Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Jeux, jouets et Lego : le deuxième à ...
Voir le deal

Ki kote Elit Ayisyen an prantradisyon anti Edikasyon li an?

2 participants

Aller en bas

Ki kote Elit Ayisyen an prantradisyon anti Edikasyon li an? Empty Ki kote Elit Ayisyen an prantradisyon anti Edikasyon li an?

Message  Joel Lun 3 Mar 2008 - 19:11

Ki kote bagay sa sòti?
Se yon bagay nou gendwa trase depi BOYER,wi!
Wi,paske Edikasyon se yon bagay ki te enpòtan anpil pou zansèt yo ann Afrik.
Men yon atik enteresan ki parèt sou GRIOO.Se yon reprodiksyon kòmantè "le Devoir" sou liv SERGE BILE an.

http://www.grioo.com/ar,serge_bile_quand_les_noirs_avaient_des_esclaves_blancs,13041.html

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ki kote Elit Ayisyen an prantradisyon anti Edikasyon li an? Empty Re: Ki kote Elit Ayisyen an prantradisyon anti Edikasyon li an?

Message  Rodlam Sans Malice Lun 3 Mar 2008 - 19:46

Men fok mwen di ke se pa elit ayisyen selman ki anti edikasyon.Lè youn moun ap gade sa ke ti moun ki nan lekol piblik o Zeta zuni ap aprann se bagay ki fè youn blan te di si se te youn lot natyon ki ta enpose edikatyon saa o Zeta Zuni se ta youn deklaratyon de gè e li pa manti.Fok ou dwe anpil epi pou genyen paran ki konsyan de valè edikasyon pou soti ak bon bet nan tet w nan edikatyon ke an ayiti ke O zeta Zuni.

An ayiti sa pi red yo pa mete lekol Kareman .menm sa boyer te di mwen tande youn nan blan yo di ki pi enstwi o Zeta zuni ki sot mouri semenn pase ya;William Buckley di ki sa minorite yo beswen al nan kolej,mwen tande misye di sa a 2 zorey mwen nan programm li te genyen nan televisyon.chak dimanch lan.Se pou montre ki jan mafya enternatyonal la genyen menm ide.

Menm lè wap travay nan youn korporatyon genyen youn seri denformatyon yo pa kite w genyen yo se pou pa janm pran promotyon.Pa ekzanp ak intwodiktyon konpitè sa si se pa wou ki degaje w al apran kek pwogramm se tande wa tande pran pwomotyon;pafwa menm lè yo mete sant pou ba w edikatyon se you bagay an kachet ;se konsa wap li sou tablo kote yo poste job yo youn nan konesans yo mande pou job la se konesans tel pwogram tankou word, excel etc.e bagay yo ap evolye tou tan.alò si w pa chache mete bet sou wou tou tan ou peri.

Se nan menm venn sa ke moun tankou Jean Pierre Boyer ki te edike an Frans pat vle mete lekol nan peyi ya ki fè li te di moun pa beswen al lekol pou yo travay la tè.Ou pa wè lè gouvenman interimè ya pran pouvwa se jandam yo mete nan fakilte medsinn ke Aristide te kreye.nan youn peyi kote se medsen kiben ki ap vinn ba pep la sekou youn gouvenman konpose manb swa disan sa nou rele "plus capables"yo fèmen lekol la kareman ;'yo volò lajan ki te prevwa pou bousye ayisyen ki te ap etidye kiba yo.Sa vle di se pou yo dekouraje yo pou yo pa vinn medsen tou.

Men sa ki pi degoutan lè se moun tankou Jean Pierre Boyer ki fè sa li fè w mal men ou ka konprann li paske li se youn alyene ki te pase tout jeness lan an frans.men lè se moun tankou Latortue ,Abraham ou byen youn Bien-Aime ki refize fè reform ki merite fet nan edikatyon an ayiti sa fè w anvi anraje.

genyen moun ki konn ap joure m paske yo kwè ke mwen se lavalasyen ou byen mwen se fanatik Aristide.mwen pa ni youn ni lot men lè mwen tande ke se premye gouvenman ki subvantyone liv pou ti malere;ki ba yo manje nan lekol ;ki bati plis lekol ke tout gouvenman ki te pase anvan yo .e byen mon chè jiskaske yo banm kote lajan Aristide volò yo sere map toujou genyen yon ti kote nan kè m pou li pase mwen lè moun vle fè m di byen mwen pa janm bliye sa.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Ki kote Elit Ayisyen an prantradisyon anti Edikasyon li an? Empty Re: Ki kote Elit Ayisyen an prantradisyon anti Edikasyon li an?

Message  Joel Mar 4 Mar 2008 - 10:49

http://www.jis.gov.jm/education/html/20021015T150000-0500_276_JIS_JAMAICA_S_EDUCATION_SYSTEM_AND_HOW_IT_EVOLVED_SINCE_INDEPENDENCE.asp

Sanble lè mesye yo sòti Oxford ak Cambridge,se sou ban an yo te chita ,alòs ke mesye pa nou yo,lè yo sòti "La Sorbonne" se anba ban yo menm yo te chita.
Pa gen lòt eksplikasyon ;paske jan Jamayiken yo devlope sistèm edikasyon yo an.Yo di yo pa swiv okenn modèl.Yo eseye yon bagay,si l pa mache ,yo chanje l ,yo eseye yon lòt.Sa k pi rèd lan ,anvan 1962,anvan Lendepandans yo pa t menm gen lekòl piblik.
Jounen jodi an yo gen yon sistèm edikasyon ki ka fè konpetisyon ak nenpòt lòt.
Y ap kontinye toujou.Gen yon dosye sou edikasyon se opozisyon ak sektè prive an ki kolabore ladan l,ke yo ap enplemente pou ranfòse sistèm lan
Lè n ap konpare nou ak mesyedam sa yo,sa nou ye la a menm?.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ki kote Elit Ayisyen an prantradisyon anti Edikasyon li an? Empty Re: Ki kote Elit Ayisyen an prantradisyon anti Edikasyon li an?

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum