Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-39%
Le deal à ne pas rater :
Ordinateur portable ASUS Chromebook Vibe CX34 Flip
399 € 649 €
Voir le deal

konsyantise pep se yon peshe mortel pou volè eksplwatè,krimi

3 participants

Aller en bas

konsyantise pep se yon peshe mortel pou volè eksplwatè,krimi Empty konsyantise pep se yon peshe mortel pou volè eksplwatè,krimi

Message  Rodlam Sans Malice Jeu 21 Sep 2006 - 10:54

Depi fondatyon peyi dayiti nou wè ki jan moun ki te vle ranplase kolon yo pat janm dako pou tout moun te genyen menm dwa ak menm privilej.Se sa ki fè fondatè peyi ya Jal Dessalines mouri Pont Rouge.Se sak fè yo fè konplot tou tan swa pou yo sote Palè, swa pou yo fè kou deta pou jete tout moun ki vle shanje kondityon malsite pep la.Yo ba yo tout non.Men sa ki ap masiminen pep la yo adore yo tankou bon dye.

Ki devwa nou menm ki pa restavek oligashi dwet long lan ;ki genyen amou pou ayisyen parey nou,ki ta renmen yon peyi kote tout moun genyen menm dwa ak menm privilej?Yon peyi kote se pa sou non ni sou klas ni koulè po yo ba yon moun respek e jwisans dwa sivil e politik men se sou karaktè li,konpetans li.Yon peyi kote pap janm genyen ti Santanys ,ni poushon anko.E byen devwa nou se tet ansanmb jiska viktwa final.Se pa pou nou kite ti asasen ,ti delenkan ti parese ki vle shita deyè biro ou ki pat janm al travay men ki te genyen shek yo kap vin jwenn yo shak mwa se pa pou nou kite moun sayo divise nou.Wi tankou ti Pè ya di ya ansanb ansanb nou se lavalas.Sa li vle di pa la ,yo pa ka bat yon pep ki ini e ki konn sa li vle.Nap pran eksanp yon pep tankou Vietnamyen yo.mwen pa di se pou nou adopte menm ideyoloji politik ak yo. men mwen vle montre ke malgre tou sa yo fè pou divise pep saa ,yo bat blan franse e yo mete meriken deyo lakay yo.paske meriken pat janm ka konprann pou ki sa pep sayo ap lite ;se pou yo krase sosyete san konsyans ,malveyan, kriminel ki pito kite ti moun ap manje tè, ap mouri ak malnitrityon, fanm ap vann ko yo pou yo ba pitit yo manje, gason ap vyole yo, bat yo ,ouvriye ap travay tankou bet men yo pa menm ka ba pitit yo manje.lè yo malad yo paka jwen swen pou yo trete .le yo gran moun yo paka jwen menm yon ti kob shak mwa kom pansyon.Lè yo vote pou yo mete yon moun a la tet peyi yo ke yo panse ki pral shanje kondityon yo oligashi san konsyans bayo kou deta.yo touye yo. tankou yo te touye Cincinnatus Leconte an ayiti. Se bagay sa ki fè General Washington te revolte kont angle yo e byen se pou menm privilej ,dwa sayo ke pep meriken ap jwi jodya se pou yo ke lot pep yo ap lite tou.Menm jan yo touye Abraham Lincoln ,yo touye John kennedy, yo touye Martin Luther King, Robert kennedy e yo jwen ti souflantyou ,neg sal ki touye Malcom X nou ki ap lite pou shanje kondityon malsite frè nou fok nou pa pè mouri .se yon sel lan mo ki genyen.

Zafè di pito nou led nou la se bliye sa. koulyè ya se pito nou mouri tan nou led tankou Dessalines te di a la crtete a Pierrot:"Que ceux qui veulent redevenir esclaves des francais sortent du Fort.mais que ceux qui veulent mourir en hommes libres se rangent autour de moi."La garnison cria d'une seule voix :"nous mourrons tous pour la liberte."Se konsa pou nou tounnen anko kont tout nouvo kolon esklavajis ke li nwa ,ke li blan ak tout restavek yo.

Yap toujou jwen shen enraje ki pou yon ti moso zo san vyann ap vle pou menteni majorite nan nou nan nouvo esklavaj la, men tou si nou ini nap krase yo tankou pinez,.insek nwisib.Fok yon jou tankou zanset nou yo te reve pou nou ke ayisyen se yon moun ki fyè ki pa wont pou yo pa di anko se nou ki pote sida ,se nou ki pi pov nan amerik la.nou se drug dilè; lè yap pale de drug yo di drug ayisyen poukisa yo pa di drug kolombyen ki pase pa ayiti ki rantre Montreal.Poukisa se pa presidan kolonbyen an yo te bay kou deta, yo konnen byen ke se la drug la soti.men peshe ke nou te fè pou konsyantise tout esklav nan lamerik la ,ed nou te bay Simon Bolivar la se peshe saa nap peye jouk jounen jodya.Yap toujou jwen ti shen enraje ki ap jape paske yo gran gou koulyè ya men nou menm pitit Desaalines ak Toussaint louverture nou di yo se a jamè ,esklavaj modern lan dwe fini.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

konsyantise pep se yon peshe mortel pou volè eksplwatè,krimi Empty Re: konsyantise pep se yon peshe mortel pou volè eksplwatè,krimi

Message  HenriChristophe Jeu 21 Sep 2006 - 11:24

Analiz ou a bèl anpil san Malis. Mwen renmen aproch ou fè nan tèks sa -a.
Peyi a pran an otaj nan men yon ti group moun ki vle fè gro lajan an de tan twa mouvman. Yo vle fè 300 % benefis sou tout sa yap van-n.
Yo vle kontrole tout aparèy leta yo, yo ta renmen fè fo eleksyon pou yo mete pope twèl ou byen menm moun pa yo; mwen sonje Charles Henry Backer ki pa ka fè okenn agimentasyon e ki te gen foli presidan e sak ki pi rèd la de jwen-n yon pakèk moun manipile vote pou li...... Sa ou rele vye chen yo ..... sousèt sou ou byen souflanchou blanc lokal ou etranje.
Mon chè ! Je pèp la kale e li pran pouvwa depi 1991 li tombe li remonte yo chase li kouri li cache e li retounen...... Sa ki ap pase en Haiti depi 1991 vreman istoric se premye fwa yon pati (ou yon lide) kenbe pouvwa (malgré vents et marrées) san li pa lage'l e se premye fwa ke yon pati ke yo chase sou pouvwa retounen ak menm fos la (voir pi fo paske 7 février mwen te la e mwen te wè kijan 65 % moun te vote preval ..... malgre se sèlman 51 % yo ba li tèlman yo manipile vot pèp la )
Pèp la se tankou rozo li ye li pliye men li pa kase ,....e li dwe kemnbe pouvwa sa -a nèt e li dwe ranfose pati popilè sa - yo e li dwe panse a kreye yon gro pati popilè revolitionè ki ap la pou karanti perenite pouvwa pèp la.
Mwen konnen apre tèks sa yo pral rele'm Lavalasien, sa -a pa problem se ki sa n'ap fè pou nou fè tout guetto an HAiti tounen bèl katye residentiel avèk bèl building - terrain footbal - basket - place publik elatrye ......
Mwen ap fini pou mwen di ou ke ansanm nou kapab men nou dwe netoye zoranj pouri yo tou !
HenriChristophe
HenriChristophe
Super Senior

Masculin
Nombre de messages : 110
Age : 44
Localisation : Port-au-Prince
Date d'inscription : 05/09/2006

Revenir en haut Aller en bas

konsyantise pep se yon peshe mortel pou volè eksplwatè,krimi Empty Re: konsyantise pep se yon peshe mortel pou volè eksplwatè,krimi

Message  Rodlam Sans Malice Jeu 21 Sep 2006 - 11:40

Kanta zafè rashe zoranj pouri yo jete se sa ki dwe fet net al kole.Nap rele ak tout vwa nou Vive Liberté,égalité,fraternité. depi genyen jenn gason tankou w an ayiti genyen espwa.Wi nou beswen ranfose pati pep la,modernise li ,pa kite oken moun konprann li se yon enboye di syel.yon pati kote direktwa la dwe eli demokratikman nan yon konvantyon.Mwen kontan wè avata Henry Christophe ou a.Se te yon neg korek, solid ,pwogressis ki pat pè personn.Nou beswen moun sayo anko an ayiti pou nouvel endepandans la. kenbe la frè m.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

konsyantise pep se yon peshe mortel pou volè eksplwatè,krimi Empty Re: konsyantise pep se yon peshe mortel pou volè eksplwatè,krimi

Message  Joel Jeu 21 Sep 2006 - 17:55

Lè mwen li HENRI CHRISTOPHE,misye bon mwen yon ti seròm.
Si mesye rete ann Ayiti vre,sa vle di ke se pa tout moun ki gen yon ti moso lespri ki ann Ayiti,ki vann konsyans yo bay enperyalis yo ak ak souflantyou yo nan boujwazi patripòch ,tilolit ,machann peyi an.

Kenbe la ,jèn frè m!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

konsyantise pep se yon peshe mortel pou volè eksplwatè,krimi Empty Re: konsyantise pep se yon peshe mortel pou volè eksplwatè,krimi

Message  HenriChristophe Ven 22 Sep 2006 - 9:42

MOn cher se en Haiti e mwen pa van-n nam mwen pou anyen. D'ailleurs non seulement mwen rete en Haiti epi se andedan yon guetto mwen ap viv donc mwen pa ka trayi san mwen!
Oui Jamais
HenriChristophe
HenriChristophe
Super Senior

Masculin
Nombre de messages : 110
Age : 44
Localisation : Port-au-Prince
Date d'inscription : 05/09/2006

Revenir en haut Aller en bas

konsyantise pep se yon peshe mortel pou volè eksplwatè,krimi Empty Re: konsyantise pep se yon peshe mortel pou volè eksplwatè,krimi

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum