Il faut lutter contre cette contrebande électorale
2 participants
Page 1 sur 1
Il faut lutter contre cette contrebande électorale
Citation du jour
Jovenel Moise est juste un produit qu'on a vendu dans une élection frauduleuse . Le produit est-il bon ou mauvais? On ne sait pas puisqu'on ne l'a pas encore essayé . Mais ce qui est mauvais c'est parce qu'on essaye de faire passer ce produit sur le marché par la contrebande . Un telle démarche tue les produits locaux et la démocratie . Il faut lutter contre cette contrebande électorale .
Marc H- Super Star
-
Nombre de messages : 10031
Localisation : Quebec
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : soccer
Date d'inscription : 28/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur
Re: Il faut lutter contre cette contrebande électorale
Nan eleksyon 2015 lan Jovenel Moise soti 1er ak 30% e Jude Celestin soti 2e ak 22% Donk 70% votan yo te kont Jovenel, O lye tout moun mete ak Jude pou ale nan 2e tou e genyen eleksyon an jan nan tout bon demokrasy yo ta fè'l, yo pito leve koken mete tét yo ansanm pou di ke eleksyon pa bon, paske chak grenn kandida vle prezidan, se pa Jovenel yo pa vle, se kelkeswa kandida ki ta devan yo pat tap vle paske chak kandida panse se yo ki pou prezidan. Yo gate eleksyon, Martelly ale san li pa fini eleksyon an. On prezidan lavalas monte, Privert ki te minis interiè Aristide, ki te dwe fini eleksyon an 3 mwa, sa pa fèt nèg yo pat vle kontinye ak menm KEP la, yo kraze KEP la monte on lot KEP ke yo menm chwazi, Prezidan lavalas, KEP lavalas e 105 milion depanse pou refè eleksyon an pou rive nan menm rezilta yo. Pandaan se tan pandan tout nèg ap fè manifestasyon kraze brize, JoMo kontinye ap fè kanpay li, pandan ke zot ap pale nan radio youn ap voye monte sou lot, JoMo ap travay, li nan tout peyi ya ap pale ak pèp la, eksplike yo ki sa li pwal fè pou retire yo nan mizè nwa yap bat la. Zot menm se pouvwa yo wè sèlman, ki jan pou yo pwan pouvwa pou tèt yo pa pou pèp la, tout bezwen pouvwa ki menen richès dapre yo. Yo tout konpwann yo pwal bon, se KEP yo ki an plas, yo pa travay pou sa, menm nan deba yo pa ale, kite Jovenel pou kont li nan deba pandan 1 nè de tan pale ak pèp la, e Jovenel pwofite de sa pou li eksplike pwogram li a popilasyon an. Rezilta Jovenel prezidan nan 1er tou. Kisa mesye sa yo te konpwann, ke la mann di sièl ta pwal tonbe sou yo, e san yo pa travay yo tap vini prezidan. Jodi yan G8 lan tounen G3 pou nou pa di G sèch. Se on sèl gayan ki ka genyen, yo ta mèt refè eleksyon an 100 fwa 100 fwa ak genyen pwotestasyon, eleksyon an pap janm bon paske fok se yo ki prezidan. E bien mesye nou mal jwe e nap toujou mal jwe, nou te dwe al nan 2e tou an 2015 e nou tout te dwe apiye Jude, se pa sa nou te fè, nou voye monte kont nou e nou fè JoMo vini pi popilè chak jou, yo ta mèt refè eleksyon an ako se ronfle JoMo ap ronfle yo anko.
Alves- Super Senior
-
Nombre de messages : 111
Localisation : Port-au-Prince
Opinion politique : Neutre
Loisirs : football
Date d'inscription : 04/01/2014
Page 1 sur 1
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum
|
|