Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -28%
Précommande : Smartphone Google Pixel 8a 5G ...
Voir le deal
389 €

Youn lan pi gwo PLOBLEM AYITI-TWOP MOUN

2 participants

Aller en bas

Youn lan pi gwo PLOBLEM AYITI-TWOP MOUN Empty Youn lan pi gwo PLOBLEM AYITI-TWOP MOUN

Message  Joel Sam 16 Mai 2015 - 8:18

Sa a se yon PWOBLEM ki pa rete ap pwoblem.
AYITI gen twop MOUN e se pou gen yon leve kanpe pou diminye drastikman KWASANS DEMOGRAFIK lan.

Se yon bagay ki posib si gen yon GOUVENMAN ki pre pou konfwonte SEKTE RELIJYE an.
Se pa p yon bagay ki ap FASIL ;LEGLIZ KATOLIK ann AYITI se SEKTE OBSKIRANTIS lan y ap swiv ;bliye SEKTE PWOTESTAN AYISYEN an ,yo pi REYAKSYONE ke "Southern BAPTIST" AMERIKEN yo.

Se pa tankou PWOTESTAN AMERIKEN yo ki gen yon SEKTE ki tre PWOGRESIS lan TOUT SANS.
Se yon GOUVENMAN ki gen GRENN ki pou konfwonte PWOBLEM sa a.Paske ak KWASANS nou an ;ou met ap kreye 100 MIL JOB chak ANE ,se ap NAD MARINAD.

Men CHIF.

AYITI=27750 Km KARE

DOMINIKANI=48760 Km KARE

KIBA=110860

Kididonk DOMINIKANI ap fe preske 2 FWA AYITI lan SIPEFISI ;KIBA menm plis ke 4 FWA.
AYITI preske gen menm popilasyon ak DOMINIKANI ,POU KIBA menm AYITI lan yon 3,4 AN ka depase KIBA.

Men sa COUNTRY METERS ki ap swiv KWASANS DEMOGRAFIK an TAN REYEL DI:

http://countrymeters.info/en/Haiti

http://countrymeters.info/en/Dominican_Republic

http://countrymeters.info/en/Cuba

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Youn lan pi gwo PLOBLEM AYITI-TWOP MOUN Empty Re: Youn lan pi gwo PLOBLEM AYITI-TWOP MOUN

Message  Le gros roseau Dim 17 Mai 2015 - 8:50

Joel

Yon moun pa beswen gen degree an ekonomi ou an developman pou konprann reyalite saa. gen yon lot bagay ou pa di 3/4 27750 km2 se morn an dominicanie gen plis plenn ni kiba. ki donk dansite reyel ayiti se preske 11 milyon moun divise pa 1/4 27750 km2. epi gen yon lot bagay pou wè se pa telman siperfisi peyi ya ke nou dwe konsidere fok ou konsidere eta devlopman l tou. la chine gen preske 2 bilyon moun men non selman yo gen anpil tè men se yon peyi kap devlope rapidman pou ba tout moun sa yo manje e servis ke yo beswen.

Jodya la chine se premye pwisans ekonomik mondyal.e nanpwen oken lot kote yo pale chinwa. lè lepandye ap di kreyol ap isole ayiti fok nou blije mande ki jan fè chinwa ,koreyen, japonè, peyi skandinav yo pa isole.

An verite lè wap gade iresponsabilite moun kap dirije ayiti ou blije mande si gen nan yo ki tal lekol vre.si yo tale lekol ki sa yo te aprann.paske ou pa beswen anpil plom pou konprann de jou an jou peyi ya ap vinn pi mal e lap kontinye konsa jiskaske moun pap ka viv la ankor .

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Youn lan pi gwo PLOBLEM AYITI-TWOP MOUN Empty Re: Youn lan pi gwo PLOBLEM AYITI-TWOP MOUN

Message  Joel Dim 17 Mai 2015 - 10:04

MALPWOPTE plede ap mande FRANSE pou PWOFESE FRANSE ke FRANSE yo pa genyen.

FRANSE yomenm ki ap veye lan MAKOUT yo ap anseye ANGLE depi lan LEKOL PRIME;se sel LANG ke a pa de lang FRANSE an limenm,ke yo fe sa.

Se pa 2 LAJAN ke DOMINIKEN yo ap depanse pou anseye TIMOUN yo ANGLE lan LEKOL yo.
Sa jis fe SANS.
Le TAN an rive pou ANSEYE TIMOUN yo CHINWA ;anpil peyi ap fe l.
Lan KALIFONI deja gen anpil LEKOL PRIME ak SEGONDE ki ap anseye TIMOUN yo CHINWA.

Menm jan tou gen anpil LEKOL an CHINE ki bay yon gwo priyorite a LANG ANGLE.

Ann AYITI ;NEG ak CHENN lan TET yo ;se FRANSE yo vle aprann TIMOUN yo ,pou yo pedi plis TAN lan CHEMEN PEDI TAN!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Youn lan pi gwo PLOBLEM AYITI-TWOP MOUN Empty Re: Youn lan pi gwo PLOBLEM AYITI-TWOP MOUN

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum