Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
WD Green SN350 – Disque SSD interne NVMe M.2 – 2 To
99.99 €
Voir le deal

Alix Fils Aimé di sektè prive a remèt zam ilegal fannfwa yo

Aller en bas

Alix Fils Aimé di sektè prive a remèt  zam ilegal fannfwa yo Empty Alix Fils Aimé di sektè prive a remèt zam ilegal fannfwa yo

Message  Rico Mar 18 Sep 2007 - 18:08

Alix Fils Aimé responsab komisyon nasyonal de dezameman mande sektè prive a mache prese pou remèt zam fann fwa ki nan men yo. Dat pou retou san pwoblèm zam fannfwa sektè prive yo te achte ilegalman ak lot siwayen pou defann yo rive bout. Selon Alix Fils Aime sitiyasyon vyolans amelyore. Li mande pou tout responsab sektè prive ki gen zam fannfwa tankou Uzi, galil ki te an sikilasyon nan Fos Lame dayiti ki fè rout kwochi ou sayo achte sou mache ilegal rapote zam sayo.

Alix Fils Aime fè konnen tout moun nan sektè prive e lot sitwayen ki refize bay swit a rekomandasyon oganis li responsab la CNDDR ap kouri gwo risk de pouswit penal. Li mande pou yo kolabore pou evite twobol ak la jistis.

Se yon dosye ki mande yon bon swivi. Eske nou pral tonbe anko nan yon lot senaryo Gassant ki pral setoblije mache fouke gwo zouzounn sektè prive, ansyen militè, Chimè operasyon Bagdag, bandi, mafyozo, ti solda lame bidon ak latriye.

Fils Aimé fè konnen yon ansyen militè depoze jounen jodyè yon uzi ansyen zam lame. Fils Aimé ta sanble mete plis fokis sou sektè prive ki vizib pou rekiperasyon zam fann fwa yo. An atantan eske gen zam kache, antere nan men ansyen militè,ti ansyen milisyen ou anko ansyen makout yo.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum