Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Cdiscount : -30€ dès 300€ d’achat sur une sélection Apple
Voir le deal

Kosa nostra politisyen sankoutya

Aller en bas

Kosa nostra politisyen sankoutya Empty Kosa nostra politisyen sankoutya

Message  Rodlam Sans Malice Mer 12 Déc 2007 - 8:13

Tout politisyen ki beswen presidan, Premier Minis ,Senatè, depite ,Minis, anbasadè, delegué, Vice delegué, Magistrat. Mè, konsil anvan yo ouvri bouch yo premye bagay yo di w lè ya pa bon pou chanje konstitutyon malatchyong lan ,ki se se yon kod mafya pou yo souse san moun ki ap travay e pou yo mentni yon lot gwoup ap manje biskwit labou nan yon ti peyi pov ki ap mande charite pou yo fè elektyon tout la sent jounen.

Depi plis ke 20 lane se twa bagay ki ap regle nan peyi dayiti se elektyon, kou deta ,e kidnaping.men peyi ya finn tounnen yon depotwa kote ti moun ap manje nan depotwa menm kote ak kochon nan site soley e la Saline.Politisyen ayisyen ki manb yon elit repiyan pito fenmen je yo pou yo di pito nou led nou la.Kite regade yo si malad pa ka jwen kabann ak medikaman pou yo kouche nan lopital nan peyi ya,ki te regade yo si pa genyen pot ni ban ni tablo nan lyse ki pote non moun ki te premye leve kont kolon yo ,Toussaint Louverture.ki te regade yo si fok yon peyisan mache anpil kilomet anvan li jwen yon ti dlo pou li kwit manje.kite regade yo si se sou branka pou peyisan pote moun ki mald pou yo ka mache anpil kilomet anvan yo jwen yon lopital ;ki te regade yo si peyi ya finn tounnen yon dezer tan yap koupe bwa ladann.kite regade yo si yo blije tounen mandyan pou yo fè elektyon.kite regade yo si yap plede di se nou ki pi pov nan amerik la se nou ki gaye sida nan peyi ;kite regade yo si peyizan nou yo ap travay kom esklav an dominikani.kite regade yo si tiberkiloz ak malarya ap fè ravaj nan peyi ya ,kite regade yo si kote pep la rete menm chen yo pap mete retekote konsa nan peyi kote genyen moun sivilise.kite regade si yon kanadyen di si sitoyen kanadyen te trete chen menm jan yo trete frè ak sè yo se pou gouvenman an te mete yo nan prison pou mal ke yo fè chen an.men sankonsyans yo rete ap fè makakery elektyon tout la sent jounen pou yo ka chita nan biro grate santi epi pou yo ap fè zero tounnen nef nan konsey elektoral ,nan ministè initil,na palman initil san materyel nan anbasad pa si pa la ,nan konsila a dwat a goch.yo divise peyi ya en ti myet pou yo mete zanmi yo ak patizanyo nan pos kote menm ase lajan komin yo ou byen arondisman yo pa fè asé pou peye tout birokrat sa yo.


Men lè yap pale franseuuu ,yo etidye syan po nan Sorbonn wa di yo konnen mal yap fè peyi ya ak tout ouvriye peyisan ki ladann.Lè yon moun ap gade eta sal lopital jeneral ak lopital Justinyen 2 pi gwo sant lopital nan peyi ya epi ou konnen ke te genyen yon doktè ,yon pret , yon gwo entelektyel ki te pase presidan nan peyi saa. wap mande bon ki nesesite ki genyen pou yon moun vote pou politisyen san koutya ,mal pou wont sa yo.

genyen yon moun ki te di tou tan se pa yon peyisan ki pran pouvwa an ayiti peyi ya pap janm fè yon pa an avan.mwen dako ak li pase lè yo di :"le pouvoir aux plus capables "yo vle di:" le pouvoir aux plus voleurs " au plus criminels ,aux plus méchants.Alò se pep la ki pou gade byen sa politisyen ap fè nan peyi ya.Se pou yo mande tet yo ki jan fè nou nan eta saa apre 2 syek depi nou pran endepandans.Alò lè sa ya di politisyen sankoutya se ou byen sa chanje ou byen nou tout ap perdi; jan l pase li pase.paske fok kat la rebat pou gato a separe ant out pitit peyi ya.Se pa politisyen selman ki pou ap foure men yo nan reset peyi ya pou yo achte machinn de lix pou yo servi.resevwa bonis de presidan ki ap di map grate do nou pou nou grate pam. tandis ke ti moun pa ka jwen ban nan lekol pou yo aprann.se pa politisyen selman ki pou ap divise peyi an ti myet pou mete yon paket depite ak senatè ki ap fè touris pou yo touche gwo per diem.Presidan pijon voyajè.Premye minis bèbè, minis inbesil.Nou fout bouke ak sankoutya .yo di se pou yo administre peyi ya pi byen se sak fè fok yo desantralise ,men pou yo desantralise se kreye yon paket asanble depatmantal, asanble kominal, asanble interdepatmantal. depatman ki pa genyen menm elektrisite ni dlo ladann yo men yo genyen 3 senatè ak 9 depite.san kote manb tout asanble sa yo.o lye yo ta diminye nan nimb depatman sa yo pou yo wè si peyi ya ta ka ba tet li manje ,lè peyi ya vinn pi mal yo ogmante yon dizyem depatman anko pou genyen plis senatè ak depite ;alò yon moun met di m sa w vle di se blan ki fè nou konsa map di w sa kasayol te di bef la ;paske nou pa ka apre 2 syek nou endepandan epi se blan ki fè nou mal konsa.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum