Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-45%
Le deal à ne pas rater :
WHIRLPOOL OWFC3C26X – Lave-vaisselle pose libre 14 couverts – ...
339 € 622 €
Voir le deal

Yon sel lang ofisyel pou dechouke mantalite nou-pa GERARD- MARIE TARDIEU

2 participants

Aller en bas

Yon sel lang ofisyel pou dechouke mantalite nou-pa GERARD- MARIE TARDIEU Empty Yon sel lang ofisyel pou dechouke mantalite nou-pa GERARD- MARIE TARDIEU

Message  Joel Mer 13 Juin 2018 - 10:10

http://lenouvelliste.com/article/188171/yon-sel-lang-ofisyel-pou-dechouke-mantalite-nou


Yon sèl lang ofisyèl pou dechouke mantalite nou
Yon sèl lang ofisyèl se tit liv sa a Gérard-Marie Tardieu ap prezante nan venntwazyèm edisyon «Livres en folie» k ap fèt 31 me ak 1e jen 2018, nan «MUPANAH». Nan liv sila a, otè a touche pwoblematik aprantisaj la ki kokobe chak jou pi plis mantalite tout jèn Ayisyen ki pase nan sistèm edikasyon nou an. Nan lide sa a, akademisyen an mande pou lang ayisyen an se sèl lang peyi a, jan Konstitisyon 87 la mande sa a.
Publié le 2018-05-30 | Le Nouvelliste


Culture -

«Yon sèl lang ofisyèl» genyen ladan l senk chapit diferan men ki marande ak yon sèl lide : dechouke mantalite nou. Dechouke mantalite n, lè nou sispann itilize lang Fransè yo kòm lang ofisyèl peyi a, lè nou sèvi ak li tankou zouti pou nou imilye Ayisyen parèy nou, ak lè nou sispann bay timoun yo senbòl nan lekòl yo epi mande yo eksprime yo chak lè yo itilize lang manman yo. « Lang sa a, nou fè li lonè lakay. Epi nou renmen sèvi ak li anpil anpil pou toufounen pwòp sè ak frè nou, alòske Konstitisyon peyi a di nou sèl lang ki simante nou se kreyòl la », se sa M. Tardieu eksplike nan entwodiksyon liv li a, ki gen pou tit ‘’Yon twofe pou esklizyon.

Pou byen chita refleksyon l lan, Gérard-Marie Tardieu retranskri nan premye chapit la ki titre ‘’Istwa Gérard-Marie Tardieu, defansè lang kreyòl la’’ yon entèvyou li te fè nan jounal Le Nouvelliste, nan dat ki te 21 jiyè 2015. Nan bat bouch sa a-connaître nos académiciens-, ekriven an fè konprann kijan lang ayisyen an charye sa nou reprezante kòm pèp, tout sa ki idantifye nou tankou yon Ayisyen natifnatal. « Lè m te piti, lakay mwen kouwè lekòl, se franse granmoun yo te vle pou mwen pale. Sa ki pi rèd, lekòl menm te gen pinisyon lè w pale kreyòl, te gen senbòl, yon eritaj pè ak mè ki soti lòtbò dlo te vin ban nou kenbe pou nou divòse ak kilti nou. Dayè se te yon epòk kote ‘’rejete’’ t ap taye banda.»

Se konsa GMT panse fòk gen yon revolisyon ki pou fèt. L ap pèmèt lang ayisyen an ak lang kolon an reprann plas yo kòmsadwa. Sa vle di, lang kreyòl la ap sèl lang ofisyèl nou pandan lang blan franse yo ap desann nan dezyèm plas la. Revolisyon sa a ap posib lè nou deside chanje estrikti lekòl nou yo, nan adopte yon lòt politik pou edikasyon kote liv kreyòl yo sispann sibvansyone mwens pase liv fransè ak liv anglè. « Kreyòl la, lang pa nou an, jis jounen jodia ap pran imilyasyon. Jis jounen jodiya, li pa jwenn tout plas li nan sosyete a, epi, sa ki pi grav la, li pa jwenn plas li nan lekòl yo tout bon vre. Bò kote pa l, ministè Edikasyon nasyonal nan fason li sibvansyone liv lekòl yo, vyole pwòp kourikoulòm lekòl fondamantal li a. »

Kidonk se yon «lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba». Nan katriyèm chapit la-Kreyòl nan edikasyon, nan sèvis piblik- mesye Tardieu pouse refleksyon li an pi lwen ak yon kesyon difisil men ki gen tout sans li, sitou lè n ap gade echèk nan egzamen ofisyèl yo chak ane. « Èske premye lènmi kreyòl la se pa ta ministè Edikasyon nasyonal limenm ? Sistèm nan an reyalite ap fonksyone pou yon ti lelit, se poutèt sa li fèt nan lang minorite a. Sistèm edikasyon an gen yon wòl enpòtan pou li jwe nan korije enjistis sosyolengwistik nou te deja denonse a. Nan sistèm sa a, menm si elèv la entèlijan, si li pa metrize yon lang li pa ka bay bon rezilta nan aprantisaj li ap fè », se obsèvasyon defansè lang ayisyen an ki kwè pi gwo andikap aprantisaj nou an se paske nou pran lang kolon an pou lang matènèl nou.

Pou rezon sa yo, Gérard-Marie Tardieu pwopoze nan chapit senk lan pou nou adopte yon sèl lang ofisyèl, ak yon politik lengwistik ideyal pou Ayiti. Politik sa a gen ladan 9 gran pwen: « deklare kreyòl la se sèl lang ofisyèl leta, lang lekòl, lang travay, san okenn limit nan okenn domèn ; respekte epi fè respekte deklarasyon lang ofisyèl la ; ogmante enterè nasyonal la pou lang sa ; oblije yon seri kondisyon avèk regleman an favè kreyòl la pou kreye enterè pou li ; pran defans, fè pwomosyon epi ankouraje devlòpman lang ak kominote lengwistik kreyòl la ; oblije tout òganis leta ak prive pou pwodwi dokiman ki konsène piblik la an kreyòl ; mande pou lekòl piblik fonksyone an kreyòl, ak yon plas espesyal pou lang etranje ki plis itilize a ; etabli pousantaj-prezans lang kreyòl la nan tout domèn pandan nou ap konsidere eksepsyon ki genyen nan Konstitisyon 1987 la ; bay lang etranje yo plas ak fonksyon pou favorize kominikasyon oral ou ekri avèk lòt kominote lengwistik. »



Sindy Ducrépin

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Yon sel lang ofisyel pou dechouke mantalite nou-pa GERARD- MARIE TARDIEU Empty Re: Yon sel lang ofisyel pou dechouke mantalite nou-pa GERARD- MARIE TARDIEU

Message  T-Kout Mer 13 Juin 2018 - 10:51

Joel , sa son tre tre bel atik mesi anpil. Atik fe'w reflechi anpil.
Kestyon mwen genyen se : Ki prezidan nan ki anne ke lang Franse te vin lang offisyel Peyi Dayiti ?

Nan 1 Janvye 1804 eske Dessalines pat deklare Kreyol lang offisyel Ayiti ?
T-Kout
T-Kout
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 249
Localisation : N.Y.
Opinion politique : N/A
Loisirs : Musique, Lire
Date d'inscription : 04/10/2014

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Yon sel lang ofisyel pou dechouke mantalite nou-pa GERARD- MARIE TARDIEU Empty Re: Yon sel lang ofisyel pou dechouke mantalite nou-pa GERARD- MARIE TARDIEU

Message  Joel Mer 13 Juin 2018 - 14:58

T-KOUT;

An 1804 AYITI pa t gen LANG OFISYEL.
Yo te ize FRANSE kom LANG EKRI menm jan FRANSE yo te ize LATEN jis lan 17yem SYEK lan kom LANG EKRI .

DESCOURTILZ yon ISTORYEN FRANSE te rapote ke li te PREZAN le yon pitit PLANTE yo,petet ki t al lekol an FRANS, te vle pale FRANSE ak li e DESSALINES te reponn li an bon KREYOL NEG NO "Ti Gason pale LANG a wou ,pouki sa ou vle pale LANG ZOT" (mwen ize otograf ofisyel lan)

Mwen kwe se lan KONSTITISYON 1918 ke bagay LANG OFISYEL lan entwodwi pou premye fwa ,le NEG yo di se FRANSE ki LANG OFISYEL.

LEPANDYE yo ,lan KONSTITISYON 1987 lan vin di ke AYITI gen 2 LANG :FRANSE ak KREYOL.
FRANSE pa LANG nou,nou pa t janm pale FRANSE;MENM FRANSE ki te fet lan KOLONI SENDOMENG lan se yon sel LANG yo te pale :KREYOL.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Yon sel lang ofisyel pou dechouke mantalite nou-pa GERARD- MARIE TARDIEU Empty Re: Yon sel lang ofisyel pou dechouke mantalite nou-pa GERARD- MARIE TARDIEU

Message  T-Kout Mer 13 Juin 2018 - 15:46

Joel, ou vle dim de 1918 a 1987 sel lang offisyel Peyi Dayiti se te Franse ?

Wow, Franse nan tan koloni te pale Kreyol, sa montre'w ke gin anpil etranje ki bay lang Kreyol plis vale ke nou mem Ayisyen.
yon lot egzamp de sa ; se yon jen fam Ameriken ki te ekri THESIS li nan "Duke University" an Kreyol !!!
T-Kout
T-Kout
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 249
Localisation : N.Y.
Opinion politique : N/A
Loisirs : Musique, Lire
Date d'inscription : 04/10/2014

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Yon sel lang ofisyel pou dechouke mantalite nou-pa GERARD- MARIE TARDIEU Empty Re: Yon sel lang ofisyel pou dechouke mantalite nou-pa GERARD- MARIE TARDIEU

Message  T-Kout Mer 13 Juin 2018 - 15:51

DUKE'S FIRST UNDERGRADUATE THESIS WRITTEN IN CREOLE
Lydia Bradford's project attests to growth of Duke's Haiti scholarship

https://today.duke.edu/2017/05/dukes-first-undergraduate-thesis-written-creole


T-Kout
T-Kout
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 249
Localisation : N.Y.
Opinion politique : N/A
Loisirs : Musique, Lire
Date d'inscription : 04/10/2014

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Yon sel lang ofisyel pou dechouke mantalite nou-pa GERARD- MARIE TARDIEU Empty Re: Yon sel lang ofisyel pou dechouke mantalite nou-pa GERARD- MARIE TARDIEU

Message  Joel Mer 13 Juin 2018 - 18:14

T-Kout a écrit:Joel, ou vle dim de 1918 a 1987 sel lang offisyel Peyi Dayiti se te Franse ?

Wow, Franse nan tan koloni te pale Kreyol, sa montre'w ke gin anpil etranje ki bay lang Kreyol plis vale ke nou mem Ayisyen.
yon lot egzamp de sa ;  se yon jen fam Ameriken ki te ekri THESIS li nan  "Duke University" an Kreyol !!!

T-kout;

ELIT nou an se yon ELIT IRASYONEL.Yo pa fen anyen menm jan ak ELIT lot PEYI yo ,se sa k fe nou lan pwen nou ye la.

Jounen Jodi an w ap jwenn NEG ki vle kenbe FRANSE kom LANG EDIKASYON e yo ba w tout kalite AGIMAN TET an BA pou sa.

Depi apre LENDEPANDANS de NEG tankou POMPEE VALENTIN ,te ap di ke bagay FRANSE an ,se yon bagay ESTIPID .FRANSE se pa LANG nou e JEAN POMPEE VALENTIN-BARON DE VASTEY se te youn lan ra NEG lan jenn REPIBLIK ak WOYOM lan ki te konn li ak ekri.
BARON DE VASTEY ki te ale LEKOL an FRANS te di ke pou NEG te eseye pale FRANSE ,se te yon bagay KOMIK e ESTIPID.
BARON DE VASTEY ki te mouri menm semenn (sasinen) an 1820 ,ak WA ANRI KRISTOF.
Li te youn lan SEKRETE DESSALINES yo tou.
Li te ekri PYES TEYAT an KREYOL.
Apre 200 ZAN ke BARON DE VASTEY mouri,si l ta retounen VIZYONE sa a t ap di menm bagay lan.

ENVESTISMAN pou fe TIMOUN nou yo pale FRANSE,lang difisil sa a,se yon ENVESTISMAN ki ta ka fet pou TIMOUN yo aprann lot bagay.
An pasan BARON DE VASTEY se te GRANPAPA OSWALD DURAND.Se te k ap se pa t AZA ke MISYE se te youn lan PREMYE NEG PLIM e ANK ki te ekri yon POWEM an KREYOL:CHOUCOUNE.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Yon sel lang ofisyel pou dechouke mantalite nou-pa GERARD- MARIE TARDIEU Empty Re: Yon sel lang ofisyel pou dechouke mantalite nou-pa GERARD- MARIE TARDIEU

Message  Joel Jeu 14 Juin 2018 - 6:47

Sa a se 2yem PATI ENTEVYOU TARDIEU te fe ak ETIDYAN DUKE UNIVERSITY an.



Sa a se konba ke TRINIDAD ap mennen pou kenbe KREYOL an VI.Se REZON sa a le NEG POTOPRENS te mande pou FRANSE sete lang KARIKOM ,yo te montre INYORANS yo.

Mwen men te tande ke YOURI LATORTUE te mande pou DEBA lan SENA a fet an FRANSE.
Ou kwe se ta VRE?
LATORTUE se ansyen ELEV SENLWI.Misye se yon TESTAMAN DEGA KE KONKODA 1860 ak LEGLIZ KATOLIK lan ,kontinye ap koze:


Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Yon sel lang ofisyel pou dechouke mantalite nou-pa GERARD- MARIE TARDIEU Empty Re: Yon sel lang ofisyel pou dechouke mantalite nou-pa GERARD- MARIE TARDIEU

Message  T-Kout Dim 17 Juin 2018 - 12:57

Joel , kibo'm ka jwen liv Gérard-Marie Tardieu ?
T-Kout
T-Kout
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 249
Localisation : N.Y.
Opinion politique : N/A
Loisirs : Musique, Lire
Date d'inscription : 04/10/2014

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Yon sel lang ofisyel pou dechouke mantalite nou-pa GERARD- MARIE TARDIEU Empty Re: Yon sel lang ofisyel pou dechouke mantalite nou-pa GERARD- MARIE TARDIEU

Message  Joel Lun 18 Juin 2018 - 9:09

T-KOUT;

Misye te pibliye TIM TIM BWA CHECH ke w ka jwenn sou AMAZON men se ak yon PRI EKZOBITAN a koz de RARTE LIV lan.

Petet ke denye LIV misye an ,se ann AYITI ou ka jwenn li.

Mwen ta byen renmen konnen tou ki jan nou ka jwenn denye LIV misye an.Se pou l mete l prese prese sou AMAZON.COM

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Yon sel lang ofisyel pou dechouke mantalite nou-pa GERARD- MARIE TARDIEU Empty Re: Yon sel lang ofisyel pou dechouke mantalite nou-pa GERARD- MARIE TARDIEU

Message  Joel Jeu 21 Juin 2018 - 6:54

T-KOUT

Yo pale LANG nou an ,kote w pa ta ka panse.Yo rapote ke gen yon ZON lan VENEZUELA kote yo pale KREYOL.
Moun sa yo se DESANDAN TRINIDADYEN ki IMIGRE lan VENEZUELA e ki kenbe LANG lan.

TRINIDAD se KREYOL yo te pale.Preske tout MOUN lan PEYI sa a.Se ak anpil DIFIKILTE ke ANGLE yo te reyisi ENPOZE ANGLE,sejis lan 2zyem MWATYE 19YEM SYEK lan.

Tande VENEZWELYEN ,desandan TRINIDADYEN yo ki ap pale KREYOL.Se yon KREYOL ,nenpot AYISYEN ka konprann:


Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Yon sel lang ofisyel pou dechouke mantalite nou-pa GERARD- MARIE TARDIEU Empty Re: Yon sel lang ofisyel pou dechouke mantalite nou-pa GERARD- MARIE TARDIEU

Message  Joel Jeu 21 Juin 2018 - 15:01

T-Kout a écrit:Joel, ou vle dim de 1918 a 1987 sel lang offisyel Peyi Dayiti se te Franse ?

Wow, Franse nan tan koloni te pale Kreyol, sa montre'w ke gin anpil etranje ki bay lang Kreyol plis vale ke nou menm Ayisyen.
yon lot egzamp de sa ;  se yon jen fam Ameriken ki te ekri THESIS li nan  "Duke University" an Kreyol !!!

T-KOUT ,

FRANSE ,BLAN FRANSE ki te fet e grandi lan KOLONI an ,pa t pale FRANSE ,se te KREYOL yo te pale.Sa k te pale FRANSE yo ,se sila ki te gen CHANS ale an FRANS ,presizeman lan REJYON "Ile de France" KOTE VIL PARIS ye an.

Gen anpil EVIDANS pou sa.

KREYOL SE TE LANG BLAN FRANSE YO;se lan 19yem Syek ak ARIVE RELIJYE apre KONKODA a ke FRANSE vin pran ENPOTANS pou pi GRAN MALE PEYI an.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Yon sel lang ofisyel pou dechouke mantalite nou-pa GERARD- MARIE TARDIEU Empty Re: Yon sel lang ofisyel pou dechouke mantalite nou-pa GERARD- MARIE TARDIEU

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum