon move souvni.

Men tou ,si w li ATIK NOUVELIS lan byen ;antreprenè an di ke li pa fè ase KASAV pou reponn a demand lan.
Misye di ke li pa ka jwenn ase MANYÒK ann AYITI pou l fè kasav lan.









''

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Kote BANKYE AYISYEN yo? Empty Re: Kote BANKYE AYISYEN yo?

Message  Sasaye Mer 18 Juin 2014 - 0:48

Jowèl,
Ou te yon eksepsyon an moun ki deplase al chèche kasav lan boutik dominiken.
Majorite lan ayisyen nouyòk kou monreyal pa enterese al konsomen kasav regilyèman.
Yo pa p janm manje l tankou pen jan brezilyen fè.
mwen di w ayisyen obskirantis menm lan manje.

Konbyen antreprenè ki paka satisfè demand lan kasav?

Mwen te ann Ayiti, lè kwizinyè a mande m kisa nou ta remen manje, mwen di: Mayimoulen ak pwa rouj,
Boulèt ak kalalou. Fanm nan gade m komsi mwen te yon moun fou.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Kote BANKYE AYISYEN yo? Empty Re: Kote BANKYE AYISYEN yo?

Message  Joel Mer 18 Juin 2014 - 6:53

Peyi tankou BREZIL ,KASAV rantre lan dyèt yo.
Pa bliye se an 1888 ESKLAVAY te aboli lan BREZIL.
Lè w te yon gran plantasyon ,ki gen 500 ak mil ESKLAV lan yon plantasyon lan yon peyi TROPIKAL ou pa pral bay bon tè pou esklav yo kiltive LEGIM pou yo manje.
MANYÒK pran ,lan nenpòt tè sèch ,li pa bezwen twòp DLO.

Ou jwenn menm patikilarite lan koloni FRANSE yo tankou GWADLOUP.
Se an 1848 LESKLAVAY te aboli lan zile FRANSE yo.
Zafè KASAV ak MANYÒK antre lan vokabilè GWADLOUP pa egzanp.

Lan KREYÒL GWADLOUPEYEN an ,si yon moun SAVE ,si li ''konnen'',yo rele l ''MÈT A MANYÒK''.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Kote BANKYE AYISYEN yo? Empty Re: Kote BANKYE AYISYEN yo?

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum