Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Cartes Pokémon : la prochaine extension ...
Voir le deal

Domaj pèmanan Divalye koze lan tèt ayisien.

4 participants

Page 1 sur 2 1, 2  Suivant

Aller en bas

Domaj pèmanan Divalye koze lan tèt ayisien. Empty Domaj pèmanan Divalye koze lan tèt ayisien.

Message  Sasaye Sam 23 Sep 2017 - 15:12



Map reflechi anpil sou karakteristik ayisien jodya.
Si nou konte apati 1957, sa fè swasant an depi katastròf Divalye an tonbe sou Ayiti.

Panda tan saa, tout enstitisyon chanje, karaktè ayisien vin mate, zonbifye.
Diyite ki te make majorite ayisien ,raze, yo fin tounen tyoul, sousou, chenmanje chen. Yo pèdi patriyotis. Yo vin lach e tèlman visye ya vann fanmi yo pou sove patat yo.


Divalyerism lan tout klas, lan tout nivo, lan tout relijyon, lan tout reyaksyon.

En rezime, li enposib pou jwen yon ayisien ki gen mwens ke senkant an ki pa konekte avèk sistèm ideyolojik Divalye. Menmsi li pa makout, li panse an divalyeris.

Kidonk, se pou nou ki pat la jenerasyon divalyeris sayo toujou sonje avèk kimoun nou an afè.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Domaj pèmanan Divalye koze lan tèt ayisien. Empty Re: Domaj pèmanan Divalye koze lan tèt ayisien.

Message  Joel Dim 24 Sep 2017 - 7:05

SASAYE;

Nou se sel PEYI lan ZON lan ki te gen DIKTATI GRENN KRAZE tankou DIVALYE ki pa t pase yon PERYOD EDIKASYON sou DIKTATI yo.
An DOMINIKANI se pwenn fe pa mo red,si w ta vle reklame w de TRUJILLO.

Ann AYITI ,ou gen dwa LI ATIK ke nostaljik divalyeris YO AP ekri;sa k pi RED lan ou gen dwa tande sou RADYO ,NEG ki ap voye DIVALYE yo monte.

Dan de peyi tankou DOMINIKANI ak NICARAGUA se kont la LWA pou w voye TRUJILLO ak SOMOZA monte.

Le gen yon GOUVENMAN serye ki pran KON lan ann AYITI ,premye bagay pou l fe se DEDIVALYERIZE peyi an.
Tankou w di l ,sa ki gen mwens ke 40 AN,50 AN yo pa konn NATI REJIM DIVALYE yo

TRUJILLO te TOUYE MOUN menm jan ak DIVALYE,men li te kite yon bagay deye/
60% POPILASYON an te konn li ak ekri sou TRUJILLO e misye te KONSTWI yon PAKET BARAJ IDRO ELEKTRIK.

TRUJILLO ,YON neg KI PA T depase EKIVALAN SETIFIKA ETID PRIME NOU AN. .

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Domaj pèmanan Divalye koze lan tèt ayisien. Empty Re: Domaj pèmanan Divalye koze lan tèt ayisien.

Message  Sasaye Dim 24 Sep 2017 - 11:31

Jowèl,
Nèg ki gen mwens ke 50 an yo leve grandi kan sistèm nan e yo absòbe ideyoloji ak tout vis sistèm nan.

Lè Divalye fè yon espektak avèk ekzekisyon 19 pwop ofisye lame pou montre pwisans li epi li fòse tout popilasyon an; fonksyonè, tout lekòl, zanfan ala mamèl vin selebre ekzekisyon Drouin ak Numa, sou Channmas.
Se de zak ki kaponnen tout peyi an ki vin teworize.

Se timoun sayo ki vin granmoun ki ap dirije peyi an jodya.
Tout se fanmi ak zanmi makout divalyeris.
Sak te vin makout, sak te pwofite vol ak kraze zo ak koripsyon sistèm nan te enstore.
Si yon moun tande diskou pitit Frank Romen pou voye papa l monte, wap degoute.

Alo! Kilès ki pral vote lwa antiDivalye a?
Menmsi lwa saa ta vote, sèvèl nèg yo deja lave.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Domaj pèmanan Divalye koze lan tèt ayisien. Empty Re: Domaj pèmanan Divalye koze lan tèt ayisien.

Message  Antitétanix Dim 24 Sep 2017 - 13:30

Maestro, mwen salye w. Mwen t'ap sonje afiche 2 video ki ka fè w plezi e pi mwen apèsi gwo RAPPEL sa ke w pote ki ta sipoze lanse yon refleksyon nasyonal aprofondi menm si sa pran anpil pou ekzósize Ayisyen ak maleng pachiman, ak gangrèn, ak kansè Divalye sa. Sa pran yon mirakl, e nou konen mirakl pran anpil tan, nèspa?

Divalye se yon tach menm jan ak Okipasyon Yankee yo. Mwen sispèk ke nou pran nan yon lót malpropte ak frelikè sa ki izipe pouvwa an Ayiti.

Pa blye sèlman ke se menm lignée sa yo ki soufri maladi divalyeryèn (vénérienne) ki te touye le Grand Jean Jacques.

F... Hillary Rodlam Clinton ak tout sipotèz li yo.
Antitétanix
Antitétanix
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 937
Localisation : Haïti
Opinion politique : le camp d'Haïti
Loisirs : Lecture, sports.
Date d'inscription : 01/01/2015

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Aucun

Revenir en haut Aller en bas

Domaj pèmanan Divalye koze lan tèt ayisien. Empty Re: Domaj pèmanan Divalye koze lan tèt ayisien.

Message  Joel Dim 24 Sep 2017 - 15:53

SASAYE;

Sa pa pi GRAV ke sa ;poko gen yon GOUVENMAN ki monte yon KANPAY pou montre sa DIVALYE yo te ye VRE.

Menm sou GOUVENMAN LAVALAS yo akoz de OLIGACHI an ki kontwole PRES lan ,yon KANPAY konsa pa janm monte.

Yo te TOUYE TRUJILLO an 1961;LAME TRUJILLO an ki te an KONTWOL te dirije PEYI  an kom si TRUJILLO te la.
Se jis an 1996 ke GOCH DEMOKRATIK lan te reyisi vin pran POUVWA a VRE.

Gade LANTEMAN TRUJILLO an 1961.Gen anpil MOUN ki ap fe PARAD devan KADAV MISYE pa t kwe TRUJILLO te mouri vre.
An 1963,JUAN BOSCH ki te eli PREZIDAN konprann li t ap fe CHANJMAN ,LAME TRUJILLO an te bali yon KOUDETA.

JUAN BOSCH te prete SEMAN an FEVRIYE 1963;LI TE PRAN yon  KOUDETA an SEPTANM 1963.
Eske MISYE pa fe w sonje yon NEG a kote an?(lol)


Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Domaj pèmanan Divalye koze lan tèt ayisien. Empty Re: Domaj pèmanan Divalye koze lan tèt ayisien.

Message  Sasaye Mar 26 Sep 2017 - 4:44

Antitanix,

Bonjou. Mèsi pou mesaj byen konprann ou voye pou mwen.
Mwen dakò avèk opinyon w sou gangrenn Divalye ki ap ravaje pèp ayisien an.
Wi lide prensipal lan se refleksyon ki dwe fèt sou mantalite ayisien ki pou pèmèt Ayiti avanse.
Mwen pa kwè lan mirak, men lan yon edikasyon fèt lan mezi pèp ayisien.
Yon edikasyon ki pou restore diyite tout moun. Efase depandans lan ideyoloji blan.
Bay ayisien konfyans lan tèt li epi enstore respè chak grenn ayisien pou tout lòt ayisien.

Kontaminasyon Divalyeris lan tout kote e tout klas alawonbadè.
Wi sa pral pran plizyè jenerasyon pou efase tach saa.

Men anatandan, li pa posib pou nou jwen yon demokrat ki pat janm gen koneksyon avèk yon divalyeris oubyen pat yon senpatizan Divalye.


Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Domaj pèmanan Divalye koze lan tèt ayisien. Empty Re: Domaj pèmanan Divalye koze lan tèt ayisien.

Message  Sasaye Mar 26 Sep 2017 - 5:14

Jowèl,
Sa grav anpil.
Sistèm Duvalye an make mantalité ayisien jis lan nanm li.
Pi gwo rezon an se paske Divalye vin jwen yon teren lan tèt ayisien ki te pare pou absòbe tout abi ak mechanste li te prezante.

Pa janm gen tradysion demokratik lan peyi d'Ayiti.

Diktati kòmanse lan tout fanmi kote si yon timoun pa dakò, pa obeyi manman l ak papa l, Li pran kalòt, rigwaz ak matinèt.
Se yon sistèm ki tabli depi lan tan kolonyal, ki ekziste jiskounye a.

Alò kote na p jwen gouvènman ki pral soumèt lwa pou anpeche moun pale de Divalye?
Epi kote libète ekspresyon? Yon dyalòg demokratik sou rejim Divalye avèk tout sikè ki te toufounen popilasyon an ta kapab fòse lajistis mande sak rete yo rann kont de krim avèk vòl yo te komèt.

Sinon yo tout pral mouri lan enpinite tankou Frank Romen ak yon bann parèy li.

Fòk nou mete korypsion lan menm nivo refleksion yo.
Tout ayisien pratike korypsion san yo pa rann yo kont.
Tout moun genyen yon mounpa ki fonksyonè oubyen yon zotobre lan gouvènman.
Yo pa ezite mande yo ekzèse enfliyans yo pou yo jwen yon favè, pa peye taks, jwen yon job, yon sèvis leta gratis, lage yon fanmi ki lan lapolis oubyen lan tribinal, ede timoun antre lan inivèsite.
Yo menm pare pou aksepte ekjizans zotobre an si li mande yon timoun pou peye lajan shango an.

Si nou pa defèt sistèm saa lan tèt nou, lanpwen  avansman pou peyi an.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Domaj pèmanan Divalye koze lan tèt ayisien. Empty Re: Domaj pèmanan Divalye koze lan tèt ayisien.

Message  Joel Mar 26 Sep 2017 - 5:43

SASAYE;

Nou pa bezwen al pi lwen.

Pran EKZANP DOMINIKANI.

Yo pa t gen TRADISYON DEMOKRATIK tou.An 1930 ,te gen yon SOLDA ki ak ED AMERIKEN ,monte LECHEL LAME an e ENTWODWI yon DIKTATI FEROS ki dire 31 AN (1930-1961).

Apre ke an 1961,yo te reyisi TOUYE TRUJILLO ;jis an 1996 se te TROUJILISM san TRUJILLO;menm le te gen 1 ou 2 PREZIDAN ki te eli lan ELEKSYON plizoumwen LIB.
Ou te gen BALAGUER ki te eli lan ELEKSYON KOKEN ,ki te TOUYE anpil MOUN tou.

Gen anpil PARALEL.Gen anpil bagay ki pou REGLE ann AYITI.
Premyeman ,a la papot ,se zafe ELEKSYON KOKEN yo.Se yon bagay ki PRIMODYAL.
Yon lot se zafe PRES KORONPI ,OLIGACHIS,MANTE an.
Gen anpil PEYI ki te pase pa la.
BOLIVI te pran ENDEPANDANS li apre nou.Te gen plis KOUDETA an BOLIVI ke ann AYITI.
Le gen ELEKSYON vreman LIB ,tankou jan sa fet an DOMINIKANI pa egzanp;PEYI an ,ap DEDIVALYERIZE E ou pa p jwenn de NEG tankou FRANK ROMEN ki ap mouri lan KABANN yo toujou.



Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Domaj pèmanan Divalye koze lan tèt ayisien. Empty Re: Domaj pèmanan Divalye koze lan tèt ayisien.

Message  Alves Mar 26 Sep 2017 - 16:29

!986 a no jour, JC Duvalier gen 31 an depi li te kite pouvwa, tout Ayisyen ki gen 31 ou mwens pat fèt sou Duvalier, tout sa ki gen 35 ou mwens pa konn anyen de Duvalier, majorite Ayisyen gen 35 ou mwens, afè Duvalier se nan liv istwa pou yo li. Depi Ayiti ekziste se diktati a diktati nou pase, ti tan kout demokrasy ke nou te genyen an se te apre okipasyon ameriken nou te genyen li e li pa dire anpil, depi Magloire fini bay Estime kou deta demokrasy mouri an Ayiti jiska no jou. O pouvwa jodi ya an Ayiti se on pil ak on pakèt ti visye ke nou genyen, ke se nan 2 chanm yo, ke se nan la jistis, ke se nan elzekitif tout ap fè politik pou volè, piye peyi ya. Chak fwa ke on visye ale se on pi gwo visye ki pwan plas li, adye Ayiti, ayisyen pa gen ankenn espwa nan peyi sa tout ap chèche fiti yo nan lekzil, kote yo jwenn yo ale, SRepiblik Dominikenn, Chili Brezil, Mexik, USA, Canada, tout ap dezète peyi ya, a la on tristès.

Alves
Super Senior

Masculin
Nombre de messages : 111
Localisation : Port-au-Prince
Opinion politique : Neutre
Loisirs : football
Date d'inscription : 04/01/2014

Revenir en haut Aller en bas

Domaj pèmanan Divalye koze lan tèt ayisien. Empty Re: Domaj pèmanan Divalye koze lan tèt ayisien.

Message  Joel Mar 26 Sep 2017 - 20:58

Pa gen fatalite.
Gen moun ki ap antretni bagay FATALITE sa a ;LISTWA montre pa gen sa PYES.

Ale konsilte LISTWA FRANSE lan 19yem SYEK lan .Ayisyen JAKO REPET konn ap di ke LA FRANS gen ISTWA DEMOKRASI.
ADYE.
An FRANS se te toujou mode LAGE ,jis tan te gen yon GWOUP vre DEMOKRAT lan LANNE 1880s yo ki deside DEMOKRASI te pou yo ,apre LALMAY te PYESE la FRANS lan GE 1870 LAN.

Mwen te tande yon NEG sou yon RADYO ann AYITI ki t ap repete yon EKSPRESYON ki te alamod an FRANS lan lanne 1850s yo :"SOULOUQUERIES"
ADYE ANKO!!!!
LOUIS NAPOLEON te eli PREZIDAN lan SIFRAJ INIVESEL an 1848.Sa pa t ase pou li;an 1851 ,li bay yon KOUDETA pou l nonmen TET li ANPERE (A VI).
Limenm ak LAME FRANSE an ,te TOUYE 6000 MOUN lan KOUDETA sa a.
De MOUN tankou VICTOR HUGO te blije KRAZE RAK pou LOUIS NAPOLEON ki vin NAPOLEON III pa t pase l a LENFINITIF.

M ap di l ,le nou fe ELEKSYON LIB,le de MOUN tankou LEOPOLD BERLANGER konnen ke KAFE L AP KOULE AK MA ,le l ap VOLO ELEKSYON limenm ak KONPAYEL li yo ,N AP GEN YON BREAK.
Anpil peyi te pase pa la!!!!!!


Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Domaj pèmanan Divalye koze lan tèt ayisien. Empty Re: Domaj pèmanan Divalye koze lan tèt ayisien.

Message  Antitétanix Mar 26 Sep 2017 - 21:01

Sasaye a écrit:Antitanix,

Bay ayisien konfyans lan tèt li epi enstore respè chak grenn ayisien pou tout lòt ayisien.

Kontaminasyon Divalyeris lan tout kote e tout klas alawonbadè.
Wi sa pral pran plizyè jenerasyon pou efase tach saa.

Men anatandan, li pa posib pou nou jwen yon demokrat ki pat janm gen koneksyon avèk yon divalyeris oubyen pat yon senpatizan Divalye.



Madan Clinton te rezime sa li konen, "Haitians are Haitians" si m'pa tronpe'm. Sa pa fouti yon konpliman.
Antouka, menm yon koudpye 2-3h Obama pa janm fè an Ayiti. Imajine: premye prezidan Nwa Ameriken, premye Repiblik Nwa, elatrèy. Kreyati mauvaise foi pa t'ap janm aksepte kosyone tèl evènman istorik ak yon vizit istorik. (LOL)

Se vre ke Obama pa t' gate lót peyi Nwa pase sa...

Maestro, eske w gad 2 video nan ribrik mélomanes la? Yo bon oui.
Antitétanix
Antitétanix
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 937
Localisation : Haïti
Opinion politique : le camp d'Haïti
Loisirs : Lecture, sports.
Date d'inscription : 01/01/2015

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Aucun

Revenir en haut Aller en bas

Domaj pèmanan Divalye koze lan tèt ayisien. Empty Re: Domaj pèmanan Divalye koze lan tèt ayisien.

Message  Sasaye Mer 27 Sep 2017 - 14:51


Alves,
Bonjou.
Mwen dakò ak opinyon w laa.
Men mwen kwè ke majorite Ayisien ki gen 35 ou mwens yo, se pitit Ayisien ki te lan sistèm nan e timoun aprann lanmen paran yo.
Kidonk majorite saa Divalyeris dapre sa yo erite lan fanmi yo.

Yo pa gen edikasyon ak tradisyon demokratik.

Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Domaj pèmanan Divalye koze lan tèt ayisien. Empty Re: Domaj pèmanan Divalye koze lan tèt ayisien.

Message  Joel Jeu 28 Sep 2017 - 5:10

Sa m ap di lan bagay sa a.
Gen anpil PEYI ki pa t gen TRADISYON DEMOKRATIK tou ,men sa anpeche ELEKSYON LIB e LIBE fet LAKAY yo.

M ap repran EGZANP VWAZEN DOMINIKEN NOU YO.

Eleksyon LIB e LIBE san KOKEN se yon bagay ki vreman komanse lan RD an 1996.Se lan lanne sa yo DEMARAJ EKONOMIK DOMINIKEN an pran yon vites siperye TOU.

Pa gen ABSOLI,men TOUTOTAN Pep AYISYEN an pa ka chwazi LIB e LIBE ,se SWIT MIKI ,JOVNEL BANNANN ak YOURI LATOTI n ap pran ou pito y ap bannou.

Petet ak DEZENTERESMAN LOUSTIK yo rele TRUMP lan pou AYITI n ap gen yon chans.

Si yo annik di TRUMP ke se HILLARY CLINTON ki te mete TET KALE yo ,li ap fann len DENGONN yo (lol)

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Domaj pèmanan Divalye koze lan tèt ayisien. Empty Re: Domaj pèmanan Divalye koze lan tèt ayisien.

Message  Sasaye Jeu 28 Sep 2017 - 5:58


Pwoblèm mwen se menm avèk eleksyon lib e libè, pou kilès nou pral vote?

Vire tounen kandida yo genyen yon ADN Divalye lan san yo ak lan tèt yo.

Si dènye eleksyon yo te lib, Selesten ta gen yon chans genyen.
Eske Selesten se pa neve Dr. Jilo ki se teyorisyen divalyeris?
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Domaj pèmanan Divalye koze lan tèt ayisien. Empty Re: Domaj pèmanan Divalye koze lan tèt ayisien.

Message  Sasaye Jeu 28 Sep 2017 - 6:04

Antitetanix,
Apre eleksyon Obama, gen nèg ki te konn ap danse paske yon prezidan nwa Meriken tap favorize Ayiti.
Mwen te avèti yo ke Obama pakapab chanje anyen paske gen yon liy pou l swiv onon sekirite nasyonal ki deja trase pa enstitisyon ki reyèlman dikte politik yanki.
Mande GwoRozo.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Domaj pèmanan Divalye koze lan tèt ayisien. Empty Re: Domaj pèmanan Divalye koze lan tèt ayisien.

Message  Joel Jeu 28 Sep 2017 - 11:30

Mwen doute ke se SELESTEN ki te vin an 2zyem PLAS.

Premyeman NEG yo PYEJE bagay yo a la papot.

OPONT ak BERLANGER oganize bagay la pou MOUN pa VOTE ,paka VOTE.
Se pa yon ZAFE LAJAN ,paske ELEKSYON ann AYITI koute plis LAJAN ke tou patou ak yon POPILASYON konparab.

Lan nenpot lot PEYI lan AMERIK lan ,si se mwens ke 15% POPILASYON ou pito mwens ke 15% POPILASYON ki ANREJISTRE an pa vote ,yo t ap anile ELEKSYON an.

Dezyeman ,mwen pa ka kwe ke apre TOUNEN ARISTID te fe lan POTOPRENS ak res  PEYI an ,se ta 90 MIL MOUN Selman ki ta vote LAVALAS.

Le ARISTID t ap vire ak MARIZ NASIS ;lan POTOPRENS selman te gen plis ke 1 MILYON MOUN lan LA RI an ,san konte VIL PWOVENS yo.
Se ENPOSIB ,ke se 90 MIL ak 100 MIL MOUN selman ki ta VOTE LAVALAS ,konpare ak 500 MIL pou NEG BANNANN lan.

Pou genyen yon LIY ke LETA AMERIKEN genyen e ki pa janm chanje.

Si se pou sa MESYE PLD ak PRD yo an DOMINIKANI pa ta janm sou POUVWA a.Se 2 PATI POLITIK ki te toujou anti-ameriken.

Yo se ERITYE NEG ak NEGES ki te kanpe kont ENTEVANSYON AMERIKEN an ,an 1965 ,kote de SANTENN ladan yo MOURI.

Lan peyi lan AMERIK SANTRAL yo ,ansyen CHEF GERIYA EKSTREM GOCH yo pa t ap ELI prezidan non plis.Lan PEYI tankou SALVADOR ak GUATEMALA.
Se de peyi kote ETAZINI te depanse de MILYA de DOLA pou konbat MESYE sa yo.
MWEN RETE LA!

Yon DEGI

Eleksyon an DOMINIKANI ,an 2016, yo te koute ant 26 MILYON ak 30 MILYON DOLA AMERIKEN;Eleksyon TET CHAT BERLANGER an ,lan menm EPOK lan te koute 2 FWA PLIS.
Nou konnen konbyen MOUN yo di ki tevote ann AYITI ,an 2016.
An DOMINIKANI:

6,765,245 ANREJISTRE

4,708,646 VOTE

Ki sa ki eksplike bagay sa a ,Se volo ,KONSEY ELEKTORAL ann AYITI yo volo KOB lan ?
Se yon bann ENKONPETAN ke yo ye?

Eske se VOLO,ENKONPETAN ,KOKEN ;TOUT A LA FWA yo ye?

http://en.wikipedia.org/wiki/Dominican_Republic_general_election,_2016

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Domaj pèmanan Divalye koze lan tèt ayisien. Empty Re: Domaj pèmanan Divalye koze lan tèt ayisien.

Message  Sasaye Jeu 28 Sep 2017 - 13:00

Mwen pa di ke Selesten te lan dezyèm plas.

Mwen di li ta kapab gen yon chans eli prezidan.
Se pou m montre ke gen anpil chans pou vote moun ki gen relasyon divalyeris.

Tout nèg yo grandi e endoktrinen lan rejim Divalye.
Oumenm avèk mwen, nou se eksepsyon paske nou te oblije pati bonè lan kòmansman rejim nan.

Nèg tankou nou pa lan Kandidati.
Men mwen konnen Ayisien ki pase tout vi yo a letranje ki vinn divalyeris too.

Yon lòt eksepsyon se Aristid ki te vini ak doktrin teyoloji liberasyon, men nou wè tout Fòs konbinen pou bare wout li.
Mwen ta renmen tande ki vrè demokrat ki gen potansyèl pou re oryante Ayiti.
Eske wou konnen youn?

Lanpwen dout ke eleksyon ann Ayiti pa bon.
Yo kòmanse fè rekritman pou manm Konsèy Elektoral Pèmanan an.

Anpatan, gen koken ki ap fèt pou mete moun ki pral fè menmjan ak Opont oubyen Berlanje.
Yo menm ap pale pou mete Berlanje lan Komisyon saa.

Ou konnen byen ke Ilari kite ijans entènasyonal lan Irak poul vinn pèsonelman chanje rezilta ekeksyon 2011, bon pa bon, pou l mete Mateli lan plas Selesten.
Se te yon krim gwo lajounen ki imoral e endesan.

Ekzanp ou bay de Dominikani ak Amerik santral pa aplikab ann Ayiti.
Epitou, mwen rejte tout ekzanp Dominikani ki se yon peyi san karaktè.
Rezon egzistans yo se antiayisyanis ki pou fè yo santi yo se moun.
Duarte ki ero nasyonal yo se moun Hinche.
Prezidan ki te gen plis enfliyans apre endepandans yo ke yo te pran lan men Ayiti, se te Ulis Heuraux ki te ayisien natifnatal.
Alò nou pa gen open leson pou nou pran lanmen dominiken.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Domaj pèmanan Divalye koze lan tèt ayisien. Empty Re: Domaj pèmanan Divalye koze lan tèt ayisien.

Message  Joel Jeu 28 Sep 2017 - 15:13

SASAYE;

Ann DAKO pou nou pa DAKO sou KESYON sa a.

Peyi an ,pa ka kontinye ap dirije jan l ap dirije an.

ENPOSIB!!!!
Kanta pou DOMINIKEN yo ,mwen pa pre pou m KONDANE yo ,byen ke ou gen dwa kesyone jan yo we KESYON AYISYEN an.

Si FRANSE yo ki an mwens ke 100 AN ,1870,1914,1940 ,te fe 3 GE ak ALMAN yo kote plizye MILYON MOUN mouri de pa te dot,mwen pa we pouki sa paka gen yon AKOMODASYON antre nou ak DOMINIKEN yo.

Mwen pa p di ke yo pa gen KARAKTE tou;an 1965,preske tout SANTO DOMINGO te kanpe kont KOUDETA LAME DOMINIKEN e yo te twoke KONN yo kont AMERIKEN yo.

Mwen pa bliye Lionel FERNANDEZ tou ki pandan ke AYISYEN parey nou t ap masakre Pov malere lan katye popile yo ,te kanpe devan LA FRANS ak ETAZINI pou l di ke ARISTID dwe tounen AYITI ,pou KRIZ ann AYITI an REZOUD.
Misye te fet ELI PREZIDAN ,se te an SEPTANM 2004 Eli te resevwa anpil MENAS lan men PEYI sa yo
An 1965 ,youn lan pi PWOCH KOLABORATE kolonel CAAMANO yo ,se te COMANDANTE JACQUES VIAUD ki te ann EKZIL e ki te mouri lan PREMYE JOU KONBA kont AMERIKEN yo:


Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Domaj pèmanan Divalye koze lan tèt ayisien. Empty Re: Domaj pèmanan Divalye koze lan tèt ayisien.

Message  Sasaye Jeu 28 Sep 2017 - 16:21


Jowèl,
Diskisyon an pa sou dominiken.

Mwen pa sigjere pou peyi an kontinye dirije jan l ap dirije an.
Mwen pa fou!

Kestyon m ap poze se kijan pou nou avanse avèk sa nou genyen kòm resous imèn?

Mete yon Konsèy Elektoral onèt e respektab e respekte se yon mezi enkontounab.
Se yon bagay ki kapab fèt si gen bòn fwa ak volonte politik.

Apre sa nou pral triye lan sa ki genyen kòm kandida.

Ki kote pou nou jwen bon kandida?
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Domaj pèmanan Divalye koze lan tèt ayisien. Empty Re: Domaj pèmanan Divalye koze lan tèt ayisien.

Message  Joel Jeu 28 Sep 2017 - 17:21

Mwen dako ak ou.

N ap jwenn bon KANDIDA si yo byen cheche.

Moun lan KATYE POPILE yo ,VLE menm bagay ke RES MOUN lan peyi an.Yo vle LEKOL pou voye TIMOUN yo e yo bezwen MANJE pou yo MANJE.

Se pa ANBA pou w gen yon peyi respektab.

An pasan tande yon DOMINIKEN ki ap pale de COMANDO HAITIANO ki distenge yo lan KONBA kont POUTCHIS LAME DOMINIKEN yo.
Se te yon gwo LAME ,ak AVIYASYON ,BLENDE ,TANK elt..

Mesye yo te fin genyen ,le LYNDON JOHNSON declare yo se KOMINIS e voye yon FOS de 43 MIL OM pou fe yon ENTEVANSYON.

COMANDO HAITIANO an ,te sou ZOD COMANDANTE JACQUES VIAUD ,ki te pran EKZIL le DIVALYE te kraze MOUVMAN ETIDYAN an ,an 1960,1961.

Tankou m di l ,klike ,komanse 10 MINIT:


Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Domaj pèmanan Divalye koze lan tèt ayisien. Empty Re: Domaj pèmanan Divalye koze lan tèt ayisien.

Message  Antitétanix Jeu 28 Sep 2017 - 17:28

Sasaye a écrit:Antitetanix,
Apre eleksyon Obama, gen nèg ki te konn ap danse paske yon prezidan nwa Meriken tap favorize Ayiti.
Mwen te avèti yo ke Obama pakapab chanje anyen paske gen yon liy pou l swiv onon sekirite nasyonal ki deja trase pa enstitisyon ki reyèlman dikte politik yanki.
Mande GwoRozo.  

A vrè di sa pa t' janm travèse lespri'm pou Obama t'al wè Ayiti, se jisteman m'ap gade sa k'ap pase Ozetazini sètansi e se efreyan.

Ki kote pou nou jwen bon kandida?

Yo pa vle anbake dyaspora nan zafè peyi a.
Antitétanix
Antitétanix
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 937
Localisation : Haïti
Opinion politique : le camp d'Haïti
Loisirs : Lecture, sports.
Date d'inscription : 01/01/2015

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Aucun

Revenir en haut Aller en bas

Domaj pèmanan Divalye koze lan tèt ayisien. Empty Re: Domaj pèmanan Divalye koze lan tèt ayisien.

Message  Sasaye Jeu 28 Sep 2017 - 20:09


Pi gwo pwoblèm nan se mantalite retwograd ki ap anpeche nou avanse.
1-koripsyon
2-sipèstisyon
3-solidarite zero.

Nou deja pale de nimewo 1-koripsyon.

Sipèstisyon kenbe nou dèyè paske li kont lajistis.
Li soutni sitiasyon zonbifikasyon ki yon krim kont limanite lan tout sans.
Zonbifikasyon se yon fòm revanch ak pinisyon ki eliminen lavi avèk libète milye si se pa milyon konpatriyòt ki finalman mouri lan esklavaj.
Leta avèk lalwa fèmen je e kite sa kontinye depi syèk dantan lan peyi an.

Eske nou kapab jwen yon pati politik avèk yon kandida ki gen eliminasyon zonbi lan pwogram li?

Solidarite zero.
Menm mantalite ayisien saa, tolere e absòbe sistèm Restavèk ki mete milye si se pa milyon timoun ayisien lan esklavaj. Nap jwen moun ki ap defann sistèm nan, swadizan se ede yap ede ti peyizan. Aloske ti zanj 5-6 zan ap leve grammaten pou fè travay domestik e dòmi ta san pran souf.
San yo pa peye yo senk kob.
Pou nenpòt ti erè, yon pran kalòt ak rigwaz.
Leta avèk lalwa fèmen je e kite sa kontinye depi syèk dantan lan peyi an.

Eske gen yon pati Politik avèk yon kandida ki gen abolisyon Restavèk lan pwogram
li?

Ki kote peyi an prale avèk yon sitiyasion konsa?
2 fenomèn sayo retire tout viktim sayo lan ekonomi peyi an e mete milyon konsitwayen lan eksklizyon. Sa vle di enjistis ak mepri kont yon gwo pòsyon popilasyon an.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Domaj pèmanan Divalye koze lan tèt ayisien. Empty Re: Domaj pèmanan Divalye koze lan tèt ayisien.

Message  Sasaye Jeu 28 Sep 2017 - 20:23


An palan sipèstisyon lan radyo ayisien, jodya, yon nouvèl ki demontre jan moun retade.
Nou sonje te genyen yon ensidan kote yon gad sekirite madan Jovnèl te malmennen Senatè Cheramy apre li te fin chire dokiman bidjè finans lan.
Senatè an tap kondiy machin li lan zôn kote kòtèj lan te ye, bò Petionvil.
Gad kan mete defans machin li dèyè pa senatè an epi lap pousel.
Lè senatè an reyisi soti pou li mande dekiprevyen, gad lan rale zam li epi li joure manman senatè an.
Jodya, kòmantatè radyo an anonse ke gad saa mouri lan kondisyon ki pa klè.
Yo di sekirite palè an voye ajan lan mòg la pou veye kadav lan.

Nou konnen, youn lan komantatè yo di ke yap veye pou sil leve li pa tounen yon zonbi?
Lòt kòmantè an di anba gòj li ke se kapab travay Don Kato.

Se yon aberasyon ke de bagay konsa ap di lan syèk saa. Epi se de pèsonalite radyo ke milyon moun ap tande.

Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Domaj pèmanan Divalye koze lan tèt ayisien. Empty Re: Domaj pèmanan Divalye koze lan tèt ayisien.

Message  Joel Ven 29 Sep 2017 - 5:43

[b]Eske gen yon pati Politik avèk yon kandida ki gen abolisyon Restavèk lan pwogram
li?[/u]
SASAYE

Li LIV MILDRED ARISTIDE (madan ARISTIDE) lan sou PWOBLEM RESTAVEK lan e koman pou yo REMEDYE l.

AMAZON.COM t ap vann li ,men li "out of print" kounye an.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Domaj pèmanan Divalye koze lan tèt ayisien. Empty Re: Domaj pèmanan Divalye koze lan tèt ayisien.

Message  Antitétanix Ven 29 Sep 2017 - 20:50

Sasaye a écrit:
An palan sipèstisyon lan radyo ayisien, jodya, yon nouvèl ki demontre jan moun retade.
Nou sonje te genyen yon ensidan kote yon gad sekirite madan Jovnèl te malmennen Senatè Cheramy apre li te fin chire dokiman bidjè finans lan.
Senatè an tap kondiy machin li lan zôn kote kòtèj lan te ye, bò Petionvil.
Gad kan mete defans machin li dèyè pa senatè an epi lap pousel.
Lè senatè an reyisi soti pou li mande dekiprevyen, gad lan rale zam li epi li joure manman senatè an.
Jodya, kòmantatè radyo an anonse ke gad saa mouri lan kondisyon ki pa klè.
Yo di sekirite palè an voye ajan lan mòg la pou veye kadav lan.

Nou konnen, youn lan komantatè yo di ke yap veye pou sil leve li pa tounen yon zonbi?
Lòt kòmantè an di anba gòj li ke se kapab travay Don Kato.

Se yon aberasyon ke de bagay konsa ap di lan syèk saa. Epi se de pèsonalite radyo ke milyon moun ap tande.


Maestro, w'ap koute La Gazette Nationale. Sa rèd nèt.
Antitétanix
Antitétanix
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 937
Localisation : Haïti
Opinion politique : le camp d'Haïti
Loisirs : Lecture, sports.
Date d'inscription : 01/01/2015

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Aucun

Revenir en haut Aller en bas

Domaj pèmanan Divalye koze lan tèt ayisien. Empty Re: Domaj pèmanan Divalye koze lan tèt ayisien.

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 1 sur 2 1, 2  Suivant

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum