Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -21%
LEGO® Icons 10329 Les Plantes Miniatures, ...
Voir le deal
39.59 €

Batay politik lan pa politik-li ekonomik

2 participants

Aller en bas

Batay politik lan pa politik-li ekonomik Empty Batay politik lan pa politik-li ekonomik

Message  Joel Ven 20 Sep 2019 - 10:32

MAK;
Mwen te toujou ap di w ke kontesye yon gwoup NEG lan BOUJWAZI an te gen ak ARISTID pa t politik vre ;li te pito EKONOMIK.

Mwen li sa plizye kote.
Boujwazi sa a,7 FANMI an ,pa gen apatenans ;se pa t pe yo te pe fizikman ,men yo te pe pou ARISTID pa t chanje EKONOMI an sou yo.

Sou ARISTID te gen eleman KLAS MWAYENN lan ki te vle rantre lan JWET EKONOMIK lan ,tankou UNIBANK,tankou CINE ,lan TELEKOMINIKASYON elt.
Se te yon MENAS pou NEG ki kontwole EKONOMI rachitik lan.

Kom ROUDLEY remake byen ,se yon bagay ki te rive lan tounan 19em,20yem SYEK lan ,le 3 FANMI te kontwole EKONOMI AMERIKEN an.
Se te ROCKEFELLER lan MONOPOL GAZOLIN,J.P MORGAN lan BANK ak CARNEGIE lan ASYE.

ETAZINI te demare lan 20em SYEK lan ,le THEODORE ROOSEVELT te kase MONOPOL NEG sa yo sou EKONOMI an.

Li atik ROUDLEY PENN lan ,li tre ENSTRIKTIF

http://rezonodwes.com/2019/09/19/roudy-stanley-penn-batay-politik-la-pa-politik



Roudy Stanley Penn : Batay politik la pa politik !


By Rezo Nodwes -  
19 septembre 2019

Jeudi 19 septembre 2019 ((rezonodwes.com))– Pouki tout kache men voye wòch sa yo mezanmi ? Batay politik la pa politik. Batay la ekonomik. Anpil aktè politik ki viktim deja de sistèm sa a, fè chwa – pou koupe depandans lan, mennen batay politik la pou yo ka asire aryè yo ekonomikman, paske yo rann yo kont, yo mèt plede fè politik, pale nan radyo, ekri bèl liv – anfendkont, se nan salon nèg ki gen kòb yo y-al resevwa lòd.

Anpil, depi nan fen lane 90 yo, deside fè politik pou pataje gato ekonomik lan.

Yon bann nan jenerasyon moun sa yo – gen gwo dan kont Rene Preval. Se pou sa menm kant yo tal nan antèman l – men se pa yo ki tap kriye pou mò a. Yo kategorize Préval kòm tiboujwa kap kamoufle nèg nwè, paske tout avantaj (ekonomik) yo se yon ti ponyen byen patikilye li te bay yo. Pandan rejim Preval la, misye kadnase yon bò nan Leta a bay yon pati nan sektè prive a. Kanta ti nèg nwè ki te bò kote l yo, misye te itilize yo pou voye imaj ke pouvwa l la pa gen fòs kote, pa gen koripsyon. Kondisyon yo pa vrèman chanje, sinon de chanm kay nan yon bon katye yo ka genyen.

Preval te fè chwa l. Lojik pa l : olye l distribiye richès la nan pèmèt nouvo aktè ekonomik rantre sou mache a, li alye l ak yon ti sektè nan boujwazi a. Preval te pran nan konplo kout janm nan. Yon estrateji ti mesye po klè yo ap itilize lontan nan istwa politik peyi a, paske yo konnen tinèg renmen grimèl. Grimèl pa konn lèd – selon sa m konn tande.

Aristid pa kont, malgre tout erè l, te diferan de Preval lè n konsidere l te fasilite kèk moun nan klas mwayèn nan 2, 3 gwo pwojè finansye (UNIBANK pa ekzanp).


Mesyedam kap fè politik yo – sa fè lontan -, anpil nan yo deside fè politik la yon lòt jan. Nèg sektè ekonomik tradisyonèl yo fini pa konprann tijwèt anba anba ti mesyedam politik yo ap jwe a. Yo reyajiste jwèt la. Politisyen antreprenè yo fèb toujou politikman. Ann al eseye konprann koman laboujwazi a fonksyone nan jwèt politik la.

Gen yon pati nan yo, ki te fè move plasman nan eleksyon 2010 yo – sa ki vle di yo “pedi”. Yo antre otomatikman nan opozisyon. Yap finanse mesye dam kap fè manifestasyon tout jounen yo. Mobilizasyon yap finanse yo, se pou garanti gwo kontra yo gen ak Leta. Kapote rejim ki la a kap tante remete an kesyon kontra sa yo – pou mete ekip pa yo ki pral kase fèy kouvri sa.

Lòt sektè nan boujwazi a ki rejwenn opozisyon an, se boujwa ki te fè kanpay ak Jovenel ki fristre paske sa yo jwenn nan pa reponn ak atant yo. Gen lòt boujwa ki gen plis enfliyans pase yo (paske pwobableman yo gen plis mwayen pase yo), ajoute sou antreprenè politisyen ki deja pi byen kote nan rejim nan.

Batay opozisyon-ekonomik lan vin gen ladan l, opozan ekonomik tradisyonèl yo ak nouvo opozan ekonomik yo – yon nouvèl arivaj kap bouste destabilizasyon an apati mwayen l sot ranmase li menm nan pouvwa a nan pouvwa l di lap konbat la.

Konnya a ou gen boujwazi ki sou pouvwa l la ki li menm gen enterè pa l lap defann nan pouvwa a, keseswa atravè plasman l (moun li mete) sak pat janm konn fèt sou Duvalier – oubyen gwo kontra ak konsesyon l genyen. Diferans pou n fè pakont, sè ke sektè nan boujwazi a ki li menm sou pouvwa l la, pa inifòm. Pa al konprann son koral kap chante ansanm menm timizik la e ki ta atann li lè l fin chante yap aplodi l. Sa pa nan plan l. Nou ta ka wè l pito kòm yon enstrimantal kap jwe, kote chak aktè yo ap “free style”. Yap di pawòl pa yo sou ritm pa yo. Chak ap defann enterè pa yo, nan menm pouvwa a. Yo sifizaman konfòtab, kontrèman ak boujwazi lopozisyon an, yo pa nan politik aktif. Se boss yo ye. Se jwè yap plase. Se kòb yap bwase.

Nan moman teks sa ap ekri a, gen pa ekzanp yon gwo batay pou Premye minis. Dosye koripsyon. Dosye kabrit. Dosye sifaktirasyon, tripfaktirasyon. Mal sele kap foule. Se pa bon malad la yo mennen Kay doktè. Vrè dosye ki pou ta choke n, jiska rete kè n yo – pap janm deyò.

Pèmèt mwen di nou sa : batay pou Premye minis lan pa politik. Zafè kabrit tomazo/Tekzas la, se pou fè pèp la dodo. Paske sa kap pase la a se yon batay pou ki klan nan boujwazi kap sipòte pouvwa a, kap mete Premye minis la. Yon lòt etap nan nivo enfliyans boujwazi a nan politik.

Aktè politik kap pale yo se pyon aktè ekonomik yo ap deplase. Se moun de konfyans. Sa kap pase la, sitiyasyon enstabilite malere pa ka voye pitit yo lekòl, ti biznis ap fèmen, se konsekans movèz fwa aktè ekonomik ki pran peyi a an otaj.

Leta ki ta dwe “net” pou mete lòd nan jwèt la, asèvi, plen fòs kote. Sa lèse n kwè solisyon an pa pou demen e poblèm nou grav anpil.

Nan faz nou ye la a, sosyete amerikèn nan te ladan l tou nan yon peryòd. Yon seri gwo palto te pran ekonomi an yo plwaye l met nan poch yo. Yon seri nèg tankou Rockefeller, J. P. Morgan, Carnegie, fòtin 3 nèg sa yo te ekivo a 1000 milya dola, swat fòtin 40 moun ki gen plis kòb nan mond lan nan moman nap pale la a.

Jan nèg sa yo tap bay poblem e domine tout aparèy Leta meriken an, ta pral komanse revòlte kèk sitwayen. Sa eksplike pa ekzanp, kandidati a la prezidans yon nèg tankou William Jennings Bryan pou Pati demokrat la anfas yon kandida mesye sektè prive yo ki li menm se William Mc Kinley. Bryan fè tout kanpay li a anfas mesye monopòl yo, denonse mòd pratike mesye sa yo ap devlope nan ”soayete” a. Men kanpay elektoral nan peryòd la te gentan enfliyanse anpil pa lajan. Malgre popilarite misye li te pèdi anfas Mc Kinley ki te gen sipò gwo zotobre yo.

Triyo Rockefeller, Morgan, Carnegi a te met gwo lajan nan kanpay Kinley a. Chak nèg yo te fè yon don 200.000 dola a Mc Kinley (ekivalan 200.000.000 dola jodi a). Bryan pèdi, men nèg yo pat genyen. Rezon : te gen yon pasaje klandesten nan vwayaj la – vis prezidan Mc Kinley a, Theodore Roosevelt, ki li menm tou te kont “monopòl” la. Lè William Mc Kinley mouri Theodore Roosevelt monte kòm prezidan e misye fè yon gwo pase men nan sistèm nan. Se pase men sa ki ba w modèl sosyete amerikèn ou gen la.

Modèl Ayiti nou gen la a sanse pi mal ke sosyete amerikèn nan peryòd triyo (Rockefeller, Morgan, Carnegie) a. Se yon veritab jeng san okenn santiman apatenans, atachman ak peyi a. Men kote bagay la pi di a, se lè pèsonn pa ka pale. Se lè moun ki pou ta di verite yo pa ka di l. Yap kamoufle – yap pase plim pou l nan zorèy pèp la fè l kwè demen ka miyò.

Kote bagay la vin pi di a, se lè anpil moun ki ta ka sèvi altènativ pou pote limyè pou “popilasyon” an sou pewòl boujwazi monopòl la. Kote bagay la vin pi di a, se lè medya yo oblije bay tèt yo baboukèt pou yo pa pèdi espòt nan men menm boujwazi sa a nap pale la a. Bagay la di, li di, li santi di.

Poblèm nan pa ant Martelly ak Moise Jean Charles oubyen André Michel, Nenel Cassy, Don Kato, Beauplan ak Jovenel. Poblèm nan pa la e yo pa gen ase kouray pou di men kisa vrè batay la ye. Son “jwèt” echèk kap jwe, pyon yo se politisyen yo, “men” kap deplase pyon yo, se boujwa pa bò isit. Bagay la pi santi di toujou lè menm moun ki patwon pouvwa a, li patwon opozisyon an tou.

Roudy Stanley Penn
Konsiltan politik

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Batay politik lan pa politik-li ekonomik Empty Re: Batay politik lan pa politik-li ekonomik

Message  Marc H Ven 20 Sep 2019 - 21:39

Joel
Vous avez écouté la dernière entrevue de Boulos sur radio Caraibes ?

Je lui ai donné une bonne réplique sur Tweeter . Ma réplique a été soutenue bcp plus que celle du représentant lavalas . Ce dernier a raté sa sortie avec sa réplique boiteuse .
Voici ce que j'ai ecrit ...

Monsieur Reginald Boulos , je vous informe aujourd'hui que Fanmi Lavalas n'a pas le monopole de la violence en Haiti .

En écoutant votre entrevue ce matin à l’émission première occasion de la radio de Patrick Moussignac,j'ai failli tomber de ma chaise en vous entendre parler des deux voies politiques qui ont marqué la vie politique haïtienne des 35 dernières années . Tout d'abord , il est faux d'affirmer qu'il y avait deux voies puisque dans les faits , les gnbistes dont vous aviez fait partie avaient présenté une 3e voie en 2004 .

Pour la mémoire et pour l'histoire , le secteur privé en collaboration avec les militaires avaient aussi présenté la 3 e voie le 30 septembre 1991 . La voie des massacres des habitants des bidonvilles . Ces habitants supportaient Aristide et son mouvement lavalas . Nous savons combien de ces habitants sont morts sous des balles pour avoir défendu leur conviction aristidienne . Alors ne venez pas nous dire aujourd'hui que Fanmi Lavalas représente la violence au pays .

Ou étiez-vous quand on massacrait ces pauvres gens dans les bidonvilles ? Ou étiez-vous dans les semaines qui précédaient le 29 février 2004 ? Ou étiez-vous quand le commandant Guy Philippe et ses mercenaires assassinaient des militants politiques lavalas , à cité Soleil , A cité Dieu , A Belair , etc.?

Non monsieur Boulos , Fanmi Lavalas n'a pas le monopole de la violence . Si c’était vrai , il aurait utilisé cette violence pour demeurer au pouvoir . Si c’était vrai , il aurait répondu par la violence à la violence infligée aux militants lavalas par les gnbistes en 2004 .

Monsieur Boulos , je ne serai pas avec vous sur cette voie . Une voie rancunière , une voie haineuse , égoïste , une voie arrogante . Non à une 3e voie de cette nature .

M Boulos , vous avez été de mauvaise foi et d'une arrogance sans borne envers ceux qui ont soutenu et qui continuent à supporter le parti Fanmi Lavalas.

Ces deux poids et deux mesures ne seront pas tolérés.
Marc H
Marc H
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 10031
Localisation : Quebec
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : soccer
Date d'inscription : 28/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur

Revenir en haut Aller en bas

Batay politik lan pa politik-li ekonomik Empty Re: Batay politik lan pa politik-li ekonomik

Message  Joel Jeu 3 Oct 2019 - 7:57

MAK;

Sa BOULOS di se la LWA,paske li kontwole RADYO yo.

Se pi gwo PYON misye genyen sou TEYAT POLITIK lan.
Le misye pa gen RADYO STASYON pa l,misye kontwole yo ap REKLAM.

Se tankou le "theatre de l'absurde".

Radyo GNBis yo te toujou ap lonje dwet sou ARISTID ,ap di ke se limenm ki ta touye JAN DOMINIK alos ke yo pa janm lonje dwet sou BOULOS.

BOULOS gen mil fwa plis REZON pou l ta TOUYE JAN DOMINIK ke ARISTID.
MAK;

Ou pa p tande sou RADYO GNBis yo,entevyou ke JAN DOMINIK te fe ak VIKTIM SIRO FAVAL lan.ENTEVYOU ke w ka jwenn sou SOUNDCLOUD/ARCHIVESRADIOHAITI:

http://soundcloud.com/radiohaitiarchives/ace-a-lopinion-dr-sheila-1

http://soundcloud.com/radiohaitiarchives/ace-a-lopinion-dr-sheila

JAN DOMINIK te fe ENTEVYOU an le 1 AVRIL 2000;2 jou apre yo te sasinen l.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Batay politik lan pa politik-li ekonomik Empty Re: Batay politik lan pa politik-li ekonomik

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum