Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Cartes Pokémon EV6.5 : où trouver le Bundle Lot 6 Boosters Fable ...
Voir le deal

Yon jou pou chasè, yon jou pou jibye!

2 participants

Aller en bas

Yon jou pou chasè, yon jou pou jibye! Empty Yon jou pou chasè, yon jou pou jibye!

Message  Sasaye Mar 5 Juil 2016 - 23:59


Peyi ewopeyen anvayi Lamerik, Lafrik, Lazi, Loseyani pandan 500 zan.
Yo kontwole, yo dominen, yo piye, yo konvèti, yo dekiltire tout pèp orijinal peyi sayo.

Yo bati lEwòp ak matyè premye peyi sayo.
Yo mete tout sijè anba kòd esklavaj. Oubyen fòse yo peye gwo taks.
Yo fè revolisyon endistriyèl, mete gwo zam pou toupizi ti nasyon.
Bati sistèm bankè ak edikasyon pou asimile kolonize epi etabli sistèm sousou ak restavèk lokal pou defann enterè yo.

Jouva jouvyen.....

Kounyea, moun ki te bay san ak swè yo ap anvayi lEwòp paske sitiyasyon lan ansyen peyi kolonize yo pa bon menm e lEwòp genyen yon responsabilite lan malsite peyi sayo.

Kidonk, se nòmal pou yo al pran yon souf lan peyi menm blan ki te konn ap souse san yo. Sa kòmanse pitipiti, men bri kouri nouvèl gaye: keseswa lAfrik, keseswa laSyri, keseswa peyi mizilman...tout ap voye kò yo lan kontinan Ewòp.

Debakman debòde. Ewopeyen ap rele amwe. Yo pa vle pèdi privilèj.
Popilasyon mizilman pral lan majorite an Frans.
Itali pa peyi blan ankò.
Yo eseye fèmen fwontyè.
Refijye kraze barikad.

Ewòp destabilize.

Premye kou ki ap touye koukou an se Angletè ki kouri kite inyon ewopeyèn.
Ekòs mande anraje. Yo di avni yo se ann Ewòp li ye, pa avèk Angletè.
Fwa saa referandòm yo an pral pase.
Apre sa, se Ilann ki pral rale kòl.
Kifè Angletè ki te devan bann nan chire.

Lafrans se yon teritwa ann etadalèt.
Jandam, sòlda lan tout kwen ap veye pou yo pa bonbade yo.
Si w se yon minorite, pran prekosyon...

Podiab laGrès. Yo antrave ak kantite refijye ki tonbe lakay yo.
Erèzman laChin ap ede yo.
Premye minis grèk lan ap diskite ak otorite Bejing.

Si Ròm tonbé. Anpi Otoman tonbé. Kisa ki étènèl?
Antouja Lachin gen plis ke katmil an, lap boule.
Eske se paske li pat jam all volè byen lòt pèp?
Ki frap pa le p, perira pa le mèm p.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Yon jou pou chasè, yon jou pou jibye! Empty Re: Yon jou pou chasè, yon jou pou jibye!

Message  Joel Mer 6 Juil 2016 - 6:44

Si Ròm tonbé. Anpi Otoman tonbé. Kisa ki étènèl?
Antouja Lachin gen plis ke katmil an, lap boule.
Eske se paske li pat jam all volè byen lòt pèp?
Ki frap pa le p, perira pa le mèm p.Si Ròm tonbé. Anpi Otoman tonbé. Kisa ki étènèl?


Se sa menm .Rive jis an 1820 ,anvan REVOLISYON ENDISTRIYEL lan ann EWOP ,la CHINE te gen KAPASITE pou l te KONKERI LE MONN.
Yo ta gen dwa TROKE KONN yo ak NAPOLEYON e yo t ap kraze GRENN li.
NAPOLEYON te konn sa e se rezon sa a misye te di ke LA CHINE LAN DOMI ,JOU LA CHINE REVEYE LA TE AP TRANBLE.

Pandan de SYEK,LA CHINE TE AN KONTAK ak KOT LES LAFRIK lan .Si yo te vle KOLONIZE LAFRIK yo t ap kapab fe sa SAN PWOBLEM.
Gen anpil ISTORYEN ki kontinye ap mande ,ki jan fe se LEWOP ki te vin DOMINE LE MONN e se pa CHINWA yo.
PRESKE tout DENYE 2000 AN yo ,LA CHINE te gen KAPASITE pou sa.
CHINWA yo te gen KAPASITE pou sa.
Yo te pi aavanse TEKNOLOJIKMAN ke res MONN lan.Pa bliye se yo ki te envants FIZI,KANNON elt..
yO TE ENVANTE KANNON ,plis ke 300 ZAN ,anvan li te penetre LEWOP.
KANNON te rive ann EWOP pa ENTEMEDYE ARAB yo ,ki te pran l lan men CHINWA yo e ki te ENTWODWI ann EWOP ak OKIPASYON sid ewop LAN.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum