Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -40%
-40% sur le Pack Gaming Mario PDP Manette filaire + ...
Voir le deal
29.99 €

Konsey A Premyè Minis La.

2 participants

Aller en bas

Konsey A Premyè Minis La. Empty Konsey A Premyè Minis La.

Message  revelation Dim 11 Mai 2008 - 13:21

Komm nou konnen, sè pa tout gouvenman ki fonksyonè menm jan e se pa tout pep ki reaji menm jan tou. Donk
nan moman difisil ke nap viv la gwo kestyon an se ki rèpondong ke yon lide/dirijan fet pou genyen
tout bon vrè pou satisfe bezwen yon pep??
Ronald Heifetz ki se yon profesè at Harvard University’s John F. Kennedy School of Government ofri yon semine/workshop ki dirè yon jounen. Anpil chef leta, e anpil anployè gouvenman patisipè nan seminè sa. Ki repondong ke yon lide fet pou gennyen Jodi a pou repond a oblogasyon li etan ke lidè ?? Profese Heifetz vide anpil teori ate ba nou. Li di nou premyerman fok lide yo gade realite a an fas je nan je.
Answit li di nou ke yon vre lide/dirijan fet pou gen kouraj poul admet ke li pa gen repons pou tout problem, men li deside pou li pote yon chanjman a soufrans pep la avek tout konviksyon e konraj la. Profese Heifetz mete anpil teori ate se vre men problem e kondisyon tout pep pa men e se pa tout pep ki kap asepte pran menm rout pou
chanjeman. Gouvenman Preval/Alexis a te souwiv tout konsey Profese Heifetz bay la, gadè pep la nan jè, di yo la veritè ke li pakab fe san sot nan roch etc..
Sa anpil gwo profese konnen se ke lideship aplikasyon diferan de lideship teori a, ni konsey sa yo pa aplikab a
tout pep. It's not one size fits all! Milyè ayisyen pi konplikè, pase istorik peyi a, e milye kiltirel e sosyal peyi e fason ke pep la pansè tout diferan de lot pep oksidantal yo.
Konsey mwen a Premye Minis la se pa voyè gwo liv yo jetè, yap kab sevi toujou, men an menm tan itilizè intuisyon w, reflechi anvan pou we si pep la kap bwe kool aid sa: Si kool-aid sa ap bal dyarèe pa bali'l.

Pa pedi tan w e fè moun konnen touswit ke se w ki an charj
, there is a new sheriff in town!! se pa menm pimpimp la, e sitou pa fe pep la pedi tan ap rete tan ki desisyon w pral pran.

Pa Bloffè !! Fe sa ke w genyen pou fe a byen, fel san pedi tan, e pou satisfe pep la e non pou satisfe anbisyon w ou pa lot moun ou byen media a.

Metè moun seryè nan kabinè w la
. Moun sa yo pa bezwen expe, yo just bezwen kolabore avek w, bay w sipo, e fe travay yo avek integrite e bon sevis bay pep la.

Di Minis w yo egzakteman e klerman sa w atand de yo.
Tcheke de tan zan tan pou we si yap fe
progre ou pa. Koute sa yo gen pou di e si yo bezwen asistans, ba yo asistans, si yo pakab malgre asistans lan, di yo mesi bokou e o revwa san chagrin san grate tet.

Pa pè lonjè dwet sou detrakte ki vle boykote travay w ou byen minis w yo. Fok w bay prev a la
pui pou montre ke moun sa yo se yon danje pou avansman e progre peyi a e mande la jistis poze la patt sou yo kelke swa apatenans politik yo.

Pran responsabilite w an men. Pa bay lot minis pote chaj pou w. Fok w okouran de tout sa kap fet, ki yes kap fe y o e ki kote yap fet, e ki le yo fet.

Chonjè kè Haiti se terren glissè, menm si yon gen pliske 25 ane de kariyer ap fe bel bagay nan peyi blan, resevwa bel meday, diplom, certifika de seniorite e bon travay. Toujou rete sou pinnga w pou pa pile sinnte konnnen. Haitien se yon pep ki pran nan gumm plizyè fwa e yo toujou sou pinnga yo si tou avek Diaspora. Yo pa bezwen konnen, si pou yo avili w, yo pap pe bay w kalott souflett, kout pye e mete w nan prison e fe w wont devan, fanmi w, zanmi profesyonel w yo e devan le mond antye.

Chak matin anvan w soti fe yon priyè pou mande granMet la pou anyen mal pa rive'w e pou pase yon bonn jounen byen ranpli e pou retounen lakay w san bri san kout.
Mè konpliman pou perseverans, tenasitè, asidutè, e konviksyon w. Sa w tap chachè a w jwenn li e w merite'l.
Bonn chans!! e Kenbe la!
Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Konsey A Premyè Minis La. Empty Re: Konsey A Premyè Minis La.

Message  Sasaye Lun 12 Mai 2008 - 2:10

Revelasyon boss papa. Ou bon wi!!!
Se pa de ri mwen ri non. Mwen touse, dlo kouri lan je m.
Se pa sa w di yo men jan w diyo ki fè kè m kontan konsa.

Pou tounen lan pawol serye: Yon moun pa oblije dakò ak konsey ou yo, men yo gen anpil merit e se konsa pou nèg sou fowom nan demontre kijan yo fè demach ak tout bonn volonte, pou fè peyi a soti lan malsite.

Saa pibon pase nèg mwen wè ki pa konnen anyen, men ki vle pran pòz konesè lan tout bagay.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Konsey A Premyè Minis La. Empty Re: Konsey A Premyè Minis La.

Message  Invité Lun 12 Mai 2008 - 10:53

Dans le souci de jouer un rôle déterminant dans la vie économique et sociale du pays, le secteur privé des affaires représenté par les Chambres de Commerce et d’Industrie des dix départements d’Haïti, réuni à Miragoâne, formule les propositions suivantes à la nouvelle équipe gouvernementale qui doit succéder au gouvernement démissionnaire de Monsieur Jacques Edouard ALEXIS :

1) Adoption de mesures urgentes et concrètes pour contrer les problèmes de la faim

2) Mise en place d’une politique de création d’emplois et de réduction de chômage dans le cadre de partenariat effectif avec le SECTEUR PRIVÉ

3) Désenclavement du pays par la mise en place des infrastructures modernes facilitant le transport maritime, terrestre et aérien

4) Elaboration, enfin, d’un plan de développement agricole en collaboration avec les vrais acteurs de production et mettant l’emphase sur la protection de l’environnement

5) Restructuration du ministère de l’Agriculture et mise en œuvre d’une politique de proximité vis-à-vis des agriculteurs

6) Approche institutionnelle dans les relations de l’État et du gouvernement avec le secteur privé national

7) Élimination de la corruption et du clientélisme dans les secteurs privé et public

Cool Au regard des défaillances du système de sécurité publique lors des derniers événements, l’État ne peut pas se soustraire de ses responsabilités vis-à-vis des personnes et entreprises victimes des actes de vandalisme pendant le mois d’avril 2008

9) Le prochain gouvernement doit être issu d’un vrai consensus reflétant les aspirations des plus larges secteurs organisés du pays.

Devra suivre, la déclaration d’une feuille de route à transmettre au prochain gouvernement.

FAIT À MIRAGOANE LE SAMEDI 10 MAI 2008

Suivent les signatures :

CHAMBRE DE COMMERCE ET D’INDUSTRIE D’HAITI (CCIH), Jean-Robert ARGANT, Président

CHAMBRE DE COMMERCE, D’INDUSTRIE ET DES PROFESSIONS DU NORD (CCIPN), Malherbe DORVIL, Président

CHAMBRE DE COMMERCE, D’INDUSTRIE ET DES PROFESSIONS DU NORD-OUEST (CCIPNO), Jovenel MOÏSE, Président

CHAMBRE DE COMMERCE, D’INDUSTRIE ET DES PROFESSIONS DU NORD-EST (CCIPNE), Marcel SAMSON, Vice-président

CHAMBRE DE COMMERCE, D’INDUSTRIE ET DES PROFESSIONS DE L’ARTIBONITE (CCIPA), Nahomme DORVIL, Président

CHAMBRE DE COMMERCE, D’INDUSTRIE ET DES PROFESSIONS DU CENTRE (CCIPC), Dr. Eliodor CLERVIL, Président

CHAMBRE DE COMMERCE, D’INDUSTRIE ET DES PROFESSIONS DU SUD (CCIPS), Pierre LÉGER, Président

CHAMBRE DE COMMERCE, D’INDUSTRIE ET DES PROFESSIONS DE LA GRANDE-ANSE (CCIPGA), Ernst SAINT-PIERRE, Président

CHAMBRE DE COMMERCE, D’INDUSTRIE ET DES PROFESSIONS DES NIPPES (CCIPNippes), Marie-Carme SINÉAS, Présidente

CHAMBRE DE COMMERCE, D’INDUSTRIE ET DES PROFESSIONS DU SUD-EST (CCIPSEH), Dr. Frantz LARGE, Président.

Source: Radio Kiskeya

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Konsey A Premyè Minis La. Empty Re: Konsey A Premyè Minis La.

Message  revelation Lun 12 Mai 2008 - 11:28

Sasaye di:
Pou tounen lan pawol serye: Yon moun pa oblije dakò ak konsey ou yo, men yo gen anpil merit e se konsa pou nèg sou fowom nan demontre kijan yo fè demach ak tout bonn volonte, pou fè peyi a soti lan malsite.

Saa pibon pase nèg mwen wè ki pa konnen anyen, men ki vle pran pòz konesè lan tout bagay.
Sasaye mwen dako avek w sou poyen sa.
Konsey sa yo baze sou prinsip universel e yo obligatwa pou yon bonn gouvernans. Menm jan tou les 10 Kommandman bon Dye bay tre inpotan, men se pa tout moun ki kap respekte tout kommandman sa yo paske se humin ke nou ye e tout moun gen ti febless yo.
Mwen pa espere ke Premye Minis la souwiv tout konsey sa yo a la lett paske le politik makonnen avek jwet serye konsey sa yo kap voltije pa la fenet.
Fok nou remake ke gen plizye similarite ant Premye Minist Preval la avek gouvenman interim Gerard La Tortue a.
Tout le 2 soti direkteman kou patè cho nan Diaspora a.
Tout le 2 travay pandan anpil tan pou oganizasyon international.
Tou le 2 gen yon « card de route » ke yo genyen pousouwiv ke nou pa konnen.

Differans lan se ke LaTortue te la pou fe elektyon e fe lot bagay ke nou pat konnen.
Premye Minis sa chwazi pa Prezidan e aprouve pa Senat e La Chamb, donk li legitim, e travay li se remonte ekonomi peyi a e rezoud kriz alimante kap kraze peyi pep laa.
Si Premye Minis la reyisi nan travay netwayaj ekiri d’Esias sa lap gen yon trak rekod inpresyonnant e li kap gen anpil chans pouli nan yon pozityon pou vivnn prochen Prezidan peyi a ou byen prochen Premye Minis Prezidan 2011 lan. If it’s not broken, why fix it!! Si PM lan ap fe yon bon djob, yo kap byen kite li pou yon lot 5 ane anko.
Byen ke nou pa konnen mamb kabinet PM nan, men nou kap komanse voye konsey nou bayo byen bonen avan jou l’ouvri.
Konsey ke nou gen pou kabinet PM la kap sou sije edikasyon, sante, agrikilti, kreyasyon travay etc.. Nou bay konsey non paske nou se konese men sou sije ke nou remen anpil e ke nou ta remen we yon chanjman pozitif.
Fok konsey sa yo, realisab, aplikab, e benefisyal a majorite pep la e ki pap konte trop kob.
Fok nou konnen tou ke jeness peyi a tre informe de sa kap pase dan le monde e ke nou pakab bayo manti tout tan. Pandan ke brain dirijan nou yo a p fonksyone sou vitess cassette Maxwell, jeness nou yo menm brian yo sou vitess iPod.
Donk bagay kip ase an zane 46, 50, 70, pap fe yo ni cho ni fret.
Ki konsey ke nou gen pou PM lan e kabine li ya pou yo pa tombe nan menú problem ak lot ki te la avan yo???

Colo mwen we ke la Chamb di Kommers la fe anpil demand men fok yo pare tou pou ede PM lan ak kabine li a reyalise demand sa yo tou. Patisipasyon yo kontè anpil.
Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Konsey A Premyè Minis La. Empty Re: Konsey A Premyè Minis La.

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum