Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -40%
Tefal Ingenio Emotion – Batterie de cuisine 10 ...
Voir le deal
59.99 €

Discours du president Preval, 1er janvier 2008 aux Gonaives

+3
Sasaye
Thunder
gwotoro
7 participants

Page 2 sur 2 Précédent  1, 2

Aller en bas

Discours du president Preval, 1er janvier 2008 aux Gonaives - Page 2 Empty Discours du president Preval, 1er janvier 2008 aux Gonaives

Message  gwotoro Mer 9 Jan 2008 - 21:35

Rappel du premier message :

Discours du president Preval, 1er janvier 2008 aux Gonaives

Moun Gonayv, bonjou !

Pèp Ayisyen, bonjou !

Ane 2007 la ale,
Bonjou 2008 !

Ane pase, isit la, nan Gonayv, nan okazyon 1 janvye 2007 la, m te mande nasyon an dyalòg, tèt ansanm, inite pou nou rive tabli lapè ak stabilite.

Sonje kijan peyi a te ye pandan ane 2004, 2005, 2006. Se te yon peryòd anachi total ak yon bann gwoup ame ki t ap mache a klè ak gwo zam otomatik e ki te pran peyi a an otaj.[/size]

Jodi a, pa gen sa.

N ap felisite Polis Nasyonal la, patikilyèman Direktè Mario Andresol, nap felisite MINUSTAH a pou bèl travay sa a ki bay Pèp Ayisyen an sekirite. N ap felisite Odson.

N ap felisite ekip DDR la, patikilyèman Alix Fils-Aimé, Samba Boukman ki te bay bon koutmen nan pwogram dezameman gwoup ame yo.

Nou pa ka bliye kokenn chenn kontribisyon « Atis pou lapè yo ». Don Kato, vanyan gason, nasyon an mande w pou ou felisite nan non l tout atis pou lapè ki travay avèk ou yo.

Eske travay sekirite, lapè a fini ? Non !

Gen twòp kidnaping toujou, menm si kidnaping nan bese anpil. Men deja yon kidnaping se yon kidnaping ki deja ensipòtab.

Se pousa nou deja kòmanse travay avèk DCPJ, Direksyon Santral Polis Jidisyè a pou li gen plis mwayen, pou li vin pi pwofesyonèl, pou li vin pi efikas nan kwape bandi kidnapè.

A kote sekirite a, gen lòt domèn kote nou ka di nou vanse.

Pa ekzanp, nou konnen Leta bezwen lajan pou l travay. Batay pou fè plis lajan rantre nan kès Leta a, li vanse. Si Leta pa gen lajan li pap kapab bay sèvis.

M ap felisite Direktè Jeneral Ladwàn nan, Jean Jacques Valentin, k ap goumen kou mèt janjak pou kwape kontrebann nan. Direktè Valentin, nou konnen batay w ap mennen an pa fasil. Nou felisite w pou bon rezilta ou deja rekòlte e n ap ankouraje w pou kontinye.

Nou felisite Direktè DGI a tou, Jean Frantz Richard, k ap fè sa l kapab pou fè moun peye taks yo dwe Leta.

Direktè Richard, batay w ap mennen an pa fasil. Ou manke sitou yon zouti legal. An Ayiti, sa yo rele evazyon fiskal la, sètadi pa peye taks, se pa yon krim alòske li se yon krim nan anpil lòt peyi tankou lè Zetazini, pa ekzanp, kote se yon krim ki gen prizon ladan n. An Ayiti, si yo kenbe w nan pa peye taks, ou sèlman jwenn yon amann. Direktè Richard, nou deja prepare yon avan pwojè lwa pou kriminalize evazyon fiskal la. N ap prezante l nan Palman an lè pwochen sesyon an louvri, an janvye.

Pandan lane 2007 la, nou fè jefò tou nan domèn batay kont koripsyon an. M ka di nou batay kont koripsyon an se li ki pi disisil paske koripsyon an fò, rasin ni fon.

M ap felisite tout komisè onèt yo, patikilyèman Komisè Claudy Gassant pou jefò l ap fè nan domèn sa a. Mèt Gassant ak tout lòt komisè yo, batay la pa fasil, m swete nou, nan non Pèp Ayisyen an, kouraj ak detèminasyon. Pandan 2007 la, lajistis la vanse tou.

M ap felisite, anmenmtan m ap ankouraje, tout moun onèt nan aparèy jidisyè a k ap travay nan kondisyon difisil pou fè lajistis triyonfe, pou fè enpinite a fè bak. Ankourajman pou tout aparèy jidisyè a, patikilyèman dwayen tribinal yo. Yon gwo kout chapo pou Dwayen Rock Cadet. M ba l kout chapo sa a pou tout dwayen yo.

Mèsi tou a Komisyon sosyete sivil la k ap akonpaye Ministè Jistis la. Mèsi pou bon travay koòdinasyon yo asire ant Ekzekitif la ak Palman an pou fè 3 lwa sou lajistis yo vote rapid. Lwa sa yo enpòtan anpil pou ranfòse sistèm jidisyè a.

Mèsi a Komite k ap goumen pou jounalis yo asasinen yo jwenn jistis. Mèsi Euvrard Saint Amand, Louis Gary Cyprien, Idson Saint Fleur, Dieudonne Saincy, Guyler C. Delva, Marie Nic Marcelin, Anne Marguerite Auguste, Jean Wilner Morin. Peyi a bezwen sitwayen tankou nou ki pa kanpe deyò ap gade, men k ap met men.

Tout moun nou sot site la yo, depi yon moun w ap travay, ou ka fè erè. Si nou fè erè, n a korije yo. Men sa k pi mal la, se pa travay. M ankouraje nou kontinye. M ankouraje tout lòt moun nan Leta a kontinye travay pou n wè si n a mete peyi sa a kanpe sou 2 pye l.

Nou sot site kèk domèn esansyèl kote nou fè pwogrè pandan ane 2007 la. M pa di nou fè 10 sou 10, m pa menm konnen si nou fè 5 sou 10, men nou vanse.. Fòk nou kontinye, fòk nou amelyore.

Si m site kèk bagay kote nou vanse, gen domèn kote gen gwo difikilte. Fòk nou pale de sa tou.

Youn nan pwoblèm yo, pi gwo a, se kantite moun ki pap travay nan peyi a.

Malgre gen plis kòb ki ap rantre nan kès Leta a, gras prensipalman jefò Ladwàn ak DGI, malgre kòb kominote entènasyonal la mete aladisposizyo peyi a, Leta pa rive depanse tout kòk li ta dwe depanse. Fòk minis yo fè plis jef toujou. Fòk dosye yo byen prepare pou pwojè yo ka byen ekzekite. Fòk Minist Planifikasyon an, fòk Komisyon Nasyonal Mache Piblik la, fòk Kou Siperyè dè Kont yo fè dosye yo mache pi vit, silvouplè. Leta a bezwen depanse.

Yon lòt fren ki fè Leta a pa depanse se feblès sektè prive a. Pa ekzanp anpil fim konstriksyon fèb, yo manke kapasite dekzekisyon, travay yo trennen Si travay yo pa vanse, Leta a pa ka peye nan lib. Si fim yo gen difikilte avanse a travay yo genyen, li difisil pou Leta a konfye yo lòt travay. Feblès sektè prive a se yon kesyon pou Leta a panche sou li. Souvan, ti antrepriz yo gen pwoblèm finansman pou achte materyèl, pwoblèm finansye pou bay garanti kòb pou depoze pou si travay yo mal fèt.

Annatandan, fòk nou fè tèt nou travay pou kreye dyòb touswit. Fòk no fè tèt nou travay, fòk nou envante de fòmil pou kreye dyòb touswit.

M gen kèk pwopozisyon pou Ekzekitif la, Palman an ak Kolektivite Teritoryal yo (Majistra, KASEK, ASEK).

Men yon ekzanp m ap pwopoze nou. Si nou mande majistra yo chèche tè Leta nan chak komin pou nou konstwi touswit nan 140 komin yo sa nou ta rele yon Sant Kiltirèl ak Spòtif kote jèn yo ta jwenn teren baskèt, teren foutbòl, saldetid avèk limyè pou yo etidye, konpyoutè ak entènèt pou yo louvri lespri yo, fè rechèch, kominike ak lòt peyi. M kwè sa a posib. Gen tè Leta. Si nou pran kontak avèk majistra yo, yo ka jwenn tè Leta. Yo ka jwenn 5, 10 kawo tè Leta. E, pa gen yon palmantè, Depite, Senatè ki pap dakò ak yon pwojè konsa, pou finanse l nan enterè chak komin nan peyi a. Men yon inisyativ ki ka kreye travay touswit, nan tout peyi a e k ap bon pou tout timoun nan peyi a.

Yon dezyèm ekzanp ki ka pèmèt kreye travay touswit. Nan premye manda m, nou te travay avèk INDEPCO ki te louvri atelye kouti nan plizyè komi ak seksyon nan peyi a pou fè inifòm skolè. Aktivite sa a n ap reprann li e l a kontribye bay travay a tout tayè nan anpil komin.

gwotoro
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3974
Localisation : Canada
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: le balancier

Revenir en haut Aller en bas


Discours du president Preval, 1er janvier 2008 aux Gonaives - Page 2 Empty Re: Discours du president Preval, 1er janvier 2008 aux Gonaives

Message  Invité Dim 13 Jan 2008 - 16:46

Pour compendre ma position, il faut comparer la position des acteurs nationaux et internationaux durant les mandats des 2 frères qui ont partagé le pouvoir depuis 1990.

Le premier se faisait soigner à l'hopital général (sa femme a donné naissance dans ces centres de santé), voulait former des medecins en Haiti, ou encore incluait dans le budget national une enveloppe pour supporter les chomeurs que les privilégiés ont appelé chimè.

Il parait légitime aux haitiens et à la communauté internationale d'écourter son mandat et de le forcer à l'exil.

Le second frère se fait soigner régulièrement à Cuba ou en Amérique du Nord car pour lui nos medecins sont des crétins, fait venir des medecins étrangers au lieu de former plus de medecins haitiens, procèdent à la révocation de tous les pères ou mères de famille se trouvant dans l'administration publique et la Teleco.

Et pourtant, personne n'ose demander d'écourter son mandat.

Quelle hypocrisie!

Le critiquer est meme un péché mortel. Si tel est le cas, je choisis d'aller en enfer au lieu de me taire devant la misère de ces zombis oubliés dans le milieu rural et nos bidonvilles.


revelation,

"Il faut éviter de personnifier le débat." (1) revelation

"mais quel mandate a le petit bonhomme avec le maillot blanc qu’on aperçoit dans votre profil pour les représenter?" (2) revelation

Vous m'avez volontairement coincé dans mes petits souliers. Si je dois répondre à votre question (2), je dois parler du petit bonhomme avec le maillot blanc et personnaliser le débat. Or vous m'avez demandé de ne pas personaliser le débat.

Sasaye,

"Donk, mwen dakò ak Revelasyon: Ke yon moun renmen ou rayi dirijan nou yo, se pou nou zepole yo pou Ayiti vanse.

Sinou pa renmen jan yo akonpli manda yo, pa vote pou yo lè eleksyon rive apre manda yo fini."
Sasaye

C'est trop nous demander. Biologiquement, un etre vivant mourra de faim après quelques jours sans nourriture. Si l'on doit laisser cette équipe accomplir leur mandat, c'est etre complice de ce génocide qui vise à faire périr la population haitienne de faim.

A part le Canada qui accepte d'offrir le droit de réfugié aux affamés d'Haiti, tous les autres pays les déportent dans la plus grande humiliation. Mais hélas, ce pays est trop éloigné de nos cotes et nos voiliers ne peuvent l'atteindre.

Ou encore, on peut dire: La communauté internationale était présente après le départ d'Aristide mais absente lorsque les rebelles tuaient les gens dans le pays. Les soldats des Nations-Unies sont présents sur notre territoire pour nous sécuriser mais sont absents lorsqu'il s'agit de donner un plat chaud aux affamés.


Quel article de notre constituion faut-il respecter:


  1. le respect du mandat présidentiel?
  2. ou le droit à la vie du peuple haitien? Droit à un repas chaud?

P/S Je ne suis pas un Titidiste mais je n'ai pu trouver de meilleurs exemples pour dénoncer la trahison du secteur privé et des intellectuels en Haiti et l'hypocisie de la communauté internationale envers ce peuple.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Discours du president Preval, 1er janvier 2008 aux Gonaives - Page 2 Empty Re: Discours du president Preval, 1er janvier 2008 aux Gonaives

Message  Sasaye Dim 13 Jan 2008 - 18:57

Le renversement d'un président élu, Aristide ou Préval, est une action illégitime et ceux qui accomplissent ou contemplent cette action courtisent la haute trahison.

Un président a droit aux meilleurs soins médicaux possibles et disponibles. Si ces soins ne sont pas disponibles, il faut qu'il aille où il peut les trouver.

Existe-t-il un département d'Oncologie, spécialisé dans la Chemothérapie ou le traitement nucléaire à l'hopital général?

En outre, le programme des étudiants en médecine à Cuba augmente considerablement le nombre de médecins haitiens.
Les fruits se récolteront bientot.

Demander que les élus accomplissent leurs mandats n'est pas trop.
C'est la règle du jeu et notre apprentissage de la démocratie doit se poursuivre, si le pays doit avancer.

Ecourter le mandat d'un élu ne lui permet pas d'accomplir les travaux commencés et nous force à toujours recommencer à zéro.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Discours du president Preval, 1er janvier 2008 aux Gonaives - Page 2 Empty Re: Discours du president Preval, 1er janvier 2008 aux Gonaives

Message  revelation Dim 13 Jan 2008 - 21:33

Dufreined a dit:
Si l'on doit laisser cette équipe accomplir leur mandat, c'est etre complice de ce génocide qui vise à faire périr la population haitienne de faim.
Ca c’est du chantage et de la pure magouille pour renverser un gouvernement démocratique et reconnu par toutes les nations.

La majorité des haïtiens sont mal nourris, c'est vrai mais parler de génocide et périr de faim, c’est poussé l’enveloppe un peu trop loin Dufreined.

Dufreined a dit:


Quel article de notre constitution faut-il respecter:

1 le respect du mandat présidentiel?

2 ou le droit à la vie du peuple haïtien? Droit à un repas chaud?

Les deux ! Et ce n’est pas trop demandé, ni la mer à boire.

Sasaye a dit :
Demander que les élus accomplissent leurs mandats n'est pas trop.
C'est la règle du jeu et notre apprentissage de la démocratie doit se poursuivre, si le pays doit avancer.
Je suis d’accord car le gouvernement n’est pas et ne doit pas être une chemise qu’on porte et ensuite l’enlever. Comme l’a dit Sasaye, il faut respecter les règles du jeu. Dans la vie Il faut être un bon perdant pour pouvoir mieux gagner. Oui, gagner le respect de vos camarades et de votre communauté en sortant dans l’arène politique la tète droite.

Revelation
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Discours du president Preval, 1er janvier 2008 aux Gonaives - Page 2 Empty Re: Discours du president Preval, 1er janvier 2008 aux Gonaives

Message  Invité Dim 13 Jan 2008 - 22:08

Je dis génocide et j'ai évalué l'ampleur de ce mot.

Quand une personne se fait dévorer par des requins, cela signifie carrément qu'il devrait choisir entre cette mort ou la mort par la faim.

Quand une personne se porte volontairement comme esclave dans les bateys dominicains, cela signifie qu'il devrait choisr entre cette mort ou la mort par la faim.

Quand un professionel haitien décide d'abandonner sa blouse ou sa veste et d'aller travailler dans la construction et dans la neige en Amérique du Nord, cela signifie qu'il devrait choisir entre cette mort et la mort par la faim.

Quand une mère choisit de livrer sa fille de 10 ans à des soldats de l'ONU, cela signifie qu'elle devrait choisir entre cette mort et la mort par la faim.

Vous pouvez compléter cette liste.

Vous devrez comprendre que par instinct, l'homme essaiera toujours de fuir la mort mais quand des signes sont présents, il ne faut pas éviter d'appeler les choses par leurs noms.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Discours du president Preval, 1er janvier 2008 aux Gonaives - Page 2 Empty Re: Discours du president Preval, 1er janvier 2008 aux Gonaives

Message  Thunder Mar 15 Jan 2008 - 20:15

Chak moun genyen karaktè pa yo vre. Mwen menm, m renmen lè yon moun mete verite-a devan m. Di mwen jan ke li ye a, e di mwen ki mezi konkrè ke wou pral pran pou rezoud pwoblèm sa-a. Pinga wou pwomèt mwen myèl nan lanfè, pinga wou toujou ap mete kòz sou lòt moun, pou zafè pèp-la ki pap regle pandan ke zafè pèsonèl wou ap regle.

Mwen poko kritike nannan diskou, mwen kritike fòm nan pou moman sa-a. Nou bouke ak politik "se pa nou, se yo a".
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Discours du president Preval, 1er janvier 2008 aux Gonaives - Page 2 Empty Re: Discours du president Preval, 1er janvier 2008 aux Gonaives

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 2 sur 2 Précédent  1, 2

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum