Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Funko POP! Jumbo One Piece Kaido Dragon Form : ...
Voir le deal

POU YON KONSTITISYON KI OSÈVIS LANASYON (30 mas 2008)

2 participants

Aller en bas

POU YON KONSTITISYON KI OSÈVIS LANASYON (30 mas 2008) Empty POU YON KONSTITISYON KI OSÈVIS LANASYON (30 mas 2008)

Message  jafrikayiti Dim 30 Mar 2008 - 16:53

POU YON KONSTITISYON KI OSÈVIS LANASYON



Jafrikayiti, 30 mas 2008



Ayè 29 mas 2008 la te fè yon dokiman ki batize “Constitution de la
République d’Haiti (1987)” venteyen (21) rekòlt kafe. Anivèsè sa a rive
nan yon moman kote anpil moun ap lonji dwèt madichon sou dokiman sa a
ki, daprè yomenm, responsab anpil latwoublay nan lavi nasyon ki te
adopte li kòm sèl bousòl li jou ki te 29 mas 1987 la.



Sòti sou Prezidan René Préval ki deklare kare bare nan diskou 17 oktòb 2007 la « m gen konviksyon Konstitisyon 1987 la, manman lwa peyi a, se yon gwo sous enstabilite pou lavni peyi a »[1],
rive sou pitit peyi a, ki gaye toupatou sou latè, ki ap brase lide sou
entènèt la osijè kesyon takou doub nasyonalite, lantèman ofisyèl osnon
rezireksyon defen FAd’H, nou remake yon dividal dwèt ki ap lonji sou
katafal defo yo di ki chifonnen figi grandèt 21 lane a.



Nan dènye semèn ki sot pase yo, se andedan chanm Sena a menm yon
eskandal te pete ant fèzèdlwa yo. Kòmalòdinè, anpil dwèt madichom te
gen tan lonji sou « grandèt sententèwonp » lan (Manmanlwa peyi a)
paske, vwalapiltpa, kontrèman ak sa li prevwa, ankèt fouyadò fè konnen
gen plizyè manm Sena a, pami yo vis-prezidan an, Rudolph Boulos
(Fusion), epi yon manm pati opouvwa a, M. Ultimo Compère (Lespwa), ki
genyen paspò Ameriken.


Apre gwo eskonbrit, san bliye menas ak deklarasyon ki fèt nan laprès,
nan lachanm e menm “au cabinet” (paske ou tou konnen avoka yo pa ka pa
la)….vwalatilpa, sou baz rapò yon komisyon li te tabli espesyalman pou
sa, Chanm Sena a pran dezisyon òltègèt ni M. Boulos, ni M. Compère.
Rezilta : alèkile, gen 3 plas vid nan Chanm Sena Repiblik la. Youn, se
plas dezyèm Senatè Latibonit lan ki vid depi lanmò trajik defen Senatè
Noël Emmanuel Limage nan aksidan machin jou samdi 20 janvier 2007 la;
Yon dezyèm, se plas twazyèm Senatè depatman Sant lan ki vid depi
rezolisyon Sena Repiblik la ki òltègèt mouche Ultimo Compère 17 mas
2008 la ansanm ak mouche Rudolph Boulos ki, limenm, te abitye chita nan
twazyèm plas ki vin vid la, asavwa, plas premye Senatè depatman Nòdès
peyi a[2].



Mezanmi, men nan ki sikonstans jounen 29 mas 2008 sa a rive sou nou !



Moun ki gen bon memwa va sonje ki jan, ane pase vè lè konsa, se yon rapò ki batize «Rapport sur la question constitutionnelle préparé par Claude Moïse et Cary Hector »[3]
ki t ap fè aktyalite – pou yon ti bout tan. Orezime, malgre dokiman sa
a te pran lari depi 26 mas 2007, se jis apre diskou Prezidan Préval fè
7 mwa annapre piblikasyon rapò Moïse-Hector la, nou te koumanse li
reyaksyon anpil zotobre ki oswa ap bat bravo lakontantman osnon ki rele
anmwey adiltè! dèyè pwojè « gwo pase men » Prezidan Preval di ki nesesè
nan Manmanlwa peyi a[4].



Nan kad tout pale k ap fèt sou koze a, menmsi mwen pa ekspè nan
zafè refòm konstitisyonèl, mwen ta vle dakò ak sila yo ki di se vre gen
nesesite pou pèp Ayisyen adopte yon konstitisyon tou nèf. Mwen di sa,
paske mwenmenm tou mwen wè nesesite pou nou regilarize yon dividal
kesyon tankou estati FAdH ki nan koma depi ane 1995, estati dwa sivik
ak politik pitit Ayiti ki gen sitwayènte lòt peyi, elatriye… Mèzalò,
mwen gen gwo enkyetid lè mwen founi je gade rapò Moïse-Hector la ki pa
di krik sou yon seri kesyon ki, daprè mwemenm, pi fondamantal pase sa
yo soulve nan kad etid (sitou istorik) yo te fè a.



Gen yon seri atik nan Konstitisyon 1987 [5]la ki, nan je pa m, pa respekte dwa granmoun nasyon an.



Paregzanp, nou ka site, Nimewo 284-4 ki di:

« Yo pa janm gen dwa fè okenn chanjman nan Konstitisyon an, si
chanjman sa a ta fè, peyi a pa gen demokrasi anndan l ankò, oubyen si
chanjman sa a ta fè, peyi d Ayiti pa yon repiblik ankò ».



Mwen pa konstitisyonalis, se vre, men mwen pa konprann ni pye ni
tèt yon deklarasyon parèy. Kidonk, si Ayisyen ta deside yo vle tabli
yon lòt fòm gouvènman yo ta jije ki plis nan enterè yo, yo pa ta janm
gen dwa pran desizyon sa a?



Nou ka site tou, Nimewo 284-3, ki di:

« Yo pa janm gen dwa fè referandòm, pou yo mande pèp la si li dakò pou gen chanjman nan Konstitisyon an ».



Pou mwenmenm, se la ne koze a ye. Tout nasyon gen yon sèl otorite
siprèm, se nasyon an limenm menm. Kidonk, si li gen yon Manmanlwa li
vle chanje, an prensip, nanpwen moun, osnon otorite ki ta ka anpeche li
fè sa.



Si gen yon « gwo pase men » ap fèt nan Manmanlwa peyi a, se lemoman
pou nou ta asire nou NASYON an reprann dwa granmoun li aklè nan dokiman
sa a. Ojis, san egzajerasyon, nou konsidere se yon koudeta
konstitisyonalis yo te fè sou do Nasyon an ak prezans atik sa yo nan
konstitisyon 1987 la. Ou kapab di konstitisyonalis nou yo te trete
kolektivite Ayisyen an tankou timoun piti. Daprè mwenmenm, toutotan nou
ap viv sou prensip sa a, nou ap febli kapasite nou, e nou ap rann tèt
nou vilnerab pou nou viv nan chirepit entèminab. Kidonk, nan yon sans,
mwen vle dakò ak Prezidan Préval nan lamezi mwen rekonèt konstitisyon
aktyèl la ka sèvi yon sous enstabilite politik. Mèzalò, veritab koupab
yo se pa dokiman an, se moun ki ekri l epi ki ap sèvi ak li yo. E, nan
kad reyalite aktyèl peyi a, mwen remake yon move tandans, kote « elit »
Ayisyen an pa vle aksepte yon seri prensip de baz ki nesesè pou yon
nasyon genyen yon konstitisyon ki ap sèvi enterè (kolektif) li. Menmjan
ak konstitisyon li pran reponsablite ekri a, elit yon nasyon la pou li
sèvi nasyon an, li pa la pou li pran plas nasyon an. Nou pa ta dwe
konfonn relasyon yon elit ak pèp li fè pati de li a, kòmsi se ta
relasyon yon granmoun majè (elit la) ak yon timoun minè (nasyon an).
Okontrè elit la (kit se entèlektyèl, politik osnon ekonomik) se yon
souzansanm nasyon an li ye. Se li ki soti nan matris nasyon an e non
lekontrè. Malerezman, gen anpil siy ki montre, nan moman an, se pa sou
prensip sa a nou ap mache.



Pou nou pi klè, annou pran egzanp sou « l’affaire Boulos »[6] la
kote anpil kout plim fèt pou debat èske Sena Repiblik a te gen dwa
òltègèt mouche Boulos ki deklare li pa te janm renonse a nasyonalite li
kòm etan Ayisyen. Se vre, malgre Boulos fèt Ozetazini, selon Manmanlwa
peyi a, daprèzavwa li se pitit 2 sitwayen Ayisyen, li se Ayisyen tou.
Kifè, koze « pa te janm renonse » a enpòtan piske patizan Boulos yo
lonji dwèt sou diferans ki genyen ant vèsyon franse ak vèsyon kreyòl
konstitisyon 1987 la.



Tandiske, nan dokiman Franse a, atik 15 lan deklare:

"La double nationalité haïtienne et étrangère n'est admise dans aucun cas"[7].



Nan lang Kreyol, nimewo 15 lan deklare:

"Yon Ayisyen pa janm kapab vin sitwayen yon lòt peyi epi pou l ta rete sitwayen Ayisyen, an menm tan".



Selon George Michel paregzanp, vèsyon Kreyòl la kite pòt louvri pou
yon moun tankou Rudolph Boulos ki fèt aletranje de paran Ayisyen ta
chape anba fòs atik saa...paske teknikman palan, li pa te janm "vin"
sitwayen lòt peyi a (Etazini), piske li fèt tou sitwayen Ameriken.
Kidonk, nimewo 15 lan pa ta aplikab pou Rudolph Boulos.



Mèzalò, agiman sa a pa ka kenbe vre. Premyèman, mwen pa kwè ni
lenguis, ni ekspè nan lalwa ap dakò ak entèpretasyon George Michel la.
Dezyèmman, « Constitution de la République d’Haiti (1987) » pa genyen
yon vèsyon ofisyèl nan lang Kreyòl. Se yon konstatasyon ki dwe fè nou
reflechi anpil"[8]. Poudayè, nou va remake tradiksyon Paul Déjean an
pote not sa a alapapot "© Éditions Libète, Imprimerie Deschamps,
Port-au-Prince, 1996".



Kidonk, lespri Atik 15 lan klè nan vèsyon ofisyèl konstitisyon 1987
la (sa ki an Franse a!): Ayiti pa rekonèt doub nasyonalite, pwen ba!



Men, tout jan ou vire koze a, Nasyon
an pran nan salmannaza. Paske, sa nou fenk obsève la a se yon prèv
anplis ke pèp nou an ap fonksyone nan manti.




Depi sou nimewo 5 nan konstitisyon an ki deklare:

"Sèl lang ki simante tout Ayisyen ansanm, se lang kreyòl. Kreyòl ak franse, se lang ofisyèl Repiblik d Ayiti".



Pase pa atik 40 ki deklare:

"Leta dwe sèvi ak radyo, ak jounal, ak televizyon pou li gaye bon
enfòmasyon, an kreyòl ak an franse, sou tou sa ki an rapò ak vi peyi a"



Rive sou atik 213 ki deklare:

"Yo mete yon Akademi Ayisyen pou li fikse lang kreyòl la e pou li fè l kapab devlope anfòm, ann òd epi selon prensip lasyans"…



Nou kontinye ap viv nan manti. Se konsekans tout manti sa yo n ap peye, chak jou nan lavi nasyon an.



Men, annou klè, sa pa vle di pou otan, nou dwe aksepte pou yon
moun, osnon yon gwoup moun pran woulib sou feblès nasyon an pou yo vin
frajilize lavni li pi plis toujou.



Rèv pa mwen se pou, anvan lontan, nou
ta kreye yon fòs 55500 Zanj-Lavi (27750 fanm, 27750 gason) pou garanti
sekirite teritwa nasyonal la.




Depi sou non li, nou wè misyon fòs sa a pa ta menm ak misyon defen
FAdH. ZANJ-LAVI se 55500 Z(outi) A(yisyen) pou N(asyon) an J(wenn)
LAVI. Konsa, senbolikman, chak kilomèt kare peyi a, t ap gen yon fanm
ak yon gason ki dedye lavi yo, an tou tan, pou garanti sekirite li kont
tout menas posib. Kit se fòs lanati ki mande anraje, kit se fòs bandi
ki mande bwè san malere. Misyon ZANJ yo se pou yo ede lavi pote
laviktwa sou lanmò sou chak kilomèt kare ki rele li chèmèt chèmètrès.



Chak moun gen dwa fè rèv endividyèl osnon kolektif pou lavni nasyon
an. Se yon prèv nou pa manfouben. E si gen sajès nan mitan dirijan yo,
anpil lide ka fè chimen yo jiskaske bèl rèv tounen reyalite. Mèzalò,
pou mwenmenm, olye nou ta chita ap fè kout plim pèsonèl nou nan atik x
ak y nan konstitisyon an, nou ta dwe koumanse okòmansman.


Sa vle di, prese prese, nou dwe
konfime dwa granmoun nasyon an aklè nan konstitisyon peyi a. Prensip sa
a dwe evidan kit se pou deside fè « gwo pase men » nan konstitisyon
peyi a, kit se pou deside dat degèpisman fos etranjè, tankou MINUSTAH,
CIA, FBI ak DEA k ap boloze ilegalman sou teritwa nasyonal la.





Si nou byen gade, depi koudeta 29 fevriye 2004 la, se tout
opotinite koudetayis miltinasyonal yo jwenn pou yo pase nasyon an nan
betiz, yo pwofite. Paregzanp, pa te gen okenn nesesite pou blan yo te
vyole konstitisyon an lèd konsa, lè yo te bezwen yon « defakto » pou
jwe wol premyeminis popetwèl pou yo, apre koudeta a. Te gen ase «
volontaires potentiels » nan ekip GNBis ki nan peyi a ki ta twò kontan
jwe teyat la. Men, yo te pito chwazi yon moun ki pa rankontre okenn nan
egzijans konstitisyon an (rezidans nan peyi a pou 5 ane etsetera...).
Zòt te pran Gerard Latortue ki t ap viv Boca Raton depi syèk-e-syèk, yo
depoze li nan primati a. Konsa tou, lè sete peryòd eleksyon, yo te vini
ak yon Siméus toudenkou ki te lage nou nan yon dividal chirepit initil.
Objektif zòt sete pou li fè Ayisyen abitye ak imaj "savann dezole",
"tout voum se do", "nan mal nan mal nèt" la. Kidonk, pa bezwen gen
aplikasyon okenn lwa Ayisyen piske nou nan defakto total kapital...sa
ki konte, nan yon rejim sou lokipasyon se benediksyon blan an. Kit yon
aksyon legal, kit li pa legal...menm dekowom pa nesesè…lesansyèl, se
pou blan an dakò. Gen yon rezonman ki dèyè apwòch sa a.


Lojik tabula rasa, Ayisyen pa gen anyen ...Tontonnwèl ap pote tout bagay pou li a, souple di mwen, ki moun li itil?




Lè kolon yo te debake an 1915, koze konstitisyon tou nèf t ap pale tou.
Ayisyen nayif te kwè sete koze pa yo ki t ap regle, men MacDonald,
New-York City Bank ak Prezidan Meriken Woodrow Wilson te gen pwop
ajannda pa yo yo t ap defann[9].



Se domaj anpil Ayisyen poko vle pran pasyans pou nou fè chanjman ki
merite fèt yo ak tèt frèt. Lagè avèti pa ta dwe kontinye ap touye
kokobe.



Fanmi m yo, pou onore Konstitisyon 1987 la ki te fè anpil byen pou
nou, menmsi figi li chifonnen jounen jodi a, pa pito nou ta deside, fwa
sa a, n ap aji ak san fwa e nou sèmante se ANSANM n ap chwazi chimen
bon lavi a !



Frè nou,



Jafrikayiti



[1] Diskou Prezidan Repiblik la: 17 oktòb 2007

http://annpale.com/phpbb/viewtopic.php?t=21137&sid=e0f5202cab8bdaea95cebe1d6c8dfc0a





[2] Note sur le Sénat, Haiti Références

http://www.haiti-reference.com/politique/legislatif/senat.php



[3] Rapport sur la question constitutionnelle préparé par Claude Moïse et Cary Hector

http://www.radiokiskeya.com/spip.php?article4295



[4] Le débat se poursuit : L'urgence d'une révision profonde de la constitution de 1987

http://www.haitiwebs.com/forums/lakay_haitian_news/47221-le_debat_se_poursuit_lurgence_dune_revision_profonde_de_la_constitution_de_1987_a.html



[5] Konstitisyon 1987 (tradiksyon Kreyol)

http://hometown.aol.com/mit2haiti/KonstitisyonAyiti.htm



[6] Ki lès ak kisa ki dèyè aksyon Rudolph Boulos yo?

http://annpale.com/phpbb/viewtopic.php?t=21421



[7] Constitution de la République d’Haiti – Titre 2

http://www.haiti.org/francais/titre02.htm#Top



[8] Wikipedia osijè Konstitisyon 1987 la

http://ht.wikipedia.org/wiki/Konstitisyon_1987_(Ayiti)



[9] Okipasyon 1915-1934 Seri Lafimen : Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen

http://annpale.com/phpbb/viewtopic.php?p=22772#22772

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

POU YON KONSTITISYON KI OSÈVIS LANASYON (30 mas 2008) Empty Re: POU YON KONSTITISYON KI OSÈVIS LANASYON (30 mas 2008)

Message  Rodlam Sans Malice Dim 30 Mar 2008 - 22:39

mwen tap gade si genyen lot moun ki tap konplimante Jaf pou kout plim saa.Mwen dakò ak li ke konstitutyon saa dwe aboli pou nou chita ,mete tet nou ansanb pou nou ekri youn lot konstitutyon.Se pa selman moun save yo ki pou ekri konstitutyon an se chak atik li ki pou resevwa aprobatyon majorite ayisyen.Wi dwe genyen youn komisyon konpose de avoka ,medsen. ekonomist etc men tou mwen remake ke elit ayisyen genyen youn tandans ekri konstitutyon ki pa pran kondityon materyel peyi ya an konsideratyon se pou sa mwen di fok se tout ayisyen a la ronn badè ki komante chak atik ke moun ki ap ekri konstitutyon an mete nan nouvo konstitutyon.Zafè divise peyi an youn paket ti unite pou kreye job pou politisyen fok sa fini.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum