Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
ETB Pokémon Fable Nébuleuse : où acheter le coffret dresseur ...
Voir le deal

Zafè mache prese pou yon Lame dAyiti fè reflechi anpil

5 participants

Aller en bas

Zafè mache prese pou  yon  Lame dAyiti fè reflechi anpil Empty Zafè mache prese pou yon Lame dAyiti fè reflechi anpil

Message  Rico Lun 2 Oct 2006 - 23:37

Sans Malice:Banm lame mwen pou m ka arete presidan janm vle .poum di yo ti kok ou kaka poum fè yo poupou nan pantalon yo.Poum ka arete Presidan tankou Dumarsais estime ki tap goumen pou enplante syndika nan peyi ya.Banm lame mwen pou m touye pov frekan tankou mwen te fè an 56 .en 57 , ant 91=94 tankou nou te fè en 45 et 46. banm lame mwen pou nou touye kiben nan Jeremie. Riobe nan leogane Vincent O kap en 46. fede Noel .bon jan neg o kap eklere.Ban m lame mwen pou m ka volè kob servis inspektyon veyikilla. pou msa fe 0 tounen 9 shak mwa pou mwen volo lajan leta bay pou jandam manje ak pou pran swen kasern yo.Ban m lame mwen pou lè mwen beswen pran fanm yon neg mwen di li se kamoken tankou nou fè pou Joe Gaetjens.Ato ki lakyel de lame mwen pa konnen.blan alman kaka sou drapo nou nou pa fout ka tire menm yon kout peta epi nap fout pale moun de lame.Vye fisi demode nou yo pou nou touye ayisyen se sak fè nou te genyen lame.sak fè nou pat al goumen ak dominiken yo.Ba moun repo ak maskarad nou an.

Zafè mache prese Lame dAyiti fè moun reflechi anpil . Komantè pi ro sa se kapwa Sans Malice kap pale ak moun Lame dAyiti yo sou yon lot forom kote li retrase move abitid ansyen ko represif sa nan RATIBWAZAJ tout saki sou pasaj yo. Mwen pa manke ri nan deskripsyon fidèl, literati, parol atoufè ansyen ko represif sa o pwen Malice leve an menm tan plim sou do mwen.
Depi kelke tan mwen menm Rico mwen ouvè pou ta genyen yon fos militè pou akonpaye polis nasyonal la nan zafè sekirite peyi a. Men de jou an jou map reflechi, menm si mwen pa kanpe an kwa kont yon lide konsa. Mwen vle konprann moun ki gen ti kote repibliken yo, valè yo nan yon Lame dayiti ki soti nan valè kiltirèl sosyal peyi sa.
Men yon lot kote, nan fouyapot mwen, nan pran son nan kan koken . se sèl espwa pou pran pouvwa daso. Li ta sanble depi yon bon bout tan, peyi dAyiti tankou anpil peyi nan rejyon Lamerik Santral ak Latinn bouke, desi de rejim de dwat kapitalis yo, ap pran yon tanjant sosyalis. Ayiti pa ditou echape de règ sa. Alos fanatik yon setenn DWAT ou esktremis de dwat, gen sali yo nan yon fos LAME POU REKIPERE POUVWA KI ECHAPE YO DEPI LONTAN.
Selon anpil wounou wounou, se retou yon LAME , NON LAME MODENN men Lame tosyonè pou bayo kontrol yon pouvwa. Alos mesaj mwen se pou ta di moun de bonn fwa kap preche pou yon Lame modenn , konstitisyonèl yo, se chita pou debat kèksyon ak transparans. Paske gen pièj nan voye monte san byen konnen kisa nou bezwen pou sekirize peyi sa. Nou dwe mete nan tèt nou, gwo pwoblèm lan chita nan kapital de POTOPRENS. Kisa nou vreman bezwen kom fos pou mete bandi chita, olye pati pou flanke lajan nan yon manman lame ke nou pa kap peye ni antreteni an plis pou tonbe nan jwèt koken. Se chita. poze pwoblèm sekirite a san pasyon. Eske se vreman yon Lame ki pral fè la diferans.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Zafè mache prese pou  yon  Lame dAyiti fè reflechi anpil Empty Re: Zafè mache prese pou yon Lame dAyiti fè reflechi anpil

Message  OBSERVER KEEN Mar 3 Oct 2006 - 1:20

rico pat gen moun ki li rapo OEA te fe an 88 lan?
si yon moun ap pale de lame sangine sa, genle li pat jame li rapo OEA. rapo sa prouve ke menm abraham kap pase pou neg onet pat jame yon nonm onet vre paske se misye ki te minis zafe etranje sou namphy epi se misye ki tap demanti rapo OEA le komisyon an te di ke lame ya ap represse pep la.
pa bliye ke misye te la akote namphy le namphy te deklare jan we figi li fre ya se konsa figi pep la fre.
gen evidens ki prouve ke se pa menm abraham ki te menmen atak kont lafontan an paske komandan anges lourds la rele misye, ak eta-major wa, yo pa jame reponn li, se apre yo pa jame reponn li ke komandan an pran desizyon pou li agi unilateralman.

OBSERVER KEEN
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 966
Localisation : USA
Date d'inscription : 29/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Zafè mache prese pou  yon  Lame dAyiti fè reflechi anpil Empty Re: Zafè mache prese pou yon Lame dAyiti fè reflechi anpil

Message  alex jacques Mar 3 Oct 2006 - 2:57

Rico1;
Li pi bon, le-w we danje-a avan menm ke li rive. Denye jou sa yo, mwen lage-m nan you batay san mesi, pou-m fe tout Ayisyen konnen ke zafe Lame sa-a, se denye kou ki pou krisifye pep la, yo pa tande yo pa we.

Annou pa dekouraje, ann kontinye fe moun yo komprann ke fomasyon lame-a ka bay 2 ou 3 mil malere job men le machinn san manman sa-a deraye, l'ap touye plis pase 5000 moun jan sa te konn fet deja. Pito nou led, nou la.

Epi pa okipe pyes moun k'ap di-w ke se LAME ki pral mete SEKIRITE san peyi a. Yo konnen se blofe y'ap blofe moun ki pa konprann ou byen ki gen MEMWA KOUT. Pou 20 a 50 BANDI you peyi oblije konstwi you LAME! Sa vle di ke depi nan kreyasyon li, LAME a ap gen pou travay, TOUYE AYISYEN. Poukisa gen tribinal, pou kisa gen Prizon? Si tout moun ki vyole lalwa se touye pou yo touye yo, Ayiti pa t'ap rete moun anko! Sot nan dirijan delapide.

Pran sans bagay la byen wi Rico, nou ap refome lame pou bay SEKIRITE ki donk TOUYE tout moun yo vle met etiket BANDI sou do-l. Tout moun konn vre frote de twoub yo an Ayiti, y'ap mache an tout enpinite poukisa yo pa met men nan gagann yo? Politrik
alex jacques
alex jacques
Star plus
Star plus

Masculin
Nombre de messages : 1118
Localisation : Haiti
Date d'inscription : 23/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Fou de son pays

Revenir en haut Aller en bas

Zafè mache prese pou  yon  Lame dAyiti fè reflechi anpil Empty Re: Zafè mache prese pou yon Lame dAyiti fè reflechi anpil

Message  Marc H Mar 3 Oct 2006 - 12:48

Koté soldat sans Malice , mezanmi. Sans malice nou anvi wè'W
Marc H
Marc H
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 10031
Localisation : Quebec
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : soccer
Date d'inscription : 28/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur

Revenir en haut Aller en bas

Zafè mache prese pou  yon  Lame dAyiti fè reflechi anpil Empty Re: Zafè mache prese pou yon Lame dAyiti fè reflechi anpil

Message  Rodlam Sans Malice Mar 3 Oct 2006 - 15:25

Men mwen wi adjidan Marc henri.Bon ou di yon bagay ke mwen ta renmen ou eksplike m :ou di ou pa pou ou pa kont men ou ta renmen ke yo renplase vid saa ke lame kite ya.Fok ou dim ki lè vaz la te plen;li te plen abi ;kou deta ;bat moun;si se bagay sa yo ou vle ki retounnen pou yo lage katoush san gade deyè nan zonn La Salinn ,Bel air site katon kote ti moun ap manje moush ak tè kwit ou pa beswen yon lame pou fè sa; tankou Namphy te di manigat "Fè yo tout fè vol direct ti tanyen epi wa resoud pwoblem la.."Se solityon saa ke w vle?Rele neg tankou Figaro, mete yo nan la polis anko. epi wa fè yon lot ekatomb anko.

Ou pa beswen lame pou fè sa.Men si o kontrè ou genyen amou kretyen toujou ,wa konprann ke vyolans nan tout peyi genyen yon koz.Kretyen vivan tankou tout bet fet pou yo jwen manje pou yo manje.travay pou yo fè, edikatyon ki pou ba yo moral ak bon jan formatyon,swen sante lè yo malad.kay pwop pou yo pap domi nan la bou anko.Lè w genyen yon elit iresponsab ki ap dirije yon peyi fok nou te atann a sa ke nap viv jodya .yon moun pat beswen diplome en sosyoloji pou te prevwa bagay sayo.E si nou pa pran mesi ki dwe pran yo; pita pi tris.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Zafè mache prese pou  yon  Lame dAyiti fè reflechi anpil Empty Re: Zafè mache prese pou yon Lame dAyiti fè reflechi anpil

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum