Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.

Le monde selon Monsanto

2 participants

Aller en bas

Le monde selon Monsanto Empty Le monde selon Monsanto

Message  Sasaye Lun 19 Mai 2008 - 1:13

Pou kontinye diskisyon ki te komanse lan semènn nan sou kestyon monopole manje ke konpayi tankou Monsanto ap fè, men kèk enfomasyon ki ta bon pou tout moun wè ki gwose konplo saa ye.

Se pa koensidans ke m kapte yon pwogram yon kebekwa ki rele Jacques Languirand. Msye pase 1e detan ap pale ki dezas Monsanto fè dan le mond avèk konplisite FDA ameriken an.



http://www.urbansprout.co.za/le_monde_selon_monsanto

http://www.balitapinoy.net/print_this_story.asp?smenu=236&sdetail=13524
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Le monde selon Monsanto Empty Re: Le monde selon Monsanto

Message  Rodlam Sans Malice Lun 19 Mai 2008 - 8:22

Bon banm mande w youn ti kestyon,mwen pa ni syantis ni anyen men si youn moun ap vann youn bagay ke mwen konnen ki pa bon pou sante mwen epi li pa kole youn revolvè nan zorey mwen sim achte l mwen se youn enbesil.Se responsabilite press la ak gouvenman yo ki pou di peyisan lakay yo pa achte seed sa yo.konsa si Mosanto pa ka vann yo li pap pwodwi yo ankò.Se lwa marche ya ki pou fè Mosanto sispann pwodwi seed sa yo.

mwen se bagay saa ki fè mwen pa ka janm dakò ak moun ki ap kritike system kapitalis la.moun yo genyen lajan yo yo ofri nou pou yo achte konpayi nou vann yo li epi apre sa nap kritike system lan.Se menm jan ak ayisyen ki ap pale franseuuu tout la sent jounen epi yo genyen minn yo pa aprann eksplwate minn yo ,yo siyen kontra ak konpayi tankou reynold epi apre yo ap kritike reynolds,men poukisa nou te siyen kontra ak yo pou yo te vinn eksplwate minn lakay nou.

Chak peyi endepandan, si nou foure kò nou nan globalisatyon nou tou konnen sa ki pi pwisan ekonomikman ap vale sa ki pi feb ekonomikman an.Mwen se youn sel bagay mwen konnen se eta Zuni mwen wè ki ap vann anpil peyi grenn lè sa pa bon lakay yo.Si seed Mosanto pwodwi yo pa bon poukisa peyi ki genyen gwo syantis tankou la Russie vinn achte mayi soy nan men meriken yo?

Se pa pase mwen genyen kek aktyon nan Mosanto ki fè map di sa non.mwen kwè se responsabilite gouvenman lot peyi pou yo proteje agrikilti lakay yo.chak moun ap defann enterè yo nan sa ke mwen li sou konpayi Mosanto anvan ke mwen te mete lajanm nan li sè ke yo di non selman ke seed li yo pwodwi plis kantite grenn men tou yo pi resistan a maladi.Indyen ak chinwa yo pa egare pouki sa yo achte mayi ak soy nan men ameriken?Mwen renmen green back vre paske mwen wè moyen pou ti kob mwen envesti nan Mosanto a double pa avan lontan men tou mwense youn moun ki responjsab tou mwen pa tap envesti lajan m ladann si mwen pat wè byenfè ki genyen pou prodiktyon agrikol la ogmante a led de recherch e developman ke konpayi tankou mosanto Potash ap fè.Si atik la pat two long mwen ta ka repwodwi youn atik ke mwen li tou ki pale de benefis ke limanite ap rekolte a kos de recherch ke Mosanto ap fè.An tou ka pa genyen grangou koloroks bò isit la.Pito mwen mouri vant plen tan mwen mouri nan grangou.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Le monde selon Monsanto Empty Re: Le monde selon Monsanto

Message  Sasaye Lun 19 Mai 2008 - 13:33

Sanmalis,

Si m pibliye repotaj saa, se pou enfome moun ki pa konnen, kisa Monsanto ap fè.
Se pa wou ni envestisman w ke atik la ap kritike.

Se yon repotaj ki long anpil. Si w pran tan clike sou tout lyen ble yo, wa p jwen anpil lot evidans.

Se pa yon mache lib ke Mansanto ap pratike.

Yo fose grenn yo sou tout peyi avek konplisite ajans gouvenman meriken.
Lè yo patante yon grenn natirèl, li vinn propriete yo e moun pakapab sèvi ak yo san pèmisyon yo.

Yo gen espyon ki siveye tranzaksyon agrikol jiskaske yo rele lot konpaniy lan tribinal. Mwen te rapote sa yon fwa, men kounyea yo rapote l yon lot fwa.

Se pa de Ayiti ke atik lan ap pale, men tout limanite ki pran anba nèg sayo.

Mwen pa gen rapo ki soti an Ayiti, men lan pwen oken dout ke angrè ke yo enpote yo se lan Monsanto yo soti, paske Monsanto genyen monopol anpil bagay.

Ou pa konnen ke OKanada e an Erop, malgre tout efo gouvenman peyi sayo, Mansanto refize mete sou etikèt pwoduy li ke yo GMO?

Antouka, evidans yo la, moun ki li yo va tire konklizyon payo.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Le monde selon Monsanto Empty Re: Le monde selon Monsanto

Message  Rodlam Sans Malice Lun 19 Mai 2008 - 17:01

map toujou pose w menm kestyon an suposon ou ta minis agrikilti an ayiti epi nan recherch wap fè ou dekouvri youn semans ki ka bay plis randman pou pwa rouj ,mayi, diri ,piti mi etc e non selman li bay plis randman men li pi resistan a maladi ki konn detwi platation manje sa yo eske w pa tap aplike semans sa yo pou pwdwi anpil manje an ayiti?

Si la dominikani ou byen lot ti zile yo wè ki jan ou pwdwi anpil diri anpil mayi yo vinn achte semans sa yo lakay w eske ou tap refize vann yo li?Mwen pa nan fè natyonalism san natyon ;ann pale kom de moun onet e ki ka konprann.Di ke yo genyen patant pou semans sa yo se pa youn peche paske kom nou te di deja sim fè jefo poum pwodwi youn bagay mezanmi fok mwen genyen dwa rantre lajanm ke mwen depanse e fè youn ti benefis tou.

An touka mwen se konsa mwen konprann pwoblem lan.se met kò ki veye kò ,si nou konnen pwodwi Mosanto yo pa bon epi nou achte yo oubyen nou kite yo fè reklam lakay nou e byen mezanmi se tet nou pou nou blame men nou pap janm anpeche entreprenè ki fè jefo pou ogmante prodiktyon lakay yo kontinye travay nan laboratwa pou yo ogmante prodiktyon natyonal pou ba pep yo manje.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Le monde selon Monsanto Empty Re: Le monde selon Monsanto

Message  Sasaye Lun 19 Mai 2008 - 20:26

Sanmalis,
Se pa mwen pou w poze kestyon yo komsi se mwen ki ekri atik yo.
Se rechech ki fèt onivo planetè ki kondane Monsanto.

Ou patante bagay ke w dekouvri lan laboratwa, men konpanyi saa ap patante bagay ki lan la nati: pwa, diri, mayi, soja ke li pa envante men ke majorite popilasyon tout peyi manje.

Si pou m reponn kestyon w lan.
Si m te minis lagrikilti e ke mwen jwenn yon pwodyi ki bay tout avantaj ke w dekri yo, mwen ta p kouri vide pwoduy saa lan peyi a.

Men pwoblèm nan se jisteman sa Monsanto di.
Li pa di ke pwoduy yo la koz anpil maladi, kanse, jepete, destryksyon anvironman, maladi mantal.....
Rechèch ap kontinye lan plizyè peyi sou konsekans genetik engenyering.
E Monsanto konnen sa, men yo nye l.

Alo mwen pa twouve se nomal pou Mansanto touye moun si yo vle e se mèt ko ki responsab si yo pa veye ko.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Le monde selon Monsanto Empty Re: Le monde selon Monsanto

Message  Rodlam Sans Malice Lun 19 Mai 2008 - 23:23

Sassaye

mwen pa renmen pwolonje diskisyion twop mwen se youn sel bagay ke mwen konnen si youn moun dim mò to ra bon pou kansè sa pa vle di mwen pral bwè mò to rat.Mosanto pa mete revolvè nan tet oken moun.Poukisa russ vinn achte mayi o zeta zuni? chinwa vinn achte ,japonè yo vinn achte ,kiben yo vinn achte manje ki ba moun maladi sa yo.Si recherch ap fet sou konsekans genetik engineering sè ke panko genyen youn konklisyon.alò se pou nou pa achte pwodwi Mosanto yo ankò.al di moun ki nan dafour yo pou yo pa aksepte don ke ameriken ap fè paske manje sa yo ka touye yo wa tande sa yap di w al di moun ki ap manje biskwit labou an ayiti ke ble Care ap distribiye pa bon paske manje sa yo ka touye yo wa tande sa yap di w.

servi ak semans nou konsa nou pal beswen achte pa Mosanto yo.men si FDA aprouve pwodwi Mosanto e byen li genyen dwa vann li se nou ki pou konnen pou nou pa achte .Yo di Sigaret bay kansè e byen menm si mwen wè yo fè reklam pou malboro se pa bagay ki gade m mwen pap fimen li.Toput moun gran moun se pou nou pran responsabilite nou se pa pou nou toutan ap chache mete responsabilite malè nou mank dentelijans nou sou lot moun ki ap fè recherch pou yo viv mye.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Le monde selon Monsanto Empty Re: Le monde selon Monsanto

Message  Sasaye Mar 20 Mai 2008 - 0:11

Pou m fini ak pawol saa.

Yon repotaj soti sou zak yon konpany. Gen de milye de moun ki okouran.
Ou ap defann konpanyi saa kont tout lot opinyon.

Pwoblèm saa, mwen pap ka regle l avè w.
Se pou w reponn repotaj la e demanti sayo jwenn sou Monsanto.

Mwen di w anko se pa yon pwoblèm ki konsene ayisyen sèlman, li konsene tout moun.

Men omwen fè rechèch pa w. Yo tout sou entènèt la.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Le monde selon Monsanto Empty Re: Le monde selon Monsanto

Message  Rodlam Sans Malice Mar 20 Mai 2008 - 0:32

Mosanto is by far the world's largest producer of bioengineered crops.In fact, the company's market share is so huge that experts estimate that Monsanto has developped 70% of the world's insect and herbicide -resistant crops.

That's like having a 70%market share in the one commodity that every human being on earth needds to survive-Food.

When you add the fact that demand for ethanol is putting powerful upward pressure on the price of corn,you can see why the company is about to hit the jackpot again as sales to china and India explode from the falling dollar.

And it's all because the demand for genetically modified seeds has exploded by 20% over the past two years and the company has locked-in market share. it is no surprise the company's first quarter earnings were up 184% citing continued strenght in its corn business with higher than expected sales of corn seeds in the #1 ethanol producing nation on earth,Brazil.

However ,when you take a closer look at the company's global leadership and achievements over the past three years ,even that estimate could be on the low side.

And it is all because Monsanto is not only at the heart of feeding a hungry planet,but also at ground zero for developing new corn-based alternative fuels like ethanol.

Why in four years ,from 2003 through 2007 ,the company saw its sales jump nearly 40% from $5 billion to 8 billion in 2007?And 2008 is already off to a stellar start?The company announced first quarter sales were up to 36% over 2007.

just loook at a few of the company's achievment to date.

Granted approval by china for a handful of genetically enhanced soybeans and corn seeds. Are the chinese ignoramuses who do not know what they're buying?

Expanded grain deliveries to brazil .The brazilians are so ignorant they do not know what they're buying?Isn't it Sassaye?

Increase cotton yield in India by 58% while reducing pesticide use by 50%,

I wish haiti had a company like that.Point final, ce fut un plaisir.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Le monde selon Monsanto Empty Re: Le monde selon Monsanto

Message  Invité Mer 21 Mai 2008 - 11:09

:elephant:

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Le monde selon Monsanto Empty Re: Le monde selon Monsanto

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum