Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-45%
Le deal à ne pas rater :
PC Portable LG Gram 17″ Intel Evo Core i7 32 Go /1 To
1099.99 € 1999.99 €
Voir le deal

KOMINIKE FANMI LAVALAS BRANCH FRANS/EWOP

Aller en bas

KOMINIKE FANMI LAVALAS BRANCH FRANS/EWOP Empty KOMINIKE FANMI LAVALAS BRANCH FRANS/EWOP

Message  Joel Lun 7 Nov 2016 - 6:41

http://elsie-news.over-blog.com/2016/11/maryse-narcisse.html


Kominike Kòdinasyon Fanmi Lavalas Paris (France/Europe)

Publié par Kòdinasyon Fanmi Lavalas Paris sur 6 Novembre 2016, 23:38pm

Catégories : #AYITI ACTUALITES




Kominike Kòdinasyon Fanmi Lavalas Paris (France/Europe)

Kominike Kòdinasyon Fanmi Lavalas Paris (France/Europe)


POTE BOURE POU DOKTÈ MARYSE !

Pèp ayisyen, kamarad lavalas,

Apwè douz lane kote fôs fènwa yo te mete Fanmi Lavalas deyò nan pwosesis elektoral yo, moman an rive pou n montre lemond antye ke Fanmi Lavalas se sèl ôganizasyon politik nan peyi Dayiti ki pote revandikasyon tout mas pèp la : peyizan yo, ouvriye yo, defavorize yo, elatriye. Men tou, se sèl òganizasyon ki gen youn pwojè ekononomik reyalis pou l pwopoze ak envestisè ayisyen, boujwazi lokal la e tout sosyete ayisyèn lan.

Militan ak senpatizan lavalas, nou dwe konnen nan moman difisil sa a, peyi a ap travèse la a, sepa moman pou mas elektè Fanmi an ap divize, sin pa vle pran nan yon kout PHTK ankô. Fôk nou konprann, se yon sèl kandida ki ka bat dwat ak ekstèm dwat la. Se kandida Fanmi Lavalas ak prezidan Titid chwazi a, ki se Maryse Narcisse. Nan kontèks politik Fanmi an depi anlèvman nan lane 2004 la, Maryse Narcisse, se meyè kandida pou tout kouran Fanmi an ka trouve linite nan desizyon fondamantal gouvènman lavalas la pwal pran pou l mete peyi a nan yon vwa modèn pou devlopman Repiblik la. Fôk tout moun ki te panse yon lôt kandida disidan, sètadi ki sôti nan sen Fanmi an, teka rive opouvwa, nou gen pwèv, ak popilarite Titid, kandida lôt platfôm yo paka bat fôs reyaksyonè yo. Se sèl Fanmi Lavalas ki ka fèl.

Elektè senpatizan ak militan lavalas yo, fôk nou fè sa yo rele youn vôt. Sètadi, fôk nou pa gaye vôt nou yo. Fôk n al vote pou youn moun ; yon fanm vanyan, yon fanm konpetan, ki gen anpil karaktè pou jere yon Leta fô. E ki kapab met jistis nan peyi a.

Fôk nou fè youn pote boure pou Maryse !

N ap pwofite di nou tou, si Titid soutni Maryse poul fiti prezidan peyi a, se paske l konnen, Fanmi Lavalas sèten pyès lôt kandida pa ka rive devan l nan eleksyon ki pwal fèt yo. Men, nou bezwen vwa tout manm, zanmi ak senpatizan fanmi an pou n fè younsèl kout kle !

Nou bezwen vwa klas mwayèn lan tou, tout sa kite panse nan lane 1990 la, ke kouran Lavalas la te vle yon chanjman reyèl pou peyi a. Fanmi Lavalas pa chanje, se 2 koudeta sanginè yo ki kraze tout espwa e ki mete peyi a nan tyouboum. E fôs fènwa yo fè pwopagan pou yo ka majinalize Prezidan Aristide ak Fanmi Lavalas. Jounen jodi a, lopinyon piblik la konprann sa k ap pase nan peyi d Ayiti.

Klas mwayèn lan, ann mete ak Maryse pou n ka patisipe aktivman nan chanjman an. Paske avèk lôt kan yo, nou paka espere granchoz nan matyè devlopman.

Fanmi Lavalas bezwen boujwazi ayisyèn an tou. Se nan kontèks sa a, chèf pati Fanmi Lavalas la, prezidan Aristide ak kandida Fanmi an te louvri kanpay la nan vil Pétion-Ville. Kote l te deklare : se tout Ayisyen san distenksyon ki dwe met tèt yo ansanm pou devlopman peyi a. Depi lè sa a, direktwa Fanmi Lavalas la fè chita tande ak anpil nan nou, pou nou ka trouve ansanm solisyon ekonomik ki pi bon pou peyi a. Anpil moun ap di Ayiti gen anpil ensekirite; sa ki se yon gwo obstak pou envestisman nasyonal tankou etranje nan peyi a. Men si n reflechi byen, se pito ensekirite politik lan ki anpeche peyi a vanse. Sa gran piblik la rele : enstabilite politik la. Fôk gen altènans solid politik pou n ka fini ak ensekirite politik la. Si n ap gade byen, prèske tout peyi nan kontinan an gen plis vyolans kriminèl ke Ayiti. Men sa pa anpeche ekonomi ak devlopman yo ap fonksyone.

An nou tout met tèt ansanm pou n sove Ayiti ak Doktè Maryse Narcisse !

Yon sèl nou fèb, ansanm nou fô, ansanm ansanm nou se LAVALAS !





Kòdinasyon Fanmi Lavalas Paris (France/Europe)



Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

KOMINIKE FANMI LAVALAS BRANCH FRANS/EWOP Empty Re: KOMINIKE FANMI LAVALAS BRANCH FRANS/EWOP

Message  Joel Ven 18 Nov 2016 - 6:03

Yon lot KOMINIKE FANMI LAVALAS FRANS/EWOP:

http://elsie-news.over-blog.com/2016/11/fanmi-lavalas-jou-a-rive-par-obed-sergo-alexis.html

JOU A RIVE

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum