Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Réassort du coffret Pokémon 151 Électhor-ex : où l’acheter ?
Voir le deal

Ralph Gonzalves Vs Sweet Miki

3 participants

Aller en bas

Ralph Gonzalves Vs Sweet Miki  Empty Ralph Gonzalves Vs Sweet Miki

Message  jafrikayiti Mer 17 Juin 2015 - 8:34

http://www.bookmanlit.com/dominikanisenvensan.html

Lèt Premye Minis Sen Vensan Grenadin Voye Bay Prezidan Dominikani


11 oktòb, 2013

Onarab Ekselans Mesye Danilo Medina
Prezidan
Biwo Prezidan
Repiblik Dominikani

Gouvènman an ansanm ak pèp Sen Vensan Grenadin an detrès akòz desizyon Tribinal Konstitisyonèl Repiblik Dominikani sot fè pou l retire nasyonalite eritye Ayiti lan Dominikani. Vrèman vre, lwa a denasyonalize yon gran valè moun ki desandan Ayisyen.

Avrèdi, pami moun sivilize, desizyon Tribinal la pa aseptab. Se yon souflèt pou tout regleman entènasyonal, tout prensip dwa moun, yon souflèt ki pou ta fè dènye peyi lan zòn nan,  dènye lòt peyi sou latè egzante Dominikani kòm yon kote deraye. Lwa a depaman ak angajman peyi w pran lan plizyè konvansyon entènasyonal dwa moun, san konte obligasyon peyi w devan lòt konvansyon ak trete zòn nou an.

Fòk kanmèm ou okouran, se toupatou sou latè moun wè desizyon Tribinal la kòm yon lwa anti-Ayisyen ki soti lan yon optik rasis, sitou paske prèske tout moun ki pèdi nasyonalite yo, se moun nwa. La a menm, se devwa gouvènman Dominikani an  ansanm ak pèp Dominiken an pou nou demake lwa a, e pou nou chèche yon solisyon pratik, vit e prese, pou korije defo lwa a dekwa pou peyi a ka an lòd ak obligasyon l devan regleman entènasyonal yo.

Ekselans, ou konn twoublay lan relasyon Dominikani ak Ayiti pi byen pase m. Sa pa nesesè pou n tounen sou teren sa a ki deja pran plizyè kout sapat deja. Fòk kanmèm sa fè w mal kòm yon moun ki gen gran prensip, gran ideyal, pou wè leta legalman anpeche eritye Ayisyen ki fèt lan Repiblik Dominikani gen nasyonalite otomatik kòm dwa nesans yo.

Pi gwo pòs lan yon peyi se sitwayente. Se yon bijou anndan n ki sous lakòl ki soude chak moun lan yon nasyon ki benyen lan tè ak lan lanmè peyi kote moun nan fèt. Bon sans ak konsyans egzije w, kòm yon frè mwen respekte, pou aji vit pou defèt kokennchenn malè ki sot fèt sou konpatriyòt ou yo ki eritye Ayiti. M espere ou pap fè mwens pase sa! M ann espwa ou pap desevwa.

Gouvènman w lan, ak gouvènman Dominiken ki te la anvan w lan, merite konpliman pou bèl pwogrè nou fè pou n te leve eskanp figi peyi a  lan zòn nan ak lan kominote entènasyonal la dekwa pou n te efase memwa moun sou ansyen move zak gouvènman Dominikani an. Peyi w la manm lan CARIFORUM e li dèyè manm lan CARICOM, yon òganizasyon kote Ayiti deja manm. San mank, move konsekans sa ap genyen lan zòn nan ak lan lòt relasyon milti-nasyonal, se bagay klè.

An piblik, Sekretè Jeneral KARIKOM nan deja denonse ak sajès desizyon Tribinal Konstitisyonèl la.  Anpil lòt sitwayen onorab lan peyi ki manm CARICOM deja fè sa tou, e pami yo, gen Gran Onorab  P. J. Patèsonn, ansyen Premye Minis Jamayik, ki bon zanmi Ayiti, bon zanmi Dominikani.

Gen moun lan peyi w ki ka konprann tout sa se lenkonduit pou moun foure bouch lan zafè prive Repiblik Dominikani. Manti, se pa vre ditou! Sovrennte pa ka sèvi kòm fèy pou kouvri malpwòpte lè se pyafe n ap pyafe sou prensip nasyonalite, sou dwa moun, prensip ki etabli depi digdantan. Prensip sa yo pa gen fontyè. Yo inivèsèl. Met sou sa, peyi w la gen obligasyon entènasyonal.

Mwen regrèt sikonstans fè m sevè lan jan m ekri w sou sijè a. Men kwè m, mwen sètoblije metrize m, pou degoutans pa fè m di tout sa m ta vle di.

Mwen swete tout bagay pase an byen pou wou, pou fanmi w, pou gouvènman w, pou pèp ou. Mwen kontinye renmen w, e mwen kontinye renmen pèp Dominiken an.



Ak tout senserite,

Onorab Doktè Ralf E. Gonzalvès

Premye Minis



Tradiksyon www.bookmanlit.com




Ou ka jwenn lèt orijinal la an Anglè lan sit sa a.

http://1804caribvoices.org/wp-content/uploads/2013/10/Gonsalves.pdf
www.alcnoticias.net/interior.php?codigo=24831&format=columna&lang=688
Anbasadè Sen Vensan Grenadin te li lèt la lan reyinyon OAS la.

------------------------

Yo di Miki limenm deklare "Ayiti pare pou li resevwa pitit li yo, frè nou yo ak diyite". Mwenmenm, Jafrikayiti, mwen di Miki: " Alòs, mobilize plizyè milyon dola ou te pran nan men Senatè Bautista a pou ou resevwa frè ak sè nou yo. Retire nan koutay Olivier ak Sophia ak per diem ou yo.....sinon fèmen dyòl ou ransè!"

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Ralph Gonzalves Vs Sweet Miki  Empty Re: Ralph Gonzalves Vs Sweet Miki

Message  Joel Mer 17 Juin 2015 - 10:35

Bagay ki IWONIK lan;GONZALVES se desandan IMIGRAN POTIGE!

Se misye ki devan BANN lan ,lan KARAYIB lan pou mande REPARASYON pou SEKEL ak DESTRIKSYON ke LESKLAVAY FE.

Sou bagay sa a GONZALVES ,se pwenn fe pa MO RED.

Bagay ki RED lan ;lakay nou gen desandan AFRIKEN ki pre pou yo defann ESKLAVAJIS yo ou ki pre pou vin ak RANS ke se AFRIKEN ki te vann AFRIKEN parey yo.

SIBELGWENN sa yo ;pa janm di ou petet yo pa konnen ou pa vle konnen ke EWOPEYEN yo ,pandan peryod yo te rele MWAYENNAJ lan te konn vann EWOPEYEN parey yo kom ESKLAV bay ARAB yo.
Yo pa janm remake tou ke "CHATTEL SLAVERY" ke EWOPEYEN yo te pratike an te diferan de LESKLAVAY ke lot yo te pratike an.

Se pou nou di GONZALVES MESI.misye pa FLE LA SEZON;misye lan DENGONN DOMINIKEN yo ,tankou TIK LAN BOUNDA CHEN.

Misye di e li repete ke si DOMINIKEN yo fe sa yo di y ap fe an ;y ap peye l CHE!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ralph Gonzalves Vs Sweet Miki  Empty Re: Ralph Gonzalves Vs Sweet Miki

Message  Sasaye Jeu 18 Juin 2015 - 0:02


Mwen rekonèt Gonzalves se yon patriyòt karibeyen ki etidye e konprann sitiyasyon lan zòn nan.
Mwen rankontre misye deja. Mwen pa finn konnen l nèt, men madam li se nyès defen madam mwen ki soti Senlisi. Premyè dam Senvensan ak Grenadinn nan te konn vin pase vakans lakay mwen lè l te ti jènnfi.

Misye se desandan pòtigè menmjan gen anpil ayisyen desandan franse. Misye pa bay sa enpòtans.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Ralph Gonzalves Vs Sweet Miki  Empty Re: Ralph Gonzalves Vs Sweet Miki

Message  Joel Jeu 18 Juin 2015 - 11:06

Mwen pa konnen si se menm jan.Mwen te li sou ASANDANS misye sou jounal ANGLE an "THE GUARDIAN"
Yo di ZANSET POTIGE misye yo te imigre lan SENVENSAN lan fen 19yem SYEK lan.

YO pa t di si misye te "MIKST".
SASAYE;

Kom ou familye ak FANMI misye ;mwen defere m a wou,ou konnen misye pi byen ke ZOT!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ralph Gonzalves Vs Sweet Miki  Empty Re: Ralph Gonzalves Vs Sweet Miki

Message  Joel Mar 23 Juin 2015 - 19:24

Sa a se DISKOU ke GONZALVES te pwononse lan denye REYINYON ASANBLE JENERAL lan NASYONZINI an.

Komanse lan 10 MINIT ,misye te abode KESYON REPARASYON pou LESKLAVAY ;misye te di kareman tou ke se NASYONZINI ki te pote KOLERA ann AYITI ;donk se pou NASYONZINI DEDOMAJE AYISYEN yo:


Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ralph Gonzalves Vs Sweet Miki  Empty Re: Ralph Gonzalves Vs Sweet Miki

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum