Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Cdiscount : -30€ dès 300€ d’achat sur une sélection Apple
Voir le deal

Sak fè Ayisyen pa renmen Ayisyen?

3 participants

Aller en bas

Sak fè Ayisyen pa renmen Ayisyen? Empty Sak fè Ayisyen pa renmen Ayisyen?

Message  jafrikayiti Jeu 7 Aoû 2014 - 0:34

Yon imaj lèd ki anseye yon bèl leson: Sak fè Ayisyen pa renmen Ayisyen?
Pierre "Jistis" Lubin

PML24@columbia.edu

Avanpwopo

Nan yon videyo Tout Haiti poste sou sitwèb li nan dat 5 out 2014, nou wè kote yon gwoup « pwofesyonèl » —ki pa ni Dominiken ni kolon rasis—ap maltrete yon jèn Ayisyen ki soufri maladi mantal. Ponpye ayisyen yo te vide kloròks sou tèt grenn ak po fonse yon Ayisyen parèy yo; yo te ba l kòd pandan li te nan yon twou pou yo rale l tankou yon bokit dlo yo t ap rale soti nan yon pi; lè l te sot nan twou a, yo te mare l pi mal pase yon bèf sipa; epi yo te trennen l atè a pi mal ke yon bèt feròs yo t ap trennen labatwa pou y al kòche l. Tankou yon flanm dife debòde, ponpye yo te reyisi etenn souf li.

Li mouri!

Si w poko wè videyo sa a, mwen ankouraje w gade l anvan w li rès atik la. Men adrès sit la: http://touthaiti.com/touthaiti-actualites/3923-video-du-jeune-malade-mental-torture-et-assassine-par-la-police-.

Entwodiksyon

Men ki sa bon sans komen ta sipoze anseye n: plis pase tout lòt pèp sou latè, se Ayisyen ki ta dwe pwoteje ak aji nan yon mannyè jis ak lòt Ayisyen. Malerezman, bon sans pa komen vre—sitou nan yon kontèks Ayiti a. Si l te komen tout bon vre, yo ta vann li nan mache, konsa tout moun (ki ka achte l) ta posede l. Se pa Ayisyen ki ta fè yon lòt Ayisyen parèy yo kalite injistis sa a. Paradoksalman, videyo a se yon imaj ki lèd anpil men li ofri yon bòn okazyon pou yon bèl leson nan psiko-sosyo-pedagoji. Pou mwen, li montre pi gwo pwoblèm ki egziste nan sosyete ayisyen an: Ayisyen, anjeneral, pa renmen lòt Ayisyen parèy yo (Price-Mars, 1919). Ki sa? Pa kite pawòl chokan sa a choke w. Si w sezi, bwè yon ti dlo paske sa se te twokèt la; men chay la: Ayisyen an, anjeneral, pa menm renmen pwòp tèt li! Kòman mwen ka fè di yon gwo koze konsa? Ki lwa ki pran m ? Te m eksplike m.

Souple, kontinye li atik la...sou HAITI THEN & NOW...


http://haitithenandnow.blogspot.ca/2014/08/yon-imaj-led-ki-anseye-yon-bel-leson.html

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Sak fè Ayisyen pa renmen Ayisyen? Empty Re: Sak fè Ayisyen pa renmen Ayisyen?

Message  Joel Jeu 7 Aoû 2014 - 7:55

Bon bagay JAF.
Pwofesè an montre MOUN ki gen prejije kont KREYÒL ,se yon bann ""retade"" RETADE pa lan sans mantal ,paske MOUN sa yo se pa yon chwa yo fè ,retade ,palan de MOUN ki fè CHWA pou sa.

Se de atik konsa pou w ta wè lan LE NOUVELLISTE men se de atik an FRANSE san pye ni tèt ;men se an FRANSE.

Mèsi ,paske pwofesè an di bon bagay e KREYÒL lan SWA!

Se pou m di tou ,mwen li 2 zou 3 ATIK sou sit lan ;ki kite m ""emèveye"".Ann ANGLE ou an KREYÒL ,entèvenan yo konn ekri.
Mwen rekòmande nou ,pou nou li repons ke MANBO DOWOTI DEZI bay KADINAL LANGLWA a ,ak atik LUBIN an sou definisyon ou byen sa ki yon "" entelektyèl ayisyen"" yon ekspresyon ke mwen dakò ak misye ki abize.
Ankò ,bon bagay!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Sak fè Ayisyen pa renmen Ayisyen? Empty Re: Sak fè Ayisyen pa renmen Ayisyen?

Message  Rico Jeu 7 Aoû 2014 - 21:58

Mezavanti ponpye sayo pa anyen devan yon sakrifis Pè Lebren.
Se  depi lontan nèg ak komèt zak kriminèl kont frè yo.
Se tout moun kite pase a lenfinitif. Pov pastè Silvio ki te lwen yon makout.

Li mouri anba Pe Lebren kote anpil zway lavalas kite kwè nan apoloji gran lidè yo te genyen sou sakrifis Pè Lebren: li santi bon, li brodè   e latriye
Li ta bon pou prof sa  pase pran tout kriminèl notwa otè ak egzekitan ki boule tout vivan bann kreyati sayo.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Sak fè Ayisyen pa renmen Ayisyen? Empty Re: Sak fè Ayisyen pa renmen Ayisyen?

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum