Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -39%
Pack Home Cinéma Magnat Monitor : Ampli DENON ...
Voir le deal
1190 €

Yon ISTWA OTOGRAF LANG KREYOL AYISYEN-Dr HUGHES SAINT FORT

Aller en bas

Yon ISTWA OTOGRAF LANG KREYOL AYISYEN-Dr HUGHES SAINT FORT Empty Yon ISTWA OTOGRAF LANG KREYOL AYISYEN-Dr HUGHES SAINT FORT

Message  Joel Ven 22 Avr 2022 - 13:11

A la papot;se pou nou bay Dr HUGHES SAINT FORT anpil MERIT.

Misye gen yon DOKTORA "ES-LETTRES" LA SORBONNE ki pase petet plis ke 30 AN ap anseye FRANSE ak LITERATI FRANSE lan INIVESITE OZETAZINI ;youn ladan yo se BROOKLYN COLLEGE.

ISTWA LANG KREYOL lan ,ann AYITI ,se yon ISTWA ki LONG;men nou bay yon ti OMAJ bay pwofese SAINT FORT ki pase yon ti tan pou l bay ti moso lan ISTWA OTOGRAF KREYOL AYISYEN an ;AN KREYOL SILVOUPLE (lol)

https://rezonodwes.com/?p=236828&

Prof. Hugues Saint-Fort : Yon istwa òtograf kreyòl ayisyen
By Rezo Nodwes -26 mai 202101554


Hugues Saint-Fort : Yon istwa òtograf kreyòl ayisyen

                                                              Rezime

Atik sa a bay yon apèsi sou istwa òtograf lang kreyòl ayisyen (Kreyòl). Mwen divize li an 3 pati. Premye pati a fè yon rale tou piti sou ki jan yo te konn ekri kreyòl sou tan lakoloni, epi li eksplore ki jan yo te ekri kreyòl sòti nan ane 1940 yo pou rive nan kòmansman ane 1950 yo. Dezyèm pati a konsidere devlòpman òtograf kreyòl pandan ane 1950 yo jiska ane 1980. Twazyèm pati a etidye evolisyon òtograf kreyòl depi ane 1980 jiska epòk kontanporen an. Istwa sa a montre evolisyon yon òtograf ki, malgre eritaj ekriti lang franse  nan sosyete ayisyen an ansanm avèk yon kontèks sosyal difisil, reyisi tounen yon veritab sistèm grafik regilye, otonòm, lojik, epi fasil pou tout moun aprann san pwoblèm.



Mo kle:

Òtograf fonemik/fonolojik, òtograf McConnell-Laubach, òtograf Pressoir, òtograf ofisyèl, lang kreyòl ayisyen.

Mèkredi 26 me 2021 ((rezonodwes.com))–

Entwodiksyon

Dapre majorite lengwis yo, ta genyen plis pase 6.000 lang ki egziste sou latè. Yon lang se yon sistèm siy ki òganize dapre règ ke moun nan yon sosyete oblije konnen pou yo ka kominike antre yo. Lè yon moun konn pale yon lang, li enteryorize règ sa yo nan sèvo li. Sepandan, si tout sosyete posede yon lang, se pa tout sosyete ki ekri lang ke lokitè yo pale a. Men, menm lè yo ekri lang ke lokitè yo pale a, genyen pwoblèm nan fason moun save nan sosyete sa yo bati òtograf lang yo. Nòmalman, nan lang ki posede yon alfabè ki transkri son ki nan yon lang,  ta dwe genyen yon korespondans ant lèt (grafèm) avèk son (fonèm).  Men, nan plizyè lang, se pa sa nou jwenn, espesyalman nan lang tankou angle ak franse kote manke ka « correspondance  biunivoque ». Sa vle di kote yon son koresponn avèk yon sèl lèt, epi yon sèl lèt koresponn avèk yon sèl son.   Ki jan kesyon sa yo parèt nan lang kreyòl ? Ki istwa òtograf lang kreyòl la ?

I . Kòmansman yon òtograf kreyòl sistematik

1.1  Ekri kreyòl sou tan lakoloni

Pandan epòk Ayiti te rele Saint-Domingue (lè sa a, se yon koloni franse li te ye), yo te konn ekri lang kreyòl nan pati zile sa a. Te genyen anpil pyès teyat yo te konn jwe nan vil Okap, e gen ladan yo ki te ekri an kreyòl (Hazaël-Massieux 2008). Dapre istoryen yo, premye tèks kreyòl ki te ekri, se yon powèm-chante ki rele “Lisette quitté la plaine » (Moreau de Saint-Méry : Description …de l’isle de Saint-Domingue 1796). Men premye estwòf powèm-chante sa a nan òtograf li te parèt nan liv Moreau de Saint-Méry an :

Lisette quitté la plaine,

Mon perdi bonher à moué

Gié à moin semblé fontaine

Dipi mon pas miré toué.

La jour quand mon coupé canne,

Mon songé zamour à moué ;

La nuit quand mon dans cabane

Dans dromi mon quimbé toué

Te genyen tou tèks ofisyèl an kreyòl e an franse ki te pibliye nan Saint-Domingue e ki te anonse abolisyon esklavaj. Istoryen yo rele tèks sa yo « Proclamations révolutionnaires ». Se nan lane 1794 ke komisè fransè Sonthonax ak Polverel te pibliye abolisyon esklavaj. Men youn nan pwoklamasyon sa yo ki te pibliye an 1793. Mwen repwodui li egzakteman nan òtograf li te ekri a :



Proclamation, le Cap : 11 juillet 1793.

Nous, Etienne Polverel & Léger-Félicité Sonthonax, Commissaires Civils que nation française voyé dans pays-ci, pour mettre l’ordre et la tranquilité tout par-tout.

Faut que toute monde aimé famille a li pour que toute monde capabe vive ben ensembe. Monde qui libe à qui pas gagné ni femme ni petite, li pas capab bon sujet ; li va toujou tourné sauvage ou ben brigand ; cila qui mérité la liberté vrai, & qui connait tout ça li vaut, li pas lé jamais souffri que femme à li aque petites à li resté dans z’esclaves. (Hazaël-Massieux 2008 : 200)

Men yon lòt « proclamation ». Sa a se Napoléon Bonaparte ki te voye li bay moun Saint-Domingue, lè li ta pral fè retabli lesklavaj, malgre gwo manti li bay nan « proclamation » an.

Proclamation de St. Domingue, 17 Brumaire an 10 [le 7 novembre 1802].

Proclamation là, li tiré dans registe Consuls la Répiblique

Paris, 17 Brimer, an 10 Répiblique francé, yon et indivisible

                                      PROCLAMATION.

Consuls la Répiblique Francé a tout zabitans Saint-Domingue.

               Zabitans, et vous tous qui dans Saint-Domingue.

Qui ça vous tout yé, qui couleur vous yé, qui côté papa zote vini, nous pa gardé ça : nous savé seleman que zote tout libre, que zote tout égal, douvant bon Dieu et dans zyé la Répiblique. …

Capitaine général Leclerc, que nous voyé pour commandé Saint-Domingue, li mené avec li tout plen navire, tout plen soldat, tout plen canon : men pas crere ci la yo qui va di zote, que blanc velé fere vous esclave encore : ya manti plitôt que crere yo, repond, et songé bien que cé la Répiblique qui baye liberté, et qui va bien empêché personne de pren li encore : soldat là, navire là, tout, cé pour gardé liberté là, et gardé pays qui pour la répiblique. …

                                                     Signé : BONAPARTE.

                                                       Par Primié Consul

                                                        Sécrétere d’Etat,

                                              Signé : HUGUES-B. MARET

                                                Cé yon vrai copi di zote,

                                                     Capitaine général,

                                                           LECLERC



Men, se sitou kolon yo ki te ekri lang kreyòl. Lè Saint-Domingue vin rele Ayiti apati lane 1804 gras a Desalin, pa te gen anpil efò ki fèt pou ekri lang kreyòl. Laplipa Ayisyen ki te konn ekri nan epòk sa a te prefere ekri an franse. Pandan tout 19èm syèk la, nou ka konte sou dwèt yon sèl men kantite ekriven ayisyen ki te ekri an kreyòl. Pami yo, te genyen powèt Oswald Durand ki te ekri michan powèm « Choucoune ». Choucoune se sèl powèm kreyòl ki te fè pati rekèy ki rele « Rires et pleurs » (1896) ke Oswald Durand te ekri an franse.

1.2. Ekri kreyòl nan  20èm syèk lan

Istwa ekriti lang kreyòl ayisyen kòmanse vrèman nan 20èm syèk lan. Premye òtograf sistematik ke save ayisyen te envante te parèt nan lane 1924. Se yon enjenyè ayisyen ki rele Frédéric Doret ki te vini ak li (Schieffelin ak Doucet 1998). Doret t ap chèche devlope yon metòd pou anseye lokitè ayisyen monoleng ki jan pou yo aprann li ak ekri. Kèk ane apre Doret, an 1939, te genyen yon lòt save ayisyen ki rele Christian Beaulieu ki te vini avèk yon sistèm grafik pou kreyòl ayisyen. Malerezman, sa pa te debouche sou anyen ki konsistan, malgre michan travay militan kominis Christian Beaulieu te deplwaye ansanm ak yon lòt gwo militan ayisyen ki rele Jacques Roumain, premye fondatè Pati Kominis ayisyen avèk yon gwoup jenn Ayisyen pandan ete lane 1934 (Smith 2009 : 19).  Christian Beaulieu te mouri an 1943.

Donk, save ayisyen yo te gen pwoblèm pou tabli yon òtograf sistematik pou kreyòl. Anvan m ale pi lwen, li ta enpòtan pou m fè yon rale sou sa ke m rele « òtograf sistematik ». Genyen yon òtograf sistematik lè gen prensip klè ki òganize relasyon ant son (fonèm) ak lèt (grafèm). Nan lang tankou franse ak angle, men pa panyòl ak italyen, relasyon ant son yo ak lèt yo fèb anpil, osnon li pa egziste ditou. Se youn nan rezon ki fè òtograf lang franse ak lang angle se gwo tèt chaje li ye, menm pou moun ki pale lang sa yo kòm lang matènèl. Ekriven ayisyen ki te eseye ekri an kreyòl pandan 19èm syèk la te eseye suiv fason kolon franse yo te konn ekri lang kreyòl. Si nou reli powèm « Choucoune » pa egzanp, n a konstate anpil dezòd ki genyen nan fason Oswald Durand ekri kreyòl. Powèt ayisyen an te ekri kreyòl dapre fason Franse yo te ekri lang franse. Pa egzanp, an franse, lèt « c » sèvi pou reprezante son [k] nan mo tankou « car », « code », « cloche », « bouc » ; men menm lèt « c » sa a sèvi tou pou reprezante son [s] nan mo tankou « cerise », « cire », « cygne » ; epi, menm lèt « c » sa a sèvi pou reprezante son [g] nan mo tankou « second », « secondaire ». Menm gen egzanp kote lèt « c » sa a pa pwononse ditou, tankou nan mo « tabac », « blanc »,  « aspect », « croc »…  

Se nan ane 1940 yo ke baz  pou yon òtograf kreyòl sistematik te kòmanse poze. Poutan, se pa te yon Ayisyen ki te poze baz sa yo. Se te yon pastè metodis pwotestan ilandè ki rele Ormonde McConnell ki te envante premye sistèm grafik pou lang kreyòl ayisyen (Dejean 1980). Se premye fwa sa te fèt ann Ayiti.

1.3. Premye sistèm grafik pou lang kreyòl ayisyen

An 1940, pastè pwotestan ilandè Ormonde McConnell te pwopoze premye veritab sistèm grafik pou kreyòl ayisyen. Se te yon òtograf fonemik/fonolojik kote chak lèt te toujou reprezante menm son an, epi chak son te toujou reprezante menm lèt la. Se te yon michan pwogrè nan efò ki t ap fèt pou bay kreyòl ayisyen yon òtograf ki fè sans. McConnell te travay avèk lengwis ameriken Robert Hall ki te ekri youn nan premye etid lengwistik ann angle sou lang kreyòl ayisyen (Hall 1953). McConnell te rankontre ann Ayiti avèk yon Ameriken ki rele Frank Laubach ki te yon espesyalis kesyon alfabetizasyon. Kòm pastè pwotestan, McConnell te bezwen « pote pawòl Labib » bay peyizan ayisyen. Men, laplipa peyizan yo pa te konn li ni ekri. McConnell vin deside aprann yo li ak ekri nan lang kreyòl dabò, epi apre yo ta aprann li ak ekri nan lang franse ki te sèl lang ofisyèl Ayiti lè sa a. Kòm etranje, McConnell te reyalize ke kreyòl ayisyen te yon lang otonòm ki te gen pwòp estrikti pa li, e ki pa te depann de lang franse. McConnell te baze sistèm òtograf li an sou alfabè fonetik entènasyonal (Alphabet Phonétique International/International Phonetic Alphabet). Alfabè fonetik entènasyonal se yon gwoup senbòl kote chak siy reprezante yon sèl son, e toujou menm son an. Se kon sa McConnell vin bati yon òtograf fonolojik pou kreyòl ayisyen, baze sou AFEn (API/IPA). McConnell te fè sèten adaptasyon avèk lang franse paske pou li, elèv ayisyen yo ta genyen pou yo aprann lang ofisyèl peyi a, ki te sèl lang franse pandan epòk sa a.

Malerezman, entèlektyèl ayisyen yo te revòlte kont McConnell. Yo te deklare ke misye te vle fè peyi d Ayiti tounen yon peyi anglofòn paske yo te asosye òtograf misye a ak yon òtograf ki baze sou lang angle, alòske se pa t vre ditou. Entèlektyèl ayisyen ki te plis atake òtograf McConnell la, se te Charles-Fernand Pressoir. Misye te kritike itilizasyon McConnell te fè de sa li rele « gwo kreyòl » la. Sa vle di « i » olye de « u », « è » olye de « eur », « in » olye de « un ». Pressoir te menm rive di ke òtograf McConnell la ta bon pou kèk pèp sovaj ann Australie, osnon kèk peyi pèdi, men pa pou peyi tankou Ayiti ki, dapre Pressoir, gen tradisyon franse.

Pressoir vin pwopoze pwòp òtograf pa li kote malgre kèk ti chanjman li te fè, pa te genyen gwo diferans parapò avèk òtograf McConnell la. Men, majorite moun nan gouvènman epòk la te aksepte òtograf Pressoir te pwopoze a, nan lane 1951, malgre se yon òtograf ki te elimine 4 lèt nan alfabè franse : « c », « h », « q », « x », egzakteman sa McConnell te pwopoze a.

Òtograf Pressoir la te sèvi kòm òtograf kreyòl nòmal pandan omwen 25 lane. Anpil ekriven ayisyen te itilize li pou ekri liv fiksyon (powèm, pyès teyat, woman). Pa egzanp, se ak òtograf Pressoir, michan powèt Félix Morisseau-Leroy te sèvi pou ekri premye rekèy pwezi li ki rele « Diacoute » nan lane 1953. Michan ekriven Frank Etienne (Franketyèn) te itilize li pou ekri kokennchenn woman « Dezafi » an 1975. Menm Leta ayisyen te itilize òtograf Pressoir nan travay alfabetizasyon li t ap reyalize pandan ane 1960 yo. Donk, pandan prèske 25 lane, anpil moun ann Ayiti te sèvi alèz ak òtograf Pressoir ki te ranplase òtograf McConnell-Laubach la.

II. Devlòpman òtograf kreyòl  ak refòm sistèm edikasyon ayisyen

Ant lane 1951 ak lane 1975, òtograf Pressoir te sèl kòk chante nan tout kesyon ekri kreyòl ann Ayiti. Vè lane 1975, te kòmanse genyen anpil mouvman ki t ap fèt nan milye edikasyon ann Ayiti. Sistèm edikasyon an te rive nan yon pwen li te mande gwo chanjman. Pandan lontan, se te yon sistèm ki te bati pou yon minorite, yon elit. Men, depi mitan/fen ane 1960 yo, te vin genyen twòp elèv, yo te soti  nan tout klas sosyal, men sitou nan klas sosyal defavorize yo, pa te genyen ase lekòl nan peyi a, twòp elèv t ap redouble klas, twòp moun te analfabèt nan sosyete a (Giraud, Gani, Manesse 1992). Vè lane 1975, te kòmanse genyen anpil mouvman ki t ap fèt nan milye edikasyon ann Ayiti. Leta ayisyen te mete ak gouvènman franse pou mete sou pye yon enstitisyon ki rele « Institut Pédagogique National » (IPN) ki t ap fòme pwofesè ayisyen ; gouvènman franse avèk Depatman Edikasyon nasyonal te kolabore pou mete kanpe yon gwoup rechèch ki rele GREKA (Gwoup Rechèch pou etidye Kreyòl Ayisyen) ; vin genyen yon nouvo minis edikasyon Joseph Bernard ki te refòme sistèm edikasyon ann Ayiti. GREKA fè yon pase men sou òtograf Pressoir epi pwopoze yon nouvo vèsyon ke li rele « Òtograf IPN ». Òtograf IPN lan te konsève nannan òtograf Pressoir, men GREKA te fè kèk chanjman ladan ki te ase enpòtan. Te genyen sis (6) chanjman :

·         é ak aksan tegi  disparèt. Yo ranplase li avèk « e » san aksan.

·         « in » disparèt. Yo ranplase li avèk « en ».

·         « ou » disparèt. Yo ranplase li avèk « w » devan yon vwayèl.

·         “i” devan yon vwayèl disparèt. Yo ranplase li avèk “y”.

·         Yo itilize « in » sèlman pou « i-n ». pa egzanp, pou ekri mo tankou “izin” oswa “machin”, oswa “lalin”.

·         Yo mete yon aksan sou tèt vwayèl “a” (à) devan mo tankou “pàn”, “lamàn”.

Sis (6) chanjman sa yo rete nan òtograf kreyòl la jiska prezan. Nan dat 22 ak 31 janvye 1980, minis Edikasyon Nasyonal, Joseph Bernard, pibliye 2 kominike, youn an kreyòl, epi youn an franse sou kesyon òtograf lang kreyòl. Kominike yo montre ki jan pou moun ekri kreyòl ki te tounen lang enstriksyon nan klas, epi lang pou moun etidye tou nan klas. Se te yon kokenn pwogrè ki te reyalize non sèlman nan sistèm edikasyon ayisyen, men tou nan avansman lang kreyòl la. Dezòmè, moun va kite ekri yon kreyòl fantezis, dezòdone, ilojik ki te karakterize fason laplipa Ayisyen te ekri lang kreyòl, lè yo te chwazi ekri li. Lang kreyòl vin posede yon òtograf ofisyèl. Kreyòl te antre nan yon lòt peryòd.

Chanjman sa yo nan kesyon òtograf te mache ak yon gwo chanjman ki t ap fèt nan sistèm edikasyon ayisyen an. Se yon sistèm ki pa t adapte ak bezwen aktivite ekonomik ki t ap dewoule nan sosyete a, ansanm ak sa elèv yo te bezwen aprann. Se kon sa minis Joseph Bernard vin kreye yon refòm ekstrèmman enpòtan. Li vin tabli sa li rele yon « Ecole fondamentale » (Lekòl fondamantal). Li te òganize an 3 sik (cycle) sou yon peryòd ki dire 9 lane. Kreyòl te vin lang ansèyman pandan 4 premye ane lekòl yo, pwofesè yo ta dwe sèvi ak lang kreyòl pou yo anseye tout matyè eskolè. Yo ta dwe itilize lang franse sèlman aloral pandan premye ane lekòl. Se sèlman nan twazyèm ane ke pwofesè yo ta kòmanse anseye lang franse, men sèlman kòm lang ekri. Objektif Refòm Bernard la te vize pou pwodui sa li rele « bileng ekilibre » apati fen dis (10) premye ane lekòl. (Dejean 2010).    

III. Òtograf kreyòl depi ane 1980 jiska prezan

Sa fè plis pase karant lane depi lang kreyòl ayisyen genyen yon òtograf ofisyèl, regilye, otonòm, epi fasil pou aprann. Anndan peyi a, se avèk li tout lekòl yo sèvi non sèlman pou pwofesè yo anseye matyè eskolè yo, men tou pou anseye lang lan li menm. Se avèk li tou tout ekriven, tout jounalis, tout politisyen, tout moun ki ap bay yon enfòmasyon an piblik, sèvi. Depi lane 2014, genyen yon Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) ki gen ant 33 ak 55 manm. Prezidan AKA se Pierre-André Pierre. Konstitisyon 1987 la pwoklame ke Ayiti posede 2 lang ofisyèl, kreyòl ak franse. Youn nan misyon AKA se « ankouraje travay sou devlòpman zouti tankou gramè, diksyonè, leksik nan tout domèn. » Si se vre ke gen anpil moun ki fè efò pou yo ekri an kreyòl, espesyalman sou rezo sosyo yo (dapre lengwis ayisyen pwofesè Michel Degraff, kreyòl ayisyen se lang laplipa Ayisyen itilize sou Entènèt), tout moun ka konstate ke gen anpil moun tou ki pa respekte prensip òtograf ak règ ki egziste pou ekri lang kreyòl ayisyen. Plizyè nan règ sa yo diferan de règ ki egziste pou ekri lang franse. Pandan lontan, se an franse sèlman majorite Ayisyen te eskolarize. Kidonk, se an franse yo te aprann li ak ekri. Li enpòtan anpil pou tout moun konnen ke se sèlman si yo aprann règ ak prensip  ki egziste pou ekri kreyòl ayisyen, ke yo va ekri lang sa a san fè fot.

Men Alfabè Kreyòl Ayisyen :

A   an   b   ch   d   e   è  

en  f     g   h     i    j    k

l    m    n   ng   o  ò    on

ou  oun     p      r    s     t

ui        v         w       y     z    

Alfabè sa a reprezante baz òtograf ofisyèl kreyòl ayisyen. Se yon òtograf fonemik/fonolojik kote chak son distenktif (lengwis yo rele li « fonèm », (phoneme) ann angle ; (phonème) an franse) toujou genyen menm senbòl « grafèm » (grapheme) ann angle ; (graphème) an franse) ki reprezante li, epi chak senbòl toujou reprezante menm fonèm lan. Donk, piske gen 32 lèt nan alfabè sa a, genyen tou 32 son nan lang kreyòl la.

Lengwis ayisyen Michel DeGraff, anplis gwo rechèch li fè sou kesyon teyorik konsènan lang kreyòl ayisyen, foure pye l fon nan kesyon rapò sosyal, edikasyon ak plas Kreyòl ann Ayiti. Yon michan tèks li ekri sou kesyon sa a se: « Against Apartheid in Education and in Linguistics: The Case of Haitian Creole in Neo-Colonial Haiti » (2019). N ap jwenn atik sa a nan lyen sa a :

http://lingphil.scripts.mit.edu/papers/degraff/DeGraff_2019_Against_Apartheid_in_Haiti.pdf

DeGraff ekri tou yon michan atik sou òtograf kreyòl ayisyen ki rele: “Ann konprann chante alfabè kreyòl la”. N a jwenn atik sa a nan lyen sa a:

https://www.potomitan.info/ayiti/alfabe2.php
Lengwis Hugues Saint-Fort prezante lang kreyòl ayisyen nan yon atik sentèz ki kouvri aspè fonolojik, sentaksik, mòfolojik, leksikal ki rele : « Kreyòl ayisyen : sa nou dwe konnen sou li. » N a jwenn atik sa a nan lyen sa a :

https://www.potomitan.info/ayiti/saint-fort/kreyol.php
Nan istwa lang kreyòl ak edikasyon ann Ayiti, peryòd 1979-1980 te enpòtan anpil. Ann raple ke nan dat 18 septanm 1979, yon dekrè gouvènman te vin mete lang kreyòl ofisyèl nan tout lekòl ann Ayiti. Epi, nan dat 22 ak 31 janvye 1980, ministè Edikasyon Nasyonal te pibliye 2 kominike youn an franse, epi yon lòt an kreyòl ki esplike ki jan pou moun ekri lang kreyòl. Se depi lè sa a ke genyen yon òtograf ofisyèl pou kreyòl ayisyen.

Nan lane 2017, Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) ki te tabli an desanm 2014 te deside fè yon pase men sou òtograf ofisyèl la. AKA òganize yon atelye travay ki te dire sèt (7) jou avèk lengwis, edikatè… Apre atelye travay sa a, AKA pibliye yon « Premye rezolisyon sou òtograf lang kreyòl ayisyen »

An jeneral, Rezolisyon sa a konsève prensip fondamantal òtograf kreyòl la. Men, li te rekòmande kèk ti chanjman, pa egzanp retire apostwòf, ajoute tirè, kenbe espresyon « aksan grav ». Rezolisyon an te di : « Li pa nesesè pou nou sèvi ni ak apostwòf, ni ak tirè pou nou kole yon mo ak yon lòt mo. Lè  mo tankou « mwen, ou, li, nou, yo » parèt sou fòm kout (m, w, l, n, y), nou pa dwe kole yo ni ak mo ki vini anvan yo a, ni ak mo ki vini apre yo a. Annik kite yon espas pou separe yo ak lòt mo. Egz. M ap vini ; N ap dòmi ; Y ap pran l…

Men yon lòt rezolisyon AKA pran ki enpòtan e itil. Rezolisyon an di: Devan vwayèl won (o, ò, on, ou) nan yon mo, se “w”pou nou itilize; “r” pa dwe parèt. Egz. Wobè, wobo, wòch, wòwòt, pewon, won, wont. Yon lòt rezolisyon ki itil se konsènan « r » ak « w » : « r » ak « w » pa janm mache kole nan yon mo.

Konklizyon

Prensipal leson nou dwe retni sou istwa òtograf kreyòl la, jan mwen rakonte li a, se enpòtans òtograf McConnell-Laubach la ki reprezante baz prensipal, nannan, « point de départ » sistèm grafik ki egziste jodi a pou ekri lang kreyòl ayisyen. Se yon òtograf fonemik/fonolojik. Se li menm ki pi itil, pi daplon, pou ekri lang kreyòl ayisyen. Premye kalite yon òtograf fonemik/fonolojik se regilarite li. Se toujou yon son, menm son an, ki koresponn ak yon lèt, menm lèt la. Se yon òtograf ki otonòm. Li pa depann de yon lòt lang. Se yon òtograf ki klè. Òtograf Pressoir te yon reyaksyon kont òtograf McConnell-Laubach paske Charles-Fernand Pressoir, kòm entèlektyèl ayisyen frankofòn, te panse ke òtograf McConnell-Laubach la te twò anglofòn, e pa ase « franse ». Pou tèt sa, Pressoir te pwopoze kèk chanjman, men li te kenbe, malgre sa, baz prensipal ki te karakterize òtograf McConnell-Laubach la. An 1976, lè manm Gwoup rechèch GREKA te vini ak plizyè chanjman yo te pwopoze pou òtograf Pressoir la, chanjman sa yo pa te kraze nannan òtograf Pressoir la, piske yo menm tou te kenbe baz prensipal òtograf McConnell-Laubach la. Donk, menm jan lang kreyòl ayisyen se yon lang otonòm, yon sistèm lengwistik ki fonksyone diferamman parapò ak sistèm lengwistik franse, menm si li pwòch de franse, òtograf kreyòl ayisyen an se yon sistèm grafik ki endepandan, epi ki otonòm. Li diferan anpil parapò ak òtograf lang franse.

Hugues Saint-Fort

Me 2021, New York


Referans :

Beaulieu, Christian (1939). Pour écrire le créole. Les Griots 4: 589-598.

Dejean, Yves (2010). Creole and Education in Haiti. Nan: The Haitian Creole Language, History, Structure, Use, and Education, pp.199-216. New York: Lexington Books.

Dejean, Yves (1980a) Comment écrire le créole d’Haïti. Québec, Collectif Paroles.  

Dejean, Yves (1980b) Ann kase koub òtograf kreyòl la. Sel, # 8 (48-49), p. 4-5.

Doret, Frédéric (1924) Pour amuser nos tous petits : Fables de La Fontaine traduits en prose créole. Paris : Imprimerie des Orphelins-apprenants.

Etienne, Frank (Franketyèn) (1975). Dezafi.  Port-au-Prince : Editions Fardin

Giraud, Michel, Léon Gani, Danielle Manesse (1992). L’école aux Antilles. Langues et échec scolaire. Paris: Karthala.  

Hall, Robert A. (1953). Haitian Creole. Grammar, Texts, Vocabulary. Memoirs of the American Folklore Society. Vol. 43. Philadelphia. Kraus Reprint Co. New York 1969.

Hazaël-Massieux, Marie-Christine (2008). Textes anciens en créole français de la Caraïbe. Histoire et analyse. Paris : Publibook.

McConnell, Ormonde H.-Swan, Eugene Jr. (1952). You can learn Creole. A Simple Introduction to Haitian Creole for English Speaking People, 4ème édition. Imprimerie du Sauveur, Petit-Goave, Haïti, 1960; première édition 1945; deuxième édition 1952.

Moreau de Saint-Méry, Méderic-Louis-Elie (1796). Description de la partie française de l’isle de Saint-Domingue.  Paris : Edition Maurel et Taillemite.

Pressoir, Charles-Fernand (1947) Débats sur le créole et le folklore. Afriques grises ou Frances brunes ? Langue, races, religion et culture populaires, avec des textes. Port-au-Prince : Imprimerie de l’Etat.

Schieffelin, Bambi B. & Rachelle Charlier Doucet (1998). The « Real » Haitian Creole. Ideology, Metalinguistics, and Orthographic Choice. nan: Language Ideologies. Practice and Theory. Ed. by Bambi B. Schieffelin & alii. Oxford: Oxford University Press, pp.285-316.

Smith, Matthew J. (2009). Red and Black in Haiti. Radicalism, Conflict, and Political Change, 1934-1957. The University of North Carolina Press.

Aprann respekte règ ekriti lang kreyòl ayisyen
18 juin 2021
Dans "Actualités"

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Yon ISTWA OTOGRAF LANG KREYOL AYISYEN-Dr HUGHES SAINT FORT Empty Re: Yon ISTWA OTOGRAF LANG KREYOL AYISYEN-Dr HUGHES SAINT FORT

Message  Joel Ven 6 Mai 2022 - 8:17

Dr HUGHES SAINT FORT ,dr en LENGUISTIQUE de son ETAT ,diplome de LA SORBONNE l'universite preferee des IGNORAMUSES qui continuent a pourfendre LA LANGUE CREOLE ,contre toute evidence SCIENTIFIQUE,commence a prendre ou a reprendre ses senses.
HUGHES SAINT FORT est souvent cite par ROBERT BERROUET ORIOL.
Dr SAINT FORT doit dire a BERROUET ORIOL qu'il ne merite ni "cet exces d'honneur ,ni cette indignite"

Voici le dernier article de Dr HUGHES SAINT FORT:

Une guerre des langues en Haïti?

Hugues Saint-Fort

Sommes-nous en train d’assister à une «guerre froide» des langues en Haïti? Ou y a-t-il une guerre des langues de haute intensité qui a déjà commencé en Haïti? Telles sont les deux interrogations qui ont traversé mon esprit à la lecture du texte de Patrice Dalencourt, paru dans le Nouvelliste du 3 mai 2022 et intitulé: «Réforme éducative ou coup d’état linguistique?»

Dans ce texte dense et relativement bref, Dalencourt survole une information récente qui a fait quelque bruit dans certains milieux éducatifs de la société haïtienne. Il s’agit d’une décision ministérielle selon laquelle dès la prochaine rentrée scolaire, «seuls les manuels en langue créole bénéficieront de financement étatique». Les autres, i.e. ceux rédigés en français ne pourront plus jouir de ce droit.

Dans la mesure où je ne vis pas sur le terrain, il m’est difficile de mesurer objectivement les conséquences d’une telle décision. Cependant, Dalencourt se hâte de signaler que la décision du ministère vise à «encourager fortement, dès les premières années de l’école fondamentale, la communication orale des langues française, anglaise et espagnole.» Il interprète donc cette décision comme une «concession qui est faite au français qui ne déchoit pas plus bas que les langues étrangères parlées dans la région.»

Quelques lignes plus loin, Dalencourt aborde de front la question qui constitue le cœur de son propos: «celle de l’éviction de la langue française en Haïti.» Il pose le problème de la manière la plus claire qui soit: «Cette question donc est celle du bouleversement de la configuration linguistique haïtienne, avec comme première étape le dépérissement progressif de la langue française. Puis, à plus long terme, viendra l’effacement silencieux du bénéficiaire illusoire et éphémère de cette manœuvre, le créole, qui se retrouvera progressivement réduit à une nostalgique survivance folklorique. Il sera, du reste, plus facile que le français, car comparativement, il n’a pas en héritage le lourd et séculaire bagage de textes écrits par des nationaux, ni ne peut escompter des appuis de la taille et de la force (même faible) de la francophonie.»

Dans quelle mesure un tel scénario relève-t-il de la pure imagination du professeur Dalencourt ou correspond-il à ce qui se prépare dans les coulisses pour le corps social haïtien? Voici ma petite idée sur cette question: il me semble que la puissance nord-américaine n’a aucun intérêt, aucune motivation particulière à se lancer dans une guerre des langues en Haïti pour asseoir l’anglais dans le corps social haïtien. La culture américaine et la langue anglaise avec elle apparaissent déjà assez solidement implantées dans le pays par suite de la main mise presque complète des États-Unis sur l’économie haïtienne, la politique haïtienne, l’État haïtien, l’imaginaire haïtien. Le rêve de la majorité des jeunes haïtiens en âge de travailler (entre 15 ans et 50 ans) est de partir pour les États-Unis et s’y établir définitivement.

Dalencourt évoque une deuxième éventualité: celle où notre «deuxième langue serait rétrogradée au rang de langue étrangère» et notre identité nationale serait soumise à «l’hégémonie de notre vision de l’est.» Il conclut justement d’ailleurs que «nul ne me fera croire que c’est l’ouverture au monde hispano-américain qui motiverait ce choix.»

Dalencourt affirme que «si dans l’espace culturel national il y a une langue en perte de vitesse et menacée peut-être à terme, ce n’est pas le créole mais bien plutôt le français.» Une telle affirmation venant quatre semaines après celle d’un linguiste haïtien plaidant pour la nécessité de «protéger le français en Haïti» est stupéfiante. Chez Dalencourt cependant, l’explication atteint des sommets: «par facilité, le créole est devenu aussi la langue dominante dans beaucoup de familles, autrefois francophones et qui l’agrémentent d’un peu d’anglais bas de gamme pour se positionner socialement. Le créole règne également dans l’écrasante majorité de nos médias, même si lors de débats prétendant à une certaine teneur intellectuelle et donc conceptuelle, il se trouve défiguré en un infâme sabir dont un créolophone unilingue ne saurait comprendre que les mots de liaison.»

Donc, pour Dalencourt, le fait que de plus en plus de familles en Haïti font usage de la langue qui est aussi leur langue maternelle, le créole, cela constitue une menace pour le français. Quel délire! Le fait aussi que le créole occupe une large place dans l’écrasante majorité de nos médias constitue une autre menace pour le français, d’après Dalencourt. En poussant le raisonnement jusqu’au bout, cela veut dire clairement que l’utilisation même de la langue créole dans le corps social haïtien menace la langue française. C’est tout de même révoltant! Patrice Dalencourt a-t-il réfléchi aux implications de son raisonnement?

Quelque part dans son texte, Dalencourt parle de la «diglossie qui caractérise la population de notre pays…» À ce propos, il est grandement utile de faire le point sur le concept de diglossie. C’est un sociolinguiste américain du nom de Charles Ferguson qui a introduit ce terme en sociolinguistique dans un article paru dans la revue Word en 1959. Pour Ferguson ce terme décrit une situation sociolinguistique où les locuteurs d’une communauté linguistique utilisent deux formes distinctes de la même langue, l’une considérée comme la variété standard prestigieuse qu’il appelle la variété haute (High), l’autre considérée comme la variété vernaculaire qu’il appelle la variété basse (Low). Les locuteurs de la variété haute, selon Ferguson, ne sont pas des locuteurs natifs. Ils l’ont apprise à l’école et l’utilisent le plus souvent à l’écrit et dans des situations généralement formelles. Les locuteurs de la variété basse, toujours selon Ferguson, sont des locuteurs natifs et l’utilisent toujours à l’oral et dans des situations familiales et informelles. Ferguson avait choisi 4 communautés comme exemples de communauté diglossique: la Grèce, les pays arabes,  la Suisse germanophone et Haïti.  

Ferguson a eu tort dans son choix d’Haïti comme exemple de communauté diglossique. D’une part, s’il est vrai qu’en Haïti, deux langues, le français et le créole, sont en présence, elles sont réparties inégalement puisque l’immense majorité des locuteurs haïtiens sont unilingues créoles. D’autre part, les situations diglossiques sont loin d’être des situations stables. Ce sont des situations conflictuelles, toujours évolutives. Les variétés vernaculaires investissent avec le temps plusieurs secteurs formels, d’une part, et d’autre part, les variétés hautes fonctionnent dans des cadres informels. Dans le cas d’Haïti, déjà à l’époque où Ferguson développait son concept, le français, langue de prestige, était utilisé dans des situations familiales et informelles, ce qui contredit la thèse de Ferguson.

Le linguiste haïtien Yves Dejean, grand pourfendeur de la diglossie fergusonienne, a écrit ceci en 1979: «Le français ne joue aucun rôle dans la situation très formelle où se trouve un paysan haïtien (plus de 80% de la population fait partie du secteur agricole) quand il préside une réunion familiale, à la suite d’un décès dans sa parenté; quand il organise et supervise minutieusement une cérémonie en l’honneur des "loa" protecteurs de la famille; quand il prend contact avec un prêtre catholique…; quand il descend au bourg pour consulter une infirmière, un médecin ou un dentiste; quand il va déclarer une naissance ou un décès à un officier d’état civil. Pour ces quatre millions et demi d’Haïtiens, le créole est l’unique instrument linguistique desservant toute leur activité mentale, intellectuelle, psychologique, sociale.»

Haïti n’est ni une société diglossique, encore moins une société bilingue. C’est une société fondamentalement monolingue créole avec des poches bilingues français-créole et, parait-il, de plus en plus anglais-créole.      

Hugues Saint-Fort
New York, mai 2022

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum