Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -39%
Ordinateur portable ASUS Chromebook Vibe CX34 Flip
Voir le deal
399 €

Fanmi Lavalas prezante kandida pou eleksyon 2015 lan .

3 participants

Aller en bas

Fanmi Lavalas prezante kandida   pou eleksyon 2015 lan . Empty Fanmi Lavalas prezante kandida pou eleksyon 2015 lan .

Message  Marc H Jeu 16 Avr 2015 - 10:50

FANMI LAVALAS RANKONT AK KANDIDA 15 Avril 2015 Komite Ekzekitif Oganizasyon Politik Fanmi Lavalas ansanm ak konseye yo ap salye fratènèlman manm Oganizasyon an ak senpatizan l, espesyalman kandida Oganizasyon an ak nou tout ki prezan Jodi a nan Fondasyon Dr. Aristide pou Demokrasi. Nap salye laprès jan nou toujou di l, byenvini nan Fondasyon Doktè Aristide pou Demokrasi. • Rezon konferans pou laprès sa a se pou prezante kandida oganizasyon an nan pwochen eleksyon ki pwal fèt pou depite ak senatè. Chwa kandida yo fèt nan lespri tet ansanm nan 10 depatman . Depi 2013, Fanmi Lavalas te di li vle patisipe nan eleksyon lib, onèt, demokratik ak enklizif nan peyi a. Fanmi Lavalas toujou kanpe sou menm pozisyon an. Jodi a chwa kandida sou tout peyi a se toujou manifestasyon volonte Oganizasyon an pou li patisipe nan eleksyon lib, onèt, demokratik a travè tout peyi a soti nan seksyon kominal yo pase nan komin yo pou rive nan depatman yo. Se okasyon pou mwen rapele n, nou menm kandida Fanmi Lavalasobligasyonnou genyen pou nou reprezante komsadwa tout sitwayen ak sitwayèn depi nan mon rive lavil, nan sikonkrpsyon oswa depatman nou yo. Se moman tou pou mwen kontinye envite nou fe yon sèl ekip. Se nan tèt ansanm nap ranpote la viktwa. Nou fè 11 zan deyo pouvwa : tout ekip ki te fè konplo pou mete n deyo, nou pwal kale yo demokratikman. • Imaj Fanmi Lavalas pa limite a kandida, jan nou ka wèl nou reprezante diferan sektè nan sosyete a ki pwal travay ak nouvo eli yo pou byenèt kominote a Fanmi Lavalas rete konsekan ak tèt li. Nou pap janm sispann repete : Nou bezwen tout konpetans peyi a genyen a isit tankou lot bo dlo. Nou louvri pot pou akeyi tout ayisyen ki vle mete men ansanm pou n fè demen pi bèl. Nou lanse yon apèl espesyal pou tout jèn yo : jèn jan, jèn fi, ki nan Potoprens nan Provens, ki nan baz popilè, ki nan inivèsite, NOU bezwen nou tout pou leve drapo diyite peyi DAYITI. • Anvan n fini nou pa ka pa denonse arestasyon san manda Doktè Claude Joazard, kandida Fanmi Lavalas nan depatman Nodès aloske li tap kite depatman pou li vin Potoprens nan yon reyinion ak Oganizasyon an. Tout moun ki konn lalwa rekonet ke akizasyon yo mete sou do li a pa kanpe. Mannèv arestasyon sa a ke komisè polis nan sepatman an Charles Nazaire fè sou Doktè Joazard mete anko plis dout sou pwosesis electoral la pou nou ta rive genyen bon jan eleksyon lib, onèt, demokratik fèt nan peyi a. KOUDETA ELEKTORAL PAP PASE. Pou n pa pran koudeta electoral, fok nou mache sou 2 pye: Eleksyon ! Mobilizasyon ! Eleksyon ! Mobilizasyon ! Eleksyon ! Mobilizsyon ! YON SEL NOU FEB ! ANSANM NOU FO ! ANSANM, ANSANM NOU SE LAVALAS a écrit:
Marc H
Marc H
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 10031
Localisation : Quebec
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : soccer
Date d'inscription : 28/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur

Revenir en haut Aller en bas

Fanmi Lavalas prezante kandida   pou eleksyon 2015 lan . Empty Re: Fanmi Lavalas prezante kandida pou eleksyon 2015 lan .

Message  jafrikayiti Ven 17 Avr 2015 - 18:12

Sa a bon anpil wi!

"Pou n pa pran koudeta elektoral, fok nou mache sou 2 pye: Eleksyon ! Mobilizasyon !"

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Fanmi Lavalas prezante kandida   pou eleksyon 2015 lan . Empty Re: Fanmi Lavalas prezante kandida pou eleksyon 2015 lan .

Message  Joel Sam 18 Avr 2015 - 7:15

Gen yon RADYO POTOPRENS ke nou ka rele "GNBis LIGHT" ki komanse ap rapote bagay DISIDAN LAVALAS lan NIP ap di.

Mwen rele NEG kon sa "GNBis LIGHT" paske NEG sa yo pou di vre yo kote ke yo pesevwa ke DLO an koule pi FRE an.
Yo te LAVALAS,yo vin PREVAL ,yo menm vin TET-KALE LAMOTIS.

Le w we NEG konsa ap rapote PAWOL DISIDAN LAVALAS ;yo gen pwoblem.
Y ap vire wi si pou yo vire ,men yo prefere TET KALE LAMOT.

Se sa menm ;se bon TAKTIK lan ELEKSYON-MOBILIZASYON.
Se pou yo RATRESI OPSYON GNBis yo ;se sel jan pou peyi an vire PAJ KOCHMA GNBis lan.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Fanmi Lavalas prezante kandida   pou eleksyon 2015 lan . Empty Re: Fanmi Lavalas prezante kandida pou eleksyon 2015 lan .

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum