Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-39%
Le deal à ne pas rater :
Ordinateur portable ASUS Chromebook Vibe CX34 Flip
399 € 649 €
Voir le deal

Je suis "Viktim Kolera"

Aller en bas

Je suis "Viktim Kolera" Empty Je suis "Viktim Kolera"

Message  jafrikayiti Sam 10 Jan 2015 - 16:00

Haiti: Judge Throws Out Cholera Suit Against U.N.
A federal judge in Manhattan dealt a set back on Friday to victims of Haiti’s cholera epidemic who have been seeking to hold the United Nations responsible. Judge J. Paul Oetken dismissed a class-action lawsuit by Haitians against the United Nations, deeming the organization immune because of treaties.

"Mwen panse se grav pou mwen pa wè bann entelektyèl nou yo, avoka, nou yo, nèg save nou yo kap ekri liv tout lajounen, paka parèt ak yon dokiman chaje ak agiman, ak bon jan analyz, pou demontre kouman Nasyonzini pa gen dwa, paske li gen iminite diplomatic, antre nan yon peyi - menm si se sou envitasyon - pou li vinn demantibule peyi sa, kreye kondisyon ki fè plis pase 8 000 moun mouri. Kote yo? Serge Bellegarde, mam Akademi Kreyòl, Ayisyen an
---

Serge,

Daprè sa m obsève, se plizyè lòt kalòt konsa n ap oblije pran nan men gang kolon yo anvan nou reyisi reveye nou nan pwofon somèy n ap boloze a.

Konpòtman Nasyonzini ann Ayiti, se konpòtman bandi, kriminèl. E, se pa nan krim kolera a sa kòmanse. Tankou divès rapò te montre sa depi debakman 2004 la, se pil ak pakèt frè ak sè nou yo blan yo masakre dekwa pou yo te reyisi enstale diktati fòs etranje yo nan peyi a.

Enplikasyon enstitisyon tankou Legliz Katolik ak Legliz Episkopal nan swadizan mouvman pou rezoud kriz politik la, se pa yon aza. Kolon yo itilize tout zouti yo genyen nan asnal yo, pou asire yo Ayisyen distrè, Ayisyen plonje nan konfizyon, e sitou, Ayisyen pa dirije kòlè yo sou veritab lenmi yo - Kolon-kidnapè-koleramann (kkk) yo!

Mwen rete kwè ane 2015 lan, ki se 100èm anivèsè debakman Yanki yo, 5 èm anivèsè goudougoudou ak krim koleramann yo, se yon ane kote Ayisyen ap oswa reveye pou nou choute bounda kkk, oswa y ap tou antere kadav nou nètalkole.

Nou deja rive sou 1 milyon moun ki kontamine ak kolera kaka kolon blan yo epi 10 mil ki mouri anvan lè, akòz zak kriminèl sa a. Gen lè gen moun k ap tann yo wè pankat "Je suis viktim Kolera", sou ekran CNN, BBC ak Radio-France avan yo resi reveye nan dòmi.

Jaf

http://windowsonhaiti.com/phpBB/viewtopic.php?f=1611&t=23290&p=26047#p26047
Je suis "Viktim Kolera" 12388810

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum