Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -50%
-50% Baskets Nike Air Huarache Runner
Voir le deal
69.99 €

Kouman pou nou ekri epi pwononse kreyòl ayisyen

5 participants

Aller en bas

Kouman pou nou ekri epi pwononse kreyòl ayisyen Empty Kouman pou nou ekri epi pwononse kreyòl ayisyen

Message  masterches Ven 27 Juin 2008 - 22:04

Gade :
*Ansiklopedi ayisyen : http://ht.wikipedia.org
*Paj pwojè MasterChes : http://www.masterches.net

Tout moun gen dwa patisipe nan pwojè sa, ann ale.

Kouman pou nou ekri epi pwononse kreyòl ayisyen
===============================================
Dapre Iv ak Pòl Dejan nan liv ki rele (EKRI KREYÒL FASIL), nenpòt moun kapab ekri kreyòl avèk twa ti prensip sa yo

Men lèt nou jwenn ki ret nan wòl yo, nan pawòl nou fèk li yo:


Prensip 1: Chak lèt ret nan wòl yo
a nan: katreven, drapo, ap, aprann, chak, ak, twa, aba, lavi, lamizè, pàn, lagè, travay.
an nan: san, aprann, nan, kouran, lasante, manje, grangou
b nan: aba
ch nan: chak, cho
d nan: drapo
e nan: me, katreven, inivèsite, se, elèv, pwofesè, ekri, kreyòl, montre, lasante, manje, lekòl, ret
è nan: nèf, fèt, elèv, pwofesè, lèt, chè, lamizè, lapè
en nan: katreven, fen, prensip, lenjistis
f nan: nèf, fèt, fen, pwofesè
g nan: lagè, grangou
i nan: dizwi, mil, inivèsite, viv, lavi, lamizè, lenjistis, ekri, ti, prensip
j nan: lenjistis, manje
k nan: katreven, ekri, kreyòl, chak, kouran, lekòl
l nan: mil, elèv, kreyòl, lòt, lèt, wol, lenjistis, lavi, lamizè, lagè, lasante, lapè, lekòl
m nan: me, mil, moun, montre, lamizè
n nan: nèf, inivèsite, moun, aprann
o nan: drapo, yo
on nan: onz, montre
ou nan: tout, moun, kouran, pou
p nan: drapo, pwofesè, ap, prensip, pan, lapè
r nan: katreven, drapo, aprann, ekri, kreyòl, montre, prensip, ret, kouran, travay
s nan: inivèsite, se, pwofesè, prensip, lenjistis, lasante
t nan: katreven, fèt, inivèsite, tout, montre, lèt, twa, ti, lòt, ret, travay
ui nan: dizwi, (dizwit lè li tousel )
v nan: katreven, inivèsite, elèv, lavi, viv, travay
w nan: pwofesè, twa, wòl
y nan: kreyòl, yon, yo, travay
z nan: dizwi ( dizwit), onz


Prensip 2: Chak son ekri menm jan

Anpil egzanp montre nou sa twazyèm prensip la ye, espesyalman lè nou gade dènye lèt ki parèt ladan yo. Twazyèm prensip la se:

Prensip 3: Nanpwen lèt ki bèbè, ki initilNou wè sa nan: bab chich rad nèf nèg paj chak mil chanm moun ap aprann lenjistis tout viv kaw travay onz. Kalkile prensip sa yo byen. Gade ki jan tout koze ki nan fèy sa a ekri. Suiv modèl yo byen. Epi, ekri tout bèl pawòl ki nan tèt nou, fasil.

Koutwazi : Biwo Nasyonal Alfabetizasyon ( 18 me 1991 )
masterches
masterches
Senior

Masculin
Nombre de messages : 61
Localisation : strasbourg, france
Opinion politique : student
Loisirs : mathematiques, informatique, physique, basket, kung-fu, litterature antillaise
Date d'inscription : 04/04/2007

http://www.masterches.net

Revenir en haut Aller en bas

Kouman pou nou ekri epi pwononse kreyòl ayisyen Empty Re: Kouman pou nou ekri epi pwononse kreyòl ayisyen

Message  Rodlam Sans Malice Ven 27 Juin 2008 - 22:25

met la ki jan ou wè pwogrè nou fè nan lang kreyòl la ?mwen pap pale de mwen selman non map pale de jenn gason ki kite peyi ya tou piti yo.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Kouman pou nou ekri epi pwononse kreyòl ayisyen Empty Re: Kouman pou nou ekri epi pwononse kreyòl ayisyen

Message  masterches Ven 27 Juin 2008 - 22:48

Bonjou, bonjou,

Map tande bagay yo ap vanse anpil anpil, fiti a sanble miyo e m ta renmen bay plis, men map fè sa'm kapab fè.

Ann patisipe nan devlopman pwojè yo :
*http://ht.wikipedia.org
*http://www.masterches.net
masterches
masterches
Senior

Masculin
Nombre de messages : 61
Localisation : strasbourg, france
Opinion politique : student
Loisirs : mathematiques, informatique, physique, basket, kung-fu, litterature antillaise
Date d'inscription : 04/04/2007

http://www.masterches.net

Revenir en haut Aller en bas

Kouman pou nou ekri epi pwononse kreyòl ayisyen Empty Re: Kouman pou nou ekri epi pwononse kreyòl ayisyen

Message  Joel Sam 28 Juin 2008 - 7:17

De frè DEJAN sa yo se ou sete trezò nasyonal wi.Malerezman gen youn ki deja ale kite nou.
Dr DEGRAFF ki limenm tou se yon gwo lengwis (MIT),espesyalis lang kreyòl lan,devan letenèl,rele Dr Iv Dejan:papa Iv.

Se egzanp mesye sa yo pou ti nèg ta pran,de nèg ki sòti nan boujwazi tradisyonèl lan men ki fè tout vi yo ap plede ou byen ap defann lang pèp ayisyen an,nan peyi an tou kòm aletranje!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Kouman pou nou ekri epi pwononse kreyòl ayisyen Empty Re: Kouman pou nou ekri epi pwononse kreyòl ayisyen

Message  Sasaye Sam 28 Juin 2008 - 11:15

Masterchess,

Mèsi pou piblikasyon tèks ki gen prinsip ekriti kreyòl la.
Se kle pou tout moun sèvi pou ekri lang nou an.

Li bon pou moun ki deja konn ekri e moun ki enterese aprann kreyòl.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Kouman pou nou ekri epi pwononse kreyòl ayisyen Empty Re: Kouman pou nou ekri epi pwononse kreyòl ayisyen

Message  Rico Sam 28 Juin 2008 - 19:59

Joel a écrit:De frè DEJAN sa yo se ou sete trezò nasyonal wi.Malerezman gen youn ki deja ale kite nou.
Dr DEGRAFF ki limenm tou se yon gwo lengwis (MIT),espesyalis lang kreyòl lan,devan letenèl,rele Dr Iv Dejan:papa Iv.

Se egzanp mesye sa yo pou ti nèg ta pran,de nèg ki sòti nan boujwazi tradisyonèl lan men ki fè tout vi yo ap plede ou byen ap defann lang pèp ayisyen an,nan peyi an tou kòm aletranje!

Joel, Paul Dejean frè Iv Dejean, yon pesonaj mwen te gen privilèj frekante, feraye ak li nan travay kominitè nan Monreyal. Adyero li pa tap aksèpte tit bon papa sa. Mwen pa konnen pou frè l Yves Dejean. Pèsonaj Paul Dejean te yon ansyen prèt ki pa te an sèvis. Li pa te janm vle yo rele l Pè Dejean. Alos mwen mande w eske lot frè a pral aksèpte tit flatè papa Iv sa konesan modesti mesye sayo.

kenbe la
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Kouman pou nou ekri epi pwononse kreyòl ayisyen Empty Re: Kouman pou nou ekri epi pwononse kreyòl ayisyen

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum