Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
ETB Pokémon Fable Nébuleuse : où acheter le coffret dresseur ...
Voir le deal

ESKE NOU BEZWEN YON OPOZISYON BOUT DURRRR ZO BLOD OU YON OPOZISYON MODERE

Aller en bas

ESKE NOU  BEZWEN YON OPOZISYON BOUT DURRRR ZO BLOD OU YON OPOZISYON MODERE Empty ESKE NOU BEZWEN YON OPOZISYON BOUT DURRRR ZO BLOD OU YON OPOZISYON MODERE

Message  Rico Lun 15 Déc 2014 - 12:36

Peyi dayiti nan sèten moman listwa bezwen moun kouraje, moun kap pran desizyon politik. Pafwa ki mande yon netralite, yon rekil pou sovgade lapè.

Depi kèlke tan gen yon eskonbrit, yon lese frape pou voye yon Prezidan ale. Men sa nou dwe remake mouvman  sa pral kreye plis divizyon, kakofoni politik nan yon opozisyon Sauveur P. Etienne rele Zo blod bout durrr.

Dayè lavalas ki twouve l pa nan sere kole mache ak Madan Manigat, Tuneb Delpe  e latriye  nan koalisyon sètoblije ki rele MOPOD.

Lavalas ki raple koman yo te kouri nan dengwann ti koken Tu tud estomake, leve koken di li pa vle yo manyen Prezidan se mouche premye minis ak tout minis ki pwoblèm lan.

Komik nan lobey sa se Tuneb Delpe, madan Maniga ki vle ryen savwa ak ti rakay lavalas yo ki fann an miyèt moso pou fann nan dengwann Martelly. Se yon rounourounou nan mitan rakay lavalas ki pa konnen ki sou pye yo dwe danse eske yo dwe ale ak Maryse Narcisse ou byen lot ti alye nan bidonvil yo.


Nou remake nan kriz sa yon sektè ki gade pridans, objèktivite pou rezoud kriz politik sa.Yon sèktè nan opozisyon ki pa vle viktim politik entènasyonal ki abitye lese pouri yon kriz kote antagonis yo ap voye kout pye, move pataswèl e pwi li fofifile pou yo bannou sayo vle

Alos sektè sa ki gen moun tankou Sauveur Pierre Etienne, KPlim ki gen anpil lisidite o pwen rakay lavalas ap voye monte sou do yo nan fè atak bazetaj. Men nou dwe konprann nan moman difisil sayo, yon peyi bezwen dirèksyon, bezwen bon jan reflèksyon lidè  ro nivo, konpetan pou gide sitwayen yo.

Se konsa yon nouvèl dinamik ap devlope kote sèten pati, gwoup
sitwayen ap lite kont ekstremis, tout voum se do, rache manyok kap depafini yon peyi. Yon gwoup sitwayen ki konprann nou pa gen yon leta nasyon, nou dwe rebak kat yo. Non boulevèse, destabilize yon peyi an plis ki pa kanpe sou anyen.

Men tradisyonèl politik pou sote pran pouvwa, itilizasyon lari se twouve lavalas gen konpetisyon kap konpike plis kriz la. Yon komisyon fè yon rapo de soti de kriz kote gouvenman pèdi anpil plim , alos bal la nan kan tout opozisyon konfondi.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum