Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Display Star Wars Unlimited Ombres de la Galaxie : où l’acheter ?
Voir le deal

Sa a se pou RIKO-OUVRI LESPRI W

3 participants

Aller en bas

Sa a se pou RIKO-OUVRI LESPRI W Empty Sa a se pou RIKO-OUVRI LESPRI W

Message  Joel Lun 2 Mar 2015 - 10:23

Sa a se sou difikilte pitit IMIGRAN an FRANS yo genyen ;a koz de kesyon LANG lan.

Se pa de neg ki fe eksepsyon yo pou nou pale .Pou ti AYISYEN ki reyisi yo ;e lot yo.

Se yon ATIK ki paret jodi 2 MAS lan sou pwoblem TIMOUN ki pa pale FRANSE lakay yo ;ki leve lan pa pale FRANSE lakay yo ,genyen.
Ap toujou genyen ki reyisi tankou MINIS EDIKASYON NASYONAL FRANSE an;dorijin ARAB;men se EKSEPSYON KI FE REG lan.

Kom pa gen pesonn ki ap jan kapab konvenk RIKO ;se pou lot PATISIPAN sou sit lan ak yon LESPRI ki pa KADNASE:




La maîtrise du français, facteur clé de l’insertion des enfants d’immigrés

Le Monde.fr | 02.03.2015 à 12h54 • Mis à jour le 02.03.2015 à 14h39 |
Par Maryline Baumard

Au pays de l’égalité républicaine, la discrimination finit par se voir. En tout cas, l’organisme France Stratégie, officiant auprès du premier ministre, l’a repérée dans son dernier travail intitulé « Jeunes issus de l’immigration : quels obstacles à leur insertion économique ? » « Une fois les effets de l’origine sociale des parents, du niveau de diplôme et du lieu de résidence neutralisés, le risque de chômage persiste pour les descendants d’immigrés », conclut l’étude. Le message est clair : à diplôme égal et même s’il habite en centre-ville, un enfant d’immigré connaît davantage de difficultés à trouver un emploi que ses camarades qui ont des parents nés en France.

L’étude a été réalisée en vue du comité interministériel sur la citoyenneté et l’égalité réuni le 6 mars à Matignon (France Stratégie avancera ses propositions la veille). Elle analyse plus finement cette discrimination et montre que « la probabilité pour les jeunes descendant d’immigrés africains d’avoir un emploi stable, cinq ans après la fin de leurs études, est un tiers plus faible que pour les natifs ou les enfants aux ascendants d’Europe du Sud ».

« La langue de l’école »

Cette discrimination à l’embauche ne s’explique pas seulement par du racisme, mais aussi par le fait que ces jeunes dont les parents ne sont pas nés en France sont moins souvent diplômés – ou titulaires de diplômes moins prisés – que les autres. L’étude rappelle ainsi qu’« être descendant d’immigré africain – hors Maghreb – réduit d’un quart la chance d’être salarié de la fonction publique d’Etat ». Or ces recrutements procèdent d’un concours anonyme (hors les oraux) ; la couleur de la peau ne peut donc aucunement y jouer un rôle.
Ainsi, au cœur du sujet, il y a plutôt l’école française, qui n’offre pas les conditions optimales à des enfants dont la langue parlée à la maison n’est pas forcément le français. « Les inégalités se creusent dès la maternelle et compromettent l’accès aux filières les plus favorables à la poursuite d’études supérieures », précise l’étude, qui ne part pas de données nouvelles mais compile une importante masse de résultats sur le sujet.

Les jeunes issus de l’immigration sont donc d’emblée dans une situation plus compliquée que ceux qui manient la « langue de l’école » le jour, les soirées, les week-ends et les vacances. Le rapport ne le note pas, mais toutes les études sur l’entrée dans la lecture montrent que si un enfant ne possède pas un vocabulaire suffisant, il sera handicapé en termes de compréhension ; que s’il n’a pas fréquenté assez souvent les mots et la littérature jeunesse, joué avec les mots, il n’aura pas la conscience phonologique nécessaire pour comprendre le principe de la lecture qui ne va pas de soi.

Délicate remédiation

De plus, l’école française est ainsi faite qu’un retard durant le cycle des apprentissages fondamentaux est très difficile à rattraper, comme le montrent les études de Bruno Suchaut pour l’Institut de recherche sur l’éducation (Iredu). France Stratégie rappelle aussi la forte concentration dans certaines écoles des enfants d’immigrés, ce qui rend le travail de remédiation des enseignants quasi impossible.

Ces conditions initiales conduisent à une différence de niveau manifeste à 15 ans, c’est-à-dire à l’approche de la fin de la scolarité obligatoire. « D’après les tests PISA, rappelle France Stratégie, ces jeunes sont deux fois plus susceptibles de figurer parmi les élèves en difficulté. » A partir de là, les conséquences s’enchaînent mécaniquement au point que 40 % d’entre eux sortent sans diplôme ou avec un niveau inférieur au bac, alors qu’ils représentent un cinquième d’une classe d’âge.




image: http://s2.lemde.fr/image/2015/02/09/24x24/1100514677_4_d0fd_14235136825108-baumard-maryline-france-20131202_ab0eeb22e5d35466d1ba5c0957efb4ee.jpg
Maryline Baumard
Société

En savoir plus sur http://www.lemonde.fr/societe/article/2015/03/02/la-maitrise-du-francais-facteur-cle-de-l-insertion-des-enfants-d-immigres_4585879_3224.html#IO19Xw1Ou6O52xj8.99

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Sa a se pou RIKO-OUVRI LESPRI W Empty Re: Sa a se pou RIKO-OUVRI LESPRI W

Message  Le gros roseau Lun 2 Mar 2015 - 10:57

la pè .se pa wou ki di l li pa ka vle kouri ak w. se met li yo ki di l :si yon ti moun pa gen yon bon vokabilè nan yon lang lap pi difisil pou l konprann yon sijè ,yon konsep. mezanmi di m sa w vle yon moun pa beswen gen anpil lespri pou konprann verite saa non.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Sa a se pou RIKO-OUVRI LESPRI W Empty Re: Sa a se pou RIKO-OUVRI LESPRI W

Message  Rico Lun 2 Mar 2015 - 11:21

Joel se byen sa map di nou lè yon lang mal ansegne, mal aprann se echèk total.

Li osi vre poui tout lot peyi, ke se Afriken , Arab e latrriye.

Joel apre 12 mwa OKEBÈK rico te gen kapasite travay nan ministè reveni di Kebek.

Mwen pase yon tès segondè 5 KITE GEN franse,angle, matematik. Answit yo voye m pran fomasyon pi relve nan fakilte ROT ETID KOMÈSYAL pou swiv karyè REVEVNI KEBEK ekivalan Kontribisyon.

Lè mwen rantre REVNI KEBÈEK  te plen Ayisyen ki a nivo, kite deja fonksyonè. Tout se jenn gason nan ventenn ki soti lekol Ayiti. Odebi ane 70 te gen nan tout kanada yon imigrasyon de mas kote te gen anpil travay pwodwi manifaktire, e byen Ayisyen mwen eskolarize te vide.

Kebek pwofite tout mann sa nan Imigasyon li. Se pa menm istwa ak FRANSE YO ki 200 milyon franse natif, natal pou mete o travay., Afriken, arab ANVAYI YO. SOUVAN PA PI BYEN PREPARE. YO TONBE AN DIFIKILTE. 

Anpil nan vas imigrasyon sayo yo pa toujou a nivo relve, se moun ki osi pi andifikilte sosyalman, edikativman kap kraze rak. Se pa menm jan ak ayisyen tout moun sètoblije kraze poul yo.

Joel pa tonbe voye monte san vreman konprann reyalite  chak peyi sayo. Men  Jojo gade la o zeta nan Brooklinn wap viv, kantite ayisyen, meriken nwa, lot imigre ki nan grangou, kap domi  mal ki abite mal. Pafwa pitit yo se delenkan, ki pa menm gen gou pou lekol, kap volo,touye moun.

Se fenomenn tout gran peyi devlope, sispann radote
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Sa a se pou RIKO-OUVRI LESPRI W Empty Re: Sa a se pou RIKO-OUVRI LESPRI W

Message  Joel Lun 2 Mar 2015 - 16:06

TONNE FOUT RIKO;

Mwen pa ka pran w oserye anko lan pesonalizasyon bagay yo.
Se ekspre w ap fe.
Mwen di w yon MILYON FWA deja ke mwen pa janm rete BROOKLIN .

Epitou mwen pa bezwen konnen si w te MILYONE ,si w te PREMYE MINIS KANADA.Sa pa enterese m.
Pa vin bay egzanp TET ou.

Mwen di w ;mwen mete sa FRANSE ap mete sou pwoblem LANG lan ;LAKAY YO MENM!

Ou toujou ap chache yon jan pou w sabote DISKISYON yo le w ap repete menm bagay yo ,tankou se BEGE w ap BEGE.

SA W BEZWEN DISKITE FE?

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Sa a se pou RIKO-OUVRI LESPRI W Empty Re: Sa a se pou RIKO-OUVRI LESPRI W

Message  Rico Lun 2 Mar 2015 - 16:41

Jojo pa fache se wou menm kap di yo pa dwe enterese yon jenn etidye an franse, sa pap pote anyen.

Alos mwen sètoblije w pale de mwen, osi ti Mak ki manke onèt pou  temwagne konbyen li menm, zanmi ak pitit yo ki byen reyisi an franse. Jojo mwen redi w anko rico dirije pitit li an etid an franse. Yo metrize  osi byen angle e menm travay nan milye anglofonn nan teknoloji avanse. Se sa map di w fasilite yon jenn nan yon lang sa depann kalite aprantisaj li.


Jojo se wou kap fè redondans se toujou yon lagè ouvèt ak FRANSE, SE wou kap repete menm bagay ANTI FRANSE yo.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Sa a se pou RIKO-OUVRI LESPRI W Empty Re: Sa a se pou RIKO-OUVRI LESPRI W

Message  Joel Lun 2 Mar 2015 - 17:13

Mwen pa p fe okenn redondans anti-FRANSE.

Oumenm ou pa kanpe sou zafe LANG lan selman non ;ou defann peyi la FRANS ak plis ZEL ke yon natif-natal FRANSE!

Mwen pa bezwen konnen ke entel entel te reyisi ak lang FRANSE ;sa pa gen anyen pou l we ak anyen.

Sispann fe sa.

Bay egzanp lot peyi ke MOUN dwe aprann yon LANG pou gen akse a EDIKASYON.
Tout kote ,sa fet ;se DEZAS ;byen ke pa gen anpil peyi ki fe sa.
Gen yon peyi ann AFRIK ki kontinye ap fe sa ;se NIGER.
Dapre denye CHIF se selman anviwon 30 % MOUN ki konn li ak ekri lan peyi sa a ;mwen si tou ke si w al lan peyi sa a w ap jwenn kek SAVAN ki te etidye an FRANSE.

Sa k pi RED lan ;NIGER se yon ansyen koloni FRANSE ;KE FRANSE yo te kite an 1960.

Pouki sa MOUN lan peyi sa a ,pa t konn li ak ekri ,le yo te koloni FRANSE?

Pa vin detoune diskisyon yo ,pou pesonalize yo ;mwen pa bezwen konnen si w se MILYONE ,si w se PREMYE MINIS KEBEK;

SA PA GEN ANYEN POU L WE AK DISKISYON AN!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Sa a se pou RIKO-OUVRI LESPRI W Empty Re: Sa a se pou RIKO-OUVRI LESPRI W

Message  Rico Lun 2 Mar 2015 - 17:44

Jojo wap kraze franse, mwen di w tout etid primè ak segondè se an Ayiti mwen fè yo. Sanble se an Angle nan lekol meriken yo wou te fè etid.

Tout lot ipokrit sou forom lan ki pa vle di verite se koze yo. Se etid an franse sayo ki ofri m okazyon pouswiv etid pi relve,

Eske mwen reyisi gran neg, se non men nou gen mwayen pou viv nan
dignite. Si mwen te rich pa tap gen pou pèdi ake w Jojo. Mwen tap katoz okipe ap konte lajan.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Sa a se pou RIKO-OUVRI LESPRI W Empty Re: Sa a se pou RIKO-OUVRI LESPRI W

Message  Joel Lun 2 Mar 2015 - 18:13

Non!

Se pa serye ;pou w detounen yon DISKISYON ke w plede lan "ANEKDOKT"

Sa pa dwe gen anyen pou l we lan yon DISKISYON sou yon FOWOM.

Mwen di w anko ke w te reyisi ;ke tout BIZAWEL ou reyisi ,sa pa gen anyen pou l we ak DISKISYON an.

Ann AYITI ;lan 19yem SYEK lan ,le pa t gen 5% MOUN ki te konn li a ekri ;te gen moun TANKOU DEMESVAR DELORME,ANTENOR FIRMIN,LOUIS JOSEPH JANVIER elt...

Sa pwouve ki sa?

Mwen mete yon TEKS ke mwen jwenn sou LE MONDE jounen jodi an ki ap di ki DIFIKILTE PITIT IMIGRAN ki pa pale FRANSE lakay yo genyen.
Sa pa vle di ke pa genyen ki pa REYISI!

Pouki sa ,ou pa bay yon KOMANTE sou TEKS lan ;se FRANSE ki ekri l;se JOUNAL LE MONDE ;se FRANSE ;se pa lot NASYON.

Ou byen konnen si w ta komante sou TEKS lan ;y ap demanti tout RANS ou konn di yo!

Tankou ann AYITI se bon LEKOL ki pa genyen ;alos an FRANS se pa bon LEKOL ki genyen pou TIMOUN sa yo ap gen tout DIFIKILTE sa yo?

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Sa a se pou RIKO-OUVRI LESPRI W Empty Re: Sa a se pou RIKO-OUVRI LESPRI W

Message  Rico Lun 2 Mar 2015 - 18:54

Jojo lide santral tèsk esplike inegalite sosyal ant diferant kouch nan sosyete fransèz la. Difikilte pou pitit kouch sosyal byen entegre nan milye dakey yo.

Mwen deja di w nan yon lot pos se yon fenomenn tout imigrasyon konnen  ak pitit yo ke li Arab, Ayisyen e Afriken ki genyen pwoblèm daprantisaj.Pou rive   mete jenn sayo a nivo ak saki deja entegre ou byen pitit peyi a ki deja nan bon nivo.

Ministè ledikasyon Okebèk rezoud pwoblèm sa ak ouvèti tout yon estrikti pou sipote  jenn sayo l. YO MENM LOUVRI KLAS ESPESYAL POU APARANTISAJ LANG FRANSE AK KILTI PEYI A.

Jojo ti sè madanm mwen Ozeta se yon nomalyenn ki nan edikasyon. Pi fo  travay li kom ansègnant pou entegrasyon  imigran, menm ti meriken ki gen andikap tout fom daprantisaj  pou entegre nan klas regilyè. Se pa ditou yon pwoblem lang franse selman, se sitou milye povrete, reta eskolè, pratik ak izaj yo move angle ki andikape jenn sayo. Selon bèl sè m sa elèv sayo gen ankadreman espesyalis  ak yo tankou yon pedagog
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Sa a se pou RIKO-OUVRI LESPRI W Empty Re: Sa a se pou RIKO-OUVRI LESPRI W

Message  Joel Lun 2 Mar 2015 - 20:09

Sispann ANEKDOKT ak SE madanm ou ki lan EDIKASYON.
Sa pa enterese m;mwen pa gen okenn entere lan sa.

Se pa de MILYE DEFAVORIZE TEKS lan ap pale se de TIMOUN ki pa pale FRANSE lakay yo;ke FRANSE pa premye LANG PARAN yo ki an difikilte.

Mwen te mete TEKS lan pou fe remake si sa ap fet an FRANS ;e ann AYITI kote preske tout TIMOUN pa leve lan pale FRANSE?

Mwen te remake tou ;pouki rezon ke lan ansyen koloni FRANSE yo ;de peyi kote kote FRANSE yo te ekzije FRANSE kom LANG EDIKASYON ,pouki sa te gen e genyen tout ANALFABET sa yo?

Lan ansyen KOLONI FRANSE yo ;ki gen ENDEPANDANS yo tou lot jou la a ;FRANSE yo te ekzije yo ;fe yo siyen PAPYE pou yo genyen lang FRANSE kom LANG EDIKASYON.
Tout peyi sa yo toujou genyen yon TO ELVE ANALFABETISM.

Ou chita lan yon zafe "ANEKDOKT""

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Sa a se pou RIKO-OUVRI LESPRI W Empty Re: Sa a se pou RIKO-OUVRI LESPRI W

Message  Rico Mar 3 Mar 2015 - 11:03

Jojo menm ti moun sayo ki pale kreyol pa plis kapab ekri kreyol ni menm li tankou franse. Kreyol Ayisyen gen konplikayon li tou. 

Jojo mwen konnen Inivèstè ki refize ekri kreyol pou moun pa ri yo.

Jojo si toujou gen rezistans pou flanke franse sou kote pran kreyol selman kom lang, se tout popilasyon ki toujou dako.Menm lengwis ipokrit kreyol yo, bon ti boujwa voye pitit yo lekol OZETA, KANADA, MENM  AN FRANS.

An premye liy saki pa konn ni li ak ekri se yo ki nwayo pi durrr pou franse. Mwen redi w anko  an Ayiti se pa te janm zafè lengwis. Li toujou gen yon lyen ak ekonomi, devlopman, ouvri sou le mond, zafè relasyonèl pou tout mesye  ak madam le mond . Se kiltirel lakay tout kouch popilasyon menm sak pa pale l.Men toujou vle pitit yo pale l byen, metrize l byen
Pa gen lengwis ki kapab mete franse sou kote, se byen devlopman kreyol  mete l spu menm pye ak franse. Ayisyen konnen byen ti nèg yo pap pran chans lese yo andomi yo, itilize sayo vle pou pitit yo. Pandan pitit lengwis kreyolis , sayo pa menm lekol an Ayiti ou menm nan lekol an Ayiti kap fonksyonen an kreyol.

E pwi zafè jenn an frans ki gen pwoblem entegrasyon se tankou Ozeta, Kanada, difikilte nan lang dakèy peyi a. Generalman politik peyi sayo fè jefo pou entegrasyon jenn elèv ak sayo rele klas dakèy.

Men se plis pwoblèm pou paran jenn ki pa maton lang peyi a souvan akoz de nivo etid yo. Kisa w vle gen bezwen pou travay manyèl, se yon men dèv abodab. Se bagay sa pa gen peyi ki echape, se pa selman yon kèksyon FRANSE.

Tout peyi devlope tankou OZETA,KANADA NOVÈJ ,ANGLETÈ genyen menm pwoblematik entegrasyon sa ak jan dimigrsyon konsa.

Joel si mwen pran tan, reponn tenten wap ekri sou FRANSE se pou fè balans prezante lot son kloch, olye lese w entoksike lèktè ak lahenn egzajere  pou FRANSE.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Sa a se pou RIKO-OUVRI LESPRI W Empty Re: Sa a se pou RIKO-OUVRI LESPRI W

Message  Joel Mar 3 Mar 2015 - 17:07

Non ZANMI;

Ou pran tan reponn ;se pa lan LOJIK pou w refite sa m ap di ;se pou w chache pete kont ,pou w detounen sa ki ap di yo.

KITE M REPETE W ANKO ;AYITI PA GEN ANYEN POU L WE AK LANG FRANSE AN.
Li pa menm KONPARAB ak yon peyi AFRIKEN .Paske gen peyi AFRIKEN ki gen plis ke 10 LANG DIFERAN ;FRANSE ize tankou yon MWAYEN IDANTITE;pou pemet youn kominike ak lot.
BYEN KE SA AP CHANJE ;tankou lan de peyi tankou KOTDIVWA ak SENEGAL.

Ann AFRIK DI SID ,gen 14 lang EDIKASYON ;tout gen MENM FOS DEVAN LA lwa ;byen ke yo ize ANGLE pou yo kominike antre yo.
FRANSE pa yon NESESITE ,ann AYITI;gen NEG ki te konn ekri an KREYOL ann AYITI.BARON DE VASTEY lan OKAP te konn ekri PYES TEYAT an KREYOL ,se te sou TAN WOYOM KRISTOF lan.

Ant 1804 ;rive jis le FIC yo rantre ;bagay lan te FLOU;gen NEG ki gen GWO NON lan LITERATI AYISYEN an ki te konn ekri an KREYOL.

Le w ap vin di ke se bon LEKOL ki pa genyen ,ki fe ke TIMOUN yo pa MATON lan FRANSE ;se pa vre;se pa t janm VRE.

REPONN MWEN SA!
Ki jan fe ke LEKOL MATENWA ke MICHEL DE GRAFF ap opere lan LA GONAV ki fet EKSKLIZIVMAN an KREYOL e TOUT TI MOUN YO REYISI LAN SETIFIKA.

Se MENM BAGAY lan ki ap fet lan PLATO SANTRAL ak PTIT SE yo ;ki ap kouri sou 30 AN.

Gen yon NEG ;ki se yon GWO BWA lan administrasyon MATELI an ;depi yo poze misye yon KESYON an KREYOL ,LI reponn an FRANSE.Non misye se FRITZO CANTON
Pouki sa dapre wou ,misye kontinye ap fe sa?

Tout bagay FET ann IZRAYEL ann EBRE ;se preske yomenm Selman ki pale l.
Tout bagay lan NOVEJ fet lan LANG NOVEJYEN .Yo pa menm 5 MILYON lan NOVEJ.

Tout TAN timoun yo pase ap aprann FRANSE ;se yon PET DE TAN ;YO TA KA APRANN LOT BAGAY

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Sa a se pou RIKO-OUVRI LESPRI W Empty Re: Sa a se pou RIKO-OUVRI LESPRI W

Message  Rico Mar 3 Mar 2015 - 17:49

Joel, prof ayisyen pa konn ekri kreyol, ni byen li kreyol koman w pral mande yo pou ansègnen ti jenn yo.

Menm espesyalus kreyol poko finn mete yo dako sou yon kreyol pou li byen ansègnen.

Twicchhhpppp made fonksyonè itliize, koresponn an kreyol ake ki. konbyen ayisen ki li ak ekri kreyol. Nou anko la pou yon 100 lane


Dernière édition par Rico le Jeu 5 Mar 2015 - 14:24, édité 2 fois
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Sa a se pou RIKO-OUVRI LESPRI W Empty Re: Sa a se pou RIKO-OUVRI LESPRI W

Message  Joel Mer 4 Mar 2015 - 7:41

Wa SISPANN REPETE RANS.

Sou bagay sa yo ;sou lang FRANSE ,sou la FRANS ou tankou YON BAKA SOU LAJAN.

Anmegde ak zafe BROOKLIN ou an.

Ou met sote ponpe ,voye PYE ;anteman pou KAT TRE ak zafe FRANSE kom LANG EDIKASYON w lan.

AYITI genyen pou l PWOGRESE ,WE PA WE;E YOUN LAN PREMYE ZAK se wete FRANSE kom LANG EDIKASYON ak ADMINISTRASYON.

Kanta pou FRANSE, se yon bagay ATIFISYEL ;tankou PWOFESE ALYSON SEPINWALL (INIVESITE KALIFONI) di l se yon ERE MONIMANTAL ,yon PELEN TET!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Sa a se pou RIKO-OUVRI LESPRI W Empty Re: Sa a se pou RIKO-OUVRI LESPRI W

Message  Rico Jeu 5 Mar 2015 - 14:27



Joel, prof ayisyen pa konn ekri kreyol, ni byen li kreyol koman w pral mande yo pou ansègnen ti jenn yo.

Menm espesyalus kreyol poko finn mete yo dako sou yon kreyol pou li byen ansègnen.

Twicchhhpppp made fonksyonè itliize, koresponn an kreyol ake ki. konbyen ayisen ki li ak ekri kreyol. Nou anko la pou yon 100 lane
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Sa a se pou RIKO-OUVRI LESPRI W Empty Re: Sa a se pou RIKO-OUVRI LESPRI W

Message  Joel Jeu 5 Mar 2015 - 16:00

Wi nou ap gen 100 LANNE le se pa Moun ki panse tankou w yo ;ki kontinye ap dikte.

Se tankou w lan lot TEKS NEG ap mande pouki sa AYISYEN ta ekri FRANSE pi byen ke KEBEKWA.

Pou ti kras MOUN ki konn ekri FRANSE ann AYITI ;se FRANSE selman yo montre yo ann AYITI.

Zafe sa ap pran 100 AN an ;sispann bay TET ou manti.

Moun ki konnen pase w ,tankou MICHEL DEGRAFF di ke sa ka fet DEMEN MENM ;san gwo PROBLEM.

AYITI pa bezwen LANG FRANSE an!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Sa a se pou RIKO-OUVRI LESPRI W Empty Re: Sa a se pou RIKO-OUVRI LESPRI W

Message  Rico Jeu 5 Mar 2015 - 17:16

Joel a écrit:Wi nou ap gen 100 LANNE le se pa Moun ki panse tankou w yo ;ki kontinye ap dikte.

Se tankou w lan lot TEKS NEG ap mande pouki sa AYISYEN ta ekri FRANSE pi byen ke KEBEKWA.

Pou ti kras MOUN ki konn ekri FRANSE ann AYITI ;se FRANSE selman yo montre yo ann AYITI.

Zafe sa ap pran 100 AN an ;sispann bay TET ou manti.

Moun ki konnen pase w ,tankou MICHEL DEGRAFF di ke sa ka fet DEMEN MENM ;san gwo PROBLEM.

AYITI pa bezwen LANG FRANSE an!  



Degraff pa divino, ki koze sa pa ditou parol lengwis, yon syantifik  kap voye monte konsa.

Si 10% Aysyen ekri byen franse se paske yo pi byen prepare ke nenpot franse osi byen ke yon kebekwa.Dani se yon pwodwi, Michaelle Jan pitit ansyen direktè Kolej SenPyer kote m te le kol se yon lot pwodwi. 

Men tonas mwen di nou anko tout Ayisyen kite pase nan bon lekol  lekol pa genyen pwoblèm sa.

Pitit mwen anpil lot kebekwa ayisyen ou arab e latriye fè etid yo nan kolèj prive tankou kolèj franse, rejina Asunta, Stalinas.Se patou genyen kalite dekselans.

E pwi Jojo se patou menm pratik yo, majorite piblik se lekol bidon ozeta ki pa kanpe sou anyen. Anpil nan fanmy mwen konnen chwazi lekol prive pou ti moun yo. Ozeta non selman lekol genyen pwoblèm ansyman, anpil lekol se fwaye kap pwodwi delenkan, ti pouchè e latriye
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Sa a se pou RIKO-OUVRI LESPRI W Empty Re: Sa a se pou RIKO-OUVRI LESPRI W

Message  Joel Jeu 5 Mar 2015 - 18:09

Sispann lan ZAFE ke BON LEKOL ak move LEKOL ;pou w ap konpare LEKOL AYISYEN ak lekol KEBEK ak ETAZINI.
Se pa serye!

Menm le ou te ka konte sou DWET ou MOUN ki te EKRI BON FRANSE ann AYITI te gen AYISYEN ki te ka ekri bon FRANSE.
Se sa Selman yo te aprann!
ALOS?
Sispann lan "ANEKDOKT" ki pa sevi anyen a yon DISKISYON.

M ap repete l ;lan 19yem SYEK lan se apenn 5% AYISYEN ki te konn li ak EKRI FRANSE.
Sa pa t anpeche ke te gen NEG tankou DEMESVAR DELORME,ANTENOR FIRMIN;DENIS LEGITIME;LOUIS JOSEPH JANVIER elt..
Sa vle di ki sa?
Kite m di w:

Mwen li FRANSE ke jenn ti FRANSE an FRANS yo ekri lan BAKALOREYA FRANSE an ;TIMOUN sa yo pa t ap pase EKZAMEN 3zyem segonde ann AYITI.

An FRANS TIMOUN yo aprann FRANSE demwwenzanmwen.yo aprann lot bagay!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Sa a se pou RIKO-OUVRI LESPRI W Empty Re: Sa a se pou RIKO-OUVRI LESPRI W

Message  Joel Jeu 5 Mar 2015 - 18:58

Men yon ECHANTIYON TRAVAY MICHEL DEGRAFF ap fe ann AYITI e pou AYITI:


Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Sa a se pou RIKO-OUVRI LESPRI W Empty Re: Sa a se pou RIKO-OUVRI LESPRI W

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum