Shame on you! ...yes ...on you!
4 participants
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti :: Mi-temps :: Tribune libre - Nap pale tèt kale
Page 1 sur 1
Shame on you! ...yes ...on you!
Sans Malice ekri :
Sanble lè Kakakòk ap rele w "100 malis" se li ki konn genyen rezon. Franchman wou raple m yon moun ke mwen konnen, e mwen bliye ki moun. Sa ke wou ap repwoche-a se li ke w'ap fè tèt kale.
W'ap repwoche Jude ke wou santi ki derespekte w. pandan ke wou dèyè derespekte Mwen ak Kakakok paske nou pa panse menm jan ak wou. e ni pa genyen yon lòt moderatè ki repwoche w sa. Nou vle pou nou di moun nenpòt bagay, men kou yo manyen maleng santi nou, nou rele anmwe.
Pa genyen moun sou fowòm nan ki ka di ke mwen konn derespekte yo, si yo derespekte'm mwen ba yo repons paske mwen pa pè figi pèpap.
Pou mwen montre w ke mwen pi byen elve pase w, mwen pap reponn wou sou sijè sa-a. Men, kwè'm si wou vle, wou pa ta fouti kenbe konpa sa-a.
Jude
Allons donc mon cher ami il faut nous épargner vos généralisations.Quand vous ecrivez certains participants du forum appartenant à un certain bord politique aurait meme souhaité etre à la place de ce delinquant,la il faut l'avouer vous manquez de respect aux gens.C'aurait été pardonnable pour kakakok et meme Thunder ,mais pas pour vous .Les lavalassiens sont-ils les seuls criminels en haiti?les riches petits garcons qui violent les petites saintanize dans les hauteurs de petion ville, de turgeau et du Bois verna sont-ils des lavalassiens ,ce Bibi la porte-t-il une empreinte qui vous permette d'identifier son appartenance politique? les GNBISTS qui violaient les femmes dans le plateau central durant les escarmouches a la fin de 2003 sont-ils aussi des lavalassiens?votre insinuation est peut-etre la manifestation de cette haine que vous reprochiez tant à d'autres participants.
Sanble lè Kakakòk ap rele w "100 malis" se li ki konn genyen rezon. Franchman wou raple m yon moun ke mwen konnen, e mwen bliye ki moun. Sa ke wou ap repwoche-a se li ke w'ap fè tèt kale.
W'ap repwoche Jude ke wou santi ki derespekte w. pandan ke wou dèyè derespekte Mwen ak Kakakok paske nou pa panse menm jan ak wou. e ni pa genyen yon lòt moderatè ki repwoche w sa. Nou vle pou nou di moun nenpòt bagay, men kou yo manyen maleng santi nou, nou rele anmwe.
Pa genyen moun sou fowòm nan ki ka di ke mwen konn derespekte yo, si yo derespekte'm mwen ba yo repons paske mwen pa pè figi pèpap.
Pou mwen montre w ke mwen pi byen elve pase w, mwen pap reponn wou sou sijè sa-a. Men, kwè'm si wou vle, wou pa ta fouti kenbe konpa sa-a.
Thunder- Super Star
-
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien
Re: Shame on you! ...yes ...on you!
Pa di ou pa manke moun dega ou manke presidan Doktè Aristide dega chak jou sou forum lan;se pa kritike selman nou kritike li nou montre li an dyol kochon ,menm madanm li nou manke dega ;ou avili pitit malere tou tan ou ba yo tout non.Wi mwen di ke mwen ta konpran ke w te ka ekri yon bagay konsa 'fè yon jeneralizatyon konsa men se pa jude a mwens ke ni wou ni li se menm moun lan ki itilize de non de plim diferan.
mwen pa ta ka mande ni wou ni kakakok panse men jan ak mwen nou pa fè menm eksperyans nan la vi ,ni nou pa jumo idantik ,lè m repwoche jude pou sa li ekri ke mwen twouve yon ti jan manke moun respè se paske mwen rekonet ke li genyen plis manyè e bon sans ke kakakok anko sa ka se jan li eksprime li nan lot sijè ke mwen ak li konn ap diskite.si kakaok mete yon mask nan figi li pou moun pa rekonet li e byen mwen pale ak kakakok ki ekri sou non ki sou forum la.paske mwen pa wè nan perseptyon pa mwen ke ni li ni wou genyen maturité politik ase pou nou konprann sa ki pase an ayiti depi dernye 50 lane yo.

Rodlam Sans Malice- Super Star
-
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market
Re: Shame on you! ...yes ...on you!
Wi ! mwen konnen sa, se sou chen nou pa renmen, ke nou toujou wè pis ak karapat.
Se denonse Aristide ki re derespekte-a ? wou gen lè pa konnen sa ki rele derespekte ? ...wou konn wè mwen rele li "idiot", "enbesil", "bourik mònn" ... menm jan ak lòt moun konn ap fè la-a lè y'ap pale de advèsè politik yo.
Mwen pa bay pèsonn non, se yo menm ki bay tèt yo non sa yo pou fè moun pè. Oubyen pafwa, genyen plizyè ki genyen menm non, alò yo mete yon bagay anplis pou lè moun ap pale pou yo konnen ekzakteman ki moun.
Men bagay la wi ! w'ap di se pitit malere ke mwen ap avili, non ! se pa sa, m'ap denonse bouro pèp-la ke lavalas ap peye. e ke nou menm ap di ki pa ekziste.
Se denonse Aristide ki re derespekte-a ? wou gen lè pa konnen sa ki rele derespekte ? ...wou konn wè mwen rele li "idiot", "enbesil", "bourik mònn" ... menm jan ak lòt moun konn ap fè la-a lè y'ap pale de advèsè politik yo.
Mwen pa bay pèsonn non, se yo menm ki bay tèt yo non sa yo pou fè moun pè. Oubyen pafwa, genyen plizyè ki genyen menm non, alò yo mete yon bagay anplis pou lè moun ap pale pou yo konnen ekzakteman ki moun.
Men bagay la wi ! w'ap di se pitit malere ke mwen ap avili, non ! se pa sa, m'ap denonse bouro pèp-la ke lavalas ap peye. e ke nou menm ap di ki pa ekziste.
Thunder- Super Star
-
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien
Re: Shame on you! ...yes ...on you!
Genyen yon diferans ant denonse ,ak denigre difame.Jiska presan nou di li se volè,kriminel,drug dilè men li panko janm kondane pa oken tribinal pousa .Aloske ou pa ka kont mwen si mwen pa patisipe nan difamtyon nou yo. mwen ka kritike li pou sa li fè kom presidan e mwen toujou di si genyen prev irefutab devan yon tribinal enpatyal ke Aristide pran lajan trezo piblik ou byen li te konn nan zafè drug se pou yo jije l tankou tout delenkan.Men diverjans mwen ak ou se pa pase li se ti neg port salut pitit so yet ke mwen dwe di li genyen dyol kochon tankou nou konn ap montre foto li sou forum moun.com.se pa paske mildred marye ak Aristide pou mwen denigre li ,bagay sa yo pa rele denonse.Lè nou akise yon moun fok se yon tribinal ki pou jije li nou pa ka akisatè e jij an menm tan. Nou sot pase 2 lane o pouvwa pouki sa nou pat jije li in abstensia. tankou Duvalier te kon fè kont kamoken yo.Si nou genyen prev yo ke se li ki te bay lod touye Jean Dominique ou byen brignol lindor se pou fanmi moun sayo forme dosye yo epi asiyen li tankou jwif te fè kont nazis yo.
Rodlam Sans Malice- Super Star
-
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market
Re: Shame on you! ...yes ...on you!
Thunder w komik wi !
Jude- Super Star
-
Nombre de messages : 1864
Localisation : Frans
Loisirs : Financial Exchanges - Geopolitic
Date d'inscription : 21/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le progressiste !
Re: Shame on you! ...yes ...on you!
Sans Malice, se mayi moulen w'ap mayi moulen kò w pou w pa reponn kesyon-an, w'ap bat pou w devye m nan lòt pawòl.
Anvan nou fè kelkeswa diskisyon-an, se pou wou reponn mwen :
Eske Chimè lavalas ekziste ? ...wi ou non ?
Anvan nou fè kelkeswa diskisyon-an, se pou wou reponn mwen :
Eske Chimè lavalas ekziste ? ...wi ou non ?
Thunder- Super Star
-
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien
Re: Shame on you! ...yes ...on you!
Yon ti parantèz pou Jude.
Jude, Sans Malice genyen sa pou defo, menm jan ak chèf de fil li sa "yo di" y'ap konbat-la se li yo fè. Yo di se "pèp" y'ap defann, men si yon moun byen gade wou va wè se lè yo pa opouvwa ke yo fè travay sa-a. Se mizè ak enjistis pèp mizè-reureu a ke yo ap eksplwate pou fè pase vye politik rabi ki kache dèyè kalbas yo.
Menm jan ak mank de respè, yo toujou ap di ke moun ap "denigre" ..."difame" elatriye... pa vre ? epi si wou reli mesaj mesye sa yo ekri pou advèsè politik yo w'ap sezi.
Yo di m Kiskeya ap "denigre" pa vre ? ...men lè Kiskeya bay yon repòtaj sou yon moun ki nan yon lòt sektè, se yo ki toujou kouri poste'l sou fowòm-nan. Yo pa t'ap mande oken "prèv irefitab", si se ta yon "Guy Philippe" pa ekzanp, paj sa-a pa t'ap genyen kote pou demand "jistis" pou fanm sa yo.
Lè se vwazen-an, tout 32 dan yo deyò, men kou klou-a nan dèyè yo, yo pete yon kkrèl ak 2 ran dlo 2 ran larim.

Se paske pa gen radyo Lavalas ki ka atake GNBis yo menm jan ke de Radyo tankou Kiskeya ap atake Lavalas,ki fè bagay sa yo ap kontinye.
Yon moun ki gen yon ti bon sans te ka reyalize ke madanm sa a pa t kredib.
Malgre moun ki t ap fè entèvyou an ,t ap chache ranje bouch manmzèl,oryante entèvyou an madanm lan se kontredi li t ap kontredi tèt li,ou gen dwa wè se te yon bagay monte.
Men petèt nan politik sal sa a ke Kiskeya ap fè an ,moun yo vize yo se moun ki fasilman ka pran kakapoul pou bè.
Epi Thunder,oumenm ki renmen al defounen ,mete sou sit lan yon depèch Radyo Kiskeya ki pozitif a pwopo de Lavalas .
Yon sèl!

Joel- Super Star
-
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote
Re: Shame on you! ...yes ...on you!
Kote Sans Malice ki di k'ap "defann peyi-a" ? apa jiska prezan li pa ka di si chimè ekziste ...ou non ?
Joel ekri :
Joel, apa wou dèyè pran'm sou plan ? ...Si Lilianne pat genyen anyen de pozitif li te konn di pou ti mesye militè ki te te pran pouvwa-a ak gwo ponyèt an 1991, kisa li pwal genyen pozitif pou'l di de lavalas ki pran'l an gwo ponyèt tou an lane 2000 ?
Mwen voye yon gwo kout chapo pou tout près nan peyi Dayiti ki pa achte figi moun, ki denonse tout malandren san koutya k'ap lolo pèp-la.
Denonse san wont yo! Conze yo, machann peyi yo, diktatè sanginè yo, gran manjè yo... k'ap sèvi ak mizè pèp-la pou yo plen djakout yo.
Dechoukay-la pa sifi, se bon minòt sere pou yo mete nan men Aristide ak konpayèl li yo, pou yo ka reponn ak lajistis kòm trèt nasyonal.
Aba venin koulèv a sonèt ki rele lavalas la, lasini sa-a pèp-la paka bwèl ankò. Bay peyi-a yon chans mezanmi !
Joel ekri :
Epi Thunder,oumenm ki renmen al defounen ,mete sou sit lan yon depèch Radyo Kiskeya ki pozitif a pwopo de Lavalas .
Yon sèl!
Joel, apa wou dèyè pran'm sou plan ? ...Si Lilianne pat genyen anyen de pozitif li te konn di pou ti mesye militè ki te te pran pouvwa-a ak gwo ponyèt an 1991, kisa li pwal genyen pozitif pou'l di de lavalas ki pran'l an gwo ponyèt tou an lane 2000 ?
Mwen voye yon gwo kout chapo pou tout près nan peyi Dayiti ki pa achte figi moun, ki denonse tout malandren san koutya k'ap lolo pèp-la.
Denonse san wont yo! Conze yo, machann peyi yo, diktatè sanginè yo, gran manjè yo... k'ap sèvi ak mizè pèp-la pou yo plen djakout yo.
Dechoukay-la pa sifi, se bon minòt sere pou yo mete nan men Aristide ak konpayèl li yo, pou yo ka reponn ak lajistis kòm trèt nasyonal.
Aba venin koulèv a sonèt ki rele lavalas la, lasini sa-a pèp-la paka bwèl ankò. Bay peyi-a yon chans mezanmi !
Thunder- Super Star
-
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien
Re: Shame on you! ...yes ...on you!
Se lot lasini a vi ya ke Thunder vle. depi sa pa sa ou vle ou se koulev a sonet.
Rodlam Sans Malice- Super Star
-
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market
Re: Shame on you! ...yes ...on you!
Sa mwen vle se avansman peyi-a, mwen pa kwè nan oken ti popiplis demagòg, tipetis k'ap bafwe moun ki pòv nan lespri, ti sankoutya k'ap kritike "ti boujwa" jis pou yo pran plas yo pou fè pi mal.
Mwen pa tolere moun ki toujou ap sèvi ak boukemisè pou kouvri kretinism yo, enkonpetans yo, titalbè-ism yo, ak movèz fwa yo.
Epi Sans Malice kesyon-an toujou rete pandye pou wou : eske chimè lavalas ekziste ? ...ou non ?
kesyon sa-a genlè se yon gwo zo ke menm "politisyen ki gen eksperyans" Sans Malice pa ka dijere.
Mwen pa tolere moun ki toujou ap sèvi ak boukemisè pou kouvri kretinism yo, enkonpetans yo, titalbè-ism yo, ak movèz fwa yo.
Epi Sans Malice kesyon-an toujou rete pandye pou wou : eske chimè lavalas ekziste ? ...ou non ?
kesyon sa-a genlè se yon gwo zo ke menm "politisyen ki gen eksperyans" Sans Malice pa ka dijere.
Thunder- Super Star
-
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti :: Mi-temps :: Tribune libre - Nap pale tèt kale
Page 1 sur 1
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum
|
|