Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -21%
LEGO® Icons 10329 Les Plantes Miniatures, ...
Voir le deal
39.59 €

Anpil bourad pou Kreyòl la lan fakilte lengwistik aplike.

3 participants

Aller en bas

Anpil bourad pou Kreyòl la lan fakilte lengwistik aplike. Empty Anpil bourad pou Kreyòl la lan fakilte lengwistik aplike.

Message  Sasaye Sam 27 Oct 2007 - 12:22

Idantite ak fyète nasyonal ayisyen daprè ideyoloji desalinyen an



Istoryen ayisyen Michel Souka ki tap pran lapawòl nan oditoryòm Pradel Pompilus nan Fakilte Lengwistik Aplike jou kit e jedi 18 oktòb la te fè yon bon rale sou listwa batay nan Sendomeng anvan li te antre nan nannan sijè li te gen poul devlope a ki te rele: « Idantite ak fyète nasyonal ayisyen daprè ideyoloji desalinyen an ».

Sijè a te oblije istoryen an fè yon ralemennenvini sou kontèks istorik ki ta pral konsakre Desalin kòm lidè toupisan nan koloni an aprè lanmò Tousen Louvèti epi jan li ta pral mouri 17 oktòb 1806 nan Pon Wouj, sa gen tan fè 201 lane.


Daprè istoryen an, Desalin te kòmanse karyè militè l tout bon vre ak Tousen Louvèti, lè potorik gason sa nou fèk sot nonmen la te asosyel nan yon premye tan ak batay afranchi yo tap Mennen pou egalite avèk blan yo.

Michel Souka di moman osnon pouvwa Desalin nan ta pral kòmanse tout bon vre nan fò Lakrètapiewo lè Desalin ki te jeneral nan lame Tousen an pwomèt ansyen esklav yo ki te fèk vin lib nan epòk sa lap ba yo endepandans.

Mo endepandans la se te yon mo tou nèf. E Desalin te pwomèt yo sa, paske li te konprann objektif batay Tousen an te bout nan keksyon libète sèlman.

Michel Souka kwè se poutèt sa anpil istoryen di « si Tousen se te konstriktè/ achitèk libète esklav yo nan Sendomeng, li te baryè/ obstak endependans yo ».

Jan sa te kòmanse parèt klè tankou dlo kap sòti nan wòch, Desalin vin pi gwo otorite nan koloni an, apre lame Leklè a fin arete Tousen epi mennen l al mouri nan « Fò Jou » nan peyi Lafrans.

Pandan l te nan tèt lame indijèn nan, Desalin mennen tout gwo batay, sitou sak te fèt Vètyè a, ki louvri sou lendepandans jou premye janvye 1804 la.

Istoryen Souka di sòti dat sa jouk rive 1806, konpòtman otoritè/gwo zotobre ak politik demagoji/ woule m de bò li tap pratike fè twa sektè kle anndan sosyete a leve kanpe kont li.

Premye sektè konferansye a site se mas kiltivatè yo ki konprann se menm politik gran propryete/grandon Tousen te kòmanse a Desalin ap kontinye.

Dezyèm sektè a se nouvo lib yo li te retire tè san papye yo te pran aprè kolon blan yo te kouri kite koloni an; se sa yo rele politik agrè a.

Twazyèm sektè a se komèsan/zotobre yo ki te pwofite fè gwo lajan sou waf yo nan fè kontrebann/kont maltaye.

Twa gwo lennmi sa yo nan twa sektè sosyal ak ekonomik depaman ta pral mete ansanm pou touye lanprè Desalin.

Kidonk daprè konferansye a, msye te atake twòp sektè yon sèl kou, e se te pi gwo erè li te fè.

Ideyoloji desalinyen an

Nanm ideyal desalinyen an pou Michel Souka se « kèlkeswa chire pit/deblozay ki ka genyen nan mitan nou menm ayisyen, se nan tèt ansanm/kole zepòl pou nou rezoud li;

pa rele letranje pou rezoud li nan plas nou. Etranje a se zafè pa l lap vin regle. Lap divize nou youn ak lòt epi pran peyi a nan men nou.»

Kidonk ideyal desalinyen an, se fè jan nou kapab, sa nou kapab pou kenbe endepandans nou.

Ideyal sa mouri depi nan lane 1859 lè gwoup moun ki tap batay pou dechouke Soulouk sou pouvwa a te rele etranje pou vin enstale Jefra kòm prezidan.

Souka kwè batay Desalin tap mennen poul te pran pati lwès Sendomeng nan ak masak ki te fèt sou blan fransè/trayizan pa itil yo, te makònen youn ak lòt nan nannan ideyal sa.

Li di pi gwo rezon masak la, se te fè tout ayisyen patriyòt koupe fache nèt alkole avèk peyi Lafrans ki te kouri kite bout tè a apre nou te fin bat yo tankou tanbou nan madigra, epi pran reskonsablite yo pou goumen si blan retounen, paske men yo tout tranpe nan masak la. Se pi gwo eksplikasyon masak la daprè li.

Konferansye a te fè yon kout je tou sou sa kap pase nan peyi Dayiti jounen jodi a, 201 lane aprè lanmò fondatè patri a.

Politisyen itilize lanmò Janjak la pou fè demagoji, pandan sitiyasyon sosyal ak ekonomik pèp ayisyen vin di kon bout fè. Pwoblèm chomaj makònen ak grangou/lavi chè, pwoblèm kouran, dlo moun bwè vin pi malouk chak jou pi plis. 75 pousan nan bidjè peyi a se kominote entènasyonal la ki bay li. Pa gen pwodiksyon nasyonal. Menm fatra pou ranmase se USAID ki bay kòb la, pandan chef leta peyi a vle pran tout moun pou enbesil lèl fè kwè se konstitisyon an ki anpeche peyi a avanse.

Peyi pap fè yon pa annavan si gouvènman an, elit yo pa pran reskonsablite yo devan nasyon an, se sa istoryen an di. Li kwè tou fòk kominote entènasyonal la sispann jwèt demagoji li a nan depanse lajan san rezon nan ONG, pou yo envesti nan sektè ki plis enpòtan pou sosyete a; lè sa fò tout ayisyen konsekan mete men pou peyi a vanse tout bon vre.

Entèvansyon Michel Souka a antre anndan vant yon seri konferans Fakilte Lengwistik Aplike ap organize sòti lendi 15 pou rive 27 oktòb sou tèm: « Lang nou, kilti nou: baz devlòpman peyi nou », nan lokal fakilte a -38, ri Difò, Bwavèna- sou itilizayon lang kreyòl la nan divès domèn tankou lajistis, relijyon, literati, elatriye.

Gen divès kalte aktivite fakilte a ap òganize tou tankou :ekspozisyon penti, liv pwodui atizana epi gwo animasyon kiltirèl nan laprè midi jou k'ap 27 oktòb la a 4è kote l ap prezante yon espektak nan Rèks Teyat.



Men rès konferans ki poko fèt yo:

Lendi 22 a 10 zè nan maten:
Tèm: Lang kreyòl nan batay pou libète lapawòl ak demokrasi depi 1986 a jodi a.
Entèvenan: Lilianne Pierre-Paul, Antony Pascal (Konpè Filo)

Madi 23 a 10 zè nan maten:
Tèm: Pwoblèm lang ak kominikasyon nan systèm jidisyè ayisyen an
Entèvenan: Claudy Gassant

Mèkredi 24 a 10 zè nan maten:
Tèm: Lang kreyòl kòm bon zouti kominikasyon nan legliz
Entèvenan: Pastè Edner Jeanty Jr, pè Jean Hoet, pastè Lemète Zéphyr

Jedi 25 a 10 zè nan maten:
Tèm: Lang kreyòl nan sinema ayisyen
Entèvenan: Rassoul Labuchin

Vendredi 26 a 10 zè nan maten:
Tèm: Enpòtans lang kreyòl nan yon systèm edikasyon san fòs kote an Ayiti
Entèvenan: Nirvah Jean-Jacques, Pierre Vernet.

Pa bliye genyen ekspozisyon penti, liv, travay syantifik an kreyòl, èv atizana, elatriye nan lokal fakilte a chak jou sòti 9 vè nan maten pou rive 6 zè nan laprèmidi.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Anpil bourad pou Kreyòl la lan fakilte lengwistik aplike. Empty Re: Anpil bourad pou Kreyòl la lan fakilte lengwistik aplike.

Message  Sasaye Sam 27 Oct 2007 - 12:26

Wi, anpil efò ap fèt an Ayiti pou fè Kreyòl pran plas li lan peyi ya.

Mwen kwè se yon bagay serye e yon gwo pwogrè lè yon jounal konsèvatè tankou "Le Nouvelliste" ap ekri an Kreyòl.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Anpil bourad pou Kreyòl la lan fakilte lengwistik aplike. Empty Re: Anpil bourad pou Kreyòl la lan fakilte lengwistik aplike.

Message  Rodlam Sans Malice Sam 27 Oct 2007 - 12:45

Bon genyen 2 bagay nan konferans Souka bay la ki etone m ;premye bagay la se lè li di ke mas peyisan yo te kont dessalines.mwen pa konprann ki jan mas peyisan yo ta ka kont Dessalines aloske li te di e sa papa yo ak manman yo rete an afrik yo pap jwen anyen;sa vle di li te vle gato a seprae ant tout moun ki te goumen pou peyi ya endepandan.mwen twouve li drol pou mas la te kont anperè ya.

Dexyem bagay la se lè li repwoche Preval paske preval di ke konstitutyon se yon antrav a devlopman peyi ya.Alos ke li menm rekonet ke bidjè peyi se etranje ki bay bourad chak ane.eske se pa konstitutyon ki mande pou genyen 30 Senatè, 99 depite , yon Presidan ,yon Premye Minis ,delege ,Vis delege nan chak depatman ki fè leta pa ka jwen lajan pou li envesti nan oken aktivite ki ka raporte lajan ;paket anbasadè, konsil yon paket birokrat nan kasek, asec ;elektyon chak ane nan peyi ya. ki koute 10 milyon dola.ake ki pou gouvenman bay pep la servis li di yo si tout reset leta pase nan peye birokrat?

politiysen ayisyen menm lè ya pa pale bagay serye yo pa fouti kache desespwa yo ,yo toujou ap kritike depi yo pa o pouvwa.Eternel mekontan sa yo fek komanse kriye.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Anpil bourad pou Kreyòl la lan fakilte lengwistik aplike. Empty Re: Anpil bourad pou Kreyòl la lan fakilte lengwistik aplike.

Message  Sasaye Sam 27 Oct 2007 - 15:49

Sanmalis,

Mwen dakò avè w. Michel Souka gen anpil pozisyon reaksyonè lan deklarasyon lap fè tout tan.

Rezon ki fè m vini avèk atik saa, se pou montre kijan Kreyòl la ap pran jarèt lan sosyete Ayisyèn jodya.

Epi Nouvelis ki ap ekri an kreyòl.

Gade konbien pwogram ak konferans ki ap fèt pou montre valè kreyòl la.

Donk, si nou gade aspè kreyòl la sèlman, Michel Souka te mèt jebede.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Anpil bourad pou Kreyòl la lan fakilte lengwistik aplike. Empty Re: Anpil bourad pou Kreyòl la lan fakilte lengwistik aplike.

Message  Rodlam Sans Malice Sam 27 Oct 2007 - 15:53

mwen tou mwen kontan anpil enfliyans kreyol ap pran nan sosyete ayisyen an men tou mwen te fè remak la pou mwen montre ke politisyen ayisyen kelke swa mask yo mete nan figi yo ;yo toujou rete ak menm move manyè foure politik nan tout bagay paske se pa yo ki o pouvwa peyi ya te met disparet.Yo pa ka respekte oken trev pou sove peyi ya paske se enterè personel yo ki toujou ap gide yo.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Anpil bourad pou Kreyòl la lan fakilte lengwistik aplike. Empty Re: Anpil bourad pou Kreyòl la lan fakilte lengwistik aplike.

Message  Joel Mar 20 Nov 2007 - 10:09

Sasaye a écrit:Wi, anpil efò ap fèt an Ayiti pou fè Kreyòl pran plas li lan peyi ya.

Mwen kwè se yon bagay serye e yon gwo pwogrè lè yon jounal konsèvatè tankou "Le Nouvelliste" ap ekri an Kreyòl.

Wi jefò ak fèt ,men gen anpil ki rete pou fèt.
Lanne pase minis Elevasyon Nasyonallan t al lan pwovens pou li patrone DIKTE FRANSE!
A LA TRAKA!
Gade lòt kote ,kote lang lan pa enpòtan menm jan ak lakay nou,kisa y ap fè pou voye Kreyòl lan monte!

Genlè se lòt moun nou bezwen nan direksyon Elevasyon Nasyonal lan.
Se pa vre?
http://www.potomitan.info/bannzil/dikte_2007.php

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Anpil bourad pou Kreyòl la lan fakilte lengwistik aplike. Empty Re: Anpil bourad pou Kreyòl la lan fakilte lengwistik aplike.

Message  Sasaye Mar 20 Nov 2007 - 11:02

Mwen rekonèt ke nèg yo kòmanse ap fè jefò lan pwomosyon Kreyòl la.
Men mwen dakò tou, avè w, ke gen anpil bagay ki rete pou fèt.

Se pou nou wè gen pwogrè ki fèt.

Men li pap fini jiskaske Kreyòl vinn rekonèt kom lang tout Ayisyen, pa tout Ayisyen, lan tout dokiman lan peyi a.

Eske w konnen ke lan il Morys ( Maurice, Mauritius), akòz istwa kolonizasyon yo gen 3 lang ki pale: Franse, Angle ak Kreyòl.
Popilasyon an gen 3 ras prensipal: Afriken, Endyen ak Chinwa.
Genyen yon ti minorite blan franse.

An jeneral, Afriken yo ak Franse yo pale franse, endyen pou pi fò pale angle, Chinwa yo pou pi fò pale franse.

Sa ki orijinal lan sitiasyon saa sè ke tout moun pale KREYOL e ke se kreyòl ke yo itilize tankou yon lang PON pou moun ki pale yon lang diferan kominike.

Donk lan palman, lan tout deba piblik se kreyòl ki lang tout moun.

Mwen dejà tande yon sesyon palmantè ki te fèt konsa.
Sak te trè zenteresan se lè mwen te konprann laplipa diskisyon yo.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Anpil bourad pou Kreyòl la lan fakilte lengwistik aplike. Empty Re: Anpil bourad pou Kreyòl la lan fakilte lengwistik aplike.

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum